Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye oktòb
“N ap montre tout moun nan zòn nan Toudegad sa a ki enteresan. [Montre moun nan kouvèti peryodik la.] Gen moun ki panse se tan yon moun ap pèdi lè l ap priye, paske pa gen okenn moun k ap koute l. Gen lòt moun ki kwè Bondye koute priyè yo. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di konsènan lapriyè. [Li Izayi 30:19.] Peryodik sa a ban nou prèv ki montre Bondye koute nou lè nou priye l bon fason an e nou mande l bagay ki kòrèk, epi li reponn nou.”
Réveillez-vous! Oktòb
“N ap vizite vwazen nou yo pandan yon ti moman paske anpil ladan yo ap mande poukisa Bondye pèmèt soufrans. Èske w panse lè yon moun poze Bondye jan de kesyon sa yo se respekte li pa respekte Bondye? [Kite moun nan reponn.] Jòb ki te yon moun jis te di li vle poze Bondye kesyon. [Li Jòb 23:3-5.] Peryodik sa a egzamine twa kesyon anpil moun ta renmen poze Bondye, si yo ta gen posiblite, e li bay bonjan repons ki soti nan Bib la.”