Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
6-12 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 1-4
“Mwen avè w pou m ka sove w”
jr-F 88 § 14-15
“M ap bay moun ki pèdi fòs yo sa yo bezwen”
ÈSKE W AP EDE MOUN KI PÈDI FÒS YO?
Nou fè byen lè n egzamine fason Jeremi te jwenn ankourajman e fason li menm li te ankouraje “moun ki pèdi fòs yo”. (Jer. 31:25.) Pwofèt la te jwenn ankourajman sitou nan men Jewova. Eseye imajine ki jan w t ap santi w rejwenn fòs si w tande Jewova di w: “Jodi a, mwen fè w vin tankou yon vil ki byen pwoteje [...]. Se sèten y ap opoze avè w, men, yo pap pote laviktwa sou ou, paske ‘mwen avè w pou m delivre w’. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.” (Jer. 1:18, 19). Jeremi te gen bonjan rezon pou l pale konsa ak Jewova: “Ou menm ki fòs mwen, ou menm ki fòtrès mwen, ou menm ki se kote m ka kache lè m nan pwoblèm.” — Jer. 16:19.
Li bon pou n note Jewova te di Jeremi: “Mwen avè w.” Èske pawòl sa yo pa ka ede w pou w wè sa w ka fè pou w ankouraje yon moun ou konnen ki bezwen ankourajman? Ou ka remake yon frè oswa yon sè oubyen yon moun nan fanmi w bezwen ankourajman, men w ap bezwen ba l bon èd li bezwen an. Nan anpil ka, metòd ki bay pi bon rezilta se fè sa Bondye te fè pou pwofèt Jeremi a, sètadi pase tan avèk moun ki gen pwoblèm yo. Epi, gen moman kote n ap di yo bèl pawòl ankourajman, men n ap veye pou n pa pale twòp. Lè n pale mwens e n byen chwazi ki mo n ap itilize, l ap pi fasil pou n konsole yo e pou n ankouraje yo. Pawòl n ap di yo dwe konvenk yo. Itilize mo senp ki montre nou enterese nan yo, nou enkyete n pou yo, e n gen afeksyon pou yo antanke frè n ak sè n. Mo ki eksprime santiman sa yo ka bay anpil bon rezilta. — Li Pwovèb 25:11.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 15/3 9 § 8
Pwen enteresan nan liv Jeremi a
2:13, 18. Izrayelit yo ki pa t fidèl te fè de move bagay. Yo te kite Jewova, li menm ki te sous benediksyon yo, direksyon ak pwoteksyon yo te jwenn. E yo t al chèche fouye sitèn senbolik pou tèt yo lè yo te fè alyans militè ak Ejip epi Asiri. Nan epòk nou an, si n ta abandone vrè Dye a pou n suiv filozofi ak teyori lèzom yo e pou n antre nan politik monn nan, se ranplase nou ta ap ranplase “sous dlo lavi a” ak “sitèn ki fann”.
w07-F 15/3 9 § 4
Pwen enteresan nan liv Jeremi a
4:10; 15:18 — Nan ki sans Jewova te twonpe pèp rebèl li a? Nan tan Jeremi a, te gen kèk pwofèt ki ‘te pwofetize manti’. (Jeremi 5:31; 20:6; 23:16, 17, 25-28, 32.) Jewova pa t anpeche yo anonse mesaj sa yo pou twonpe moun yo.
13-19 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 5-7
“Yo te sispann fè volonte Bondye”
w88-F 1/4 11-12 § 7-8
Jeremi: Yon pwofèt ki t ap anonse jijman Bondye moun yo pa t renmen
Jewova te bay avètisman sa a: “Se sèten y ap opoze avè w, men, yo pap pote laviktwa sou ou.” (Jeremi 1:19). Men, poukisa Juif yo ak chèf yo te genyen yo te opoze avèk pwofèt la? Se paske mesaj pwofèt la te denonse mank zèl yo te genyen ak adorasyon yo t ap bay pou lafòm nan. Jeremi pa t fè bak sou akizasyon l yo, li te di: “Gade, kounye a yo meprize pawòl Jewova. Yo pa pran okenn plezi ladan l. Paske, yo tout, jèn kou granmoun, ap fè lajan nan move kondisyon. Menm pwofèt yo ak prèt yo [yo menm ki ta dwe suiv prensip moral ak prensip Bondye yo] lage kò yo nan fè magouy.” — Jeremi 6:10, 13.
Se vre, yo t ap gide pèp la nan fè sakrifis. Yo t ap fè sa vrè adorasyon an mande pou yo fè, men kè yo pa t sensè. Sakrifis yo te gen plis enpòtans pou yo pase bon konduit yo te dwe genyen. Nan menm moman an, chèf relijye juif yo t ap twonpe nasyon an pou fè yo kwè gen sekirite lè yo t ap di: “Gen lapè! Gen lapè!”, alòske pa t gen lapè vre (Jeremi 6:14; 8:11). Wi, yo t ap twonpe pèp la pou fè yo kwè yo te anpè ak Bondye. Yo te santi yo pa t bezwen enkyete yo pou anyen, paske yo te yon pèp Jewova pwoteje, e yo te gen vil sakre a ak tanp Jewova a. Men, èske se konsa Jewova te wè sitiyasyon an?
w88-F 1/4 12 § 9-10
Jeremi: Yon pwofèt ki t ap anonse jijman Bondye moun yo pa t renmen
Jewova te mande Jeremi pou l kanpe nan pòtay tanp li a kote tout moun te ka wè l pou l te ka bay moun ki pral adore nan tanp lan mesaj Jewova a. Li te dwe di yo: “Pa mete konfyans nou nan manti epi pou n di: ‘Tanp sa a se tanp Jewova, se tanp Jewova, se tanp Jewova.’ [...] Sa pap itil nou anyen.” Juif yo te pito mache selon sa yo wè olye pou yo te kite lafwa yo gide yo lè yo t ap fè elòj pou tanp yo a. Yo te gentan bliye avètisman Jewova te ba yo, lè l te di yo: “Syèl la se twòn mwen, e tè a se ti ban kote m met pye m. Ki kote menm n ap bati yon kay pou mwen?” Pa gen dout, Jewova, Seyè ki Souvren tout linivè a, pa t oblije rete nan tanp moun sa yo, kèlkeswa gwosè tanp sa a te ka ye! — Jeremi 7:1-8; Ezayi 66:1.
Jeremi te kontinye bay moun yo avètisman, li te di yo: “Èske nou panse nou ka ap vòlè, n ap touye moun, n ap fè adiltè, n ap fè sèman alòske se manti n ap bay, n ap fè sakrifis pou Baal, n ap sèvi yon seri dye nou pa t janm konnen, [...] pou n ap di: ‘N ap sove kanmenm’, alòske n ap fè tout bagay sa yo ki ban m degoutans?” Juif yo, antanke ‘pèp Bondye chwazi’, te panse li t ap aksepte nenpòt ki konduit yo t ap genyen depi yo te pote sakrifis yo t ap fè yo nan tanp lan. Toutfwa, si yo te wè Jewova sèlman tankou yon papa bon kè ki gate yon sèl pitit li genyen, yo t apral dekouvri se pa sa ditou. — Jeremi 7:9, 10; Egzòd 19:5, 6.
jr-F 21 § 12
Yon pwofèt ki t ap sèvi nan “dènye jou yo”
Lè wa Jewoyakim te kòmanse dirije, Jewova te mande Jeremi pou l al nan tanp lan pou l kondane ak anpil fòs tout vye bagay moun Jida yo t ap fè. Yo te panse tanp Jewova a gen pouvwa pou l pwoteje yo. Men, si yo pa t sispann ‘vòlè, touye moun, fè adiltè, fè sèman alòske se manti y ap bay, fè sakrifis pou Baal, sèvi yon seri dye yo pa t janm konnen’, Jewova t ap abandone tanp li an. E li t ap abandone ipokrit ki t ap adore nan tanp lan tou, menm jan li te abandone tabènak li a nan Chilo lè Eli t ap sèvi kòm gran prèt. Lè sa a, vil Jida a ‘t ap fin kraze nèt’. (Jer. 7:1-15, 34; 26:1-6.) Se pa ti kouraj Jeremi te bezwen pou l deklare mesaj sa a! Sanble li te fè sa devan tout moun, devan moun ki gen gwo renome e ki gen gwo enfliyans. Menm jan an tou, jodi a, gen kèk frè ak sè ki santi yo bezwen kouraj pou yo ka pataje mesaj la ak lòt moun nan lari oubyen pou yo pataje l ak moun ki gen anpil mwayen oswa ki nan gwo pozisyon. Sepandan, men ki asirans nou ka genyen: Èd Jewova ap ban nou an sèten, menm jan sa te ye pou Jeremi. — Ebre 10:39; 13:6.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w88-F 1/4 13 § 15
Jeremi: Yon pwofèt ki t ap anonse jijman Bondye moun yo pa t renmen
Jida peye pri a
Distans pou rive nan ane 632 anvan epòk nou an, Asiri te tonbe anba men moun Kalde yo ak moun Medi yo, e Ejip te gen pouvwa sèlman sou pati sid Jida a. Vrè menas pou vil Jida a se lè moun nan nò yo t ap vin anvayi l la. Se sa k fè, Jeremi te dwe bay Juif parèy li yo move nouvèl sa a: “Gade! Gen yon pèp k ap sot nan yon peyi ki nan direksyon nò, [...] Yo fewòs e yo san pitye. [...] Yo pran pozisyon yo pou yo vin atake w tankou lè sòlda pral fè lagè, o vil Siyon.” Pisans ki t ap monte nan epòk la se te Babilòn. Se li Jewova t apral itilize pou l pini moun vil Jida yo paske yo pa t gen lafwa. — Jeremi 6:22, 23; 25:8, 9.
20-26 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 8-11
“Se direksyon Jewova bay sèlman ki ka fè lèzòm reyisi”
it-1-F 506
Konkonm
Yo te konn met poto, bwa taye, ak lòt bagay ankò nan jaden yo pou fè bèt yo pè. Jeremi te konpare zidòl nasyon an te konn fè yo ak “mannken yo mete nan yon jaden konkonm”. — Jr 10:5.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 15/3 9 § 2
Pwen enteresan nan liv Jeremi a
3:11-22; 11:10-12, 17 — Poukisa Jeremi te mete dis tribi wayòm nò a nan jijman l t ap bay yo, alòske Samari te gentan tonbe nan ane 740 anvan epòk nou an? Se paske destriksyon Jerizalèm ki te fèt nan ane 607 anvan epòk nou an se te yon fason pou Jewova te montre li lage jijman l sou tout nasyon Izrayèl la, li pa lage l sou Jida sèlman (Ezekyèl 9:9, 10). Anplis de sa, menm apre wayòm dis tribi a te tonbe, li te toujou gen bagay ki reprezante l nan Jerizalèm piske pwofèt Jewova yo te kontinye pale de Izrayelit yo nan mesaj yo t ap bay yo.
27 MAS – 2 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 12-16
“Pèp Izrayèl la te bliye Jewova”
jr-F 51 § 17
Veye sou kè nou ki trèt
Pou Jeremi te ka akonpli misyon Jewova te ba li a, sa te mande pou l obeyisan. Si w te nan plas Jeremi, èske w t ap suiv nenpòt enstriksyon Bondye ba w? Yon lè, Jewova te mande Jeremi pou l achte yon senti an len epi pou l mare l nan ren l. Apre sa, Jewova te mande l al bò Rivyè Efrat la. Gade yon kat, e w ap wè sa reprezante yon vwayaj ki apeprè 500 kilomèt. Yon fwa Jeremi te rive, li te dwe sere senti a nan fant yon mas wòch apre pou l tounen Jerizalèm ankò. Epi apre sa, Bondye mande l pou l tounen al chèche senti a. (Li Jeremi 13:1-9.) Sanble Jeremi te vwayaje anviwon 1 900 kilomèt antou. Gen kèk moun ki fè kòmantè sou Bib la ki pa ka kwè l te mache al lwen konsa, yon vwayaj ki te ka pran plizyè mwa (Esdras 7:9). Antouka, se sa Jewova te di l fè e Jeremi te fè sa.
jr-F 52 § 18
Veye sou kè nou ki trèt
Imajine pwofèt la k ap debat pou l travèse mòn Jide yo, epi apre sa petèt li te travèse yon dezè pou l al nan Rivyè Efrat la. Li fè tout bagay sa a jis pou l ka sere yon senti len! Tout tan sa l fè deyò siman te fè vwazen l yo ap poze tèt yo kesyon. Lè l te tounen, li pa t gen senti len an sou li. Apre sa, Bondye mande l pou l tounen fè vwayaj byen long nan ankò, pou l al pran senti a, kounye a ki depafini e “ki pa itil anyen”. Imajine jan l t ap byen fasil pou yon moun di tèt li: ‘Kounye a se twòp atò. M pa wè sa gen okenn sans.’ Men, kòm Jeremi te kite Jewova ba l fòm, li pa t aji konsa. Olye pou l te plenyen, li te fè egzakteman sa l te mande l fè!
jr-F 52 § 19-20
Veye sou kè nou ki trèt
Se sèlman apre dezyèm eksperyans lan Bondye te eksplike Jeremi bagay yo. Aksyon Jeremi te poze yo te ede l pou l te ka anonse yon mesaj ki enpòtan: “Tout moun sa yo ki mechan, ki refize obeyi pawòl mwen yo, ki gen tèt di, k ap suiv lide yo gen nan kè yo, k ap suiv lòt dye, k ap sèvi yo e k ap pwostène devan yo, ap vin menm jan ak senti sa a ki pa itil anyen.” (Jer. 13:10.) Ala yon bèl metòd Jewova itilize pou l anseye pèp li a! Lefètke Jeremi te obeyi Jewova ak tout kè l, sanble sa te jwe yon wòl nan efò l te fè pou l touche kè moun yo. — Jer. 13:11.
Kretyen yo jodi a pa gen pou yo mache plizyè santèn kilomèt pou yo ka aprann leson nan men Bondye. Men, e si fason w viv antanke kretyen ta bay vwazen w oswa kòlèg travay ou pwoblèm, oswa sa ta menm fè yo pran kritike w, ki sa w t ap fè? Petèt sa gen ladan l fason w abiye e fason w ranje kò w, chwa w fè nan domèn edikasyon, metye w chwazi fè oubyen fason w konsidere bwason ki gen alkòl. Èske w ap toujou dispoze suiv direksyon Jewova menm jan Jeremi te fè sa? Lefètke w kite Jewova dirije kè w nan chwa sa yo, sa ka ede w pou w bay yon bon temwayaj. Mete sou sa, lefètke w obeyi direksyon Jewova bay pa mwayen Pawòl li a epi w aksepte direksyon l bay pa mwayen esklav fidèl la, sa ap fè w jwenn byenfè k ap la pou toutan. Olye w kite se kè w ki trèt ki gide w, ou ka menm jan ak Jeremi. Se pou w detèmine pou w kite Jewova ba w fòm pou w vin yon veso ki onorab, yon veso l ap itilize pandan tout letènite.
it-1-F 1070 § 15
Ren
Jewova te di Izrayèl ak Jida te tankou yon senti nan ren l, tèlman l te ede yo rete pwòch li, yon fason pou yo te ka vin yon louwanj ak yon bèl bagay pou li (Jer. 13:11). Gen yon pwofesi ki te anonse Jezi t ap gen pou l dirije ak jistis kòm senti ki mare nan ren l epi fidelite kòm senti ki nan tay li. Sa ede n konprann chak fwa Jezi egzèse pouvwa l, li fè sa ak jistis epi fidelite. Menm jan ak yon senti ki bay sipò, antanke Jij Jewova met an plas, jistis li genyen an, ki wo nivo, ba l plis fòs. — Eza 11:1, 5.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
jr-F 118 § 11
Èske chak jou nou di: “Ann chèche Jewova?”
Jeremi te gen yon kesyon ki t ap trakase l lè l te wè bagay yo t ap byen mache pou mechan yo. (Li Jeremi 12:1, 3.) Se pa dout li te genyen sou jistis Jewova, men li t ap chèche jwenn repons pou “plent” li a. Fason klè li te pale ak Bondye montre li te gen yon bon relasyon avè l, tankou relasyon yon pitit gen ak papa l li renmen. Tou senpleman, Jeremi te vle konprann poukisa bagay yo ap mache byen pou anpil Juif ki t ap fè sa k pa bon. Èske Jeremi te jwenn yon repons ki satisfè l? Jewova te ba l asirans l ap derasinen moun ki mechan yo (Jer. 12:14). Lè Jeremi te wè fason sitiyasyon l te pale sou li ak Bondye nan priyè l la te vin ye, nou sèten sa te ranfòse konfyans li nan jistis Bondye. Kòm rezilta, sa dwe te ankouraje l pou l pale plis toujou ak Papa l nan lapriyè, pou l di l sa l santi.