BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr17 no 2 p. 1-3
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2017
  • Soutit
  • 6-12 FEVRIYE
  • 13-19 FEVRIYE
  • 20-26 FEVRIYE
  • 27 FEVRIYE – 5 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2017
mwbr17 no 2 p. 1-3

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

6-12 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 47-51

“Lè n obeyi Jewova, nou jwenn anpil benediksyon”

ip-2-F 131 § 18

Jewova anseye n pou byen n

“Suiv kòmandman m yo!”

Grasa pisans lespri Jewova bay, pwofèt la deklare: “Jewova, Seyè ki Souvren an, voye m e li mete lespri l sou mwen. Men sa Jewova, Sovè w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.’” (Ezayi 48:16b, 17). Pawòl sa yo Jewova te di pou demontre lanmou l te dwe bay nasyon Izrayèl la asirans Bondye ta va delivre yo anba men Babilòn. Li te Sovè yo (Ezayi 54:5). Dezi sensè Jewova te genyen se pou Izrayelit yo ta retounen gen bon relasyon avèk li e pou yo suiv kòmandman l yo. Vrè adorasyon an mache ak obeyi enstriksyon Bondye yo. Izrayelit yo pa t kapab mache sou bon chemen an, si yo pa t aprann ‘wout yo dwe mache a’.

ip-2-F 131 § 19

Jewova anseye n pou byen n

Jewova fè konnen dezi li genyen pou pèp li a evite kalamite e pou l jwi lavi a yon fason ki vrèman bèl: “Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, E aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman.” (Ezayi 48:18). Ala yon envitasyon sensè Kreyatè toupisan nou an fè (Detewonòm 5:29; Sòm 81:13)! Olye pou yo ale ann egzil, Izrayelit yo te kapab pwofite lapè ki t ap vin menm jan ak dlo yon rivyè k ap koule ann abondans (Sòm 119:165). Aksyon ki dwat yo te ka fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman (Amòs 5:24). Jewova, ki vrèman enterese nan Izrayelit yo, te fè yo envitasyon sa a ki plen lanmou, pou l montre yo wout yo ta dwe mache a. Si sèlman yo te koute!

ip-2-F 132 § 20-21

Jewova anseye n pou byen n

Ki benediksyon pèp Izrayèl la t ap jwenn si l te repanti? Jewova di: “Pitit ou yo t ap vin anpil tankou grenn sab bò lanmè. Non w pa t ap janm disparèt ni efase devan m.” (Ezayi 48:19). Jewova fè pèp la sonje promès li te fè Abraram pou l fè desandans li an vin anpil, “tankou zetwal nan syèl la e tankou grenn sab bò lanmè.” (Jenèz 22:17; 32:12). Sepandan, desandan Abraram sa yo te vin rebèl, e yo pa t gen dwa pou yo wè akonplisman pwomès la. Vrèmanvre, sa yo te fè a te tèlman grav, yo te merite disparèt antanke nasyon, dapre sa Lwa Jewova a te di (Detewonòm 28:45). Men, Jewova pa vle pèp li a disparèt e li pa vle abandone l nètale.

Prensip ki parèt nan pasaj frapan sa a valab pou adarotè Jewova yo jodi a. Jewova, Sous lavi a, pi byen konnen pase nenpòt ki moun fason pou nou itilize lavi nou (Sòm 36:9). Prensip ak direksyon li ban nou pou nou suiv yo la pou fè n jwenn byenfè, pa pou retire lajwa nou. Vrè kretyen yo, ki konprann sa, chèche pou se Jewova ki enstwi yo (Miche 4:2). Enstriksyon li ban nou yo pèmet nou pwoteje relasyon nou ak li, e yo ban nou mwayen pou n defann nou kont enfliyans Satan ki vle kòwonp nou. Lè nou konprann prensip ki makonnen ak lwa Bondye bay yo, nou wè Jewova anseye n pou byen n. Nou rann nou kont “kòmandman l yo pa lou”. Epitou, nou pap disparèt. — 1 Jan 2:17; 5:3.

Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl

w07-F 15/1 9 § 8

Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — II

49:6 — Nan ki sans Mesi a se “yon limyè pou nasyon yo”, menmsi travay predikasyon li te fè a te konsène moun ann Izrayèl yo sèlman? Se poutèt sa k te rive apre Jezi te mouri a. Labib aplike pasaj Ezayi 49:6 la sou disip li yo (Travay 13:46, 47). Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ki gen yon gwo foul adoratè k ap kore yo, ap sèvi antanke “limyè pou nasyon yo”, e k ap bay pèp yo limyè rive “jis nan dènye bout tè a.” — Matye 24:14; 28:19, 20.

it-1-F 660 § 4-5

Divòs

Divòs nan sans senbolik. Nan Bib la, yo itilize relasyon ki gen nan maryaj yon fason senbolik (Eza 54:1, 5, 6; 62:1-6). Yo pale de divòs oubyen de lè yon mari voye madanm li ale nan yon sans senbolik tou. — Jr 3:8.

Yo te ranvèse Wayòm Jida a, epi yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, e moun ki te abite nan peyi a te ale ann egzil nan Babilòn. Plizyè ane anvan, nan yon pwofesi, Jewova te di Juif yo ki ta va ann egzil lè sa a: “Èske m te bay manman w papye divòs lè m te voye l ale a?” (Eza 50:1). Jewova te voye manman senbolik yo, oswa nasyon yo a, ale, pou yon rezon legal, pa paske Jewova te kraze alyans li a epi l te kòmanse fè demach pou l divòse, men paske nasyon an te mal aji kont alyans Lalwa a. Men yon rès Izrayelit te repanti epi yo te priye pou Jewova retounen nan relasyon mari ak madanm avèk yo nan peyi yo a. Jewova te remete pèp li a nan peyi li jan l te pwomèt li sa, poutèt non l, nan ane 537 anvan epòk nou an, lè 70 an dezolasyon an te prèske rive nan bout li. — Sm 137:1-9; gade MARYAJ.

13-19 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 52-57

Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl

w06-F 15/3 11 § 2

“Yon dram senbolik” ki gen enpòtans pou nou

Donk kiyès “fi lib la” Sara avèk pitit li Izarak, reprezante? Pòl montre Sara, “madanm ki pa t janm fè pitit la”, se pati òganizasyon li a ki nan syèl la, madanm Bondye nan yon sans senbolik. Madanm sa a ki nan syèl la pa t gen pitit paske li pa t gen “pitit” ki te resevwa lespri sen sou latè, anvan Jezi te vini (Galat 4:27; Ezayi 54:1-6). Poutan, nan ane 33 epòk nou an, lespri sen te vide sou yon gwoup gason ak fi, e lè sa, yo te vin fèt ankò, antanke pitit madanm selès sa. Bondye te vin adopte pitit sa yo òganizasyon an te pwodui, antanke pitit li e yo te vin jwenn menm eritaj ak Kris lè yo te fè yon nouvo alyans avèk li (Women 8:15-17). Apot Pòl, ki te youn nan pitit sa yo, te ekri: “Jerizalèm anwo a lib, e se li ki manman nou.” — Galat 4:26.

20-26 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 58-62

“Fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a”

ip-2-F 322 § 4

Jistis jèmen nan Siyon

“Ane Jewova ap fè moun favè a”

Men sa Ezayi te ekri: “Lespri Jewova, Seyè ki Souvren an, sou mwen, paske Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la. Li voye m pou m panse moun kè yo ap fann yo, pou m fè prizonye yo konnen y ap lib, e pou m ouvri je prizonye yo byen ouvri.” (Ezayi 61:1). Kiyès yo bay misyon pou al bay bon nouvèl la? Li klè nan premye ka a se Ezayi Bondye enspire pou l ekri bon nouvèl la pou sa yo ki t ap kaptif nan Babilòn. Epoutan, Jezi montre pi gwo fason pawòl ki nan pasaj Ezayi sa a te reyalize, lè li te aplike l sou li menm (Lik 4:16-21). Se vre, yo te voye Jezi pou l anonse bon nouvèl la bay moun ki enb yo, e se pou sa lespri sen te desann sou li jou l te batize a. — Matye 3:16, 17.

ip-2-F 326-327 § 13-15

Jistis jèmen nan Siyon

Apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, Bondye te plante sa ki sanble ak “gwo pyebwa lajistis”, kretyen ki gen kouraj sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la, nan nouvo nasyon espirityèl li a, “Izrayèl Bondye a”. (Galat 6:16.) Atravè syèk yo, kantite “pyebwa” sa yo te rive 144 000. Yo t ap pwodui fwi lajistis ki fè Jewova Dye parèt atiran pou moun e yo t ap ba li glwa (Revelation 14:3). Dènye gwoup “pyebwa” sa yo te fleri ane apre ane depi 1919, lè Jewova te vin rebay rès Izrayèl Bondye a fòs pou yo sòti nan eta inaktif yo te ye pandan yon tan an. Lefètke Jewova ba yo yon kantite dlo espirityèl ann abondans, se kòmsi Jewova te pwodui yon forè pyebwa lajistis k ap bay fwi. — Ezayi 27:6.

Pou Ezayi mete aksan sou travay “pyebwa” sa yo t ap fè a, li di apre sa: “Y ap rebati kote ki te fin kraze nan tan lontan yo. Y ap mete kote ki te devaste nan tan pase yo kanpe, e y ap repare vil ki te kraze yo, sa vle di kote ki te ret san moun jenerasyon apre jenerasyon yo.” (Ezayi 61:4). Grasa dekrè wa peyi Pès la ki te rele Siris, Juif ki te gen lafwa yo te sòti Babilòn pou yo retounen al rebati Jerizalèm ak tanp li an, ki te devaste pandan tout tan sa a. Gen yon travay reparasyon ki t ap fèt tou apre ane 33 epòk nou an e apre ane 1919.

Nan ane 33 epòk nou an, disip Jezi yo te vrèman tris poutèt yo te arete l, yo te jije l e yo te touye l (Matye 26:31). Men fason yo te wè bagay yo te chanje lè li te parèt devan yo apre rezireksyon l. Epi yonfwa lespri sen te vide sou yo, yo te ret okipe nan travay preche bon nouvèl la “nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Travay 1:8.) Konsa, yo te kòmanse remete vrè adorasyon an sou pye. Se menm jan an, apati 1919, Jezi te pèmèt rès frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la rebati “kote ki te ret san moun jenerasyon apre jenerasyon yo”. Pandan plizyè syèk, klèje lakretyente a pa t montre sa konesans Jewova a ye; li te ranplase l ak tradisyon lèzòm ak doktrin ki pa sot nan Bib la. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te retire yon seri pratik ki te gen rapò ak fo relijyon nan kongregasyon yo. Konsa yo te ka ale pi devan nan travay yo t ap fè pou remete vrè adorasyon an sou pye. Sa te fè yo kòmanse sa k t apral tounen pi gwo kanpay predikasyon yo pa t janm fè nan monn nan anvan. — Mak 13:10.

Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl

w07-F 15/1 11 § 5

Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — II

Kesyon biblik:

61:8, 9 — Ki sa ‘alyans pou toutan an’ ye, e kiyès ki “desandan” yo? Se nouvo alyans Jewova fè ak kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl la. “Desandans” lan se “lòt mouton” yo, sa vle di plizyè milyon moun ki byen reyaji devan mesaj yo bay la. — Jan 10:16.

27 FEVRIYE – 5 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 63-66

“Syèl tounèf la ak tè tounèf la pral pote anpil kè kontan”

ip-2-F 383 § 23

“Se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo”

Liv Revelasyon an dekri yon vizyon apot Jan te fè sou jou Jewova k ap vini an, lè sistèm sa a ap detwi. Apre sa, yo pral lage Satan nan twou san fon an (Revelasyon 19:11–20:3). Apre li fin dekri sa, Jan redi menm pawòl ak pwofèt Ezayi; men sa l te ekri: “Mwen wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf.” Vèsè ki vin annapre yo esplike gwo vizyon sa a lè yo pale de yon tan kote Jewova pral chanje kondisyon ki sou tè a nèt pou byen nou (Revelasyon 21:1, 3-5). Sa klè, promès Ezayi konsènan “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” la pral gen yon trè bèl akonplisman nan monn nouvo Bondye a! Anba pouvwa nouvo gouvènman sa a ki nan syèl la, yon nouvo sosyete pral viv nan yon paradi sou tè a ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl. Se pa ti rekonfò nou jwenn nan promès ki fè konnen “ansyen bagay yo [maladi, soufrans, ak anpil lòt malè ki frape lèzòm] pap vin nan lespri [nou], e [nou] pap gen bagay konsa nan kè [nou]”. Kèlkeswa sa nou ta vin sonje nan epòk sa a, sa pap lakòz gwo doulè oswa lapenn k ap fann kè moun jodi a.

ip-2-F 384 § 25

“Se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo”

Jodi a tou, Jewova fè Jerizalèm vin “yon kote ki fè kè moun kontan”. Ki jan l fè sa? Jan nou te wè sa, nouvo syèl ki te vin egziste nan ane 1914 la ap vin gen 144 000 moun ki pral dirije ak Jezi nan gouvènman ki nan syèl la. Yo te dekri yo antanke “Nouvo Jerizalèm” nan yon pwofesi (Revelasyon 21:2). Anpalan de Nouvo Jerizalèm nan, men sa Bondye deklare: “Gade! m ap fè Jerizalèm vin yon kote ki fè kè moun kontan, e pèp li a ap fè kè moun kontan.” Bondye pral itilize Nouvo Jerizalèm nan pou l vide yon seri benediksyon moun pa t janm wè sou tout moun ki obeyisan yo. Nou pap janm tande moun k ap kriye oubyen k ap plenyen ankò, paske Jewova pral ban nou “tout sa [nou] swete nan kè [nou]”. — Sòm 37:3, 4.

Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl

w07-F 15/1 11 § 6

Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — II

63:5 — Nan ki sans kòlè Jewova ede l? Bondye kontwole kòlè l, e se paske li jis ki fè l konn fache. Kòlè l ede l nan sans li pouse l egzekite jijman l yo ki jis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje