BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/02 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 2/02 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 fév.

“ Èske w janm mande tèt ou ki pi bon fason ou ka dirije lavi w, ki pi bon fason ou ka pran desizyon ki enpòtan ? [Kite moun nan reponn.] Pi bon enstriksyon ki ka gide nou nan lavi a, tankou Règ d ò a, se nan Bib la sa soti. [Li Matye 7:12.] Apa Règ d ò a, ki lòt prensip Bondye bay, k ap bon pou nou pèsonèlman ? W ap jwenn repons lan nan peryodik sa a. ”

Réveillez-vous! 22 fév.

“ Siman ou remake sa, zòn kote n ap travay vin gen plis danje. Peryodik sa a bay bonjan konsèy sou ki jan zòn sa yo ka vin gen plis sekirite. Li montre tou ki jan byennèt nou makonnen ak fason nou konsidere travay. Se pou ou nou pote l. ”

La Tour de Garde 1ye mas

“ Devan tout sa k ap pase jodi a, anpil moun ap mande sa demen ap pote. Jezi te montre nou, nan yon lapriyè nou byen konnen, rezon ki fè nou kapab gen konfyans nan demen. [Li Matye 6:9, 10.] Limanite ap refè menm fot yo te fè nan tan lontan. Men, nan epòk sa a, moun ki t ap sèvi Bondye yo, te gen yon avni ki bèl devan yo. Peryodik sa a montre ki jan nou menm tou, nou kapab gen yon bèl avni devan nou, menm jan an. ”

Réveillez-vous! 8 mas

“ Labib montre jan li enpòtan pou nou gen yon fòmasyon ki kòrèk. [Li Pwovèb 2:10, 11.] Pifò nan nou rann nou kont nan ki pwen li enpòtan pou pitit nou yo jwenn pwofesè ki kalifye pou enstwi yo. Réveillez-vous ! atire atansyon nou sou gwo wòl pwofesè yo ap jwe. Li di ki jan nou ka apresye sakrifis y ap fè, e ki sa paran yo ka fè pou ede yo nan pwoblèm difisil yo rankontre. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje