BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Jeremi 1:1-52:34
  • Jeremi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jeremi
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Jeremi

JEREMI

1 Pawòl sa yo se pawòl Jeremi*, pitit gason Ilkya, youn nan prèt ki Anatòt yo+, nan tribi Benjamen an. 2 Jewova te pale avè l nan epòk Jozyas+, pitit gason Amon+, te wa nan Jida, nan 13yèm ane li te wa a. 3 Bondye te pale avè l tou nan epòk Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, te wa nan Jida, rive nan fen 11yèm ane Sedesyas+, pitit gason Jozyas, te wa nan Jida, rive jis lè Jerizalèm t al ann egzil nan senkyèm mwa a+.

4 Jewova te pale avè m, li di m:

 5 “Mwen te konnen* w depi anvan m te fè w nan vant manman w+,

E mwen te chwazi w* pou yon travay espesyal depi anvan w te fèt*+.

Mwen te chwazi w pou w vin yon pwofèt pou nasyon yo.”

 6 Men, mwen te di: “Malerezman, o Jewova, Seyè ki Souvren an,

Mwen pa yon moun ki konn pale+, paske, se yon timoun mwen ye+.”

 7 Lè sa a, Jewova di m:

“Pinga w di: ‘Se yon timoun mwen ye’.

Paske, ou dwe al kot tout moun mwen voye w,

E w dwe di yo tout sa m ba w lòd di yo+.

 8 Ou pa bezwen pè yo+,

Paske men sa mwen menm, Jewova, mwen di: ‘Mwen avè w pou m ka sove w+.’”

9 Apre sa, Jewova lonje men l, li touche bouch mwen+. Epi Jewova di m: “Mwen met pawòl mwen nan bouch ou+. 10 Gade, jodi a mwen ba w otorite sou nasyon yo ak wayòm yo, pou w derasinen, pou w lage atè, pou w detwi, pou w kraze brize, pou w bati e pou w plante+.”

11 Apre sa, Jewova pale avè m ankò, li di m: “Jeremi, ki sa w wè?” Mwen di: “Mwen wè yon branch zanmann*.”

12 Apre sa, Jewova di m: “Sa w wè a se sa. Paske, m ap veye pou m fè pawòl mwen reyalize.”

13 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di: “Ki sa w wè?” Mwen di: “Mwen wè yon chodyè* nan direksyon nò ki gen yon bagay k ap bouyi ladan l* e bouch chodyè a panche nan direksyon sid.” 14 Lè sa a, Jewova di m:

“Se nan nò malè a ap soti

Pou l vin frape tout moun ki nan peyi a+.

15 Paske, men sa Jewova di: ‘M ap rele fanmi ki sot nan wayòm ki nan nò yo+,

E y ap vini. Yo chak ap met twòn yo

Devan pòtay vil Jerizalèm yo+,

Y ap atake tout miray li yo nèt,

E y ap atake tout vil Jida yo+.

16 M ap fè konnen sa m deside fè yo poutèt tout mechanste y ap fè yo.

Paske, yo vire do ban mwen+,

Y ap boule sakrifis* bay lòt dye+,

E y ap pwostène devan bagay yo fè ak men yo+.’

17 Se pou w prepare w pou w aji*,

E se pou w kanpe pou w di yo tout sa m ba w lòd di yo.

Pinga w pè yo+,

Pou se pa mwen menm ki fè w pè devan yo.

18 Paske, jodi a, mwen fè w vin tankou yon vil ki byen pwoteje,

Tankou yon poto an fè, tankou miray an kuiv pou w ka kanpe kont tout peyi a+,

Kont wa Jida yo ak chèf li yo,

Kont prèt li yo ak lòt moun ki abite nan peyi a+.

19 Se sèten y ap opoze avè w,

Men, yo pap pote laviktwa sou ou*,

Paske ‘mwen avè w+ pou m delivre w’. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.”

2 Jewova te pale avè m, li te di m: 2 “Ale, epi di moun Jerizalèm yo: ‘Men sa Jewova di:

“Mwen sonje jan w te devwe* lè w te toupiti+,

Jan w te montre ou renmen m lè w te fiyanse avè m nan+,

Jan w te suiv mwen nan dezè a,

Nan yon zòn kote moun pa t simen okenn semans+.

 3 Izrayèl te sen pou Jewova+, e se yo ki te premye fwi nan rekòt li a.”’

‘Kèlkeswa moun ki ta maltrete l, moun sa a t ap koupab,

Malè t ap rive l.’ Se sa Jewova di+.”

 4 Tande sa Jewova di, nou menm desandan Jakòb yo,

Nou menm tout fanmi ki ann Izrayèl yo.

 5 Jewova di:

“Ki sa zansèt nou yo te jwenn ki pa t bon nan mwen+

Ki fè yo te ale lwen m konsa,

Ki fè yo te vin ap adore zidòl+, yon seri bagay san valè, e ki fè yo te vin pa gen okenn valè devan m+?

 6 Yo pa t di tèt yo: ‘Ann chèche Jewova,

Sila a ki te fè nou kite peyi Ejip la+,

Ki te gide nou nan dezè a,

Nan yon zòn tè sèk+ e ki chaje ak twou,

Nan yon zòn+ ki pa gen dlo e ki gen fènwa pwès,

Nan yon zòn moun pa vwayaje,

E kote okenn moun pa abite?’

 7 Annapre, mwen te fè nou antre nan yon peyi ki chaje ak pye fwi

pou nou te ka manje fwi l yo ak lòt bon bagay li genyen+.

Men, apre nou fin antre nan peyi m nan, nou gate l.

Nou fè eritaj mwen an tounen yon bagay ki bay degoutans+.

 8 Prèt yo pa t di tèt yo: ‘Ann chèche Jewova+.’

Moun ki te gen lalwa nan men yo a pa t konnen m.

Bèje yo te fè rebèl avè m+,

Pwofèt yo te pwofetize nan non Baal+,

Yo te suiv dye ki pa t ka fè anyen pou yo.

 9 ‘Se sa k fè m ap kontinye opoze ak nou+.’ Se sa Jewova di.

‘M ap kontinye opoze ak pitit pitit nou yo.’

10 ‘Travèse pou n al nan zòn bò lanmè* kote moun Kitim+ yo rete a epi gade pou n wè.

Wi, voye moun al Keda+ epi byen reflechi pou n wè.

Gade pou n wè si yon bagay konsa janm fèt.

11 Èske gen yon nasyon ki janm chanje dye l yo pou lòt dye?

Men, pèp mwen an pito al adore bagay ki san valè olye li ban m glwa+.

12 Se pou syèl la sezi lè l wè sa!

Se pou l tranble, se pou sa choke l!’ Se sa Jewova di.

13 ‘Paske, pèp mwen an fè de move bagay:

Yo vire do ban mwen, mwen menm ki se sous dlo lavi a+,

Epi yo fouye sitèn* pou tèt yo,

Yon seri sitèn ki fann e ki pa ka kenbe dlo.’

14 ‘Izrayèl pa yon sèvitè ni li pa yon esklav ki fèt nan kay la,

Men, poukisa yo kite moun piye l konsa?

15 Gen yon seri jenn lyon k ap gwonde sou li+.

Yo leve vwa yo byen wo.

Yo fè peyi l la tounen yon kote ki fè moun sezi.

Yo met dife nan vil li yo e pa gen moun ki abite ladan yo ankò.

16 Moun ki abite nan Nòf*+ ak nan Tapanès+ yo devore mitan tèt ou.

17 Èske se pa ou ki fè sa rive w,

Lefètke w vire do bay Jewova, Bondye w la+,

Pandan li t ap gide w nan chemen an?

18 Kounye a, poukisa w anvi pran wout ki mennen Ejip la+

Pou w al bwè dlo Chiyò yo*?

Poukisa w anvi pran wout ki mennen Asiri a+

Pou w al bwè dlo Rivyè a*?

19 Se pou w pran leson apre tout mechanste w fè yo,

Se pou w jwenn disiplin pou aksyon w fè ki montre w pa fidèl yo.

Se pou w konnen jan sa pa bon e jan se yon bagay ki grav+

Pou w vire do bay Jewova, Bondye w la.

Ou pa montre ou gen okenn lakrentif pou mwen+.’ Se sa Jewova, Chèf lame a, Seyè ki Souvren an, di.

20 ‘Sa fè lontan mwen te kraze jouk+ ou a

E m te kase chenn ou yo.

Men, ou te di: “Mwen pap sèvi w.”

Paske, ou te kouche sou do sou tèt tout mòn+ e anba tout gwo pyebwa

Pou w fè pwostitisyon+.

21 Mwen te plante w tankou yon bon pye rezen+, yon bon semans, pou w bay rezen wouj.

Men, kòman w fè vin gate konsa a? Kòman w fè tounen yon pye rezen mawon+?’

22 ‘Menmsi w ta benyen ak bikabonat* e w ta benyen ak anpil savon*,

Peche w la t ap rete tankou yon tach devan m+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

23 Ki jan w fè di: ‘Mwen pa sal,

Mwen pa t adore Baal yo’?

Gade sa w fè nan vale a.

Reflechi sou sa w fè yo.

Ou tankou yon jenn femèl chamo ki rapid,

K ap kouri adwat agoch san l pa gen okenn kote l prale.

24 Ou tankou yon femèl bourik mawon ki abitye viv nan savann,

K ap pran sant van an akoz li anvi kwaze*.

Kiyès ki ka kenbe l lè l an chalè?

Mal yo pa bezwen bat kò yo ap chèche l.

Lè lè a* rive, y ap jwenn li.

25 Sispann mache

E sispann fè gòj ou sèk.

Men w te di: ‘Non, mwen pap kapab+.

Mwen damou etranje yo*+

E se yo m ap suiv+.’

26 Menm jan ak yon vòlè ki wont akoz yo bare l,

Se konsa pèp Izrayèl la vin wont,

Ni li menm, ni wa l yo, ni chèf li yo,

Ni prèt li yo, ni pwofèt li yo+.

27 Men sa yo di pyebwa yo: ‘Nou se papa nou+.’

E yo di wòch yo: ‘Se nou menm ki fè nou.’

Men, mwen menm, yo vire do ban mwen olye yo gade m+.

Lè malè rive yo, lè sa a y a di:

‘Vin sove nou+!’

28 O Jida, kote tout dye w fè yo kounye a+?

Se pou yo vin sove w si yo kapab pandan w nan malè a,

Paske, menm jan vil ou yo anpil, se konsa dye w yo vin anpil tou+.

29 Jewova di: ‘Poukisa nou kontinye ap plede avè m?

Poukisa nou tout nou fè rebèl avè m+?’

30 Mwen frape pitit nou yo, men se te pou granmesi+.

Yo pa aksepte okenn disiplin+.

Nou touye pwofèt nou yo ak pwòp epe nou+

Tankou yon lyon sovaj.

31 O nou menm ki nan jenerasyon sa a, koute sa Jewova di.

Èske mwen vin tankou yon dezè pou Izrayèl

Oswa tankou yon peyi ki gen yon fènwa pwès?

Poukisa pèp mwen an di: ‘N ap mache al kote nou vle,

Nou pap tounen vin jwenn ou ankò+’?

32 Èske yon fi ki vyèj ka bliye bijou l?

Èske yon lamarye ka bliye senti li genyen ki byen dekore a*?

Epoutan, pèp mwen an gen lontan depi l bliye m+.

33 O ou menm fanm sa a, se pa ti fò w fò nan fè gason renmen w!

Ou fin lage kò w nèt nan fè sa ki mal+.

34 Menm rad ou tache ak san moun* ki pòv yo, yon seri moun ki inosan+.

Malgre yo pa t bare yo ap kase kay,

Mwen jwenn san yo sou tout rad ou+.

35 Men, ou di: ‘Mwen inosan.

Siman Bondye pa fache avè m ankò.’

Kounye a, m ap pini w menm

Poutèt ou di: ‘Mwen pa fè okenn peche.’

36 Poukisa move fason w ap aji a pa di w anyen?

Ejip gen pou l fè w wont tou+,

Menm jan Asiri te fè w wont lan+.

37 Se pou rezon sa a tou w ap gen pou w al ann egzil ak de men w sou tèt ou+.

Paske, Jewova voye moun ou te met konfyans ou nan yo a jete.

Yo pap ka fè anyen pou ou.”

3 Moun yo di: “Si yon gason voye madanm li ale, epi apre madanm nan fin ale li vin madanm yon lòt gason, èske misye ka tounen avè l ankò?”

Èske peyi sa a pa sal nèt+?

“Nou fè pwostitisyon ak yon pakèt moun+.

Èske nou ka tounen vin jwenn mwen kounye a?” Se sa Jewova di.

 2 “Leve je nou gade mòn yo pou nou wè.

Èske gen yon kote yo pa kouche avèk nou?

Nou chita bò wout yo pou nou tann yo,

Menm jan ak yon moun ki pa gen yon kay fiks nan dezè a pou l rete*.

Nou pa sispann sal peyi a

Nan fè pwostitisyon e nan fè mechanste+.

 3 Se sa k fè lapli pa tonbe+,

Pa gen lapli nan sezon prentan.

Nou fè figi* nou byen di tankou yon madan marye k ap fè pwostitisyon.

Nou refize wont+.

 4 Men kounye a n ap rele m, n ap di:

‘Papa, se ou menm ki bon zanmi nou depi lè nou jèn+!

 5 Èske yon moun ka fache pou toutan?

Èske l ka toujou kenbe yon lòt moun sou kè?’

Se sa nou di,

Men, nou kontinye fè mechanste pi rèd+.”

6 Nan epòk Jozyas te wa a+, Jewova te di m: “‘Ou wè sa Izrayèl fè? Ou wè jan l pa fidèl? Li monte sou tout mòn ki byen wo e li ret anba tout gwo pyebwa pou l fè pwostitisyon+. 7 Malgre l te fè tout bagay sa yo, mwen pa t sispann di l pou l tounen vin jwenn mwen+, men li pa t tounen. E Jida li menm te ret la ap gade sa sè l la ki trèt t ap fè+. 8 Lè m te wè sa, mwen te voye Izrayèl ale pou enfidelite, mwen te ba l papye divòs li+ poutèt li t ap fè adiltè+. Men, sè l la, trèt yo bay pou Jida a, pa t gen okenn lakrentif. Li menm tou li te vin lage kò l nan fè pwostitisyon+ 9 e sa pa t di l anyen. Li pa t sispann sal peyi a nan fè adiltè ak wòch e ak pyebwa+. 10 Malgre tout sa, Jida, sè Izrayèl la, ki trèt, pa t tounen vin jwenn mwen ak tout kè l. Se sou blòf li te ye.’ Se sa Jewova di.”

11 Apre sa, Jewova di m: “Izrayèl te enfidèl, men li te montre l* pi jis pase trèt yo bay pou Jida a+. 12 Ale, epi men sa pou w di wayòm ki nan nò a+:

“‘“O Izrayèl, ou menm ki vire do ban mwen, retounen vin jwenn mwen.” Se sa Jewova di+.’ ‘“Mwen pap meprize w e m pap rete fache kont ou*+, paske m fidèl.” Se sa Jewova di.’ ‘“Mwen pap rete an kòlè pou toutan. 13 Sèlman, se pou w rekonèt ou koupab, paske w fè rebèl ak Jewova, Bondye w la. Ou kontinye ap chèche etranje* yo anba tout gwo pyebwa, men w pa vle fè sa m di.” Se sa Jewova di.’”

14 “O nou menm pitit mwen yo ki vire do ban mwen, retounen vin jwenn mwen.” Se sa Jewova di. “Paske, se mwen menm ki mèt* nou. M ap pran youn nan yon vil e m ap pran de nan yon tribi. M ap pran nou e m ap mennen nou tounen Siyon+. 15 M ap ban nou bèje ki fè kè m kontan+, e y ap ban nou konesans ak bon konprann. 16 Nan epòk sa a, n ap vin anpil e n ap vin gen anpil pitit nan peyi a.” Se sa Jewova di+. “Lè sa a, moun ap sispann di: ‘Gade lach alyans Jewova a!’ Lach la pap monte nan lespri yo ankò, y ap bliye l nèt, yo pap sonje l e yo pap fè yon lòt ankò. 17 Nan epòk sa a, moun ap rele Jerizalèm twòn Jewova a+. Tout nasyon yo ap reyini ansanm nan Jerizalèm pou yo onore non Jewova+. Y ap sispann fè tèt di e y ap sispann suiv kè yo ki mechan.”

18 “Nan epòk sa a, moun Jida yo ak moun Izrayèl yo ap mache kòtakòt+ e y ap vini ansanm sot nan peyi ki nan nò a pou yo antre nan peyi mwen te bay zansèt yo kòm eritaj pa yo a+. 19 Mwen te reflechi e m te di: ‘M ap mete nou nan mitan pitit mwen yo, m ap ban nou yon bon peyi, pi bèl peyi ki genyen nan mitan nasyon yo*+!’ Mete sou sa, nou tout ap rele m ‘Papa’ e nou pap sispann suiv mwen. 20 ‘Vrèmanvre, menm jan ak yon madanm ki trayi mari* l lè l kite l, se konsa tou nou menm moun Izrayèl yo nou trayi m+.’ Se sa Jewova di.”

21 Mwen tande yon bri sou mòn yo ki fin depafini.

Se pitit Izrayèl yo k ap kriye e k ap sipliye

Akoz yo fè chemen kwochi.

Yo bliye Jewova, Bondye yo a+.

22 “Retounen vin jwenn mwen, pitit mwen yo ki vire do ban mwen.

M ap geri nou e nou pap vire do ban mwen ankò+.”

Nou gen pou n di: “Men nou! Nou tounen vin jwenn ou,

Paske ou se Bondye nou, o Jewova+.

23 Vrèmanvre, nou te nan erè lè nou t ap plede fè bri sou tèt mòn yo+.

Vrèmanvre, se Jewova, Bondye nou an, k ap sove Izrayèl+.

24 Men, bagay ki fè nou wont lan* fin pran tout sa zansèt nou yo te travay di pou yo genyen yo+.

Li fini ak mouton yo ak bèf yo,

Li fini ak pitit gason yo ak pitit fi yo.

25 Se pou nou kouche nan lawont nou ye a,

Se pou dezonè nou jwenn nan kouvri nou.

Paske, nou peche kont Jewova, Bondye nou an+.

N ap fè sa depi lè nou jèn rive jis jodi a, menm jan ak zansèt nou yo+,

E nou pa fè sa Jewova, Bondye nou an, di nou.”

4 Men sa Jewova di: “O Izrayèl, si nou retounen,

Wi, si nou retounen vin jwenn mwen

E nou retire tout vye zidòl ki bay degoutans yo devan m,

Nou pap tankou moun ki nan mawon ankò+.

 2 Si nou fè sèman, e nou di:

‘Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman’, si nou di laverite, si nou fè sa ki jis ak sa ki dwat,

Lè sa a, nasyon yo ap jwenn yon benediksyon grasa li*,

E y ap vante tèt yo pou sa li fè+.”

3 Paske, men sa Jewova di moun Jida yo e men sa l di Jerizalèm:

“Vire tè nou genyen nou pa kiltive yo,

E sispann simen semans nan mitan pikan+.

 4 Nou menm moun Jida yo ak moun ki rete Jerizalèm yo,

Sikonsi tèt nou devan Jewova,

Sikonsi kè nou+,

Pou kòlè m pa monte tankou yon flanm dife,

Wi, pou l pa monte tankou yon dife pèsonn pa ka etenn,

Akoz move aksyon nou fè yo+.”

 5 Fè konnen sa nan Jida, e fè konnen sa nan Jerizalèm.

Rele epi sonnen kòn nan tout peyi a+.

Rele byen fò epi di: “Rasanble ansanm

Epi chape poul nou, al nan vil ki byen pwoteje yo+.

 6 Mete yon siy* kanpe ki montre direksyon Siyon.

Chèche pwoteksyon epi pa ret kanpe.”

Paske, m ap fè yon malè soti nan nò+, wi, yon gwo malè.

 7 Ènmi an soti tankou yon lyon ki te kache nan raje+.

Sila a ki pral detwi nasyon yo soti+,

Li kite kote l te ye a pou l vin fè peyi nou an tounen yon kote ki fè moun sezi.

L ap kraze vil nou yo. Pap gen moun ki ret ladan yo ankò+.

 8 Kidonk, se pou nou met twal sak sou nou+,

Se pou nou nan lapenn*, se pou nou rele,

Paske Jewova an kòlè anpil kont nou toujou.

 9 Men sa Jewova di: “Nan jou sa a,

Wa a ak chèf yo ap dekouraje+.

Prèt yo ap pè anpil e pwofèt yo ap sezi+.”

10 Lè sa a mwen di: “Elas, o Jewova, Seyè ki Souvren an! Ou twonpe pèp sa a+ ak Jerizalèm nèt lè w di: ‘N ap gen lapè+’, alòske se yon epe ki anba kou nou*.”

11 Nan epòk sa a, men sa y ap di pèp sa a ak Jerizalèm:

“Gen yon van cho k ap soti nan mòn ki fin depafini ki nan dezè a

Ki gen pou l soufle sou pèp mwen an, sou pitit fi m nan*.

Li pap vini pou l vannen grenn oswa pou l netwaye.

12 Se sou lòd mwen gwo van an ap sot nan kote sa yo.

Kounye a, m ap ba yo santans yo.

13 Tande! L ap vini tankou nyaj k ap bay lapli.

Charyo l yo tankou van tanpèt+.

Cheval li yo pi rapid pase èg+.

Malè pou nou paske y ap fini ak nou nèt!

14 O Jerizalèm, netwaye kè w, retire mechanste ladan l pou w ka sove+.

Jis ki lè w ap kontinye gen move panse nan tèt ou?

15 Gen yon vwa k ap fè konnen nouvèl ki sot Dann nan+.

L ap anonse malè k ap sot nan mòn Efrayim yo.

16 Wi, fè nasyon yo konn sa.

Fè Jerizalèm konn sa tou.”

“Gen santinèl* k ap soti nan yon peyi ki byen lwen,

E yo gen pou yo rele byen fò lè y ap atake vil Jida yo.

17 Y ap atake Jerizalèm nan tout direksyon tankou gad ki nan savann+,

Paske li te fè rebèl avè m+.” Se sa Jewova di.

18 “W ap peye pou konduit ou e pou aksyon w ap fè yo+.

Se pa ti rèd malè ki tonbe sou ou a rèd.

Paske, li frape w nan kè.”

19 Se pa ti soufri m ap soufri*! O, se pa ti soufri m ap soufri!

M santi anpil doulè nan kè m*.

Kè m ap bat fò.

Mwen pa ka ret an silans

Paske mwen* tande bri kòn nan,

Mwen tande siyal pou lagè a*+.

20 Se kalamite sou kalamite y ap anonse,

Paske, tout peyi a fin kraze nèt.

Bridsoukou, yo kraze tant mwen yo.

Nan yon bat je, yo detwi twal tant mwen yo+.

21 Pandan konbyen tan m ap kontinye wè siy* ki montre nan ki direksyon Siyon ye a,

E m ap kontinye tande son kòn nan+?

22 “Paske, pèp mwen an sòt+.

Yo pa ban m regle anyen pou yo.

Yo se yon pakèt pitit ki pa reflechi e ki san konprann.

Lè se pou yo fè sa ki mal, yo fò*,

Men yo pa konn kòman pou yo fè sa ki bon.”

23 Mwen te gade peyi a, li te vid e li te fin depafini nèt+.

Mwen te gade syèl la, e pa t gen limyè ladan l ankò+.

24 Mwen te gade mòn yo, yo t ap tranble,

E ti mòn yo t ap souke+.

25 Mwen te gade e m te wè pa t gen moun ankò,

E tout zwazo nan syèl la te vole y ale+.

26 Mwen te gade jaden ki te gen pye fwi yo, li te tounen yon dezè.

Tout vil li yo te kraze+.

Se Jewova ki te fè sa rive,

Paske li te an kòlè anpil.

27 Paske, men sa Jewova te di: “Tout peyi a ap fin depafini nèt+,

Men, mwen pap detwi l nèt.

28 Se poutèt sa peyi a pral nan lapenn+,

E syèl la anlè a ap vin tou nwa+.

Sa ap rive paske se sa m di. Mwen pran desizyon an,

Mwen pap chanje lide*, mwen pap fè bak+.

29 Kou moun nan vil la tande bri kavalye yo ak moun k ap tire flèch yo,

Yo tout chape poul yo+,

Yo kouri al kache nan rakbwa,

Epi yo monte sou gwo wòch yo+.

Yo abandone tout vil yo,

Pa gen yon moun ki abite ladan yo ankò.”

30 Kòm yo fin kraze w nèt kounye a, ki sa w ap fè?

Ou te konn abiye ak rad wouj vif,

Ou te konn mete bijou annò sou ou,

Ou te konn mete makiyaj nwa sou do je w.

Men, se pou granmesi w t ap fè tèt ou bèl+,

Paske moun ki te anvi w yo vire do ba ou.

Kounye a, se touye y ap chèche touye w*+.

31 Mwen tande yon bri ki tankou bri yon fi ki gen doulè,

Mwen tande yon seri rèl ki tankou rèl yon fi k ap akouche premye pitit li.

Se vwa vil Siyon* k ap chèche pran souf.

Li ouvri de men l epi li di+:

“Malè pou mwen paske m* bouke akoz asasen yo!”

5 Mache nan lari Jerizalèm yo.

Voye je n gade tout kote pou nou wè.

Al gade sou plas piblik li yo pou n wè

Si n ap jwenn yon moun k ap fè sa ki jis+,

Yon moun k ap fè efò pou l fidèl.

Si n jwenn youn, m ap padone vil la.

 2 Menmsi yo ta di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman”,

Yo t ap bay manti kanmenm+.

 3 O Jewova, èske se pa fidelite w ap chèche+?

Ou te frape yo, men sa pa t gen okenn efè sou yo*.

Ou te elimine anpil nan yo, men malgre sa yo pa t pran leson+.

Yo fè figi yo pi di pase wòch+,

E yo refize kase tèt tounen+.

 4 Men, mwen te di tèt mwen: “Se sèten moun sa yo se yon bann malere ki pa konprann anyen.

Yo aji tankou moun sòt akoz yo pa konnen chemen Jewova yo,

Yo pa konnen kòmandman Bondye yo a.

 5 Mwen pral kot gwo potanta yo pou m pale avèk yo,

Paske se sèten yo konnen chemen Jewova yo,

Se sèten yo konnen kòmandman l yo+.

Men, yo tout yo te kase jouk Bondye a sou yo,

E yo te kase tout bagay ki te mare yo a*.”

 6 Se sa k fè yon lyon nan forè a atake yo,

Yon lou ki nan dezè a kontinye ap dechire yo,

E yon leyopa ret ap tann yo nan vil yo.

Li dechire tout moun k ap sot nan vil sa yo, li fè yo fè ti moso.

Paske, peche yo fè yo anpil,

Aksyon yo fè ki montre yo pa fidèl yo anpil+.

 7 Ki jan pou m ta fè padone nou pou sa?

Pitit nou yo vire do ban mwen,

E y ap fè sèman nan non fo dye+.

Mwen te ba yo tout sa yo bezwen,

Men yo te kontinye fè adiltè,

Yo te kontinye al lakay pwostitye an foul.

 8 Yo tankou cheval ki pa ka tann pou yo kwaze e k ap ranni,

Yo tout cho dèyè madanm lòt gason+.

 9 “Èske m pa dwe mande yo kont pou bagay sa yo?” Se sa Jewova di.

“Èske m* pa dwe fè vanjans sou yon nasyon konsa+?”

10 “Vini nan plantasyon rezen l yo epi detwi yo,

Men, pa fin detwi yo nèt+.

Koupe ti branch yo,

Paske, se pa pou Jewova yo ye.

11 Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo

Trayi m nèt.” Se sa Jewova di+.

12 “Yo kite Jewova, e y ap plede di:

‘Li pap fè anyen*+,

Pa gen okenn malè k ap vin sou nou.

Ni epe, ni grangou, pap frape nou+.’

13 Pwofèt yo ap di pawòl ki san valè,

Pawòl la* pa nan yo.

Se pou yo vin menm jan ak pawòl y ap di yo, ki san valè.

14 Kidonk, men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di:

“Poutèt mesye sa yo ap di pawòl sa yo,

M ap fè pawòl mwen yo tounen yon dife nan bouch ou+.

Pèp sa a se bwa,

E dife a ap boule yo+.”

15 “M ap fè yon nasyon ki sot byen lwen vin atake nou, o Izrayèl+.” Se sa Jewova di.

“Se yon nasyon ki la lontan.

Wi, li gen lontan depi l egziste.

Se yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen,

E nou pa ka konprann sa moun ki nan nasyon sa a ap di+.

16 Sak kote yo met flèch yo a tankou yon kavo ki ouvri.

Yo tout se sòlda.

17 Y ap devore ni rekòt ou yo, ni pen w yo+.

Y ap touye ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo.

Y ap devore twoupo bèt ou yo.

Y ap devore ni pye rezen w yo, ni pye fig frans ou yo.

Y ap sèvi ak zam yo pou yo detwi vil ki byen pwoteje yo, vil nou met konfyans nou nan yo a.”

18 “Sepandan, nan epòk sa a tou, mwen pap fin detwi nou nèt.” Se sa Jewova di+. 19 “Lè yo mande: ‘Poukisa Jewova, Bondye nou an, fè nou tout bagay sa yo?’ Se pou w di yo: ‘Menm jan nou te vire do bay Bondye pou nou sèvi yon lòt dye nan peyi nou an, se konsa tou n ap gen pou n sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou+.’”

20 Men sa pou w di desandan Jakòb yo,

E men sa pou w fè moun Jida yo konnen:

21 “O nou menm moun sòt e ki pa gen bonsans*, tande sa+:

Nou gen je, men nou pa ka wè+,

Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande+.”

22 ‘Kòman, nou pa gen lakrentif pou mwen?’ Se sa Jewova di.

‘Èske n pa ta dwe ap tranble devan m?

Se mwen menm ki mete sab kòm limit pou lanmè a.

Se yon lwa k ap la pou toutan, yon limit lanmè a pa ka depase.

Menmsi lanm lanmè a move, yo pa ka genyen batay la.

Menmsi lanm lanmè a ap gwonde, l ap toujou pa ka depase limit sa a+.

23 Men, pèp sa a gen tèt di e li rebèl.

Yo vire do ban mwen e yo pran wout pa yo+.

24 Yo pa janm di tèt yo:

“Kounye a, annou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an,

Sila a ki ban nou lapli lè sezon an rive a,

Ni premye sezon lapli a, ni dezyèm sezon lapli a,

Sila a ki veye pou nou jwenn semèn pou nou rekòlte yo+.”

25 Se peche nou fè yo ki fè nou pa jwenn bagay sa yo ankò.

Se pwòp peche nou ki anpeche nou jwenn sa ki bon+.

26 Paske, gen yon bann mechan nan mitan pèp mwen an.

Yo kontinye ap veye tankou moun ki akoupi k ap chèche kenbe zwazo.

Yo tann yon pyèj ki ka lakòz lanmò,

Men se moun yo pran ladan l.

27 Menm jan ak yon kalòj ki chaje ak zwazo,

Se konsa kay yo chaje ak bagay yo vin genyen nan twonpe moun+.

Se sa k fè yo vin gen pouvwa e yo vin rich.

28 Yo vin gra, po yo vin klere.

Yo donnen nan fè sa ki mal.

Yo pa plede kòz timoun ki san papa yo+,

Yon fason pou yo ka fè afè pa yo mache,

E yo pa fè moun ki pòv yo jwenn jistis+.’”

29 “Èske m pa dwe mande yo kont pou bagay sa yo?” Se sa Jewova di.

“Èske m* pa dwe fè vanjans sou yon nasyon konsa?

30 Gen yon bagay chokan ki rive nan peyi a, wi, yon bagay ki bay degoutans:

31 Pwofesi pwofèt yo ap bay yo se manti+,

Prèt yo ap sèvi ak otorite yo pou yo domine sou lòt moun.

E pèp mwen an byen renmen sa+.

Ki sa n ap fè lè lafen an rive?”

6 Nou menm desandan Benjamen yo, soti Jerizalèm, epi al chèche refij lòt kote.

Sonnen kòn+ nan Tekowa+.

Limen yon dife kòm siyal nan Bètakerèm,

Paske, gen yon malè pandye k ap sot nan direksyon nò, yon gwo malè+.

 2 Vil Siyon* sanble ak yon bèl fi ki delika+.

 3 Bèje yo ap vini ak bèt yo.

Y ap monte tant yo toutotou l+,

E yo chak ap fè bèt ki sou kont yo manje+.

 4 “Prepare nou* pou n fè lagè avèk li!

Leve, epi annou atake l a midi!”

“Malè pou nou, paske solèy la ap kouche,

E lonbray yo kòmanse parèt pi long!”

 5 “Leve, annou atake l nan nuit,

E annou detwi fòtrès li yo ki byen pwoteje+.”

 6 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Koupe bwa epi fè yon gwo ranp toutotou Jerizalèm+.

Li se yon vil ki dwe rann kont.

Se toupizi y ap toupizi moun anndan l sèlman+.

 7 Menm jan yon sitèn se yon kote yo jwenn dlo fre,

Se konsa tou vil sa a se yon kote ki chaje ak mechanste.

Anndan vil sa a, se vyolans ak ravaj+.

E maladi ak malè devan m toutan.

 8 Fè atansyon, o Jerizalèm, si w pa fè sa, m* ap vire do ba ou akoz ou ban m degoutans+.

M ap fè w vin yon peyi ki vid, ki pa gen moun ki rete ladan l+.”

 9 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Y ap ranmase rès moun ki Izrayèl yo tankou lè y ap ranmase dènye grap rezen ki nan yon pye rezen.

Pase men w ankò, tankou yon moun k ap ranmase grap rezen nan pye rezen.”

10 “Ak kiyès pou m pale, kiyès pou m bay avètisman?

Kiyès k ap koute?

Gade, yo bouche zòrèy yo*, yon fason pou yo ka pa koute+.

Gade, kounye a yo meprize pawòl Jewova+.

Yo pa pran okenn plezi ladan l.

11 Se sa k fè kòlè Jewova ap bouyi anndan m,

Mwen pa ka kenbe l ankò+.”

“Vide kòlè a sou timoun ki nan lari a+,

Sou gwoup jèn gason ki reyini ansanm yo.

Yo gen pou yo mennen yo tout ale kòm prizonye, ni mari, ni madanm,

Ni granmoun, ni moun ki granmoun anpil*+.

12 Se lòt moun k ap jwenn kay yo genyen yo

Ansanm ak jaden yo ak madanm yo+.

Paske, m ap lonje men m pou m pini moun k ap viv nan peyi a.” Se sa Jewova di.

13 “Paske, yo tout, jèn kou granmoun, ap fè lajan nan move kondisyon+.

Menm pwofèt yo ak prèt yo lage kò yo nan fè magouy+.

14 Mete sou sa, y ap eseye geri maleng pèp mwen an vaykevay lè yo di yo:

‘Gen lapè! Gen lapè!’,

Alòske pa gen lapè vre+.

15 Èske yo santi yo wont pou vye bagay yo fè yo?

Now, yo pa santi yo wont menm.

Yo pa menm konn sa k rele wont lan+.

Se sa k fè yo gen pou yo tonbe pami moun k ap tonbe yo.

Lè m pini yo, se sèten y ap kilbite.” Se sa Jewova di.

16 Men sa Jewova di:

“Rete nan kafou yo, epi gade.

Mande enfòmasyon konsènan ansyen wout yo.

Mande ki kote bon chemen an ye epi mache ladan l+

Pou nou* ka jwenn repo.”

Men, yo di: “Nou pap mache ladan l+.”

17 “E mwen te chwazi yon seri moun pou veye+ ki te di yo:

‘Koute son kòn nan+!’”

Men, yo te di: “Nou pap koute anyen+.”

18 “Kidonk, tande sa, nou menm nasyon yo!

Nou menm pèp yo, se pou nou konnen

Sa k pral rive yo.

19 Tande sa, nou tout k ap viv sou tè a!

M ap fè yon malè vin frape pèp sa a+

Akoz tout vye bagay y ap fè yo.

Paske, yo pa obeyi pawòl mwen,

E yo rejte lwa* m yo.”

20 “Ki mele m ak lansan blan ki sot Cheba nou pote pou mwen yo?

Ki mele m ak wozo santi bon nou pote pou mwen ki sot nan yon peyi ki byen lwen?

Mwen pa aksepte sakrifis nou boule nèt yo,

E m pa pran plezi nan sakrifis nou yo+.”

21 Se sa k fè, men sa Jewova di:

“Gade, m ap mete obstak devan pèp sa a,

E obstak sa yo ap fè yo kilbite.

Papa ak pitit ap kilbite,

Chak vwazen ak zanmi l ap kilbite tou.

Yo tout ap peri+.”

22 Men sa Jewova di:

“Gade! Gen yon pèp k ap sot nan yon peyi ki nan direksyon nò,

Gen yon gwo nasyon k ap leve nan pati ki pi lwen sou tè a+.

23 Moun ki nan nasyon sa a ap pran banza* yo ak lans yo.

Yo fewòs e yo san pitye.

Yo fè bri menm jan ak yon lanmè ki move,

E yo sou cheval+.

Yo pran pozisyon pou yo vin atake w tankou lè sòlda pral fè lagè, o vil Siyon*.”

24 Nou tande pale de nasyon sa a,

E nou vin san fòs+.

Doulè anvayi nou,

N ap soufri* tankou yon fi k ap akouche+.

25 Pinga nou soti al nan savann yo,

Pinga n al mache sou wout yo,

Paske ènmi an gen epe nan men l.

Toupatou gen laperèz.

26 O ou menm pèp mwen an, pitit fi m,

Mete twal sak sou ou+ epi woule nan sann.

Se pou w vin nan lapenn tankou yon fi ki pèdi sèl pitit gason l te genyen an, se pou w rele+,

Paske sila a k ap vini pou l fini avèk ou a ap vini sanzatann+.

27 “Mwen fè w* vin tankou yon moun k ap teste metal nan mitan pèp mwen an,

Tankou yon moun k ap pran san l pou l chèche.

Se pou w byen gade epi byen egzamine sa y ap fè yo.

28 Yo tout se moun ki gen tèt di anpil+.

Y ap mache bay manti sou moun+.

Yo tankou kuiv ak fè.

Yo youn pa bon menm.

29 Gen yon moun ki tèlman fè efò pou l rafine yo,

Menm zouti l boule.

Men, se pou granmesi li fè tout efò sa yo pou l rafine yo paske yo youn pa bon+.

Se plon sèlman ki sot nan dife a+.

30 Se sèten, moun ap rele yo ajan yo voye jete,

Paske Jewova voye yo jete+.”

7 Jewova pale ak Jeremi, li di l: 2 “Kanpe nan pòtay kay Jewova a, e pandan w la a, men sa pou w di: ‘Nou tout moun Jida ki antre nan pòtay sa yo pou nou pwostène devan Jewova, koute sa Jewova di. 3 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Chanje fason n ap viv la, sispann aji jan n ap aji a, pou m ka kite nou kontinye viv isit la+. 4 Pa mete konfyans nou nan manti epi pou n di: ‘Tanp sa a* se tanp Jewova, se tanp Jewova, se tanp Jewova+.’ 5 Paske, si nou chanje fason n ap viv la toutbonvre, si nou sispann aji jan n ap aji a, si nou fè moun jwenn jistis toutbonvre lè yon moun nan kont ak yon pwochen l+, 6 si nou pa toupizi etranje k ap viv nan mitan nou yo+, si n pa toupizi òfelen* yo ak vèv yo, si nou pa fè san moun ki inosan koule isit la e si nou sispann suiv fo dye yo pou malè nou+, 7 lè sa a, m ap kite nou kontinye rete isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou toutan an.”’”

8 “Men, nou mete konfyans nou nan yon seri manti+ e sa pap itil nou anyen. 9 Èske nou panse nou ka ap vòlè+, n ap touye moun, n ap fè adiltè, n ap fè sèman+ alòske se manti n ap bay, n ap fè sakrifis* pou Baal+, n ap sèvi yon seri dye nou pa t janm konnen, 10 epi pou n ap vin kanpe devan m nan kay ki pote non m nan pou n ap di: ‘N ap sove kanmenm’, alòske n ap fè tout bagay sa yo ki ban m degoutans? 11 Èske pou nou menm kay sa a ki pote non m nan tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè+? Mwen wè sa n ap fè yo.” Se sa Jewova di.

12 “‘Kounye a, al kote mwen te gen nan Silo a+, premye kote mwen te chwazi pou moun bay non m glwa a+, epi gade pou n wè sa m fè l poutèt mechanste Izrayèl, pèp mwen an+. 13 Men, nou kontinye ap fè tout bagay sa yo. E malgre mwen te pale avèk nou plizyè fwa*, nou pa t koute m+. Mwen te kontinye ap rele nou, men nou pa t reponn mwen.’ Se sa Jewova di+. 14 ‘Se sa k fè, menm sa m te fè Silo a, se sa m ap fè ni kay ki pote non m nan+, kay nou met konfyans nou nan li a+, ni kote sa a mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo a+. 15 M ap retire nou devan je m menm jan mwen te fè tout frè nou yo sa a, tout desandan Efrayim yo+.’

16 “Kanta pou ou, pa priye pou pèp sa a. Pinga w rele m, pinga w priye m, ni pinga w sipliye m pou yo+, paske mwen pap koute w+. 17 Èske w pa wè sa y ap fè nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo? 18 Pitit gason yo ap ranmase bwa, papa yo ap limen dife e madanm yo ap prepare pat pou yo fè gato pou yo ofri Rèn syèl la*+. Mete sou sa, y ap ofri lòt dye bwason pou yo ka fè m fache+. 19 ‘Men, èske se mwen menm y ap fè mal*?’ Se sa Jewova di. ‘Èske se pa tèt yo y ap fè mal? Èske se pa tèt yo y ap avili+?’ 20 Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Tande! M ap lage kòlè m sou kote sa a+, sou moun, sou bèt, sou pyebwa ki nan savann yo ak sou bagay tè a pwodui. Kòlè m ap boule tout sa l jwenn e pa gen anyen k ap etenn li+.’

21 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Ale non, mete sakrifis n ap boule nèt yo sou lòt sakrifis nou yo epi manje vyann yo+. 22 Paske, nan jou mwen te fè zansèt nou yo soti nan peyi Ejip la, mwen pa t pale avèk yo konsènan sakrifis pou yo boule nèt ak lòt sakrifis ankò, mwen pa t ba yo okenn kòmandman sou sa+. 23 Men, men lòd mwen te ba yo: “Koute vwa m e m ap vin Bondye nou e nou menm n ap vin pèp mwen+. Se pou n mache nan chemen mwen ban nou lòd mache a pou tout bagay ka ale byen pou nou+.”’ 24 Men, yo pa t koute, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè sa lide yo di yo*, yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+ e yo te fè bak olye yo avanse. 25 Se sa nou te fè depi jou zansèt nou yo te sot nan peyi Ejip rive jis jodi a+. Se sa k fè, mwen te kontinye voye sèvitè m yo, pwofèt yo, al pale avèk yo. Mwen te voye yo chak jou san rete*+. 26 Men, yo te refize koute m, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè tèt di* e yo te aji pi mal pase zansèt yo.

27 “Se pou w di yo tout pawòl sa yo+, men yo pap koute w. W ap rele yo, men yo pap reponn. 28 W ap di yo: ‘Nasyon sa a pa t koute vwa Jewova, Bondye yo a, yo pa t aksepte disiplin. Pa gen youn nan yo ki fidèl. Yo pa menm pale sou kesyon fidelite a ankò+.’

29 “Koupe cheve nou ki pa t koupe* epi voye yo jete. Chante yon chante ki tris* sou tèt mòn ki fin blanch yo paske Jewova rejte nou e l ap abandone jenerasyon sa a ki fè l fache. 30 ‘Paske, pèp Jida a fè sa ki mal devan je m.’ Se sa Jewova di. ‘Yo mete zidòl ki bay degoutans yo nan kay ki pote non m nan pou yo ka sal li+. 31 Yo bati kote ki wo pou yo fè adorasyon nan Tofèt, ki nan Vale pitit gason Inon an*, pou yo ka boule pitit gason yo+ ak pitit fi yo nan dife+, yon bagay mwen pa t ba yo lòd pou yo fè e ki pa t janm vin nan kè m*+.’

32 “‘Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini’, se sa Jewova di, ‘kote yo pap rele kote sa a Tofèt ankò, ni yo pap rele l Vale pitit gason Inon an*, men y ap rele l Vale Masak la. Y ap antere mò yo nan Tofèt jiskaske pa gen kote ankò pou yo antere yo+. 33 Epitou, kadav moun nan pèp la ap tounen manje pou zwazo nan syèl la ak bèt ki sou tè a e pap gen pèsonn k ap pouse yo+. 34 M ap fè pèsonn pa tande vwa moun k ap rejwi+ nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo ankò paske peyi a ap fin kraze nèt+. M ap fè yo pa tande vwa gason ak vwa fi k ap marye.’”

8 Men sa Jewova di: “Nan epòk sa a, y ap retire zosman wa Jida yo nan tonm yo ansanm ak zosman chèf yo, prèt yo, pwofèt yo ak moun Jerizalèm yo. 2 Zosman yo ap gaye atè a devan solèy la, lalin nan e devan tout bagay ki nan syèl la, bagay yo te renmen, yo te konn adore, yo t ap suiv, yo t ap mande yo sa pou yo fè e yo t ap pwostène devan yo+. Yo pap ranmase zosman sa yo, ni yo pap antere yo. Y ap tounen fimye atè a+.”

3 “Rès moun ki chape nan ras moun mechan sa yo ap chwazi lanmò olye yo chwazi lavi kèlkeswa kote mwen gaye yo.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.

4 “E men sa pou w di yo: ‘Jewova di:

“Èske y ap tonbe san yo pa leve ankò?

Si gen youn ki tounen, èske lòt la pap tounen tou?

 5 Poukisa moun Jerizalèm yo kontinye montre yo pa fidèl konsa a?

Yo kenbe la nan bay manti.

Yo refize kase tèt tounen+.

 6 Mwen te kontinye ap koute yo, men fason yo t ap pale a pa t bon.

Pa gen yon moun ki te repanti akoz mechanste yo t ap fè yo, pa gen youn ki te di tèt li: ‘Sa m ap fè konsa a+?’

Yo tout kontinye ap fè sa lòt moun ap fè, tankou cheval k ap galope antre nan yon batay.

 7 Menm sigòy yo konnen ki lè pou yo vwayaje*.

Toutrèl la, ziwondèl la ak lòt zwazo konnen ki lè pou yo retounen*.

Men, pèp mwen an pa konprann jijman Jewova yo+.”’

 8 ‘Ki jan nou fè di: “Nou saj e nou gen lwa* Jewova yo”?

Paske, sèl sa moun* k ap kopye lalwa yo fè ak plim yo+ se ekri manti.

 9 Lawont tonbe sou moun ki saj yo+.

Yo pè anpil e yo gen pou yo kenbe yo.

Gade, yo meprize pawòl Jewova yo.

Epi, ki sajès yo genyen?

10 Se sa k fè m ap bay lòt gason madanm yo.

M ap bay lòt moun tè yo genyen yo+.

Yo tout, jèn kou granmoun, ap fè lajan nan move kondisyon+.

Menm pwofèt yo ak prèt yo lage kò yo nan fè magouy+.

11 Mete sou sa, y ap eseye geri maleng pèp mwen an, pitit fi m nan, vaykevay lè yo di yo:

“Gen lapè! Gen lapè!”,

Alòske pa gen lapè vre+.

12 Èske yo santi yo wont pou vye bagay yo fè yo?

Now, yo pa santi yo wont menm.

Yo pa menm konn sa k rele wont lan+.

Se sa k fè yo gen pou yo tonbe pami moun k ap tonbe yo.

Lè m pini yo, se sèten y ap kilbite+.’ Se sa Jewova di.

13 ‘Lè m rasanble yo, m ap elimine yo.’ Se sa Jewova di.

‘Pap gen grap rezen k ap rete sou pye rezen yo, pap gen fig frans k ap rete sou pye fig frans yo, mete sou sa, fèy yo ap fennen.

E sa mwen te ba yo a, y ap pèdi l.’”

14 “Poukisa nou ret chita la a?

Annou reyini epi annou antre nan vil ki byen pwoteje yo+ pou nou mouri ladan yo.

Paske, Jewova, Bondye nou an, ap detwi nou.

Jewova ban nou dlo ki gen pwazon pou nou bwè+,

Paske nou peche kont li.

15 Nou te espere ap gen lapè, men pa gen anyen ki bon ki rive.

Nou te espere n ap geri, men se laperèz ki anvayi nou+.

16 Nou tande souf cheval yo nan Dann.

Lè nou te tande cheval yo k ap ranni,

Tout peyi a te pran tranble.

Ènmi an vini e li detwi peyi a ak tout sa ki ladan l.

Li detwi vil la ak tout moun ki abite ladan l yo.”

17 “Paske, m ap voye sèpan nan mitan nou,

Sèpan nou pa ka chame e ki gen pwazon nan bouch yo.

E yo pap manke pa mòde nou.” Se sa Jewova di.

18 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen.

Kè m ap dechire.

19 Mwen tande vwa pèp mwen an, pitit fi m nan,

K ap rele osekou pandan l nan yon peyi ki byen lwen. L ap di:

“Èske Jewova pa nan Siyon?

Oubyen èske wa a pa nan Siyon?”

“Poukisa yo te fè m fache nan sèvi zidòl,

Nan sèvi fo dye ki pa gen valè yo?”

20 “Sezon rekòt la pase, sezon ete a fini,

Men nou pa jwenn delivrans!”

21 Sa fè m mal lè m wè jan pèp mwen an, pitit fi m nan, nan yon move eta+.

Mwen nan lapenn.

Laperèz anvayi m.

22 Èske pa gen luil santi bon nan Galaad ankò+?

Oubyen èske pa gen doktè la ankò+?

Poukisa pèp mwen an, pitit fi m nan, pa ka rejwenn lasante+?

9 Poukisa tèt mwen pa t yon sous dlo,

E je m pa t fontèn kote dlo sa a ap soti a+?

Lè sa a mwen t ap kriye lajounen kou lannuit

Pou moun yo touye nan pèp mwen an.

 2 Poukisa m pa t gen yon kote pou m rete nan dezè a menm jan ak moun k ap vwayaje yo?

Lè sa a, mwen t ap kite pèp mwen an e m t apral lwen yo,

Paske yo tout ap fè adiltè+,

Yo se yon bann trèt.

 3 Yo pliye lang yo tankou yon banza*.

Se manti sèlman y ap bay nan peyi a e yo pa fidèl+.

“Y ap fè mechanste sou mechanste,

E yo pa menm okipe m+.” Se sa Jewova di.

 4 “Nou tout, se pou nou fè atansyon ak pwochen nou,

E menm frè nou nou pa dwe fè konfyans.

Paske, pa gen yon frè ki pa trayi frè l+,

E tout moun ap bay pwochen yo kout lang+.

 5 Yo chak ap twonpe pwochen yo,

Pa gen youn ki di laverite.

Yo tout ap bay manti ak lang yo+.

Yo lage kò yo nan fè sa ki mal.

 6 W ap viv nan mitan yon bann moun k ap bay manti,

Y ap bay manti e yo derefize chèche konnen m.” Se sa Jewova di.

 7 Kidonk, men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Mwen gen pou m fonn yo, yon fason pou m ka netwaye yo, e mwen gen pou m teste yo+.

Ki sa m ka fè ankò ak pèp mwen an, pitit fi m nan?

 8 Lang yo tankou flèch k ap touye moun, yo sèvi avè l pou yo twonpe moun.

Yo sèvi ak bouch yo pou yo di pwochen yo bèl pawòl,

Alòske nan kè yo, yo pare yon pyèj pou yo.”

 9 “Èske m pa dwe mande yo kont pou bagay sa yo?” Se sa Jewova di.

“Èske m* pa dwe fè vanjans sou yon nasyon konsa+?

10 M ap kriye e m ap plenn pou mòn yo,

M ap chante yon chante ki tris* pou patiraj ki nan savann yo.

Paske, yo tèlman boule nèt, pèsonn pa pase la ankò

E moun pa tande bri bèt nan zòn sa yo ankò.

Ni zwazo nan syèl la ni lòt bèt yo chape poul yo. Yo tout ale+.

11 M ap fè Jerizalèm tounen yon pil wòch+, kote chen sovaj rete+.

M ap fè vil Jida yo pa gen okenn moun ladan yo ankò+.

12 Kiyès ki gen ase sajès pou l konprann rezon ki fè sa rive?

Ki moun Jewova te fè konn sa e ki ka fè lòt moun konn sa?

Poukisa peyi a fin depafini?

Poukisa l vin tankou yon dezè ki boule,

Kote pèsonn pa pase?”

13 Jewova di: “Se paske yo rejte lwa* mwen mete devan yo, yo pa suiv yo e yo pa koute vwa m. 14 Olye yo fè sa, yo pito fè tèt di+, yo pito fè sa lide yo di yo, yo pito al sèvi Baal yo jan zansèt yo te aprann yo pou yo fè sa+. 15 Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap fè pèp sa a manje yon plant ki anmè e m ap fè yo bwè dlo ki anpwazonnen+. 16 M ap gaye yo nan mitan yon seri nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t konnen+. M ap fè ènmi atake yo ak epe jiskaske mwen fin elimine yo nèt+.’

17 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

‘Montre nou gen bon konprann.

Voye chèche medam ki konn chante chante ki tris* yo+,

Voye chèche medam ki fò yo,

18 Pou yo ka vin byen vit pou yo plenn sò nou,

Pou dlo ka koule nan je nou,

Pou dlo ka ponpe sot nan je nou+.

19 Paske, moun Siyon yo ap plenn sò yo, y ap di+:

“Gade jan yo fini ak nou!

Gade jan yon gwo lawont tonbe sou nou!

Paske, yo fè nou kite peyi a e yo kraze kay nou yo+.”

20 Nou menm medam yo, tande sa Jewova di.

Se pou nou koute pawòl ki sot nan bouch li.

Aprann pitit fi nou yo pawòl sa yo ki demontre lapenn,

Wi, montre youn lòt chante tris sa a*+.

21 Paske, lanmò pase antre nan fenèt nou yo,

Li antre nan fòtrès nou genyen ki byen pwoteje yo

Pou l pran timoun ki nan lari yo

Ak jèn gason ki sou plas piblik yo+.’

22 Men sa pou w di: ‘Jewova di:

“Kadav moun yo ap gaye sou tè a tankou fimye,

Tankou yon ranje manje angren ki fèk rekòlte ki rete apre moun k ap rekòlte a fin pase,

E pap gen pèsonn pou ranmase yo+.”’”

23 Men sa Jewova di:

“Pinga moun ki saj la vante tèt li poutèt sajès li genyen+,

Pinga moun ki gen fòs la vante tèt li poutèt fòs li genyen,

E pinga moun ki rich la vante tèt li poutèt richès li genyen+.”

24 “Men se pou moun k ap vante tèt li a vante tèt li

Poutèt li gen bon konprann e li gen konesans sou mwen+,

Poutèt li konnen mwen se Jewova, Sila a ki demontre lanmou fidèl li genyen an, Sila a ki pratike sa ki jis e ki fè sa ki dwat sou tè a+,

Paske se nan bagay sa yo mwen pran plezi+.” Se sa Jewova di.

25 Jewova di tou: “Gade, gen jou k ap vini kote m ap mande tout moun ki sikonsi men ki pa vrèman sikonsi yo regleman+. 26 M ap mande Ejip+, Jida+, Edòm+, desandan Amon yo+, Mowab+ ansanm ak tout moun k ap viv nan dezè a ki koupe cheve yo rive bò tanp yo regleman+. Paske, tout nasyon sa yo pa sikonsi, e tout moun ann Izrayèl yo pa sikonsi kè yo+.”

10 Nou menm moun Izrayèl, tande sa Jewova di kont nou. 2 Jewova di:

“Pa fè menm jan ak nasyon yo+,

E pinga nou pè akoz siy ki nan syèl la

Paske nasyon yo pè yo+.

 3 Paske, koutim pèp sa yo pa vo anyen.

Yo koupe yon pyebwa nan yon rakbwa,

Epi yo bay yon bòs atizan travay li ak zouti* l pou l fè yon zidòl+.

 4 Apre sa, yo kouvri l avèk ajan ak lò+,

Yo pran mato ak klou, epi yo kloure l yon kote pou l pa tonbe+.

 5 Zidòl yo pa ka pale, yo menm jan ak mannken* yo mete nan yon jaden konkonm+.

Yo oblije pote yo paske yo pa ka mache+.

Pa pè yo, paske yo pa ka fè nou anyen ki mal,

Ni yo pa ka ede nou+.”

 6 O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+.

Ou san parèy. Non w gran e li montre pisans ou.

 7 Ki moun ki ka pa gen lakrentif pou ou, ou menm ki Wa tout nasyon yo+? Ou merite sa.

Paske, pami tout moun ki gen sajès nan nasyon yo e pami tout wayòm ki genyen yo,

Pa gen pèsonn tankou w+.

 8 Pa gen youn nan yo ki gen bonsans, yo se yon bann moun sòt+.

Se yon erè pou yon moun panse yon pyebwa ka anseye l+.

 9 Yo enpòte plak ann ajan sot Tasis+ e yo enpòte lò sot Oufaz.

Atizan ak moun ki konn travay ak metal sèvi ak yo pou yo kouvri bwa yo.

Moun yo met rad ki fèt ak fil ble ak fil lenn vyolèt sou zidòl yo.

Tout zidòl sa yo se moun ki fò ki fè yo.

10 Men, se Jewova ki Bondye toutbon.

Se li ki Bondye vivan an+ e se li ki Wa ki la pou toutan an+.

Tè a gen pou l souke akoz Bondye fache+,

E pa gen yon nasyon k ap ka sipòte lè l ap egzekite jijman l sou yo.

11 * Men sa pou w di yo:

“Tout dye ki pa t fè syèl la ak tè a

Gen pou yo disparèt sou tè a, wi, anba syèl ki la kounye a+.”

12 Bondye se Sila a ki fè tè a grasa fòs li,

Se li ki tabli tè a grasa sajès li+

E ki ouvri syèl la tankou yon dra grasa bon konprann li+.

13 Lè l fè tande vwa l,

Dlo ki nan syèl la pran fè bri+,

E li fè nyaj* soti nan dènye bout tè a monte nan syèl la+.

Li fè kout zèklè flache nan* lapli,

E li fè van soti nan depo l yo+.

14 Pa gen yon moun ki aji yon fason ki rezonab e ki aji yon fason ki montre yo gen konesans.

Tout moun k ap travay metal yo gen pou yo wont akoz zidòl yo fè yo+,

Paske, zidòl yo fè* yo pa vo anyen,

E yo pa gen lavi* nan yo+.

15 Yo pa vo anyen, yo merite pou moun pase yo nan rizib+.

Lè jou a rive pou Bondye regle ak yo, y ap disparèt.

16 Bondye Jakòb la li menm pa tankou bagay sa yo,

Paske, se li menm ki bay tout bagay fòm,

E Izrayèl, eritaj li a, se baton l+.

Non l se Jewova, Chèf lame yo+.

17 Ou menm fi ènmi an sènen toupatou a,

Ranmase pakèt ou atè a.

18 Paske, men sa Jewova di:

“Kounye a, m ap voye moun ki abite nan peyi sa a deyò+,

M ap lage yo nan lapenn.”

19 Malè pou mwen, paske mwen tonbe+.

Blese m nan pa ka geri.

Mwen te di: “Vrèmanvre, se maladi pa m e se pou m sipòte l.

20 Yo ravaje tant mwen an e yo kase tout kòd ki te mare l yo+.

Pitit gason m yo kite m, yo pa la ankò+.

Pa gen pèsonn ki rete pou ouvri twal tant mwen yo oswa pou monte tant mwen an pou mwen.

21 Paske, bèje yo te aji yon fason ki montre yo pa gen bonsans+,

E yo pa t mande Jewova direksyon+.

Se sa k fè yo pa aji avèk bon konprann,

E tout bèt yo genyen yo gaye+.”

22 Koute! Men yon nouvèl ki fèk tonbe!

Gen yon gwo mouvman k ap fèt nan peyi ki nan nò a+.

Lame l yo ap vini pou yo fè vil Jida yo pa gen okenn moun ladan yo, pou yo fè vil sa yo tounen yon kote chen sovaj rete+.

23 O Jewova, mwen byen konnen se pa lòm ki pou chwazi chemen l ap suiv.

Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l+.

24 Korije m, o Jewova, selon jistis ou,

Men, pa fè sa pandan w an kòlè+ pou w pa fini avè m+.

25 Lage kòlè w sou nasyon ki pa chèche konnen w yo+,

Sou pèp ki pa envoke non w yo.

Paske, yo fini ak desandan Jakòb yo+.

Wi, yo fini ak yo jis yo elimine yo nèt+,

E yo ravaje peyi yo a+.

11 Jewova pale ak Jeremi, li di l: 2 “Se pou tout moun ki nan pèp sa a koute sa ki di nan alyans mwen an!

“Fè* moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo konnen pawòl sa yo. 3 Epi, men sa pou w di yo: ‘Jewova, Bondye Izrayèl la, di: “Madichon pou moun ki pa obeyi sa ki di nan alyans sa a+, 4 kòmandman mwen te bay zansèt nou yo lè mwen te fè yo kite peyi Ejip la+, founèz pou fonn fè a+, lè m te di yo: ‘Koute sa m di nou, obeyi tout kòmandman mwen ban nou yo pou nou ka vin pèp mwen, pou mwen ka vin Bondye nou+, 5 pou m ka reyalize pwomès mwen te fè zansèt nou yo pou m ba yo peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule a+, jan sa ye jodi a.’”’”

Lè sa a, mwen reponn: “Amèn*, o Jewova.”

6 Apre sa, Jewova di m: “Anonse tout pawòl sa yo nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo. Men sa pou w di: ‘Koute sa ki di nan alyans mwen an epi aplike yo. 7 Depi lè mwen te fè zansèt nou yo soti nan peyi Ejip la, mwen pa t sispann avèti yo* menm jan m ap avèti nou jodi a. Mwen te di yo: “Koute sa m di nou+.” 8 Men, yo pa t panche zòrèy yo pou yo koute m. Olye yo te fè sa, yo te kontinye fè tèt di e yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+. Se sa k fè mwen te kontinye fè yo sonje tout kòmandman ki nan alyans mwen an. Men, yo te refize obeyi kòmandman sa yo.’”

9 Apre sa, Jewova di m: “Moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo fè yon konplo. 10 Yo retounen nan menm peche zansèt yo te konn fè yo, yo menm ki te refize obeyi sa m di yo+. Yo menm tou, yo suiv lòt dye e yo sèvi yo+. Moun Izrayèl yo ak moun Jida yo pa respekte alyans mwen te fè ak zansèt yo a+. 11 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Jewova, mwen di: ‘M ap fè yon malè rive yo+ e yo pap ka chape anba l. Lè yo rele m pou m ede yo, mwen pap koute yo+. 12 Lè sa a, moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo pral rele nan pye dye yo te konn ofri sakrifis yo*+. Men, dye sa yo pap ka sove yo lè malè sa a rive sou yo. 13 O Jida, kantite dye w yo vin egal ak kantite vil ou genyen yo. Kantite lotèl ou fè pou w fè sakrifis pou Baal yo+, bagay k ap fè nou wont lan*, egal ak kantite ri ki gen nan Jerizalèm yo.’

14 “Men, ou menm*, pa priye pou pèp sa a. Pa rele m pou yo, ni pa fè priyè pou yo+, paske, mwen pap koute yo lè y ap rele m nan jou malè a.

15 Ki dwa sila a mwen renmen an genyen pou l vin nan kay mwen an,

Lè gen tout moun sa yo k ap fè sa k pa sa?

Lè malè a rive sou ou, èske w ap kapab fè l fè bak ak vyann ki sakre*?

Èske kè w ap kontan lè sa a?

16 Te gen yon lè Jewova te di ou se yon pye oliv ki an sante,

Yon pye oliv ki bèl e ki bay bon fwi.

Men, avèk yon gwo bri, li mete dife ladan l,

E yo kase branch li yo.

17 “Jewova, Chèf lame yo, Sila a ki te plante nou an+, fè konnen gen yon malè ki gen pou l frape nou akoz mechanste moun Izrayèl ak moun Jida yo, akoz yo te fè l fache ak sakrifis yo t ap fè pou Baal yo+.”

18 Jewova te pale avè m pou m ka konnen.

Lè sa a, o Bondye, ou te fè m wè sa yo t ap fè.

19 Mwen te tankou yon ti mouton byen dosil yo t ap mennen labatwa.

Mwen pa t konnen si yo t ap fè konplo sou do m+. Yo te di:

“Annou detwi ni pyebwa a ni fwi l yo.

Annou elimine misye pami moun ki vivan yo,

Yon fason pou pèsonn pa menm sonje non l ankò.”

20 Men, Jewova, Chèf lame yo, jije avèk jistis.

Li egzamine panse ki pi pwofon* yon moun genyen e li egzamine kè a+.

O Bondye, kite m wè jan w ap tire revanj sou yo,

Paske, se ou menm mwen bay plede kòz mwen.

21 Se sa k fè, men sa Jewova di kont moun Anatòt yo+ k ap chèche detwi lavi m yo* e k ap di: “Ou pa dwe pwofetize nan non Jewova+, si w pa sispann, n ap touye w.” 22 Kidonk, men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “M ap mande yo kont. Jèn gason yo ap mouri anba kout epe+. Kanta pou pitit gason yo ak pitit fi yo, se grangou k ap touye yo+. 23 Pa gen youn k ap rete. Paske, m ap fè yon malè tonbe sou moun Anatòt yo+ nan jou m ap mande yo kont lan.”

12 O Jewova, ou montre ou jis+ lè m depoze plent mwen devan w,

Lè m pale avè w de bagay ki gen rapò ak lajistis.

Men, poukisa moun ki mechan yo reyisi nan sa y ap fè+?

Poukisa moun ki trèt yo pa gen okenn pwoblèm?

 2 Ou plante yo e yo pran rasin.

Yo grandi e yo donnen.

Yo pale de ou, men, yo pa sou bò w vre, ou pa nan panse* yo+.

 3 Men, o Jewova, ou konnen m byen+, ou wè m,

Ou egzamine kè m e w wè mwen atache avè w+.

Mete yo apa tankou mouton yo met apa pou yo touye,

Mete yo apa pou jou y ap touye yo a.

 4 Pandan konbyen tan ankò peyi a ap ret nan sechrès+?

Pandan konbyen tan ankò plant ki nan savann yo ap rete tou fennen?

Akoz mechanste moun ki abite nan peyi a,

Bèt yo ak zwazo yo disparèt.

Paske, moun yo di: “Li pa wè sa k pral rive nou.”

 5 Si w bouke lè w ap kouri ak moun ki apye,

Ki jan w pral fè fè kous ak cheval+?

Ou santi w an sekirite nan yon peyi ki gen lapè.

Men, ki sa w ap fè lè w nan mitan raje ki bò Rivyè Jouden an?

 6 Paske, menm frè w yo, ki leve lakay papa w,

Aji an trèt avèk ou+.

Yo tout ap rele byen fò dèyè w.

Pa met konfyans ou nan yo,

Menm lè y ap pale byen avè w.

 7 “Mwen rejte pèp mwen an+, mwen vire do bay eritaj mwen an+.

Mwen lage pèp mwen renmen anpil la* nan men ènmi l yo+.

 8 Eritaj mwen an aji avè m tankou yon lyon ki nan yon rakbwa.

Li gwonde sou mwen.

Se sa k fè mwen vin rayi l.

 9 Nan je m, eritaj mwen an vin tankou yon zwazo tout koulè* ki konn chase.

Lòt zwazo ki konn chase yo antoure l e yo atake l+.

Vini non, nou tout bèt ki nan savann yo,

Rasanble ansanm pou nou ka manje+.

10 Gen yon pakèt bèje ki detwi jaden rezen m nan+.

Yo pilonnen pòsyon tè m nan+.

Yo fè pòsyon tè m te renmen anpil la tounen yon kote ki pa gen moun ki ret ladan l.

11 Li tounen yon dezè.

Li tounen yon zòn ki sèk*.

Li tounen yon kote ki pa gen moun ki ret ladan l+.

Se tout peyi a ki tounen yon dezè,

Men, sa pa di pèsonn anyen+.

12 Moun ki detwi l yo te soti nan tout vye ti wout ki nan dezè a.

Paske, epe Jewova a devore moun nan peyi a, soti nan yon bout nan peyi a rive nan lòt la+.

Pèsonn* pa ka viv anpè.

13 Yo simen ble, men, yo rekòlte pikan+.

Yo kraze kò yo ap travay, men sa pa itil yo anyen.

Y ap wont rekòt la,

Paske Jewova an kòlè anpil kont yo.”

14 Men sa Jewova di: “Kanta pou vwazen m yo ki mechan, ki manyen eritaj mwen bay pèp mwen an+, m ap derasinen yo nan peyi yo+ e m ap derasinen moun Jida yo nan mitan yo. 15 Men, apre m fin derasinen yo, m ap retounen fè yo mizèrikòd e m ap fè yo chak tounen nan eritaj pa yo nan peyi yo.”

16 “Mete sou sa, si yo aprann nan men pèp mwen an e yo vin ap fè sèman nan non m, pou yo di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman’, menm jan yo te aprann pèp mwen an fè sèman nan non Baal, lè sa a, y ap jwenn plas yo nan mitan pèp mwen an. 17 Men, si gen youn nan nasyon sa yo ki ta refize obeyi m, m ap derasinen l nèt e m ap detwi l.” Se sa Jewova di+.

13 Men sa Jewova te di m: “Al achte yon senti an len epi mare l nan ren w. Men, pinga w mete l nan dlo.” 2 Vrèmanvre, mwen te achte senti a jan Jewova te ban m lòd la, epi mwen mare l nan ren m. 3 Apre sa, Jewova pale avè m yon dezyèm fwa, li di m: 4 “Pran senti ou te achte ki mare nan ren w lan, ale bò Rivyè Efrat la avè l epi sere l nan fant yon mas wòch.” 5 Vrèmanvre, mwen te ale e mwen te sere l bò Rivyè Efrat la, jan Jewova te ban m lòd la.

6 Men, apre yon bon ti tan, Jewova di m: “Leve, ale bò Rivyè Efrat la, epi pran senti mwen te ba w lòd sere a.” 7 Vrèmanvre, mwen te ale bò Rivyè Efrat la, mwen foure men m kote mwen te sere senti a epi mwen pran l. Men, lè m gade, mwen wè senti a gate. Li pa t itil anyen ankò.

8 Lè sa a, men sa Jewova voye di m: 9 “Jewova di: ‘Se konsa tou m ap kraze ògèy moun Jida yo ak gwo ògèy moun Jerizalèm yo+. 10 Tout moun sa yo ki mechan, ki refize obeyi pawòl mwen yo+, ki gen tèt di, k ap suiv lide yo gen nan kè yo+, k ap suiv lòt dye, k ap sèvi yo e k ap pwostène devan yo, ap vin menm jan ak senti sa a ki pa itil anyen.’ 11 ‘Paske, menm jan ak yon senti ki mare nan ren yon gason, se konsa mwen te mare tout moun Izrayèl yo ak tout moun Jida yo nan ren m pou yo te ka vin pèp mwen+, pou yo te ka vin yon glwa+, yon louwanj ak yon bèl bagay pou mwen. Men, yo pa t obeyi m+.’ Se sa Jewova di.

12 “E se pou w ba yo mesaj sa a tou. Se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: “Se pou nou plen tout gwo krich yo ak diven.”’ Yo menm, y ap di w: ‘Èske nou pa deja konnen se pou nou plen tout gwo krich yo ak diven?’ 13 Lè sa a, w ap di yo: ‘Men sa Jewova di: “Gade, m ap fè tout moun ki abite nan peyi sa a vin sou+, ni wa ki chita sou twòn David la, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni tout rès moun ki abite Jerizalèm yo. 14 M ap frape yo youn ak lòt pou m kraze yo, kit se papa, kit se pitit gason.” Se sa Jewova di+. “Mwen pap gen pitye pou yo, mwen pap gen okenn lapenn pou yo, ni mwen pap fè yo mizèrikòd. Pa gen anyen k ap anpeche m kraze yo+.”’

15 Tande sa Bondye di a epi reflechi sou li.

Pa fè ògey, se Jewova ki pale avèk nou.

16 Bay Jewova, Bondye nou an, glwa

Anvan li lage fènwa sou nou,

Anvan nou kilbite sou mòn yo lè lanjelis rive.

N ap anvi wè limyè,

Men se yon fènwa pwès l ap lage sou nou.

L ap fè limyè a tounen fènwa pwès+.

17 Si nou refize koute,

M* ap kriye an kachèt e se ap akoz ògèy nou.

M ap kriye anpil, dlo ap ponpe nan je m+

Akoz yo mennen twoupo Jewova a+ ann egzil.

18 Men sa pou w di wa a ak manman wa a*+: ‘Desann sou twòn nou yo.

Paske, bèl kouwòn nou genyen yo ap tonbe sot sou tèt nou.’

19 Yo fèmen* vil ki nan sid yo e pa gen pèsonn pou ouvri yo.

Yo mennen tout moun Jida yo ann egzil+.

20 Leve je w pou w ka wè moun k ap sot nan nò yo+.

Kote bèt yo te ba ou yo, kote bèl mouton w yo+?

21 Ki sa w ap di lè w wè

Se yon seri bon zanmi w gen depi lontan ki pini w+?

Èske lè sa a doulè tranche pap pran w menm jan ak yon fi k ap akouche+?

22 Lè w a di nan kè w: ‘Poukisa tout bagay sa yo rive m+?’,

Enben, lè sa a, se pou w sonje se gwo peche ou fè a ki fè yo retire jip ou sou ou+

E ki fè yo fè talon pye w pase mizè konsa.

23 Èske yon moun Etyopi* ka chanje po l? Èske yon leyopa ka retire tach ki sou li yo+?

Si sa posib, ou menm tou w ap kapab fè sa k bon,

Ou menm ki te aprann fè sa ki mal.

24 Se poutèt sa, m ap gaye nou tankou pay van ki sot nan dezè a gaye+.

25 Sa se lo pa w, se sa m sere pou ou.” Se sa Jewova di.

“Paske w bliye m+ e w mete konfyans ou nan manti+.

26 Se sa k fè m ap leve jip ou, m ap kouvri figi w avè l

Pou yo ka wè w toutouni+,

27 Pou yo ka konnen w te fè adiltè+, ou te tankou cheval k ap ranni, ki anvi kwaze,

E w se yon pwostitye k ap fè yon seri bagay ki sal*.

Mwen te wè bagay ki bay degoutans ou t ap fè+

Ni sou ti mòn yo, ni nan savann nan.

Malè pou ou, o Jerizalèm!

Pandan konbyen tan ankò w ap rete nan salte w yo+?”

14 Jewova te pale ak Jeremi konsènan sechrès yo+, li te di l:

 2 Jida nan lapenn+ e pòtay li yo tonbe.

Yo tonbe atè, yo pa bon menm.

Gen yon rèl nan Jerizalèm.

 3 Moun ki gen sèvitè yo voye yo chèche dlo.

Lè sèvitè yo rive kote ki ta dwe gen dlo yo*, yo pa jwenn dlo.

Yo retounen avèk krich yo vid.

Yo wont, yo pran desepsyon,

E yo kouvri tèt yo.

 4 Tè a fann fann

Akoz lapli pa tonbe nan peyi a+.

Moun ki konn travay latè yo pa konn sa pou yo fè, yo kouvri tèt yo.

 5 Menm femèl sèf* ki nan savann yo abandone pitit yo fèk fè yo

Akoz pa gen zèb.

 6 Bourik mawon yo kanpe sou mòn yo ki pa gen anyen sou yo.

Y ap respire fò menm jan ak chen sovaj yo.

Je yo febli akoz yo plede ap chèche plant pou granmesi+.

 7 O Jewova, menmsi erè nou yo kondane nou,

Fè yon bagay pou nou akoz non w+.

Paske, nou fè anpil bagay ki montre nou pa fidèl+,

E se kont ou menm nou peche.

 8 O, ou menm ki se espwa Izrayèl+, ou menm ki konn sove l nan pwoblèm li yo,

Poukisa w aji tankou yon etranje ki nan peyi a?

Poukisa w tankou yon vwayajè ki rete sèlman pou l pase nuit lan?

 9 Poukisa w tankou yon gason ki dekontwole,

Tankou yon gason vanyan ki pa ka sove moun pa l yo?

O Jewova, ou nan mitan nou+,

E nou pote non w+.

Pa lage nou.

10 Men sa Jewova di konsènan pèp sa a: “Yo renmen fè alevini+, yo pa ka ret anplas+. Se sa k fè mwen menm, Jewova, mwen pa pran plezi nan yo+. Kounye a, m ap sonje fot yo fè yo e m ap mande yo kont pou peche yo+.”

11 Apre sa, Jewova di m: “Pinga w priye m pou m fè byen pou pèp sa a+. 12 Lè y ap fè jèn*, mwen pa koute siplikasyon yo fè yo+. Mwen pa pran plezi ni nan sakrifis yo boule nèt yo, ni nan manje angren y ap ofri yo+. M ap sèvi ak epe ak grangou e ak maladi pou m elimine yo+.”

13 Lè sa a, mwen di: “Elas, o Jewova, Seyè ki Souvren an, men sa pwofèt yo ap di yo: ‘Okenn moun pap vin fè lagè ak nou e grangou pap frape nou. Mwen menm, Bondye nou an, m ap fè nou viv anpè nan peyi a+.’”

14 Lè sa a, Jewova di m: “Sa pwofèt yo ap di nan non m yo se manti+. Mwen pa t voye yo vre, mwen pa t ba yo lòd ni mwen pa t pale avèk yo+. Bagay y ap pwofetize yo se manti yo wè nan vizyon, se bagay nou pa ka fè konfyans yo jwenn nan fè divinò e se manti ki sot nan kè yo+. 15 Se sa k fè Jewova di: ‘Kanta pou pwofèt mwen pa voye k ap pale nan non m yo e k ap di pap gen lagè ak grangou nan peyi a, y ap peri nan lagè e y ap mouri akoz grangou+. 16 Kanta pou moun k ap koute yo lè y ap pwofetize yo, se nan lari Jerizalèm y ap jete kadav moun sa yo apre yo fin mouri nan lagè e akoz grangou, paske m ap lage malè yo merite a sou yo+. Pap gen pèsonn pou antere+ ni yo menm, ni madanm yo, ni pitit gason yo, ni pitit fi yo.’

17 “Men sa pou w di yo:

‘Se pou dlo koule nan je m san rete lannuit kou lajounen+,

Paske pèp mwen an, pitit fi m nan, pran yon gwo kou ki blese l grav

E ki kraze l nèt+.

18 Lè m soti al nan savann nan,

Mwen wè kadav moun yo touye ak kout epe yo+.

Lè m antre nan vil la,

Mwen wè moun ki malad akoz yo grangou anpil+.

Se paske ni pwofèt yo ni prèt yo ap monte desann nan yon peyi yo pa konnen+.’”

19 O Bondye, ou genlè lage Jida nèt? Ou* genlè rayi Siyon+?

Poukisa w frape nou konsa jis nan pwen pou n pa ka jwenn gerizon+?

Nou te espere ap gen lapè, men pa gen anyen ki bon ki rive.

Nou te espere n ap geri, men se laperèz ki anvayi nou+.

20 O Jewova, nou rekonèt nou te fè sa ki mal,

Nou rekonèt zansèt nou yo te fè erè.

Nou peche kont ou+.

21 Pa rejte nou poutèt non w+,

Pa meprize twòn ou an ki gen glwa.

Sonje alyans ou te fè avèk nou an, pa kraze l+.

22 Èske zidòl ki pa itil anyen nasyon yo ap sèvi yo ka fè lapli tonbe?

Oubyen tou, èske syèl la ka fè gwo lapli tonbe poukont li?

Èske se pa ou menm sèlman ki ka fè sa, o Jewova, Bondye nou an+?

Se nan ou nou met espwa nou,

Paske se ou menm sèl ki fè tout bagay sa yo.

15 Apre sa, Jewova di m: “Menmsi Moyiz ak Samyèl te kanpe devan m+, mwen pa t ap fè pèp sa a favè. Se pou yo retire yo devan m nan. Kite yo ale. 2 Si yo mande w ki sa k ap rive yo, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova di:

“Gen nan nou k ap mouri anba maladi,

Gen nan nou k ap mouri anba kout epe+,

Gen nan nou k ap mouri akoz grangou,

E gen nan nou k ap prizonye+.”’

3 “Jewova di: ‘M ap voye kat malè* sou yo+: epe pou touye yo, chen pou trennen kadav yo, zwazo nan syèl la ak bèt sou tè a pou devore yo e pou detwi yo nèt+. 4 Tout wayòm ki sou tè a ap sezi lè yo wè sa m fè yo+ akoz sa Manase, wa Jida a, pitit Ezekyas la, te fè nan Jerizalèm+.

 5 Kiyès k ap gen pitye pou ou, o Jerizalèm?

Kiyès k ap gen pitye pou ou?

E kiyès k ap kanpe pou l mande ki jan w ye?’

 6 ‘Yo kite m.’ Se sa Jewova di+.

‘Yo kontinye ap vire do ban mwen*+.

Se sa k fè m ap leve men m pou m frape yo e pou m detwi yo+.

Mwen bouke gen pitye pou yo*.

 7 M ap vannen yo ak yon gwo fouch nan pòtay ki gen nan peyi a.

M ap touye pitit yo+.

M ap detwi pèp mwen an

Poutèt yo refize sispann fè sa y ap fè yo+.

 8 Ap gen plis vèv nan peyi a pase sab ki bò lanmè.

M ap fè yon ènmi vin elimine yo gwo midi, l ap elimine ni manman ni jèn gason.

Y ap rete konsa y ap wè yo pè e yo panike.

 9 Fi ki te fè sèt pitit la vin fèb,

Se anba redi l* ap respire.

Solèy li kouche pandan l jou toujou

E sa fè l wont, sa imilye l*.’

‘M ap fè ti rès ki rete pami yo a

Tonbe anba epe ènmi yo.’ Se sa Jewova di+.”

10 Ala malè pou mwen! O manman, poukisa w te fè m+?

Tout moun nan peyi a kont mwen e y ap fè diskisyon avè m.

Mwen pa prete moun anyen ni mwen pa prete anyen nan men pèsonn,

Men, yo tout ap mande pou malè rive m.

11 Jewova di: “Mwen pap manke pa ede w,

Mwen pap manke pa aji kont ènmi an lè malè a rive,

Lè moman soufrans lan rive.

12 Èske gen yon moun ki ka kase fè ki soti nan nò a

E ki ka kase kuiv ak men l pou l fè yo fè plizyè ti moso?

13 M ap fè ènmi w yo pran tout richès ak tout trezò w genyen yo+.

Mwen pap fè yo peye pou yo. M ap fè yo pran yo akoz tout peche ou fè devan m toupatou nan peyi a.

14 M ap lage yo nan men ènmi w yo

Pou yo ka ale avèk yo nan yon peyi ou pa konnen+.

Paske, kòlè m monte tankou yon flanm dife,

E se sou ou mwen an kòlè+.”

15 O Jewova, ou konnen jan m ap soufri.

Sonje m epi pran ka m.

Tire revanj pou mwen sou moun k ap pèsekite m yo+.

Mwen konnen w pa fè kòlè fasil, men, pa kite m peri*.

Ou konnen se poutèt ou menm mwen sipòte tout repwòch yo fè m yo+.

16 Lè m te resevwa pawòl ou yo, mwen te manje yo+.

Yo te fè kè m kontan anpil.

Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye, Chèf lame yo.

17 Mwen pa chita ak moun k ap pran plezi yo e m pa rejwi avèk yo+.

Mwen chita poukont mwen akoz ou met men w sou mwen,

E akoz ou ban m ba yo yon mesaj ki montre jan w fache*+.

18 Poukisa doulè m nan pa ka ale e maleng mwen an pa ka geri?

Li refize geri.

Èske w ap vin tankou yon sous dlo ki bay dlo lè l vle,

Yon sous dlo moun pa ka konte sou li?

19 Lè sa a, Jewova di:

“Si w retounen wè bagay yo jan pou w wè yo a, w ap gen favè m ankò,

E w ap kontinye sèvi m.

Si w fè yon separasyon ant sa ki bon ak sa ki pa bon,

W ap vin tankou bouch mwen*.

Y ap oblije vin jwenn ou,

Men ou menm ou pa pral jwenn yo.”

20 “M ap fè w vin tankou yon miray ki fèt an kuiv pou pèp sa a, yon miray ki solid+.

Se sèten y ap konbat ou,

Men yo pap ranpòte laviktwa sou ou+,

Paske mwen avè w pou m pwoteje w e pou m delivre w.” Se sa Jewova di.

21 “M ap delivre w anba men mechan yo,

M ap sove w anba men moun ki san pitye yo.”

16 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Ou pa dwe marye ak okenn fi, e w pa dwe fè ni pitit gason, ni pitit fi isit la. 3 Paske, men sa mwen menm, Jewova, mwen di konsènan pitit gason ak pitit fi ki fèt nan peyi sa a e konsènan manman yo ak papa yo: 4 ‘Maladi ap touye yo+, men, pèsonn pap nan lapenn pou yo e pèsonn pap antere yo. Y ap vin tankou fimye atè a+. Y ap mouri anba kout epe e akoz grangou+. Kadav yo ap tounen manje pou zwazo nan syèl la e pou bèt ki sou tè a.’

 5 Paske, men sa Jewova di:

‘Pinga w antre nan kay kote y ap sèvi moun ki gen moun mouri yo manje,

Pinga w al la pou w kriye avèk yo e pou w montre w pataje lapenn yo+.’

‘Paske, m ap sispann fè pèp sa a viv anpè.’ Se sa Jewova di.

‘Mwen pap demontre yon lanmou ki fidèl pou yo ankò, ni mwen pap fè yo mizèrikòd+.

 6 Ni moun ki rich, ni moun ki pòv ap mouri nan peyi sa a.

Yo pap antere yo.

Pèsonn pap nan lapenn pou yo,

Pèsonn pap filange kò yo pou yo e pèsonn pap kale tèt yo pou yo*.

 7 Pèsonn pap bay moun ki nan lapenn yo manje pou yo manje

Pou konsole yo akoz yo gen moun ki mouri.

Pèsonn pap ba yo bwè nan gode konsolasyon an

Pou papa yo oswa manman yo ki mouri.

 8 Mete sou sa, ou pa dwe antre nan kay kote moun yo ap fete

Pou w chita manje bwè ansanm avèk yo.’

9 “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap fè nou sispann rejwi isit la. M ap fè nou pa tande vwa gason ak vwa fi k ap marye ankò+. M ap fè nou wè sa ak de je nou, wi, pandan n vivan an.’

10 “Lè w a di pèp la tout pawòl sa yo, y ap di w: ‘Poukisa Jewova di l ap lage gwo malè sa a sou nou? Ki erè nou fè e ki peche nou fè kont Jewova, Bondye nou an+?’ 11 Lè sa a, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova di: “Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen+. Yo te kontinye suiv lòt dye, yo te kontinye sèvi yo e yo te kontinye pwostène devan yo+. Yo te vire do ban mwen e yo pa t obeyi lwa m yo+. 12 E nou menm nou fè pi mal lontan pase zansèt nou yo+. Nou chak nou kontinye fè tèt di, nou suiv kè nou ki mechan olye nou obeyi m+. 13 Se sa k fè m ap mete nou deyò nan peyi sa a e m ap voye nou nan yon peyi nou pa konnen e zansèt nou yo pa t konnen+. Lè nou rive la, n ap sèvi lòt dye lajounen kou lannuit+, paske nou pap gen favè m ankò.”’

14 “‘Men, gen jou k ap vini’, se sa Jewova di, ‘kote y ap sispann di: “Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Ejip+!” 15 Men, y ap di pito: “Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi ki nan nò a e nan tout peyi kote l te gaye yo!” M ap fè yo tounen nan peyi yo, peyi mwen te bay zansèt yo a+.’

16 ‘M ap voye chèche yon pakèt pechè pwason.’ Se sa Jewova di.

‘E yo gen pou yo peche yo.

Apre sa, m ap voye chèche yon pakèt chasè.

Yo gen pou yo kouri dèyè yo sou tout gwo mòn, sou tout ti mòn,

E yo pral chèche yo nan tout twou ki nan mas wòch yo.

17 Paske, mwen wè tout sa y ap fè yo*.

Yo pa ka kache sa yo fè yo pou m pa wè yo,

Wi, mwen wè tout peche yo fè yo.

18 M ap fè yo tounen, men anvan sa, m ap fè yo peye nèt pou erè yo fè yo, pou peche yo fè yo+.

Paske, yo sal peyi m nan ak zidòl ki pa gen vi nan yo e ki bay degoutans,

E yo fè yon seri bagay ki bay degoutans tout kote nan peyi a+.’”

19 O Jewova, ou menm ki fòs mwen, ou menm ki fòtrès mwen,

Ou menm ki se kote m ka kache lè m nan pwoblèm+,

Se bò kote w nasyon ki nan dènye bout tè a ap vini,

E yo gen pou yo di: “Zansèt nou yo se fo dye* yo te jwenn kòm eritaj,

Bagay ki san valè, ki pa itil anyen e ki pa bay okenn avantaj+.”

20 Èske dye moun yo fè yo

Se dye yo ye toutbonvre+?

21 “Se sa k fè, m gen pou m fè yo konnen m.

Lè sa a, m ap fè yo konnen jan m gen pouvwa e jan m gen fòs,

E y ap konnen se Jewova m rele.”

17 “Peche Jida a ekri ak yon plim an fè.

Li grave sou kè yo e sou kòn lotèl yo genyen yo

Ak yon zouti ki gen yon pwent an dyaman.

 2 Menm pitit gason yo genyen yo sonje lotèl ak poto sakre ki fèt an bwa*+

Ki bò kot gwo pyebwa ki sou mòn ki wo yo+,

 3 Ki sou mòn ki nan savann yo.

M ap fè yo pran richès ou yo, trezò w yo+,

Wi, m ap fè yo piye kote ki wo moun ou yo fè adorasyon yo poutèt peche w fè toupatou nan tèritwa w la+.

 4 W ap aksepte pèdi eritaj mwen te ba ou a san fòse+.

M ap fè w sèvi ènmi w yo nan yon peyi ou pa konnen+,

Paske w fè kòlè m limen tankou yon dife*+,

E l ap rete limen pou toutan.”

 5 Men sa Jewova di:

“Malediksyon pou moun* ki mete konfyans li nan lòm parèy li+,

Ki konte sou pouvwa lòm parèy li*+,

E ki vire do bay Jewova.

 6 Moun sa a ap vin tankou yon pyebwa ki poukont li nan yon dezè.

Li pap gen espwa pou l wè sa ki bon.

L ap rete nan dezè a, kote ki pa gen dlo,

Nan yon tè sale kote okenn moun pa ka viv.

 7 Benediksyon pou moun* ki met espwa l nan Jewova,

Pou moun ki met konfyans li nan Jewova+.

 8 Moun sa a ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò dlo,

Tankou yon pyebwa ki voye rasin li nan direksyon dlo a.

Li pap santi lè chalè a vini,

Men, fèy li ap toujou bèl+.

Nan epòk sechrès, kè l pap sote,

Ni li pap sispann bay fwi.

 9 Kè a pi trèt* pase tout lòt bagay, e li pa bon menm*+.

Ki moun ki kapab konnen l?

10 Mwen menm, Jewova, mwen egzamine kè a+,

Mwen egzamine panse ki pi pwofon* yo,

Pou m bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo,

Selon fason yo aji+.

11 Yon moun ki ranmase richès yon fason ki malonèt*+

Menm jan ak zwazo ki rele pèdri a, ki rasanble ze li pa ponn.

L ap pèdi richès sa yo nan mitan lavi l.

Alafen, tout moun ap wè li pa t gen bonsans.”

12 Tanp nou an

Se yon twòn ki gen glwa depi okòmansman+.

13 O Jewova, ou menm ki se espwa Izrayèl,

Tout moun ki vire do ba ou* ap wont,

Y ap ekri non moun sa yo nan pousyè tè+,

Paske yo vire do ba ou, o Jewova, ou menm ki sous dlo lavi a+.

14 Geri m, o Jewova, pou m ka geri.

Sove m, pou m ka sove+.

Paske, se ou menm mwen bay louwanj.

15 Gade, gen moun k ap di m:

“Poukisa pawòl Jewova a poko reyalize+?

Se pou l reyalize!”

16 Kanta pou mwen, mwen pa t sispann suiv ou kòm Bèje m,

Ni mwen pa t swete pou jou malè a vini.

O Bondye, ou konnen tout pawòl ki sot nan bouch mwen,

Se devan w mwen te di yo tout.

17 Pa lage m pou laperèz pa anvayi m.

Se bò kote w mwen kache lè jou malè a rive.

18 Se moun k ap pèsekite m yo ki pou wont+,

Men, pa kite lawont tonbe sou mwen.

Se pou yon sèl laperèz pran yo,

Men, pa kite laperèz anvayi m.

Se pou w fè jou malè a rive sou yo+,

Se pou w kraze yo e se pou w detwi yo nèt*.

19 Men sa Jewova te di m: “Al kanpe nan pòtay pèp la, kote wa Jida yo konn antre soti a, apre sa, al kanpe nan tout lòt pòtay vil Jerizalèm yo+. 20 E men sa pou w di moun yo: ‘Tande sa Jewova di, nou menm wa Jida yo, nou tout moun Jida yo, nou tout ki abite Jerizalèm e ki abitye antre nan pòtay sa yo. 21 Men sa Jewova di: “Veye kò nou*, pa pote okenn chay nan jou saba a, ni pa antre nan pòtay vil Jerizalèm yo avèk yo nan jou sa a+. 22 Nou pa dwe soti lakay nou ak okenn chay nan jou saba a e nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a+. Nou dwe konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre, jan mwen te di zansèt nou yo sa a+. 23 Men, yo pa t panche zòrèy yo pou yo koute m. Yo te fè tèt di, yo te refize obeyi m* e yo pa t aksepte mwen korije yo+.”’

24 “‘“Men, si nou obeyi tout sa m di nou,” se sa Jewova di, “si nou pa antre ak okenn chay nan pòtay vil sa a nan jou saba a, e si nou konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre lè nou pa fè okenn travay nan jou sa a+, 25 lè sa a, wa ak prens ki chita sou twòn David la+ ap antre nan pòtay vil sa a tou sou charyo ak cheval ansanm ak moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo+ e vil la ap gen moun ki rete ladan l pou toutan. 26 Moun ap soti nan tout vil Jida yo, nan zòn ki toutotou Jerizalèm yo, nan tèritwa tribi Benjamen an+, nan zòn ki ba yo+, nan zòn ki gen mòn yo ak nan zòn Negèb* e y ap vin ak bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt+. Y ap pote lòt sakrifis ankò+, manje angren+, lansan blan ak bèt y ap ofri kòm sakrifis pou yo di Bondye mèsi. Y ap pote tout bagay sa yo nan kay Jewova a+.

27 “‘“Men, si nou pa obeyi m, si nou pa konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre, si nou antre nan pòtay vil Jerizalèm yo ak chay nan jou saba a, m ap met dife nan pòtay vil la, yon dife k ap boule fòtrès Jerizalèm ki byen pwoteje yo+, e pèsonn pap ka etenn dife sa a+.”’”

18 Jewova pale ak Jeremi, li di l: 2 “Leve, desann lakay atizan ki konn travay ak ajil la+. Pandan w lakay li a, m ap fè w tande pawòl mwen gen pou m di w yo.”

3 Vrèmanvre, mwen te desann lakay atizan ki konn travay ak ajil la. Lè sa a, li t ap fè yon veso ann ajil. 4 Men, veso ann ajil li t ap fè a te gate nan men l. Se sa k fè, li te fè l tounen yon lòt veso, selon sa lide l te di l*.

5 Lè sa a, Jewova pale avè m, li di: 6 “‘Nou menm moun Izrayèl, èske m pa ka fè nou menm sa atizan ki konn travay ak ajil la fè a?’ Se sa Jewova di. ‘Tande sa, nou menm moun Izrayèl yo, menm jan ak ajil ki nan men yon atizan ki konn travay ak ajil, se konsa nou ye nan men m+. 7 Lè m di m ap derasinen yon nasyon oswa yon wayòm, m ap kraze l e m ap detwi l+, 8 si nasyon sa a vire do bay move bagay l ap fè yo, yon seri bagay mwen kondane, mwen menm tou, m ap chanje lide konsènan* malè m te prevwa lage sou li a+. 9 Men, lè mwen di m ap bati yon nasyon oubyen yon wayòm e m ap fè l vin byen djanm, 10 si nasyon sa a fè sa ki mal devan je m, si li pa koute vwa m, m ap chanje lide konsènan* byen m te prevwa fè pou li a.’

11 “Kounye a, tanpri, men sa pou w di moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo: ‘Men sa Jewova di: “Mwen prepare* yon malè pou nou, mwen prepare m pou m pini nou. Kase tèt tounen tanpri, kite move chemen n ap suiv yo, chanje fason n aji e sispann fè sa ki mal+.”’”

12 Men, yo di: “Ou pa bezwen gen espwa sa a+. Paske, se sa k nan lide nou n ap fè. Nou youn pap koute e n ap kontinye suiv kè nou ki mechan+.”

13 Se sa k fè, men sa Jewova di:

“Tanpri, al mande nasyon yo

Si yo te janm tande yon bagay konsa.

Pèp Izrayèl la fè yon bagay ki grav anpil+.

14 Èske nèj ki sou Mòn Liban an konn disparèt sou pant li yo?

Oubyen, èske dlo fre k ap koule sot byen lwen yo konn seche?

15 Pèp mwen an bliye m+.

Paske, yo fè sakrifis* pou yon bagay ki pa vo anyen+,

Yo fè moun bite sou chemen yo, chemen tan lontan yo+,

E yo fè yo mache nan ti wout dekoupe ki pa swa e ki pa plat*.

16 Se sa k fè, peyi yo a ap tounen yon kote k ap fè moun sezi+,

Yon kote moun ap pase nan rizib pou toutan+.

Chak moun k ap pase nan zòn nan ap ret gade, y ap sezi, y ap souke tèt yo+.

17 M ap gaye yo devan ènmi an, menm jan van ki sot nan direksyon lès la gaye pousyè.

Lè jou malè a rive, m ap fè yo wè do m olye m fè yo wè fas mwen+.”

18 Yo di: “Vini, ann fè yon konplo sou do Jeremi+. Paske, se prèt nou yo ki pou kontinye fè nou konnen lwa* yo, se gason ki gen sajès yo ki pou kontinye ban nou konsèy e se pwofèt yo ki pou kontinye fè nou konnen pawòl Bondye a. Vini, annou pale l mal* e annou pa koute sa l ap di yo.”

19 O Jewova, koute m,

Epi koute sa ènmi m yo ap di.

20 Èske yon moun ki fè byen se sa ki mal pou l jwenn anretou?

Yo fouye yon twou pou mwen*+.

Sonje jan m te kanpe devan w pou m pale an byen de yo,

Yon fason pou w pa t an kòlè kont yo ankò.

21 Poutèt sa, se pou w fè pitit gason yo genyen yo mouri akoz grangou,

Se pou w fè yo mouri anba kout epe+.

Se pou madanm yo pèdi pitit yo e se pou yo vin vèv+.

Se pou mesye yo trape maladi k ap touye yo,

Se pou jèn gason yo mouri nan lagè anba kout epe+.

22 Se pou moun tande rèl k ap soti lakay yo

Lè w fè vòlè vin atake yo san yo pa atann.

Paske, yo fouye yon twou pou yo met men sou mwen,

E yo tann pyèj pou pye m+.

23 Men ou menm, o Jewova,

Ou byen konnen tout konplo y ap fè pou yo touye m yo+.

Pa padone peche yo fè a,

Pa efase peche yo fè devan w lan.

Se pou yo bite devan w+

Lè kòlè w fè w frape yo+.

19 Men sa Jewova di: “Al achte yon krich nan men yon atizan ki konn travay ak ajil+. Pran kèk chèf nan mitan pèp la avè w ansanm ak kèk chèf nan mitan prèt yo 2 epi soti al nan Vale pitit gason Inon an+, nan antre Pòtay Moso potri a. Pandan w la, w ap di pawòl m ap di w yo. 3 Men sa w ap di: ‘Nou menm wa Jida yo ak nou menm ki abite Jerizalèm, tande sa Jewova di. Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di:

“‘“M ap lage yon malè sou kote sa a e nenpòt moun ki tande sa ap sezi*. 4 M ap fè sa paske yo vire do ban mwen+ e yo fè m vin pa ka rekonèt zòn nan ankò+. Yo plede ap fè sakrifis pou lòt dye ladan l, yon seri dye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa Jida yo pa t konnen, e yo plen kote sa a ak san moun ki inosan yo touye+. 5 Yo bati kote ki wo pou yo adore Baal, pou yo ka boule pitit gason yo nan dife kòm ofrann yo boule nèt pou Baal+, yon bagay mwen pa t ba yo lòd fè, mwen pa t pale avèk yo sou sa, ni ki pa t janm vin nan kè m*+.”’

6 “‘“Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote yo pap rele kote sa a Tofèt ankò, ni yo pap rele l Vale pitit gason Inon an, men y ap rele l Vale Masak la+. 7 M ap dejwe plan moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo nan kote sa a e m ap fè ènmi yo k ap chèche elimine yo* touye yo ak kout epe. M ap bay zwazo ki nan syèl la ak lòt bèt ki sou tè a kadav yo pou yo manje+. 8 Mete sou sa, m ap fè vil sa a vin yon kote ki fè moun sezi e ki fè yo pè lè yo wè l. Chak moun k ap pase nan zòn nan ap ret gade, y ap sezi e y ap pè akoz tout malè ki rive vil la+. 9 M ap fè yo manje chè pitit gason yo ak chè pitit fi yo. Yo chak ap manje chè moun parèy yo akoz ènmi k ap ansèkle yo e akoz y ap panike lè ènmi sa yo k ap chèche elimine yo* ap sènen yo+.”’

10 “Apre sa, se pou w kraze krich la devan je mesye ki ale avèk ou yo 11 e se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se konsa m ap kraze pèp sa a ak vil sa a. M ap kraze l menm jan yon moun kraze yon krich yon atizan ki konn travay ak ajil fè, yon fason pou l pa ka repare ankò. Yo gen pou yo antere moun mouri yo nan Tofèt jiskaske pa gen plas ankò pou yo antere yo+.”’

12 “‘Se sa m ap fè kote sa a,’ se sa Jewova di, ‘e se sa m pral fè moun ki abite ladan l yo, yon fason pou m fè vil sa a vin menm jan ak Tofèt. 13 Kay ki nan Jerizalèm yo ak kay wa Jida yo ap vin pa pwòp menm jan ak isit la, Tofèt+, wi, tout kay yo te ofri bagay ki nan syèl la sakrifis sou tèt yo+ e yo te ofri lòt dye bwason sou tèt yo+.’”

14 Lè Jeremi sot Tofèt, kote Jewova te voye l bay pwofesi a, li kanpe nan lakou kay Jewova a e l di tout moun yo: 15 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap lage tout malè mwen te di yo sou vil sa a e sou bouk ki ozalantou l yo, paske moun yo refize* obeyi pawòl mwen+.’”

20 Pachou, yon desandan Imè, ki te prèt e ki te responsab an chèf nan kay Jewova a t ap koute pandan Jeremi t ap pwofetize bagay sa yo. 2 Annapre, li bat pwofèt Jeremi e li mete l nan sèp*+ ki te nan Pòtay Benjamen an, pòtay ki te pi wo a e ki toupre kay Jewova a. 3 Men, nan demen, lè Pachou retire Jeremi nan sèp la, Jeremi di l:

“Jewova ba w yon lòt non. Li pa rele w Pachou. Li rele w: Laperèz toupatou+. 4 Paske, men sa Jewova di: ‘M ap fè laperèz anvayi ni ou menm ni tout zanmi w yo. Ènmi yo ap touye yo ak kout epe devan je w+. M ap lage tout moun Jida yo nan men wa Babilòn nan, gen nan yo l ap mennen ann egzil Babilòn e gen lòt l ap touye ak kout epe+. 5 M ap bay ènmi yo tout richès ki gen nan vil sa a, tout sa ki ladan l ki gen valè ak tout trezò wa Jida yo genyen+. Ènmi yo ap pran tout bagay sa yo e yo pral Babilòn ak yo+. 6 Men kanta pou ou menm Pachou ak tout moun lakay ou, nou prale ann egzil kòm prizonye. Ou pral Babilòn e se la w ap mouri. Se la y ap antere ni ou menm ni tout zanmi w yo akoz ou te konn ba yo manti lè w ap pwofetize+.’”

 7 Ou twonpe m, o Jewova, wi, ou twonpe m.

Ou sèvi ak fòs ou kont mwen e w pote laviktwa sou mwen+.

Tout lajounen y ap ri m,

Tout moun ap pase m nan rizib+.

 8 Paske, chak fwa pou m pale, m oblije rele pou m di:

“Vyolans, destriksyon!”

Akoz pawòl Jewova a, tout lajounen y ap joure m e y ap pase m nan rizib+.

 9 Se sa k fè mwen te di: “Mwen pap pale de li ankò,

Mwen pap pale nan non l ankò+.”

Men, pawòl la te tankou yon dife nan kè m, li te tankou yon dife ki fèmen nan zo m.

Mwen te bouke kenbe l

E mwen pa t ka rete an silans ankò+.

10 Paske, mwen te tande y ap di anpil move pawòl.

Toupatou te gen bagay ki te fè m pè+.

“Akize l. Annou akize l!”

Tout moun ki t ap swete lapè pou mwen yo t ap tann mwen tonbe+.

Yo t ap di: “Petèt l a fè yon vye erè.

Konsa, n a kapab pote laviktwa sou li e n a kapab tire revanj sou li.”

11 Men, Jewova te avè m tankou yon sòlda ki fè moun pè+.

Se poutèt sa, moun k ap pèsekite m yo ap tonbe e yo pap pot laviktwa sou mwen+.

Y ap wont anpil paske yo pap reyisi.

Yo pap janm bliye imilyasyon y ap pran pou toutan an+.

12 Men, ou menm, o Jewova, Chèf lame yo, ou egzamine moun ki jis yo,

Ou wè panse ki pi pwofon* yon moun genyen e w wè sa k nan kè a+.

Kite m wè jan w ap tire revanj sou yo+,

Paske, se ou menm mwen bay plede kòz mwen+.

13 Chante pou Jewova! Fè louwanj pou Jewova!

Paske, li delivre pòv yo* anba men moun k ap fè sa k mal yo.

14 Malediksyon pou jou mwen te fèt la!

Wi, pa dwe gen okenn benediksyon pou jou manman m te fè m nan+!

15 Malediksyon pou moun ki t al bay papa m bon nouvèl

Ki te fè l kontan anpil la, moun ki te di l:

“Pitit la fèt, se yon tigason.”

16 Se pou moun sa a vin tankou vil Jewova te kraze san l pa regrèt yo.

Nan maten, se pou l tande yon rèl, e a midi, se pou l tande siyal pou lagè a.

17 Poukisa l pa t tou touye m nan vant manman m?

Konsa, vant manman m t ap tou tounen yon kavo pou mwen,

E manman m t ap ret ansent nèt+.

18 Poukisa m te oblije soti nan vant manman m

Pou m wè malè ak soufrans

E pou m mouri nan lawont+?

21 Lè wa Sedesyas+ te voye Pachou+, pitit gason Malkija, ansanm ak Sofoni+, pitit gason Maraseya, prèt la, kote Jeremi, Jewova te pale ak Jeremi. Men sa Sedesyas te voye mande Jeremi: 2 “Tanpri, pale ak Jewova pou nou, paske Nebikadneza*, wa Babilòn nan, vin fè lagè ak nou+. Petèt Jewova va fè youn nan aksyon estrawòdinè l konn fè yo an favè nou, yon fason pou Nebikadneza al fè wout li+.”

3 Jeremi di yo: “Men sa pou nou di Sedesyas: 4 ‘Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: “M ap fè zam nou gen nan men nou pou nou fè lagè yo vire kont nou, wi, zam nou itilize pou nou batay ak wa Babilòn nan+ ak moun Kalde yo ki pa deyò miray la e ki ansèkle nou yo. M ap rasanble yo nan mitan vil sa a. 5 E se mwen menm k ap konbat nou+ avèk fòs ponyèt mwen, avèk kòlè e avèk raj+. 6 M ap touye ni moun ni bèt k ap viv nan vil sa a. Y ap mouri anba yon gwo maladi+.”’

7 “‘“E apre sa,” se sa Jewova di, “m ap pran Sedesyas, wa Jida a, sèvitè l yo ak rès moun ki nan vil la ki pa t mouri anba maladi a, anba kout epe oswa anba gwo grangou a, m ap lage yo nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, m ap lage yo nan men ènmi yo, nan men moun k ap chèche detwi lavi yo*+. L ap touye yo ak kout epe. Li pap gen pitye pou yo, li pap gen okenn konpasyon ni okenn mizèrikòd pou yo+.”’

8 “E men sa w ap di pèp la: ‘Men sa Jewova di: “Mwen mete lavi ak lanmò devan nou. 9 Moun ki rete nan vil sa a ap mouri anba kout epe, akoz grangou e akoz maladi. Men, nenpòt moun ki soti e ki rann tèt li bay moun Kalde yo ki ansèkle vil la, moun sa a ap ret an vi, wi, l ap sove lavi l*+.”’

10 “‘“Paske, mwen vire do bay vil sa a. Pa gen anyen ki bon k ap rive l+, se malè k ap tonbe sou li.” Se sa Jewova di. “M ap lage vil la nan men wa Babilòn nan+ e l ap boule l+.”

11 “‘Nou menm ki lakay wa Jida a, tande sa Jewova di. 12 Nou menm desandan David yo, men sa Jewova di:

“Toujou fè moun jwenn jistis.

Sove moun y ap dechèpiye a anba men vòlè yo+

Pou kòlè m pa limen tankou yon dife+,

E pou l pa kontinye rete limen san pèsonn pa ka etenn li

Akoz move aksyon n ap fè yo+.”’

13 ‘Mwen kont ou, ou menm ki rete nan vale a,

Ou menm vil ki sou mas wòch ki nan tè plat la.’ Se sa Jewova di.

‘N ap di: “Kiyès k ap desann vin atake nou?

Kiyès k ap anvayi kote nou rete yo?”

14 Enben, m ap fè nou jwenn

Sa nou merite pou aksyon nou fè yo+.’ Se sa Jewova di.

‘M ap met dife nan forè nou an

E dife a ap boule tout sa ki antoure l+.’”

22 Men sa Jewova di: “Desann al kay* wa Jida a pou w ba li yon mesaj. 2 Men sa pou w di l: ‘Ou menm wa Jida ki chita sou twòn David la, tande sa Jewova di ni ou menm, ni sèvitè w yo ni rès pèp la, wi, tout moun ki konn antre nan pòtay sa yo. 3 Men sa Jewova di: “Se pou n fè moun jwenn jistis e se pou n aji yon fason ki dwat. Sove moun y ap dechèpiye a anba men moun k ap vòlè yo. Pa maltrete okenn moun k ap viv kòm etranje nan mitan nou, e pa fè timoun ki pa gen papa yo* oswa vèv yo anyen ki mal+. Pa fè san moun ki inosan koule nan kote sa a+. 4 Paske, si nou veye pou nou byen obeyi sa m di nou an, wa ki chita sou twòn David yo+ ap antre nan pòtay kay sa a sou charyo e sou cheval ansanm ak moun k ap sèvi yo e ansanm ak pèp la+.”’

5 “‘Men, si nou pa obeyi pawòl sa yo, mwen fè sèman’, se sa Jewova di, ‘kay sa a ap tounen yon kote ki pa gen moun ladan l+.’

6 “Paske, men sa Jewova di konsènan kay wa Jida a:

‘Pou mwen, ou tankou Galaad

E w tankou tèt Mòn Liban.

Men, m ap fè w vin tankou yon dezè.

Pap gen youn nan vil ou yo k ap gen moun ki ret ladan yo+.

 7 M ap fè ènmi vini pou yo detwi w.

Yo chak ap vini ak zam yo+.

Y ap koupe pi bèl pye sèd ou genyen yo

E y ap lage yo nan dife+.

8 “‘Moun nan anpil nasyon gen pou pase toupre vil sa a e youn ap di lòt: “Poukisa Jewova fè gwo vil sa a sa+?” 9 E apre sa, y ap di: “Se paske yo pa t respekte alyans Jewova, Bondye yo a, yo te pwostène devan lòt dye e yo te sèvi yo+.”’

10 Pa kriye pou moun ki mouri a,

E pa montre nou gen lapenn pou li.

Olye de sa, kriye anpil pou moun yo mennen ann egzil la,

Paske, moun sa a pap janm wè peyi kote l fèt la ankò.

11 “Paske, men sa Jewova di konsènan Chaloum*+, pitit gason Jozyas la, wa Jida k ap dirije nan plas Jozyas, papa l la+, e ki kite kote sa a: ‘Li pap retounen la ankò. 12 Paske, l ap mouri kote yo mennen l ann egzil la, li pap wè peyi sa a ankò+.’

13 Malè pou moun ki bati kay li nan fè sa k pa sa,

Ki bati chanmòt li yo nan fè sa k pa sa,

Ki fè pwochen l travay pou li pou granmesi,

Ki refize peye pwochen l lajan l+.

14 Malè pou moun ki di: ‘M ap bati yon gwo kay

Ki gen gwo chanm nan chanmòt li yo,

M ap met fenèt ladan l,

M ap kouvri mi l yo ak planch sèd e m ap pentire l wouj vif.’

15 Èske w ap rete sou twòn nan paske w depase lòt yo nan sèvi ak bwa sèd?

Papa w tou te konn manje e li te konn bwè,

Men li te konn fè moun jwenn jistis e li te konn pratike sa ki byen+,

E tout bagay te ale byen pou li.

16 Li te konn defann kòz moun ki nan pwoblèm yo ak kòz malere yo.

Se sa k fè tout bagay te ale byen pou li.

‘Èske se pa paske li te konnen m ki fè l te konn aji konsa?’ Se sa Jewova di.

17 ‘Men, ou menm, sèl sa w wè, sèl sa w gen nan kè w, se chèche jwenn avantaj nan move kondisyon,

Touye moun ki inosan,

Epi vòlè afè moun ak gwo ponyèt.’

18 “Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan Jewoyakim+, pitit gason Jozyas la, wa Jida a:

‘Pèsonn pap nan lapenn pou li, pou y ap di:

“Elas, frè m nan! Elas sè m nan!”

Pèsonn pap nan lapenn pou li, pou y ap di:

“Elas, mèt mwen! Elas, gade jan l pèdi glwa li!”

19 Y ap antere l menm jan ak yon bourik+,

Y ap trennen kadav li e y ap voye l jete

Pa deyò pòtay vil Jerizalèm yo+.’

20 Jida, monte Liban epi fè yon rèl,

Leve vwa w nan Bazan,

Pete yon rèl nan Abarim+,

Paske yo kraze tout moun ki te renmen w anpil yo+.

21 Mwen te pale avè w lè w te santi w an sekirite a.

Men, ou te di: ‘Mwen pap obeyi+.’

Se konsa w ye depi lè w jèn,

Paske, ou pa koute sa m di w+.

22 Yon van gen pou l bwote tout bèje w yo+,

E l ap mennen tout moun ki te renmen w yo ann egzil kòm prizonye.

Lè sa a, w ap wont e w ap santi w imilye poutèt tout malè ki tonbe sou ou yo.

23 O ou menm ki abite nan Liban+,

Ki byen chita nan mitan pye sèd yo+,

Se pa ti plenn ou pral plenn lè doulè pran w,

Doulè* ki menm jan ak doulè yon fi ansent genyen lè l ap akouche+.”

24 “Men sa Jewova di: ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman menmsi ou menm, Koniya*+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, ou te yon bag ki gen anpil valè nan men dwat mwen, mwen t ap voye w jete. 25 M ap lage w nan men moun k ap chèche touye w yo*, nan men moun ou pè yo. Wi, m ap lage w nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ak nan men moun Kalde yo+. 26 M ap voye w nan yon peyi ki pa peyi w ansanm ak manman w ki te fè w la, e se la w ap mouri. 27 Y ap anvi tounen nan peyi sa a, men, sa pap janm fèt+.

28 Èske Koniya se yon vye veso ki kraze,

Yon veso pèsonn pa bezwen?

Poukisa yo frape li menm avèk desandan l yo atè,

E yo voye yo nan yon peyi yo pa konnen+?’

29 O latè*, o latè, o latè, koute sa Jewova di.

30 Men sa Jewova di:

‘Ekri pou fè konnen mesye sa a pa gen pitit,

E li pap reyisi nan kèlkeswa sa l ap fè nan lavi l*.

Pa gen youn nan desandan l yo k ap reyisi

Chita sou twòn David la pou yo dirije nan Jida ankò+.’”

23 “Malè pou bèje k ap fini ak mouton ki nan patiraj mwen yo e k ap gaye yo!” Se sa Jewova di+.

2 Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di kont bèje k ap pran swen pèp li a: “Nou gaye mouton m yo. Nou kontinye ap gaye yo toupatou e nou pa veye sou yo+.”

“Akoz move bagay n ap fè yo, m ap regle ak nou.” Se sa Jewova di.

3 “Epi m ap rasanble rès mouton mwen genyen ki rete yo. M ap fè yo soti nan tout peyi mwen te gaye yo+, e m ap mennen yo tounen nan patiraj yo+. Y ap fè pitit e y ap vin anpil+. 4 M ap ba yo bèje k ap pran swen yo toutbonvre+. Yo pap pè ankò, yo pap panike ankò e pa gen youn k ap manke.” Se sa Jewova di.

5 “Tande sa! Gen yon lè k ap vini”, se sa Jewova di, “kote m ap fè yon boujon* soti nan David, e boujon sa a ap renmen sa ki dwat+. Wi, gen yon wa ki pral dirije+ k ap montre li gen bon konprann, k ap fè sa ki dwat e k ap fè moun jwenn jistis nan peyi a+. 6 Nan epòk li a, Jida ap jwenn delivrans+ e Izrayèl ap viv ak kè poze+. Men ki non y ap ba li: Se Jewova ki fè nou jis+.”

7 “Men, gen jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote y ap sispann di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Ejip+!’ 8 Men, y ap di pito: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè desandan Izrayèl yo soti nan peyi ki nan nò a e nan tout peyi kote l te gaye yo.’ Mete sou sa, y ap rete nan pwòp peyi yo+.”

9 Kanta pou pwofèt yo,

Yo fè kè m ap dechire,

Yo fè tout zo m ap tranble.

Mwen tankou yon moun ki sou,

Tankou yon moun diven fè sou,

Akoz Jewova e akoz pawòl li yo ki sen.

10 Paske, peyi a chaje ak moun k ap fè adiltè+.

Akoz malediksyon an, peyi a nan lapenn+,

E patiraj ki nan savann nan fin seche nèt+.

Y ap fè mechanste e y ap sèvi ak pouvwa yo genyen pou yo fè moun abi.

11 “Ni pwofèt yo, ni prèt yo pa bon*+.

Mwen wè yo k ap fè mechanste menm nan kay mwen an+.” Se sa Jewova di.

12 “Se sa k fè chemen yo pran an ap vin glise e l ap fè nwa+.

Y ap pouse yo e y ap tonbe.

Paske, m ap lage yon malè sou yo

Lè jou a rive pou yo peye pou sa yo fè yo.” Se sa Jewova di.

13 “Mwen wè yon bagay pwofèt Samari yo+ ap fè ki bay degoutans.

Y ap pwofetize, men se pou Baal.

E yo fè Izrayèl, pèp mwen an, pèdi wout li.

14 Mwen wè kèk bagay pwofèt Jerizalèm yo ap fè ki grav tou.

Y ap fè adiltè+ e y ap bay manti+.

Yo ankouraje moun k ap fè sa ki mal yo,

E yo menm yo pa sispann fè sa ki mal.

Pou mwen, yo tout tankou Sodòm+,

E moun ki abite nan vil la tankou Gomò+.”

15 Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan pwofèt yo:

“M ap fè yo manje yon plant ki anmè,

E m ap ba yo bwè dlo ki anpwazonnen+.

Paske, pwofèt Jerizalèm yo fè moun nan tout peyi a vire do bay Bondye.”

16 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Pa koute pwofèt k ap pwofetize ban nou yo+.

Se nan erè y ap mete nou*.

Y ap pale de vizyon ki soti nan pwòp kè yo+.

Sa y ap di yo pa soti nan bouch Jewova+.

17 Yo kontinye ap di moun ki pa gen respè pou mwen yo:

‘Jewova di: “N ap gen lapè+.”’

Yo di moun ki kontinye ap fè tèt di e k ap suiv lide yo gen nan kè yo:

‘Anyen mal pap rive nou+.’

18 Kiyès ki kanpe nan mitan moun ki pwòch Jewova yo

Pou yo tande pawòl li e pou yo ka konprann li?

Kiyès ki enterese nan pawòl li yo e ki koute yo?

19 Tande sa, van tanpèt Jewova a gen pou l dechennen.

L ap desann sou tèt mechan yo tankou yon toubiyon+.

20 Gwo kòlè Jewova a pap sispann

Toutotan l pa fè sa li gen nan kè l la.

N ap konprann sa byen nan dènye jou yo.

21 Mwen pa t voye pwofèt yo, men yo te kouri pran devan.

Mwen pa t pale avèk yo, men yo te pwofetize+.

22 Si yo te fè pati moun ki pwòch mwen yo,

Yo t ap fè pèp mwen an tande pawòl mwen,

Yo t ap fè yo kite move chemen yo pran yo, wi, yo t ap fè yo sispann fè bagay mal y ap fè yo+.”

23 “Èske se bagay ki toupre sèlman mwen wè, èske m pa wè bagay ki byen lwen tou?” Se sa Jewova di.

24 “Èske yon moun kapab kache yon kote pou m pa ka wè l+?” Se sa Jewova di.

“Èske mwen pa wè tout bagay ki nan syèl la e ki sou tè a+?” Se sa Jewova di.

25 “Mwen tande pwofèt yo k ap bay manti lè y ap pwofetize nan non m. Y ap di: ‘Mwen fè yon rèv! Mwen fè yon rèv+!’ 26 Pandan konbyen tan zafè bay manti a ap rete nan kè pwofèt yo? Yo se pwofèt k ap bay manti ki sot nan kè yo+. 27 Yo vle fè pèp mwen an bliye non m avèk bann rèv youn ap plede rakonte lòt yo, menm jan ak zansèt yo ki te bliye non m akoz yo t ap sèvi Baal+. 28 Se pou pwofèt ki fè rèv yo rakonte rèv yo, men, se pou moun ki resevwa yon mesaj nan men m bay mesaj la jan l ye a.”

“Ki sa pay la gen pou l wè ak grenn nan?” Se sa Jewova di.

29 “Èske pawòl mwen pa tankou yon dife+?” Se sa Jewova di. “Èske l pa tankou yon gwo mato k ap kraze mas wòch fè miyèt moso+?”

30 “Se sa k fè, mwen kont sa pwofèt yo ap fè yo,” se sa Jewova di, “yo menm ki tòde pawòl mwen pou yo di moun sa k nan lide yo+.”

31 “Mwen kont sa pwofèt yo ap fè yo,” se sa Jewova di, “pwofèt k ap sèvi ak lang yo pou yo di: ‘Men sa Bondye di+!’”

32 “Mwen kont pwofèt k ap fè rèv ki chaje manti yo,” se sa Jewova di, “pwofèt k ap rakonte pèp mwen an rèv sa yo e k ap fè l pèdi wout li akoz manti y ap bay yo e akoz y ap vante tèt yo+.”

“Mwen pa t voye yo, ni mwen pa t ba yo okenn lòd. Se sa k fè yo pap ka fè anyen ki bon pou pèp sa a+.” Se sa Jewova di.

33 “Lè pèp la oubyen yon pwofèt oswa yon prèt di w: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, men sa pou w reponn yo: ‘“Se nou menm ki chay la, e m gen pou m voye nou jete+.” Se sa Jewova di.’ 34 Kanta pou pwofèt, prèt oswa moun nan pèp la ki ta di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, m ap pini ni moun sa a, ni moun lakay li. 35 Men sa nou chak nou kontinye ap di pwochen nou oswa frè nou: ‘Ki repons Jewova bay? Ki sa Jewova di?’ 36 Sispann di mesaj Jewova a se yon chay, paske se pawòl nou chak ap di yo ki chay la. Nou chanje pawòl Jewova, Chèf lame yo, Bondye vivan an, ki se Bondye nou.

37 “Men sa w ap di pwofèt la: ‘Ki repons Jewova ba ou? Ki sa Jewova di? 38 Kòm nou kontinye di: “Mesaj Jewova a se yon chay”, enben, tande sa Jewova di: “Piske n ap plede di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, alòske m di nou pou n pa di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, 39 m ap leve nou anlè e m ap voye nou jete byen lwen m, ni nou menm, ni vil sa a mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo. 40 M ap fè nou wont pou toutan e m ap imilye nou pou toutan, e pèsonn pap janm bliye sa+.”’”

24 Epi, Jewova montre m de pànye fig frans ki te devan tanp Jewova a. Se te apre Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te fin mennen Jekónyas*+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, ann egzil ansanm ak chèf ki nan Jida yo, atizan yo ak moun ki te konn travay metal yo*. Li te fè yo kite Jerizalèm e li te mennen yo ann egzil Babilòn+. 2 Youn nan pànye yo te gen fig frans ki bon anpil. Yo te tankou fig ki mi bonè. Men, lòt pànye a te gen yon seri fig frans ki pa t bon menm. Yo te tèlman pa bon, moun pa t ka manje yo.

3 Apre sa, Jewova di m: “Ki sa w wè, Jeremi?” Mwen di l: “Mwen wè fig frans. Genyen ki bon anpil, men genyen ki pa bon menm. Yo tèlman pa bon, moun pa ka manje yo+.”

4 Apre sa, Jewova pale avè m, li di m: 5 “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘M ap konsidere moun Jida ki al ann egzil yo tankou bon fig sa yo, moun mwen te fè kite kote sa a pou y ale nan peyi moun Kalde yo. 6 M ap voye je sou yo pou byen yo e m ap fè yo tounen nan peyi a+. M ap bati yo, mwen pap kraze yo. M ap plante yo, mwen pap derasinen yo+. 7 M ap fè yo gen yon kè k ap pèmèt yo konnen mwen se Jewova+. Y ap vin pèp mwen e mwen menm m ap vin Bondye yo+ paske y ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo+.

8 “‘Men, kanta pou fig ki tèlman pa bon moun pa ka manje yo+, men sa Jewova di: “Se konsa m ap konsidere Sedesyas+, wa Jida a, chèf li yo, rès moun Jerizalèm ki rete nan peyi sa a ansanm ak sa ki abite ann Ejip yo+. 9 M ap fè tout nasyon ki sou tè a pè lè yo wè malè mwen lage sou yo a+. Moun yo ap pale yo mal, y ap pran yo kòm egzanp lè y ap pale de moun malè tonbe sou yo, y ap pase yo nan rizib, y ap lage madichon sou yo+ tout kote m gaye yo+. 10 M ap frape yo ak epe+, ak grangou, ak maladi+ jiskaske m fin touye yo nèt nan peyi m te bay ni yo menm ni zansèt yo a.”’”

25 Nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a, ki te premye ane rèy Nebikadneza*, wa Babilòn nan, Bondye te bay Jeremi yon mesaj ki te konsène tout moun Jida yo. 2 Men sa pwofèt Jeremi te di konsènan tout* moun Jida yo ak tout moun ki abite Jerizalèm yo:

3 “Soti nan 13yèm ane rèy Jozyas+, pitit gason Amon, wa Jida a, rive jodi a, sa fè 23 an depi Jewova ap ban mwen mesaj ban nou. Mwen pa t sispann pale ak nou*, men, nou pa t koute+. 4 Jewova pa t sispann voye* pwofèt li yo, sèvitè l yo, kote nou, men nou pa t panche zòrèy nou pou nou koute+. 5 Yo te konn di nou: ‘Kase tèt tounen tanpri, kite move chemen nou pran yo e sispann fè bagay mal n ap fè yo+ pou nou ka kontinye viv pandan lontan nan peyi Jewova te bay nou menm ak zansèt nou yo depi byen lontan an. 6 Pa suiv fo dye yo, pa sèvi yo e pa pwostène devan yo. Pa fè m fache akoz zidòl nou yo. Si nou pa koute, m ap fè yon malè tonbe sou nou.’

7 “‘Men, nou pa t koute m’. Se sa Jewova di. ‘Olye de sa, nou te fè m fache akoz zidòl nou yo, e se te pou malè nou+.’

8 “Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘“Kòm nou pa obeyi sa m di nou, 9 m ap voye chèche nasyon ki nan nò yo+,” se sa Jewova di, “m ap voye chèche Nebikadneza*, wa Babilòn nan, sèvitè m nan+, e m ap fè yo vin atake peyi sa a+ ansanm ak moun ki abite ladan l yo ak tout nasyon ki toupre yo+. M ap detwi peyi sa a ansanm ak lòt nasyon yo. Sa k ap rive a ap fè moun pè, l ap fè yo sezi. Destriksyon sa a ap dire pou toutan. 10 M ap fè moun pa tande vwa moun k ap rejwi nan mitan yo ankò+. Pèsonn pap tande vwa gason ak vwa fi k ap marye k ap rejwi+, pèsonn pap tande bri moulen e yo pap wè limyè lanp ki limen. 11 E tout peyi sa a ap tounen yon pil mazi, yon kote ki fè moun pè. Nasyon sa yo ap gen pou yo sèvi wa Babilòn nan pandan 70 an+.”’

12 “‘Men kou 70 an an rive nan bout li+, m ap fè wa Babilòn nan ak nasyon l lan peye pou peche yo fè a+’. Se sa Jewova di. ‘M ap fè peyi moun Kalde yo tounen yon dezè pou toutan+. 13 M ap fè tout sa m te di kont peyi sa a reyalize, tout sa ki ekri nan liv sa a, wi, tout sa Jeremi te pwofetize kont tout nasyon yo. 14 Paske, gen anpil nasyon ak gwo wa+ k ap fè yo tounen esklav+, men, m ap fè nasyon sa yo peye pou aksyon yo+.’”

15 Paske, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di m: “Pran koup sa a nan men m, koup ki gen diven kòlè m ladan l lan, e fè tout nasyon kote m voye w yo bwè diven an. 16 Y ap bwè, y ap balanse de bò e y ap aji tankou moun fou lè m fè ènmi yo atake yo ak epe+.”

17 Vrèmanvre, mwen te pran koup la nan men Jewova e m te fè tout nasyon kote Jewova te voye m yo bwè diven an+. 18 Mwen te kòmanse ak Jerizalèm e ak lòt vil Jida yo+, wa yo te genyen yo ansanm ak chèf yo, pou Bondye te ka fini ak yo, pou l te ka sèvi ak yo pou l fè moun sezi, pou l fè moun pale yo mal+, jan sa pa lwen reyalize jodi a. 19 Apre sa, mwen te bay Farawon, wa peyi Ejip la, bwè diven an ansanm ak sèvitè l yo, chèf li yo, tout pèp li a+, 20 tout etranje k ap viv nan mitan Ejipsyen yo, tout wa peyi Ouz yo, tout wa peyi Filisti yo+, Achkelon+, Gaza, Ekwon, rès moun Achdòd yo, 21 Edòm+, Mowab+, desandan Amon yo+, 22 tout wa peyi Ti yo, tout wa Sidon yo+, tout wa ki nan zile ki nan lanmè a, 23 Dedan+, Tema, Bouz, tout moun ki koupe cheve yo rive bò tanp yo+, 24 tout wa moun Arabi yo+, tout wa k ap dirije tout moun ki nan dezè a, 25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo+, tout wa moun peyi Medi yo+, 26 tout wa ki nan nò yo youn apre lòt, ni sa k pre ni sa k lwen, ak tout lòt wayòm ki sou tè a. Apre sa, wa Chechak*+ la ap bwè diven an.

27 “E se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Se pou nou bwè diven an, se pou nou vin sou e se pou nou vomi. Se pou nou tonbe san nou pa leve. Paske, m ap fè ènmi nou yo atake nou+.”’ 28 Si yo refize pran koup la nan men w pou yo bwè diven an, men sa pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se pou nou bwè l. 29 Paske, tande sa. Si m ap fè yon malè tonbe sou vil ki pote non m nan an premye+, èske nou menm n ap rete san m pa pini nou+?”’

“‘Nou pap rete san m pa pini nou, paske, m ap frape tout moun sou tè a ak yon epe.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.

30 “Se pou w fè yo konnen tout pawòl sa yo. Men sa pou w di yo:

‘Detan Jewova anlè a, l ap gwonde,

Detan li kote li rete a ki sakre, l ap fè tande vwa l.

L ap gwonde byen fò sou kote li abite a.

L ap rele menm jan ak moun k ap kraze rezen ak pye yo nan près diven,

L ap chante yon chante laviktwa kont tout moun ki abite sou tè a.’

31 ‘Gen yon bri k ap rive jis nan dènye bout tè a,

Paske, Jewova gen pwoblèm ak nasyon yo.

Se li menm menm k ap pwononse jijman sa a kont tout moun*+.

Li gen pou l touye mechan yo ak kout epe.’ Se sa Jewova di.

32 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

‘Tande, gen yon malè k ap tonbe sou nasyon yo youn apre lòt,+

E gen yon gwo tanpèt k ap soti nan dènye bout tè a+.

33 “‘Jou sa a, Jewova ap touye moun soti nan yon bout tè a rive nan yon lòt bout tè a. Moun pap nan lapenn pou yo, yo pap ranmase kadav yo ni yo pap antere yo. Y ap vin tankou fimye atè a.’

34 Nou menm bèje, se pou n rele e se pou n kriye.

Woule kò nou atè, nou menm gwo potanta ki nan twoupo a,

Paske, lè pou yo masakre nou an ak lè pou yo gaye nou an rive,

E nou gen pou nou tonbe e pou nou kraze tankou yon veso ki gen anpil valè ki tonbe atè.

35 Bèje yo pa gen kote pou yo chape,

E gwo potanta ki nan twoupo a pap chape.

36 Tande sa! Bèje yo ak

Gwo potanta ki nan twoupo a ap rele,

Paske Jewova ap ratibwaze patiraj yo a.

37 Kote moun rete ki te pezib yo vin pa gen vi ladan yo

Poutèt Jewova an kòlè anpil.

38 Li soti nan kachèt li menm jan avèk yon jenn lyon*+.

Peyi yo a tounen yon kote ki fè moun pè

Akoz ènmi ki san pitye frape yo ak kout epe

E poutèt li an kòlè anpil.”

26 Lè Jewoyakim, wa Jida a, pitit gason Jozyas la, te fèk kòmanse dirije kòm wa+, men sa Jewova te voye di Jeremi: 2 “Jewova di: ‘Kanpe nan lakou kay Jewova a epi pale konsènan* tout moun ki soti nan vil Jida yo ki vin adore* Jewova nan kay li a. Se pou w di tout sa m ba w lòd di yo san w pa retire yon mo. 3 Petèt y ap koute w, y ap kase tèt tounen kite move chemen yo te pran an e m ap chanje lide konsènan* malè mwen te prevwa lage sou yo akoz move bagay y ap fè yo+. 4 Se pou w di yo: “Men sa Jewova di: ‘Si nou pa koute m, si nou pa obeyi lwa* mwen ban nou an, 5 si nou pa koute pwofèt yo, sèvitè m yo, yo menm mwen kontinye voye* bò kote nou, yo menm nou refize koute+, 6 m ap fè kay sa a vin menm jan ak Silo+ e m ap fè vil sa a sèvi kòm yon egzanp pou tout nasyon ki sou tè a, yon egzanp vil malediksyon tonbe sou li+.’”’”

7 Prèt yo, pwofèt yo ak tout rès moun yo te tande Jeremi k ap di pawòl sa yo nan kay Jewova a+. 8 Se sa k fè lè Jeremi te fin di pèp la tout pawòl sa yo Jewova te ba l lòd di yo, prèt yo, pwofèt yo ak tout rès moun yo te met men sou li e yo te di: “Pa gen pa mouri pou ou. 9 Poukisa w pale nan non Jewova epi w di: ‘Kay sa a ap vin menm jan ak Silo e vil sa a ap detwi san pa gen yon sèl moun ki rete ladan l’?” Tout pèp la te reyini bò kot Jeremi nan kay Jewova a.

10 Lè chèf ki nan Jida yo tande pawòl sa yo, yo sot lakay* wa a, yo monte al nan kay Jewova a e yo chita devan nouvo pòtay kay Jewova a+. 11 Prèt yo ak pwofèt yo di chèf yo ak tout pèp la: “Nonm sa a merite lanmò+ paske li pwofetize kont vil sa a, jan nou sot tande sa ak pwòp zòrèy nou+.”

12 Lè sa a, Jeremi di tout chèf yo ak tout pèp la: “Se Jewova ki te voye m di tout pawòl nou sot tande m ap di kont kay sa a e kont vil sa a+. 13 Kounye a, se pou nou chanje fason n ap aji, e se pou nou fè sa Jewova, Bondye nou an, di nou. Konsa, Jewova ap chanje lide konsènan* malè l te di l ap lage sou nou an+. 14 Kanta pou mwen, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou vle avè m. 15 Sèlman, se pou nou konnen si nou touye m, ni nou menm ni vil sa a ak tout moun ki abite ladan l yo ap koupab paske se yon moun inosan n ap touye. Paske, anverite se Jewova ki te voye m di nou tout pawòl nou sot tande m di yo.”

16 Lè sa a, chèf yo ak tout pèp la di prèt yo ak pwofèt yo: “Nonm sa a pa merite lanmò, paske se nan non Jewova, Bondye nou an, li te pale avèk nou.”

17 Mete sou sa, gen kèk ansyen nan peyi a ki leve e ki di tout moun ki te la yo: 18 “Miche+, moun Morechèt, te pwofetize nan epòk Ezekyas+, wa Jida a, li te di tout moun Jida yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Y ap vire Siyon tèt anba tankou yon tè yo vire,

Jerizalèm ap tounen yon pil dekonm+

E mòn kote Kay la ye a* ap tounen yon rakbwa+.”’

19 “Èske Ezekyas, wa Jida a, ak tout moun Jida yo te touye Miche lè sa a? Èske wa a pa t montre li gen lakrentif pou Jewova? Èske li pa t chèche favè Jewova*, sa ki te fè Jewova chanje lide konsènan* malè li te di li t ap lage sou yo a+? Nou sanlè rale yon gwo malè sou nou* nan bagay sa a.

20 “Te gen yon lòt gason ki te pwofetize nan non Jewova tou. Se te Ouriya, pitit gason Chemaya, moun Kiriyatjeyarim+. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a. Li te di yon seri pawòl ki sanble ak pawòl Jeremi yo. 21 Wa Jewoyakim+ ansanm ak tout gason vanyan l yo ak tout chèf li yo te tande pawòl Ouriya yo e wa a t ap chèche yon jan pou l touye l+. Lè Ouriya te aprann sa, li te vin pè menm kote a e li te sove al ann Ejip. 22 Annapre, wa Jewoyakim te voye Èlnatan+, pitit gason Akbò, ann Ejip ansanm ak kèk lòt mesye. 23 Yo te pran Ouriya nan peyi Ejip e yo te mennen l bay wa Jewoyakim ki te touye l ak kout epe+ e ki te voye kadav la nan simityè ki te la pou pitit pèp la.”

24 Men, Ayikam+, pitit gason Chafan+, te ede Jeremi, se sa k fè yo pa t lage l nan men pèp la pou yo touye l+.

27 Lè Jewoyakim, pitit gason Jozyas, wa Jida a, te kòmanse dirije, Jewova te pale avèk mwen menm, Jeremi. 2 “Men sa Jewova te di m: ‘Fè kòd epi fè jouk, mete yo sou kou w. 3 Apre sa, remèt yo bay moun ki te vin Jerizalèm pou yo pot mesaj bay Sedesyas, wa Jida a, pou yo ka pote yo bay wa Edòm nan+, wa Mowab la+, wa desandan Amon yo+, wa Ti a+ ak wa Sidon an+. 4 Men lòd pou w ba yo pou yo chak bay wa ki te voye yo a:

“‘“Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di pou nou di mèt nou yo: 5 ‘Se mwen menm ki fè tè a e ki fè lòm ak bèt ki sou tout tè a grasa kokenn pisans mwen, grasa fòs ponyèt mwen, e se moun mwen vle a* mwen bay li+. 6 Kounye a, mwen bay Nebikadneza, sèvitè m nan, wa Babilòn nan, tout peyi sa yo+. Mwen ba l menm bèt ki nan rakbwa yo pou yo soumèt devan l. 7 Tout nasyon yo ap sèvi l. Y ap sèvi pitit li ak pitit pitit li jiskaske lè a rive pou peyi pa l la+ soumèt devan yon pakèt nasyon ak yon seri gwo wa k ap fè l tounen esklav yo+.’

8 “‘“‘Si yon nasyon oswa yon wayòm refize sèvi Nebikadneza, wa Babilòn nan, e si l refize kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou l, m ap sèvi ak epe+, grangou ak maladi pou m pini nasyon sa a’, se sa Jewova di, ‘jiskaske mwen fè Nebikadneza fini ak nasyon sa a nèt.’

9 “‘“‘Se sa k fè pinga nou koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun k ap fè rèv yo, ak moun k ap fè maji yo k ap di nou: “Nou pap gen pou n sèvi wa Babilòn nan.” 10 Paske, pwofesi y ap bay yo se manti, e sa ap lakòz nou ale lwen peyi nou an. M ap gaye nou e n ap mouri.

11 “‘“‘Men, nasyon ki kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou l e ki sèvi l, m ap kite l rete* nan peyi l pou l fè jaden ladan l e pou l abite ladan l.’ Se sa Jewova di.”’”

12 Mwen te di Sedesyas+, wa Jida a, menm bagay la tou. Men sa m te di l: “Kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou nou, e sèvi ni li menm ni pèp li a pou n ka kontinye viv+. 13 Poukisa pou ou menm ak pèp ou a ta mouri anba kout epe+, akoz grangou+ ak maladi+, jan Jewova fè konnen sa ap rive nenpòt nasyon ki pa sèvi wa Babilòn nan? 14 Pa koute pwofèt yo k ap di nou: ‘Nou pap gen pou n sèvi wa Babilòn nan+.’ Paske, pwofesi y ap bay yo se manti+.

15 “‘Paske, se pa mwen ki voye yo,’ se sa Jewova di, ‘men, y ap bay manti nan non m. Si nou koute yo, m ap gaye nou e n ap peri, ni nou menm, ni pwofèt k ap pwofetize devan nou yo+.’”

16 Epi mwen di prèt yo ak tout moun yo: “Men sa Jewova di: ‘Pa koute pwofèt nou yo k ap di nou: “Gade! Sa pap pran anpil tan ankò pou yo pote veso ki pou kay Jewova a retounen sot Babilòn+.” Paske, pwofesi y ap bay yo se manti+. 17 Pa koute yo. Sèvi wa Babilòn nan e n ap kontinye viv+. Poukisa pou vil sa a ta tounen yon mazi? 18 Si se pwofèt yo ye vre, e si se pawòl Jewova y ap di toutbonvre, se pou yo sipliye Jewova, Chèf lame yo, pou pèsonn pa ale Babilòn ak veso ki rete nan kay Jewova a, nan kay* wa Jida a ak nan Jerizalèm yo.’

19 “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan poto yo+, gwo basen an*+, charyo yo+, ak veso ki rete nan vil sa a, 20 veso Nebikadneza, wa Babilòn nan, pa t pran lè l te sot Jerizalèm ak Jekónyas, pitit gason Jewoyakim, wa Jida a, e li te mennen l ann egzil nan peyi Babilòn ansanm ak gwo potanta ki nan Jida ak nan Jerizalèm yo+, 21 wi, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di konsènan veso ki rete nan kay Jewova a, nan kay* wa Jida a ak nan Jerizalèm yo: 22 ‘“Yo prale avèk yo Babilòn+ e se la y ap rete jiskaske jou a rive pou m al chèche yo.” Se sa Jewova di. “Lè sa a, m ap tounen avèk yo e m ap mete yo nan plas yo isit la+.”’”

28 Nan menm ane sa a, nan kòmansman rèy Sedesyas+, wa Jida a, nan katriyèm ane a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Anànya, pitit gason Azou, moun Gabawon+, te pale ak Jeremi nan kay Jewova a, devan prèt yo ak tout lòt moun yo. Li te di l: 2 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap kraze jouk wa Babilòn nan+. 3 Anvan dezan pase, m ap pote tout veso ki pou kay Jewova a tounen isit la, veso Nebikadneza, wa Babilòn nan, te pran isit la e l te pote Babilòn yo+.’” 4 “‘Mete sou sa, m ap fè Jekónyas+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, tounen isit la ansanm ak tout lòt moun Jida ki t al ann egzil nan peyi Babilòn yo+,’ se sa Jewova di, ‘paske, m ap kraze jouk wa Babilòn nan.’”

5 Apre sa, pwofèt Jeremi te pale ak pwofèt Anànya devan prèt yo ak tout moun ki te kanpe la nan kay Jewova a. 6 Pwofèt Jeremi te di l: “Amèn*! Se pou Jewova fè sa w di a! Se pou Jewova reyalize sa w pwofetize a, se pou l pote veso ki pou kay Jewova a tounen isit la ansanm ak tout moun ki t al ann egzil yo! 7 Men, souple, koute mesaj mwen gen pou ou menm ak tout pèp la. 8 Nan tan lontan, pwofèt ki te la anvan m e ki te la anvan w yo te konn pale de lagè, de malè ak maladi lè yo t ap pwofetize konsènan anpil peyi ak gwo wayòm. 9 Si yon pwofèt pwofetize konsènan lapè e sa pwofèt la di a rive vre, lè sa a tout moun ap konnen se Jewova ki voye pwofèt sa a toutbonvre.”

10 Lè pwofèt Anànya tande sa, li retire jouk ki te sou kou pwofèt Jeremi an epi li kraze l+. 11 Apre sa, men sa Anànya di devan tout moun yo: “Men sa Jewova di: ‘Se konsa m ap kraze jouk Nebikadneza, wa Babilòn nan, ki sou kou tout nasyon yo anvan dezan+.’” Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.

12 Apre pwofèt Anànya fin kraze jouk ki te sou kou pwofèt Jeremi an, Jewova pale ak Jeremi, li di l: 13 “Ale, men sa pou w di Anànya: ‘Men sa Jewova di: “Jouk ou te kraze yo te fèt an bwa+, men se jouk ki fèt an fè k ap ranplase yo.” 14 Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “M ap mete yon jouk an fè sou kou tout nasyon sa yo, pou yo ka sèvi Nebikadneza, wa Babilòn nan, e se sèten y ap sèvi l+. Ata bèt ki nan rakbwa yo m ap ba li+.”’”

15 Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Anànya+: “O Anànya, tanpri koute! Se pa Jewova ki voye w. Ou fè pèp sa a met konfyans yo nan manti+. 16 Kidonk, men sa Jewova di: ‘Gade! M ap efase w sou tè a. W ap mouri ane sa a poutèt w ap pouse pèp la fè rebèl ak Jewova+.’”

17 Vrèmanvre, pwofèt Anànya te mouri nan menm ane sa a, nan setyèm mwa a.

29 Pandan pwofèt Jeremi te Jerizalèm, li te voye yon lèt pou rès ansyen ki te pami moun ki t al ann egzil yo, prèt yo, pwofèt yo e pou tout lòt moun yo. Li te voye lèt sa a pou tout moun Nebikadneza te pran Jerizalèm e li te mennen Babilòn yo. 2 Li te fè sa apre wa Jekónyas+, manman wa a*+, moun ki t ap travay ansanm ak wa a, chèf Jida yo, chèf Jerizalèm yo, atizan yo ak moun ki konn travay metal yo* te fin kite Jerizalèm+. 3 Li te bay Elasa, pitit gason Chafan+, ak Gemarya, pitit gason Ilkya, lèt la. Sedesyas+, wa Jida a, te voye mesye sa yo Babilòn pou y al kot Nebikadneza, wa Babilòn nan. Lèt la te di:

4 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di moun ki ann egzil yo, moun ki te Jerizalèm li te fè mennen ann egzil nan peyi Babilòn yo: 5 ‘Bati kay epi abite ladan yo. Fè jaden epi manje bagay ki sot nan jaden sa yo. 6 Pran fi pou nou marye epi fè pitit gason ak pitit fi. Marye pitit gason nou yo epi marye pitit fi nou yo pou yo menm tou yo ka gen pitit gason ak pitit fi. Se pou nou vin anpil kote nou ye a, pa kite kantite nou ye a vin pi piti. 7 Se pou nou travay pou gen lapè nan vil kote mwen voye nou ann egzil la, se pou nou priye Jewova pou vil la, paske, si gen lapè nan vil la, nou menm tou n ap viv anpè+. 8 Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Pa kite pwofèt ak divinò ki nan mitan nou yo twonpe nou+ e pa koute moun k ap rakonte rèv yo fè. 9 Paske, ‘pwofesi y ap bay nan non m yo se manti. Se pa mwen ki voye yo+.’ Se sa Jewova di.”’”

10 “Paske, men sa Jewova di: ‘Kou 70 an n ap pase Babilòn nan rive nan bout li, m ap voye je sou nou+ e m ap reyalize pwomès mwen te fè a lè m mennen nou tounen lakay nou+.’

11 “‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou+, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa+. 12 Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou+.’

13 “‘Nou gen pou nou chèche m+ e pou nou jwenn mwen paske se ak tout kè nou nou gen pou nou chèche m+. 14 M ap kite nou jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di. ‘M ap rasanble nou, nou menm prizonye yo. Mwen pral chèche nou nan tout nasyon ak tout kote mwen te gaye nou yo+.’ Se sa Jewova di. ‘M ap fè nou tounen kote nou te ye lè m te fè nou al ann egzil la+.’

15 “Men, nou di: ‘Jewova ban nou pwofèt nan Babilòn.’

16 “Paske, men sa Jewova di konsènan wa ki chita sou twòn David la+ ak tout moun ki abite nan vil sa a, anpalan de frè nou yo, ki pa t al ann egzil ansanm avèk nou yo: 17 ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “M ap frape yo ak epe, grangou ak maladi+ e m ap fè yo vin tankou fig frans ki pouri*, ki tèlman pa bon moun pa ka manje yo+.”’

18 “‘M ap frape yo ak epe+, grangou ak maladi e m ap fè tout wayòm ki sou tè a pè lè yo wè sa k rive yo+. Moun nan tout nasyon kote m gaye yo ap lage madichon sou yo+, y ap pè lè yo wè sa k rive yo a, y ap sezi+ e y ap pale yo mal. 19 Paske, yo pa t koute sa m te di yo lè m te voye pwofèt yo, sèvitè m yo, al pale ak yo’, se sa Jewova di, ‘malgre mwen pa t sispann voye yo* kote yo+.’

“‘Men, nou pa t koute m+.’ Se sa Jewova di.

20 “Kidonk, nou tout ki ann egzil yo, nou menm mwen te fè soti Jerizalèm pou n al Babilòn yo, se pou nou koute pawòl Jewova. 21 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di konsènan Ahab, pitit gason Kolaya, ak Sedesyas, pitit gason Maraseya, yo menm k ap bay manti nan non m+: ‘M ap lage yo nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, e l ap touye yo devan je nou. 22 Lè moun Jida ki ann egzil nan peyi Babilòn yo ap bay moun madichon, y ap sèvi ak sa k te rive yo a. Y ap di: “Se pou Jewova fè w menm sa l te fè Sedesyas ak Ahab la, de mesye wa Babilòn nan te boule nan dife yo!” 23 Paske, yo aji yon fason ki chokan ann Izrayèl+, yo fè adiltè ak madanm pwochen yo e yo sèvi ak non m pou yo bay manti, pou yo di bagay mwen pa t ba yo lòd di+.

“‘“Se mwen ki konnen sa yo fè. Mwen te wè tout sa yo fè+.” Se sa Jewova di.’”

24 “E men sa w ap di Chemaya+, moun Neyelam nan: 25 ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Kòm ou te voye lèt bay tout moun ki Jerizalèm yo nan non w, ou te voye lèt bay Sofoni+, pitit gason Maraseya, prèt la, e w te voye lèt bay tout lòt prèt yo, kote w di: 26 ‘Ou menm Sofoni, Jewova mete w prèt nan plas prèt Jewoyada pou w ka responsab kay Jewova a, pou w ka arete tout moun fou k ap pran pòz pwofèt yo e pou w mete yo nan sèp*+. 27 Ki jan w fè pa pini Jeremi, moun Anatòt la+, k ap pran pòz pwofèt li devan w+? 28 Paske, menm nou menm ki nan Babilòn, li voye mesaj ban nou pou l di nou: “Nou la pou yon bon bout tan! Nou mèt bati kay pou n rete ladan yo. Nou mèt plante jaden pou n manje bagay ki sot nan jaden nou+, ...”’”’”

29 Kou Sofoni+, prèt la, te fin li lèt sa a pou pwofèt Jeremi, 30 Jewova te pale ak Jeremi, li te di l: 31 “Voye di tout moun ki ann egzil yo: ‘Men sa Jewova di konsènan Chemaya, moun Neyelam nan: “Piske Chemaya te pwofetize ban nou alòske mwen pa t voye l fè sa, e piske l te eseye fè n kwè nan manti+, 32 enben, men sa Jewova di: ‘Kounye a, m ap pini Chemaya, moun Neyelam nan, ansanm ak desandan l yo. Pa gen yon moun lakay li k ap ret vivan nan mitan pèp la e li pap wè bon bagay mwen pral fè pou pèp mwen an,’ se sa Jewova di, ‘paske l ap pouse moun fè rebèl ak Jewova.’”’”

30 Jewova pale avèk Jeremi, li di l: 2 “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Ekri tout pawòl mwen di w yo nan yon liv. 3 Paske, “gade, gen yon lè k ap vini”, se sa Jewova di, “m ap rasanble moun nan pèp mwen an ki prizonye yo, moun Izrayèl ak moun Jida yo+,” se sa Jewova di, “m ap fè yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a e l ap vin byen pa yo ankò+.”’”

4 Pawòl sa yo, se pawòl Jewova te di Izrayèl ak Jida.

 5 Men sa Jewova di:

“Nou tande bri moun k ap tranble yo.

Se laperèz ki genyen, pa gen lapè.

 6 Tanpri, mande si yon gason ka fè pitit.

Nan ka sa a, poukisa mwen wè tout gason vanyan kenbe vant* yo

Tankou fi k ap akouche+?

Poukisa figi tout moun blèm konsa a?

 7 Elas! Jou sa a se yon jou ki terib*+.

Pa gen tankou l,

Se yon moman kote Jakòb ap soufri anpil.

Men, l ap chape anba l.”

8 “Jou sa a,” se sa Jewova, Chèf lame yo, di, “m ap kraze jouk ki sou kou yo a e m ap kase kòd yo fè de bout. Okenn etranje pap fè yo vin esklav yo ankò. 9 Y ap gen pou yo sèvi Jewova, Bondye yo a, ak David, wa m ap enstale pou yo a+.”

10 “Kanta pou ou menm, Jakòb, sèvitè m nan, pinga w pè,” se sa Jewova di,

“Pinga w panike, o Izrayèl+.

Paske, m ap sove w pandan w byen lwen,

M ap sove pitit ou yo nan peyi kote yo prizonye a+.

Jakòb ap retounen, l ap anpè, li pap gen okenn pwoblèm,

E pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+.”

11 “Paske, mwen avèk ou”, se sa Jewova di, “pou m sove w.

M ap detwi tout nasyon kote m te gaye w yo+.

Men ou menm, mwen pap detwi w+.

M ap disipline* w nan degre w merite a,

Mwen pa ka pa pini w+.”

12 Paske, men sa Jewova di:

“Nan move eta w ye a, pa gen leve pou ou+.

Blese w la pa ka geri.

13 Pa gen pèsonn pou plede kòz ou,

Pa gen fason pou maleng ou an geri.

Pa gen gerizon pou ou.

14 Tout moun ki renmen w anpil k ap kouche avè w yo bliye w+.

Yo sispann chèche w.

Paske, mwen frape w tankou yon ènmi+.

Mwen pini w menm jan ak yon moun ki fewòs,

Paske w koupab anpil akoz tout peche w fè yo+.

15 Poukisa w ap rele poutèt ou nan yon move eta?

Se pa ti rèd doulè a rèd!

Se paske w koupab anpil akoz tout peche w yo+

Ki fè mwen fè w sa.

16 Se sèten, yon ènmi gen pou l fini ak tout moun k ap fini avè w yo+.

Tout ènmi w yo gen pou yo al ann egzil kòm prizonye+.

Moun k ap piye w yo, y ap piye yo tou.

M ap fè yo piye tout moun k ap piye w yo+.”

17 “Mwen gen pou m fè w vin djanm ankò e mwen gen pou m geri maleng ou yo+”, se sa Jewova di,

“Menmsi yo te rele w rejè e yo di:

‘Siyon, zòn pèsonn pap chèche a+.’”

18 Men sa Jewova di:

“M ap rasanble moun nan tant Jakòb yo ki te vin prizonye yo+.

M ap gen pitye pou tant li yo.

Yo gen pou yo rebati vil la sou mòn pa l la+,

E fòtrès li a ap kanpe kote pou l kanpe a.

19 Y ap remèsye m e y ap ri+.

M ap fè yo vin anpil, yo pap yon ti ponyen+.

M ap fè yo vin anpil*

E yo pap san enpòtans+.

20 Pitit gason l yo ap vin jan yo te ye anvan an,

M ap rasanble yo e m ap fè yo vin yon pèp ki byen djanm devan m+.

M ap regle tout moun k ap toupizi l yo+.

21 Moun k ap gen glwa a ap soti nan li,

Dirijan pa l la ap soti nan mitan l.

M ap fè l vin toupre m, l ap pwoche bò kote m.”

“Si se pa t sa, kiyès ki t ap pran chans* pou l pwoche bò kote m?” Se sa Jewova di.

22 “N ap vin pèp mwen+ e mwen menm m ap Bondye nou+.”

23 Tande sa, van tanpèt Jewova a gen pou l dechennen+,

Yon gwo tanpèt k ap desann sou tèt mechan yo tankou yon toubiyon.

24 Jewova pap sispann an kòlè

Toutotan l pa fè sa li gen nan kè l la+.

N ap konprann sa nan dènye jou yo+.

31 “Nan epòk sa a,” se sa Jewova di, “m ap vin Bondye tout fanmi ann Izrayèl yo e yo menm y ap vin pèp mwen+.”

 2 Men sa Jewova di:

“Moun ki te chape anba epe yo te jwenn favè Bondye nan dezè a,

Lè pèp Izrayèl la t ap mache pou l al kote l t apral repoze l la.”

 3 Jewova te sot byen lwen e l te parèt devan m, li te di:

“Mwen renmen w e lanmou sa a ap la pou toutan.

Se lanmou fidèl sa a ki fè m rale w vin jwenn mwen*+.

 4 M ap rebati w ankò, wi, w ap kanpe ankò+.

O, ou menm pèp Izrayèl la, w ap pran tanbouren w ankò

E w ap danse ak kè kontan*+.

 5 Ou gen pou w plante jaden rezen sou mòn Samari yo ankò+.

Moun k ap fè jaden yo ap plante e y ap manje sa yo rekòlte yo+.

 6 Paske, gen yon jou k ap vini kote moun k ap veye sou mòn Efrayim yo ap rele byen fò:

‘Ann ale, ann monte Siyon bò kot Jewova, Bondye nou an+.’”

 7 Paske, men sa Jewova di:

“Rele desandan Jakòb yo ak kè kontan.

Rele ak kè kontan paske nou sou tèt nasyon yo+.

Se pou nou fè konn sa, se pou nou fè louwanj pou Bondye e se pou nou di:

‘O Jewova, sove pèp ou a, moun ki rete nan pèp Izrayèl la+.’

 8 M ap pran yo nan peyi ki nan nò a pou m mennen yo tounen+.

M ap pran yo nan dènye bout tè a e m ap rasanble yo+.

Nan mitan yo ap gen moun ki avèg, moun ki enfim nan pye+,

Fi ki ansent ak fi ki gen tranche. Yo tout ap ansanm.

Y ap retounen isit la an foul+.

 9 Y ap vini ak dlo nan je+.

M ap mennen yo toutpandan y ap mande pou m fè yo favè.

M ap mennen yo bò kot rivyè*+,

M ap mennen yo sou yon wout ki plat kote yo pap bite.

Paske, mwen se yon Papa pou Izrayèl e Efrayim se premye pitit mwen+.”

10 Nou menm nasyon yo, tande sa Jewova di

E fè konnen sa nan tout zile ki byen lwen yo+:

“Sila a ki te gaye moun Izrayèl yo ap rasanble yo.

L ap voye je sou yo menm jan yon bèje fè sa pou twoupo bèt li+.

11 Paske, Jewova ap delivre* desandan Jakòb yo+,

L ap sove* yo anba men moun ki pi fò pase yo a+.

12 Y ap vini sou Mòn Siyon, y ap rele tèlman yo kontan+.

Y ap kontan anpil lè yo wè jan Jewova bon avèk yo*.

Y ap kontan poutèt manje angren, diven+, luil,

Ti mouton ak ti bèf yo+.

Y* ap vin tankou yon jaden ki byen wouze+

E yo pap janm nan soufri ankò+.”

13 “Lè sa a, fi ki vyèj la ap danse ak kè kontan,

Ni jèn gason yo ni gason ki granmoun yo, wi, yo tout ansanm+.

M ap fè kè yo kontan, yo pap nan lapenn ankò+.

M ap konsole yo. M ap fè yo gen kè kontan, yo pap nan tristès ankò+.

14 M ap fè prèt* yo kontan tèlman m ap ba yo manje* pou yo manje,

E pèp mwen an ap satisfè paske m ap byen boule avè l+.” Se sa Jewova di.

15 “Men sa Jewova di:

‘Yo tande yon vwa nan vil Rama+, vwa yon moun k ap plenn e k ap kriye anpil.

Se Rachèl k ap kriye pou pitit gason l yo*+.

Li pa vle yo konsole l

Paske pitit gason l yo pa la ankò+.’”

16 Men sa Jewova di:

“‘Pa kriye, pa kite dlo soti nan je w,

Paske m ap rekonpanse w pou sa w te fè.’ Se sa Jewova di.

‘Y ap retounen sot nan peyi ènmi an+.’

17 ‘Gen yon espwa pou demen+.’ Se sa Jewova di.

‘Pitit gason w yo ap tounen nan tèritwa pa yo+.’”

18 “Vrèmanvre, mwen tande jan Efrayim ap plenn.

‘Ou korije m, wi, ou donte m

Tankou yon ti bèf yo potko met anba jouk.

Mennen m tounen, m ap byen kontan tounen,

Paske, ou se Jewova, Bondye m nan.

19 Lè m te fin retounen, mwen te gen remò+.

Apre w te fin fè m konprann, mwen te frape kuis mwen paske mwen te tris anpil.

Mwen te wont e m te santi m imilye+

Akoz sa mwen te fè lè m te jèn.’”

20 “Èske Efrayim pa yon pitit gason ki gen anpil valè pou mwen+? Èske l pa yon pitit mwen renmen anpil?

Chak fwa mwen pale kont li, mwen toujou sonje l.

Se sa k fè, kè m* fè m mal pou li+

E se sèten m ap gen pitye pou li.” Se sa Jewova di+.

21 “Mete poto pou w make wout la,

Wi, mete poto kanpe+.

Byen gade gwo wout la, wout ou dwe pase ladan l lan+.

Retounen, o pèp Izrayèl, retounen nan vil ou yo.

22 Pandan konbyen tan w ap rete san w pa pran yon desizyon, o pitit fi m ki pa fidèl la?

Paske, Jewova kreye yon bagay tounèf sou tè a:

Yon fi k ap prese vin pi pre mari l.”

23 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Lè m fè prizonye yo tounen, men ki sa y ap rekòmanse di nan Jida ak nan vil li yo: ‘Se pou Jewova beni w, ou menm ki se yon kote moun jwenn jistis+, ou menm mòn sakre a+.’ 24 Jida ak tout vil li yo ap gen moun ki abite ladan yo. Moun k ap fè jaden yo ak moun k ap dirije twoupo yo ap abite la+. 25 Paske, m ap bay moun* ki pèdi fòs yo sa yo bezwen e m ap bay moun* k ap soufri yo manje pou yo manje+.”

26 Lè sa a, mwen leve, mwen ouvè je m. Ti dòmi m t ap fè a te bon.

27 “Tande! Gen yon jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote m ap fè moun ann Izrayèl yo ak moun Jida yo vin anpil e y ap vin gen anpil bèt+.”

28 “E menm jan m t ap veye yo pou m derasinen yo, pou m lage yo atè, pou m kraze yo, pou m detwi yo, pou m fè malè rive yo+, se konsa tou m ap voye je sou yo pou m bati yo e pou m plante yo+.” Se sa Jewova di. 29 “Nan epòk sa a, y ap sispann di: ‘Papa manje rezen ki si, men se dan pitit yo ki sirèt+.’ 30 Men, chak moun ap mouri pou peche pa yo. Moun ki manje rezen ki si a, se dan pa l k ap sirèt.”

31 “Gade! Gen jou k ap vini,” se sa Jewova di, “kote m ap fè yon nouvo alyans ak moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo+. 32 Alyans sa a pap menm jan ak alyans mwen te fè ak zansèt yo lè mwen te pran men yo e m fè yo soti nan peyi Ejip la+, ‘alyans yo pa t respekte a+, malgre se mwen menm ki te mèt* yo’. Se sa Jewova di.”

33 “Paske, men alyans m ap fè avèk moun Izrayèl yo apre jou sa yo: M ap mete lwa m yo anndan yo+ e m ap ekri yo nan kè yo+. Wi, m ap vin Bondye yo e yo menm y ap vin pèp mwen+.” Se sa Jewova di.

34 “Lè sa a, pap gen moun k ap anseye vwazen l ankò, e yon frè pap anseye yon frè l ankò, pou l di l: ‘Aprann konnen Jewova+!’ Paske, yo tout ap konnen m, timoun kou granmoun+.” Se sa Jewova di. “Paske, m ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò+.”

35 Men sa Jewova di,

Sila a ki fè solèy la pou l bay limyè lajounen,

Ki fè lwa pou lalin nan ak zetwal yo ka bay limyè lannuit,

Ki brase lanmè a e ki fè lanm li yo fè gwo bri,

Li menm ki rele Jewova, Chèf lame yo+:

36 “‘Se sèlman si lwa sa yo pa ta itil ankò

Pou desandan Izrayèl yo pa ta yon nasyon devan m ankò.’ Se sa Jewova di+.”

37 Men sa Jewova di: “‘Se sèlman si yo te ka mezire syèl la e yo te ka sonde fondasyon tè a pou m ta rejte tout desandan Izrayèl yo pou tout sa yo te fè yo.’ Se sa Jewova di+.”

38 “Tande! Gen yon jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote y ap rebati vil sa a+ pou Jewova, soti nan Fò Ananèl+ rive nan Pòtay Kwen+. 39 Fisèl pou mezire a+ ap pase tou dwat al nan Mòn Garèb e l ap vire nan direksyon Gowa. 40 Lè sa a, tout vale ki konn gen kadav ak sann nan*, tout platon yo rive jis nan Vale Kidwon+ e rive jis nan kwen Pòtay Cheval+ ki nan direksyon lès ap apa pou Jewova+. Yo pap janm demoli l ankò, yo pap janm kraze l ankò.”

32 Nan 10yèm ane Sedesyas te wa nan Jida, sa vle di nan 18yèm ane Nebikadneza* te wa, Jewova te pale ak Jeremi+. 2 Lè sa a, lame wa Babilòn nan te ansèkle Jerizalèm e yo te fèmen pwofèt Jeremi nan Lakou Gad yo+, nan kay* wa Jida a. 3 Se Sedesyas, wa Jida a, ki te fèmen l la+. Li te di: “Poukisa se sa w pwofetize? Ou di: ‘Men sa Jewova di: “M ap lage vil sa a nan men wa Babilòn nan, l ap pran l+. 4 E Sedesyas, wa Jida a, pap chape anba men moun Kalde yo paske wè pa wè m ap lage l nan men wa Babilòn nan. L ap gen pou l pale avèk wa a fasafas, je nan je+.”’ 5 ‘L ap mennen Sedesyas Babilòn e Sedesyas ap rete la jiskaske mwen deside sa m ap fè avè l.’ Se sa Jewova di. ‘Malgre w kontinye ap goumen ak moun Kalde yo, ou pap reyisi+.’”

6 Lè sa a, Jeremi di: “Jewova pale avè m, li di m: 7 ‘Anamèl, pitit gason tonton w*, Chaloum, gen pou l vin bò kote w pou l di w: “Achte teren mwen genyen Anatòt la+, paske, se ou menm an premye ki gen dwa pou w reyachte l+.”’”

8 Vrèmanvre, Anamèl, pitit gason tonton m nan, te vin bò kote m nan Lakou Gad yo, jan Jewova te di a, e l te di m: “Tanpri, achte teren mwen gen Anatòt la, nan tribi Benjamen an, paske, ou gen dwa pou w reyachte l pou l vin byen pa w. Se pou w achte l.” Lè sa a, mwen te vin konprann se Jewova ki te vle sa.

9 Kidonk, mwen te achte teren ki Anatòt la nan men Anamèl, pitit gason tonton m nan. Mwen te peze lajan an+ pou li. Se te sèt chekèl* ak dis pyès ann ajan. 10 Apre sa, mwen ekri kantite lajan an sou papye tè a+, mwen mete so sou papye tè a, mwen rele moun pou sèvi kòm temwen+. Wi, mwen te peze lajan an sou balans. 11 Apre sa, mwen pran papye tè a, sa mwen te mete so sou li jan lalwa mande pou sa fèt la. Epitou, mwen pran sa ki pa t gen so a. 12 Mwen bay Bawouk+, pitit gason Neriya+, ki se pitit gason Maseya, papye tè a devan Anamèl, pitit gason tonton m nan, devan temwen ki te siyen papye a e devan tout Juif ki te chita nan Lakou Gad yo+.

13 Apre sa, mwen bay Bawouk lòd devan yo, mwen di l: 14 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Pran papye tè sa yo, papye tè ki montre mwen achte tè a, sa ki gen so a ak sa k pa gen so a epi mete yo nan yon veso an tè pou yo ka rete pandan lontan.’ 15 Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Moun gen pou yo achte kay ak tè ak jaden rezen ankò nan peyi sa a+.’”

16 Apre m fin bay Bawouk, pitit gason Neriya a, papye tè a, mwen priye Jewova, mwen di l: 17 “Elas, o Jewova, Seyè ki Souvren an! Se ou ki fè syèl la ak tè a avèk pouvwa w genyen an+, avèk fòs ponyèt ou. Pa gen anyen ki twò estrawòdinè pou ou, 18 ou menm ki demontre lanmou fidèl ou genyen an pou anpil moun, men ki pini pitit gason yo pou erè papa yo fè+, ou menm ki se vrè Dye a, ou menm ki gran e ki gen pisans, ou menm ki rele Jewova, Chèf lame yo. 19 Ou gen gwo objektif*, ou aji avèk pisans+, ou veye tout sa lèzòm ap fè+ pou w ka fè chak moun jwenn sa yo merite pou sa yo fè, wi, pou aksyon yo+. 20 Ou te fè yon seri mèvèy ak mirak nan peyi Ejip, e jis jodi a, moun konnen yo. Konsa w te vin gen gwo renome ann Izrayèl e pami lèzòm+, jan sa ye jodi a. 21 Ou te fè Izrayèl, pèp ou a, soti nan peyi Ejip ak fòs ponyèt ou. Ou te fè yon seri mèvèy ak gwo mirak e w te fè yon seri aksyon ki te fè moun pè+.

22 “Finalman, ou te ba yo peyi sa a, peyi ou te fè sèman ou t ap bay zansèt yo a+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. 23 Yo te rantre nan peyi a epi yo pran l, men yo pa t koute vwa w, ni yo pa t obeyi lwa w yo. Yo pa t obeyi okenn nan kòmandman ou te bay yo. Se sa k fè w te fè tout malè sa yo tonbe sou yo+. 24 Gen yon seri gason ki vin atake vil la e ki bati gwo ranp pou yo pran l+. Se sèten epe+, grangou ak maladi+ ap lakòz vil la tonbe nan men moun Kalde ki vin atake l yo. Tout sa w te di yo rive, jan w wè sa jodi a. 25 Men, o Jewova, Seyè ki Souvren an, ou di m: ‘Achte teren sa a lajan kontan epi rele moun pou sèvi w temwen’, alòske vil sa a gen pou l tonbe kanmenm nan men moun Kalde yo.”

26 Lè sa a, Jewova pale ak Jeremi, li di l: 27 “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye tout moun*. Èske gen yon bagay ki twò estrawòdinè pou mwen? 28 Kidonk, men sa mwen menm, Jewova, mwen di: ‘M ap lage vil sa a nan men moun Kalde yo, nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, e l ap pran l+. 29 Moun Kalde ki vin atake vil sa a gen pou yo antre ladan l e pou yo met dife ladan l+. Y ap boule l ansanm ak tout kay moun konn al kanpe sou tèt yo pou yo ofri Baal sakrifis e pou yo ofri lòt dye bwason pou yo fè m fache+.’

30 “‘Paske, se sèlman sa ki mal nan je m moun Izrayèl yo ak moun Jida yo ap fè depi lè yo piti rive jis jodi a+. Pèp Izrayèl la kontinye ap fè m fache ak zidòl yo fè yo.’ Se sa Jewova di. 31 ‘Paske, depi jou yo te bati vil sa a rive jis jodi a se kòlè sèlman vil sa a fè m fè, se fache sèlman li fè m fache+. Se sa k fè yo dwe retire l devan m nan+. 32 Y ap retire l devan m nan poutèt tout bagay mal pèp Izrayèl la ak moun Jida yo fè. Yo tout, ni wa yo+, ni chèf yo+, ni prèt yo, ni pwofèt yo+, ni moun Jida yo, ni moun ki rete Jerizalèm yo fè m fache. 33 Yo te kontinye vire do ban mwen olye yo vire gade m+. Malgre mwen pa t sispann eseye anseye yo*, pa gen youn nan yo ki te koute pou yo ka jwenn disiplin+. 34 Yo mete zidòl ki bay degoutans yo genyen yo nan kay ki pote non m nan, yon fason pou yo montre yo pa gen respè pou li+. 35 Mete sou sa, yo bati kote ki wo pou yo adore Baal nan Vale pitit gason Inon an*+, pou yo ka boule* pitit gason yo ak pitit fi yo nan dife pou Molèk+, yon bagay mwen pa t ba yo lòd pou yo fè+ e sa pa t ap janm vin nan kè m* pou m ta mande yo fè yon move bagay konsa. Wi, peche Jida fè a grav.’

36 “Se sa k fè, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di konsènan vil sa a n ap di ki gen pou l tonbe anba men wa Babilòn nan akoz epe, grangou ak maladi: 37 ‘Mwen gen pou m pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo lè m te an kòlè a, lè m te fache anpil la, e m ap rasanble yo+. M ap mennen yo tounen kote sa a e m ap fè yo abite an sekirite+. 38 Y ap vin pèp mwen e m ap vin Bondye yo+. 39 M ap fè yo gen yon sèl lide nan kè yo+, m ap fè yo suiv yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrentif pou mwen. Se ap pou byen yo e pou byen pitit yo+. 40 M ap fè yon alyans avèk yo pou toutan+ pou m pa sispann fè byen pou yo+. M ap fè yo gen lakrentif pou mwen nan kè yo pou yo pa vire do ban mwen+. 41 M ap kontan fè anpil bon bagay pou yo+ e m ap plante yo byen plante nan peyi sa a+ ak tout kè m e ak tout nanm* mwen.’”

42 “Paske, men sa Jewova di: ‘Menm jan mwen fè gwo malè sa a tonbe sou pèp la, se konsa tou m ap fè yo jwenn tout bon bagay mwen pwomèt yo+. 43 Moun gen pou yo achte tè nan peyi sa a ankò+, menm lè pou kounye a n ap di: “Peyi a se yon dezè, li pa gen ni moun ni bèt ladan l. Yo lage l nan men moun Kalde yo.”’

44 “‘Moun ap achte tè lajan kontan, y ap fè papye tè pou yo, y ap mete so sou papye tè yo, y ap rele moun pou sèvi kòm temwen+. Y ap fè sa nan tout tribi Benjamen an, nan tout zòn ki toupre Jerizalèm yo, nan tout vil Jida yo+, nan vil ki nan zòn ki gen mòn nan, nan tout vil ki nan plèn yo+ ak nan tout vil ki nan sid yo, paske, m ap fè prizonye yo retounen+.’ Se sa Jewova di.”

33 Jewova pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò pandan Jeremi te fèmen nan Lakou Gad yo toujou+. Li di l: 2 “Men sa Jewova, Bondye ki fè tè a, di, wi, Jewova, Bondye ki te bay tè a fòm e ki fè l chita byen djanm nan, li menm non l se Jewova a: 3 ‘Rele m e m ap reponn ou. M ap kontan fè w konnen bagay ki estrawòdinè, bagay ou pa ka konprann, bagay ou pa t konnen+.’”

4 “Paske, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di konsènan ni kay nan vil sa a ni kay wa Jida yo yo te kraze pou pwoteje vil la kont epe ènmi an ak ranp ènmi an te bati yo+, 5 konsènan moun ki vin batay ak moun Kalde yo, e konsènan kote sa yo ki plen ak kadav moun mwen touye akoz mwen an kòlè anpil, yon bann moun ki tèlman mechan, yo fè m vire do bay vil sa a, 6 wi, men sa mwen di: ‘M ap geri moun ki nan vil sa a+, m ap ba yo lasante, m ap fè yo refè, m ap ba yo lapè ak sekirite+. 7 M ap fè moun Jida ak moun Izrayèl ki prizonye yo tounen+ e m ap fòtifye yo jan m te fè sa okòmansman an+. 8 Yo pap koupab devan m ankò pou peche yo fè kont mwen yo+, paske m ap padone tout erè ak tout peche yo fè kont mwen yo, pou yo ka vin pwòp nan je m+. 9 Non vil sa a ap fè m kontan anpil e vil la ap vin yon glwa, yon louwanj ak yon bèl bagay pou mwen devan tout nasyon ki sou tè a k ap tande pale de tout byen m fè pou li yo+. Nasyon sa yo ap pè anpil, y ap tranble+ pou tout byen yo wè m fè pou li e poutèt mwen ba l lapè+.’”

10 “Men sa Jewova di: ‘Nou gen pou nou di kote sa a se yon dezè ki pa gen moun ak bèt ladan l, men nan kote sa a, nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo ki blanch, ki pa gen moun ak bèt ladan yo, nou gen pou n tande 11 vwa moun k ap rejwi ankò+, nou gen pou n tande vwa gason ak vwa fi k ap marye k ap rejwi e nou gen pou n tande vwa moun k ap di: “Annou di Jewova, Chèf lame yo, mèsi, paske Jewova bon+. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan+!”’

“‘Yo gen pou yo pote ofrann nan kay mwen an pou yo ofri m, mwen menm, Jewova, pou yo di m mèsi+, paske m ap fè moun ki te prizonye yo retounen nan peyi a, y ap vin jan yo te ye anvan an.’ Se sa Jewova di.”

12 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Nan dezè sa a ki pa gen moun ak bèt ladan l e nan tout vil li yo ap gen patiraj ankò kote bèje yo ap ka mennen bèt yo al manje+.’

13 “‘Yon lòt fwa ankò, bèje yo gen pou yo fè mouton yo genyen yo pase devan yo pou yo konte yo ni nan vil ki nan zòn ki gen mòn yo, ni nan vil ki nan plèn yo, ni nan vil ki nan sid yo, ni nan tèritwa tribi Benjamen an, ni nan zòn ki toupre Jerizalèm yo+, ni nan vil Jida yo+.’ Se sa Jewova di.”

14 “‘Tande! Gen yon jou k ap vini’, se sa Jewova di, ‘kote mwen pral reyalize bèl pwomès mwen te fè konsènan moun Izrayèl yo ak moun Jida yo+. 15 Lè sa a, nan epòk sa a, m ap fè yon boujon* soti nan David e boujon sa a ap renmen sa ki dwat+. L ap fè moun jwenn jistis nan peyi a e l ap fè sa ki dwat+. 16 Nan jou sa yo, Jida ap jwenn delivrans+ e moun Jerizalèm yo ap abite an sekirite+. E men ki jan y ap rele Jerizalèm: Se Jewova ki fè nou jis+.’”

17 “Paske, men sa Jewova di: ‘Ap toujou gen yon gason pami desandan David yo k ap chita sou twòn Izrayèl la+, 18 e pap janm pa gen yon prèt pami Levit yo pou kanpe devan m pou ofri sakrifis yo boule nèt, pou boule manje angren ak lòt sakrifis ankò.’”

19 Jewova pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Li di l: 20 “Men sa mwen menm, Jewova, mwen di: ‘Si nou te kapab kraze alyans mwen te fè konsènan lajounen an ak alyans mwen te fè konsènan lannuit lan, pou lajounen ak lannuit pa vini nan moman pou yo vini an+, 21 se lè sa a sèlman mwen t ap kapab kraze alyans mwen te fè ak David, sèvitè m nan+, sa ki t ap fè li pa gen yon pitit gason l pou dirije antanke wa sou twòn li an+, e se lè sa a mwen t ap kapab kraze alyans mwen te fè ak Levit ki prèt yo, sèvitè m yo+. 22 Menm jan bagay ki nan syèl yo tèlman anpil moun pa ka konte yo e sab bò lanmè yo tèlman anpil moun pa ka konte yo, se konsa tou m ap fè desandan David yo*, sèvitè m nan, vin anpil e m ap fè Levit yo, k ap sèvi m, vin anpil.’”

23 Jewova pale ak Jeremi ankò, li di l: 24 “Ou pa tande jan moun yo nan pèp sa a ap di: ‘Jewova ap voye de fanmi li te chwazi yo jete’? Advèsè yo pa gen okenn respè pou pèp mwen an e yo pa konsidere l kòm yon nasyon ankò.

25 “Men sa Jewova di: ‘Menm jan mwen pap janm kraze alyans mwen fè konsènan lajounen e konsènan lannuit lan+, e mwen pap janm aboli lwa mwen mete pou kontwole syèl la ak tè a+, 26 se konsa tou mwen pap janm voye desandan Jakòb yo* ak desandan David, sèvitè m nan, jete pou m pa ta chwazi dirijan pami desandan David yo* pou dirije desandan Abraram, Izarak ak Jakòb yo*. M ap rasanble sa ki prizonye yo+, m ap fè yo tounen, m ap gen pitye pou yo+.’”

34 Lè Nebikadneza*, wa Babilòn nan, tout lame l la ak tout wayòm l ap dirije toupatou sou tè a ansanm ak tout moun yo t ap goumen ak Jerizalèm ansanm ak tout vil ki ozalantou l yo, Jewova te pale ak Jeremi, li te di l+:

2 “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘Al pale ak Sedesyas, wa Jida a+, e se pou w di l: “Men sa Jewova di: ‘M ap lage vil sa a nan men wa Babilòn nan e l ap boule l+. 3 Ou pap chape anba men l, paske y ap met men sou ou kanmenm e y ap lage w nan men l+. W ap gen pou w wè wa Babilòn nan, l ap pale avè w fasafas, je nan je, e ou prale Babilòn+.’ 4 Men, tande sa Jewova di, o Sedesyas, wa Jida a: ‘Jewova di: “Ou pap mouri anba kout epe. 5 W ap mouri anpè+ e y ap gen pou yo boule lansan pou ou, menm jan yo te fè sa pou zansèt ou yo ki te wa anvan w. Moun ap nan lapenn pou ou, y ap di: ‘Elas, mèt nou an!’ Paske, ‘se mwen menm ki di sa’. Se sa Jewova di.”’”’”

6 Pwofèt Jeremi te fè Sedesyas, wa Jida a, konnen tout pawòl sa yo nan Jerizalèm, 7 lè lame wa Babilòn nan t ap goumen ak Jerizalèm ansanm ak tout vil Jida ki te rete yo+, anpalan de Lakis+ ak Azeka+, paske, se sèl gwo vil ki byen pwoteje sa yo ki te rete nan vil Jida yo.

8 Jewova te pale ak Jeremi apre wa Sedesyas te fin fè yon alyans ak tout moun Jerizalèm yo pou yo libere esklav yo+, 9 pou tout moun libere esklav ebre yo genyen yo, kit se gason kit se fi, pou pèsonn pa t kenbe yon Juif parèy li kòm esklav li. 10 Vrèmanvre, tout chèf yo ak tout moun yo te fè sa Sedesyas te di a. Yo tout te aksepte alyans lan ki te mande pou tout moun libere gason ak fi yo te genyen kòm esklav, pou yo pa t kenbe yo kòm esklav ankò. Yo te obeyi e yo te libere esklav yo. 11 Men, annapre, yo te fè gason ak fi yo te libere yo retounen, yo te fòse yo tounen esklav ankò. 12 Se sa k fè Jewova te pale ak Jeremi, Jewova te di:

13 “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘Mwen te fè yon alyans ak zansèt nou yo+ lè m te fè yo soti nan peyi Ejip kote yo te esklav la+. Mwen te di yo: 14 “Nan setyèm ane a, nou chak ta dwe libere Ebre parèy nou ki te vann tèt li ban nou kòm esklav e ki te sèvi nou pandan sizan. Se pou nou libere l+.” Men, zansèt nou yo pa t koute m, yo pa t obeyi m. 15 Sa pa fè twò lontan*, nou menm nou te kase tèt tounen e nou te fè sa ki bon nan je m lè nou te libere Juif parèy nou yo e nou te fè yon alyans devan m nan kay ki pote non m nan. 16 Men, apre sa, nou vire do ban mwen e nou derespekte non m+ lè nou te fè gason ak fi ki te esklav nou yo retounen, e nou te fòse yo travay kòm esklav pou nou ankò apre nou te fin libere yo jan yo* te vle sa a.’

17 “Kidonk, men sa Jewova di: ‘Kòm nou pa t obeyi m, nou pa t libere frè nou yo, Juif parèy nou yo+, sèl lè n ap jwenn libète’, se sa Jewova di, ‘se lè nou mouri anba kout epe, anba maladi e akoz grangou+. M ap fè tout wayòm ki sou tè a pè lè yo wè sa k rive nou+. 18 Men sa k ap rive moun ki pa t respekte alyans mwen an, moun ki pa t obeyi pawòl ki nan alyans yo te fè devan m lè yo te koupe yon ti bèf fè de moso e yo te pase nan mitan moso yo+, 19 wi, men sa k ap rive chèf ki nan Jida yo, chèf Jerizalèm yo, moun k ap travay ak wa a, prèt yo ak tout moun nan peyi a ki te pase nan mitan de moso ti bèf yo te koupe a: 20 M ap lage yo nan men ènmi yo ak nan men moun k ap chèche touye yo*. Kadav yo ap tounen manje pou zwazo nan syèl la e pou bèt ki sou tè a+. 21 M ap lage Sedesyas, wa Jida a, ansanm ak chèf li yo nan men ènmi yo, nan men moun k ap chèche touye yo* e nan men lame wa Babilòn nan+ ki kòmanse al fè wout li+.’

22 “‘M ap ba yo lòd. M ap fè yo tounen vin atake vil sa a, y ap pran l e y ap boule l+. E m ap fè vil Jida yo tounen yon dezè ki pa gen moun abite ladan l+.’ Se sa Jewova di.”

35 Nan epòk Jewoyakim, pitit gason Jozyas, te wa Jida+, Jewova te pale ak Jeremi, li te di l: 2 “Al kot desandan Rekab yo+, epi pale avèk yo. Apre sa, mennen yo nan kay Jewova a, anndan youn nan salamanje* yo, epi ofri yo diven pou yo bwè.”

3 Vrèmanvre, mwen te mennen Jayazànya, pitit gason Jeremi ki te pitit gason Abatsinya, frè l yo, tout pitit gason l yo ak tout desandan Rekab yo 4 anndan kay Jewova a. Mwen te mennen yo nan salamanje pitit gason Ranan yo, pitit gason Igdalya, yon sèvitè vrè Dye a. Salamanje sa a te akote salamanje chèf yo ki anlè salamanje Maraseya a, pitit gason Chaloum, mesye ki te konn veye pòt yo. 5 Apre sa, mwen mete gode ak koup ki te plen diven devan mesye ki desandan Rekab yo epi mwen di yo: “Bwè yon ti diven.”

6 Men yo di: “Nou pap bwè diven, paske, men ki lòd Jewonadab*+, pitit gason Rekab, zansèt nou an, te ban nou: ‘Ni nou menm, ni pitit nou yo pa dwe janm bwè diven. 7 Nou pa dwe bati kay, nou pa dwe simen semans, nou pa dwe plante oswa achte jaden rezen. Men, nou dwe toujou abite anba tant yon fason pou n ka viv pandan lontan nan peyi kote nou abite kòm etranje a.’ 8 Se sa k fè nou kontinye obeyi sa Jewonadab, pitit gason zansèt nou an, Rekab, te di nou, nou fè tout sa li te ban nou lòd fè, nou pa janm bwè diven, ni nou menm, ni madanm nou, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou. 9 Nou pa bati kay pou nou rete, nou pa gen ni jaden rezen, ni tè, ni semans. 10 Nou kontinye abite anba tant e nou kontinye fè tout sa Jewonadab*, zansèt nou an, te ban nou lòd fè yo. 11 Men, lè Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te vin atake peyi a+, nou te di: ‘Ann antre Jerizalèm pou nou ka chape anba men lame moun Kalde yo ak lame moun Siri yo.’ Se sa k fè nou abite Jerizalèm kounye a.”

12 Lè sa a, Jewova pale ak Jeremi, li di l: 13 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Al di moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo: “Èske m pa t kontinye mande nou pou nou obeyi sa m di nou+?” Se sa Jewova di. 14 “Jewonadab, pitit gason Rekab, te bay desandan l yo lòd pou yo pa bwè diven e jis jodi a yo pa bwè diven paske yo obeyi sa l te di yo. Konsa, yo obeyi lòd zansèt yo a te ba yo+. Sepandan, nou menm nou pa obeyi m, malgre mwen pa sispann* pale avèk nou+. 15 Mwen pa t sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, kote nou, mwen pa t sispann* voye yo kote nou+ pou yo di nou: ‘Tanpri, se pou nou chak kase tèt tounen, se pou nou kite move chemen nou ladan l lan+ epi se pou nou fè sa ki dwat! Pa mache dèyè lòt dye yo, pa sèvi yo. Konsa, n ap ka kontinye abite nan peyi mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo+.’ Men, nou pa t koute m, nou pa t obeyi m. 16 Desandan Jewonadab yo, pitit gason Rekab la, obeyi lòd zansèt yo a te ba yo+, men, nou menm ki nan pèp sa a, nou pa koute m.”’”

17 “Kidonk, men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap lage tout malè mwen te di m ap voye yo sou Jida ansanm ak tout moun ki abite Jerizalèm yo+, paske mwen te pale avèk yo, men yo pa t koute m. Mwen te kontinye rele yo, men yo pa t reponn+.’”

18 Apre sa, Jeremi di desandan Rekab yo: “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Piske nou obeyi lòd Jewonadab, zansèt nou an, te ban nou an, nou kontinye obeyi tout sa l te di yo, nou fè egzakteman sa l te di nou fè yo, 19 men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Pap janm pa gen yon desandan Jewonadab*, pitit gason Rekab la, pou kanpe devan m pou sèvi m.”’”

36 Nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a, Jewova te pale ak Jeremi. Li te di l: 2 “Pran yon woulo* epi ekri tout pawòl mwen te di w kont Izrayèl, kont Jida+ e kont tout nasyon yo+ ladan l, pawòl mwen te di w depi premye jou m te pale avè w, nan epòk Jozyas la, rive jis jodi a+. 3 Petèt lè moun Jida yo tande malè m gen entansyon lage sou yo a, y ap kite move bagay y ap fè yo, e konsa, m ap padone erè yo a ak peche yo a+.”

4 Apre sa, Jeremi rele Bawouk+, pitit gason Neriya, li di l tout pawòl Jewova te di l yo e Bawouk ekri yo nan woulo a*+. 5 Epi, Jeremi bay Bawouk lòd sa a: “Yo defann mwen antre nan kay Jewova a. 6 Kidonk, se ou menm ki pou antre pou w li pawòl Jewova yo ki nan woulo ou te ekri a, pawòl mwen te dikte w yo. Li yo byen fò nan kay Jewova a nan yon jou ki gen jèn* pou moun yo tande. Se pou w li yo pou tout moun Jida ki sot nan vil kote yo rete yo e ki vin nan kay Bondye a. 7 Petèt y ap priye Jewova pou l fè yo favè, priyè yo ap rive jwenn li, e yo chak ap sispann fè sa y ap fè ki pa bon yo, paske se pa ti an kòlè Jewova pa an kòlè kont pèp sa a.”

8 Vrèmanvre, Bawouk, pitit gason Neriya, te fè tout sa pwofèt Jeremi te ba l lòd fè yo. Li li pawòl Jewova yo ki te nan woulo a* byen fò nan kay Jewova a+.

9 Nan senkyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a, nan nevyèm mwa a, yo te fè konnen tout moun Jerizalèm yo ak tout moun ki te sot nan vil Jida yo e ki te vin Jerizalèm dwe fè jèn devan Jewova+. 10 Lè sa a, Bawouk li sa Jeremi te di nan woulo a* byen fò nan kay Jewova a pou tout moun te ka tande, nan chanm* ki te pou Gemarya+, pitit gason Chafan+, mesye ki te konn kopye lalwa a, nan lakou ki pa anlè a, nan antre nouvo pòtay kay Jewova a+.

11 Lè Mikaya, pitit gason Gemarya, ki li menm se pitit gason Chafan, tande tout sa Jewova te di nan woulo a*, 12 li desann kay* wa a, l al nan biwo sekretè a. Tout chèf yo* te chita la: Elichama+, sekretè a; Delaya, pitit gason Chemaya; Èlnatan+, pitit gason Akbò+; Gemarya, pitit gason Chafan; Sedesyas, pitit gason Anànya, ansanm ak tout lòt chèf yo. 13 Mikaya te di yo tout sa l te tande lè Bawouk t ap li sa ki ekri nan woulo a* pou pèp la.

14 Apre sa, tout chèf yo voye Jewoudi, pitit gason Netànya, ki se pitit gason Chelemya, ki li menm se pitit gason Kouchi, kot Bawouk pou yo di l: “Vin kote nou, mache ak woulo a, woulo ou te li pou pèp la.” Vrèmanvre, Bawouk, pitit gason Neriya, pran woulo a e l al kote yo. 15 Yo di l: “Chita la tanpri, e li sa k ekri nan woulo a byen fò pou nou.” Lè sa a, Bawouk li sa k ekri nan woulo a pou yo.

16 Kou yo fin tande tout sa l te li yo, yo vin pè, youn gade lòt epi yo di Bawouk: “Fò nou di wa a tout pawòl sa yo.” 17 Apre sa, yo mande Bawouk: “Tanpri, di nou ki jan w te fè ekri tout pawòl sa yo. Èske se Jeremi ki te dikte w yo?” 18 Bawouk reponn yo: “Wi, se li menm ki te dikte m tout pawòl sa yo. Mwen menm, mwen te ekri yo ak lank nan woulo* sa a.” 19 Chèf yo di Bawouk: “Ou mèt ale, al chèche yon kote w kache, ni ou menm, ni Jeremi e pa kite pèsonn konnen ki kote nou ye+.”

20 Apre sa, y al kot wa a, nan lakou a, e yo depoze woulo a nan biwo Elichama, sekretè a. Epitou, yo di wa a tout sa yo te tande.

21 Se sa k fè wa a te voye Jewoudi+ al pran woulo a nan biwo Elichama, sekretè a. Jewoudi te vini ak woulo a e li te kòmanse li l pou wa a ak tout chèf ki te kanpe bò kot wa a. 22 Wa a te chita nan kay li a, kote l te konn pase sezon fredi a. Li te devan yon gwo fwaye dife. Se te nan nevyèm mwa a*. 23 Chak fwa Jewoudi te fin li twa oswa kat kolòn, wa a te koupe pati Jewoudi te fin li a ak kouto sekretè a, epi li voye l nan dife a. Li te fè sa jiskaske l boule tout woulo a nèt. 24 Yo pa t gen okenn lakrentif. Ni wa a, ni tout sèvitè l yo, ki te tande tout pawòl ki nan woulo a pa t chire rad yo. 25 Malgre Èlnatan+, Delaya+ ak Gemarya+ te sipliye wa a pou l pa boule woulo a, wa a pa t koute yo. 26 Mete sou sa, wa a te bay Jerameyèl, pitit gason wa a, Seraya, pitit gason Azriyèl, ak Chelemya, pitit gason Abdeyèl, lòd pou yo met men sou Bawouk, sekretè a, e pou yo met men sou pwofèt Jeremi, men, Jewova pa t kite yo jwenn yo+.

27 Apre wa a te fin boule woulo ki te gen pawòl Bawouk te ekri yo, pawòl Jeremi te di yo, Jewova pale ak Jeremi ankò+ e li di l: 28 “Pran yon lòt woulo epi ekri menm pawòl ki te nan premye woulo a ladan l, woulo Jewoyakim, wa Jida a, te boule a+. 29 E men sa pou w di konsènan Jewoyakim, wa Jida a: ‘Men sa Jewova di: “Ou boule woulo a epi ou di: ‘Poukisa nou ekri ladan l: “Wè pa wè, wa Babilòn nan ap vini, l ap detwi peyi sa a e l ap fè pa gen moun ak bèt ladan l ankò+”?’ 30 Se sa k fè, men sa Jewova di kont Jewoyakim, wa Jida a: ‘Pap gen okenn nan desandan l yo k ap chita sou twòn David la+. Mete sou sa, chalè ap bat kadav li lajounen e fredi ap bat kadav li lannuit+. 31 M ap fè ni li menm, ni desandan l yo*, ni sèvitè l yo peye pou peche yo a. M ap lage malè m te di a sou yo, sou moun ki abite Jerizalèm yo, ak sou moun Jida yo+ paske yo pa t koute m+.’”’”

32 Lè sa a, Jeremi pran yon lòt woulo e li bay Bawouk, sekretè a, pitit gason Neriya a+, woulo a. Epi Jeremi dikte Bawouk tout pawòl ki te nan woulo* Jewoyakim, wa Jida a, te boule a+ e Bawouk te ekri yo nan lòt woulo a. Li te ekri pawòl ki te nan premye woulo a ak lòt pawòl ankò ki te sanble ak pawòl sa yo.

37 Sedesyas+, pitit gason Jozyas, te kòmanse dirije antanke wa nan plas Koniya*+, pitit gason Jewoyakim. Se Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ki te mete Sedesyas wa nan peyi Jida+. 2 Men, ni Sedesyas, ni sèvitè l yo, ni moun yo nan peyi a pa t koute sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Jeremi yo.

3 Wa Sedesyas te voye Jewoukal+, pitit gason Chelemya, ak Sofoni+, pitit gason Maraseya, prèt la, bò kote pwofèt Jeremi pou yo di l: “Tanpri, priye Jewova, Bondye nou an, pou nou.” 4 Nan moman sa a, Jeremi te konn deplase lib e libè nan mitan pèp la paske yo potko mete l nan prizon+. 5 Pandan moun Kalde yo te ansèkle Jerizalèm, yo te aprann lame Farawon an te sot ann Ejip+ pou l vin goumen ak yo. Lè sa a, yo retire kò yo devan Jerizalèm+. 6 Apre sa, Jewova pale ak pwofèt Jeremi, li di l: 7 “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Men sa pou n di wa Jida a ki voye nou kote m pou l mande m direksyon: “Tande! Lame Farawon an k ap vin ede nou an ap retounen ann Ejip, nan peyi l+. 8 Epitou, moun Kalde yo ap retounen vin atake vil sa a, y ap pran l e y ap boule l+.” 9 Men sa Jewova di: “Pinga nou twonpe tèt* nou pou n ta di: ‘Moun Kalde yo pap tounen ankò’, paske, y ap retounen san mank. 10 Menmsi nou ta pot laviktwa sou tout lame moun Kalde yo k ap vin atake nou an e menmsi se sòlda ki blese yo sèlman ki ta rete, y ap leve kanmenm sot nan tant yo e y ap boule vil sa a+.”’”

11 Lè lame moun Kalde yo te retire kò yo devan Jerizalèm akoz lame Farawon an+, 12 Jeremi te deplase, li t ap kite Jerizalèm pou l al nan tribi Benjamen an+ pou l resevwa pòsyon tè pa l nan mitan moun li yo. 13 Men, lè pwofèt Jeremi rive nan Pòtay Benjamen, Iriya, moun ki te responsab gad yo e ki te pitit gason Chelemya, ki li menm se pitit gason Anànya, met men sou li e li di l: “Se sove w ap sove al jwenn moun Kalde yo!” 14 Men, Jeremi di l: “Se pa vre! Se pa sove m ap sove al jwenn moun Kalde yo.” Men Iriya pa t kwè Jeremi. Se sa k fè Iriya te arete Jeremi e li te mennen l bay chèf yo. 15 Chèf yo te an kòlè anpil kont Jeremi+, yo te bat li e yo te mete l nan prizon*+ lakay Jewonatan, sekretè a, yon kay yo te fè tounen prizon. 16 Yo te mete Jeremi nan yon kacho*, nan youn nan chanm ki anba tè yo, e l te fè plizyè jou la.

17 Apre sa, wa Sedesyas voye chèche l. Lè l rive lakay li*, li pran l apa e li mande l+: “Èske Jewova pa di anyen?” Jeremi di l: “Wi, li di yon bagay!” Apre sa, Jeremi di l: “W ap tonbe nan men wa Babilòn nan+!”

18 Mete sou sa, Jeremi di wa Sedesyas: “Ki sa m fè w, ki sa m fè sèvitè w yo ak pèp sa a ki fè w mete m nan prizon? 19 Kounye a, kote pwofèt ou yo ki t ap pwofetize e ki t ap di w: ‘Wa Babilòn nan pap vin atake nou e l pap vin atake peyi sa a+’? 20 Kounye a, o monwa, mèt mwen, tanpri koute m. Tanpri, fè m favè. Pa voye m tounen nan kay Jewonatan+, sekretè a, pou m pa mouri la+.” 21 Se sa k fè wa Sedesyas te bay lòd pou yo mete Jeremi nan prizon nan Lakou Gad yo+. Chak jou, yo te konn ba li yon pen won ki sot nan ri boulanje yo+ jiskaske tout pen ki gen nan vil la te fini+. Jeremi te rete la nan Lakou Gad yo.

38 Chefatya, pitit gason Matan; Gedalya, pitit gason Pachou; Joukal+, pitit gason Chelemya, ak Pachou+, pitit gason Malkija, te tande Jeremi lè l t ap di tout pèp la: 2 “Men sa Jewova di: ‘Moun ki rete nan vil sa a ap mouri anba kout epe, akoz grangou e akoz maladi+. Men, moun ki rann tèt yo bay moun Kalde yo ap kontinye viv, yo pap pèdi lavi* yo+.’ 3 Men sa Jewova di: ‘Wè pa wè, vil sa a ap tonbe nan men lame wa Babilòn nan, l ap pran l+.’”

4 Chèf yo di wa a: “Tanpri, se pou w fè touye nonm sa a+, paske, lè l di mòd pawòl sa yo se demoralize l ap demoralize sòlda ki rete nan vil sa a ansanm ak tout lòt moun yo. Paske, se pa lapè misye vle pou pèp sa a, se malè li vle pou yo.” 5 Wa Sedesyas reponn, li di: “Gade! Li nan men nou, paske, wa a pa ka fè anyen pou l anpeche nou fè sa n vle a.”

6 Kidonk, yo pran Jeremi, yo mete l nan sitèn Malkija, pitit gason wa a, nan Lakou Gad yo+. Yo te desann Jeremi nan sitèn nan ak kòd. Pa t gen dlo nan sitèn nan, se sèlman labou ki te gen ladan l. E Jeremi te kòmanse antre nan labou a.

7 Ebèdmelèk+, Etyopyen an, ki te yon fonksyonè nan kay* wa a, te aprann yo te mete Jeremi nan sitèn nan. Lè sa a, wa a te chita nan Pòtay Benjamen an+. 8 Se sa k fè Ebèdmelèk te soti nan kay* wa a pou l al pale avè l. Li te di l: 9 “O monwa, mèt mwen, sa mesye sa yo fè pwofèt Jeremi an se mechanste! Yo mete l nan sitèn nan, e l ap mouri ladan l akoz grangou ki gen nan vil la, paske, pa gen pen nan vil la ankò+.”

10 Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk, Etyopyen an, lòd sa a: “Pran 30 gason isit la avè w epi al rale pwofèt Jeremi met deyò nan sitèn nan anvan l mouri.” 11 Vrèmanvre, Ebèdmelèk pran mesye yo epi y al anndan kay* wa a, y al yon kote ki pa anba kote trezò+ wa a ye a, yo pran kèk vye tòchon ak kèk vye moso twal epi apre sa, yo file yo desann ak kòd bay Jeremi nan sitèn nan. 12 Apre sa, Ebèdmelèk, Etyopyen an, di Jeremi: “Tanpri, mete tòchon yo ak moso twal yo anba bra w pou kòd yo pa kòche w.” Jeremi te fè sa vre. 13 Apre sa, yo rale Jeremi ak kòd yo, yo fè l soti nan sitèn nan. E Jeremi te rete la nan Lakou Gad yo+.

14 Wa Sedesyas te voye chèche pwofèt Jeremi pou l vin kote l nan twazyèm antre ki nan kay Jewova a. Epi, wa a di Jeremi: “Mwen gen yon bagay pou m mande w. Pa kache m anyen.” 15 Lè sa a Jeremi di Sedesyas: “Si m di w, w ap touye m san mank. E si m ba w konsèy, ou pap koute m.” 16 Lè sa a, wa Sedesyas fè Jeremi yon sèman an sekrè, li di l: “Menm jan li klè Jewova, Bondye ki ban nou lavi a*, vivan, mwen fè sèman mwen pap touye w e mwen pap lage w nan men moun k ap chèche touye w yo*.”

17 Apre sa, Jeremi di Sedesyas: “Men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Si w rann tèt ou bay chèf wa Babilòn yo, ou pap pèdi lavi w*, yo pap boule vil sa a e yo pap touye ni ou menm ni fanmi w+. 18 Men, si w pa rann tèt ou bay chèf wa Babilòn yo, moun Kalde yo ap pran vil sa a, y ap boule l+ e ou menm ou pap chape anba men yo+.’”

19 Apre sa, wa Sedesyas di Jeremi: “Mwen pè Juif ki sove al jwenn moun Kalde yo, paske si yo lage m nan men yo, yo ka maltrete m anpil.” 20 Men, Jeremi di l: “Yo pap lage w nan men yo. Tanpri, koute sa Jewova voye m di w yo. Si w fè sa, tout bagay ap mache byen pou ou e w* ap kontinye viv. 21 Men, si w pa vle rann tèt ou, men sa Jewova fè m konnen k ap rive: 22 ‘Tande! Y ap pran tout medam ki nan kay* wa a, y ap soti avèk yo pou yo mennen yo bay chèf wa Babilòn yo+ e medam yo ap di:

‘Mesye w te fè konfyans yo* twonpe w e yo pot laviktwa sou ou+.

Yo fè pye w antre nan labou.

E kounye a yo vire do yo y ale.’

23 Epitou, y ap soti ak tout madanm ou yo ak pitit ou yo pou yo mennen yo bay moun Kalde yo e w pap chape anba men moun Kalde yo. Wa Babilòn nan+ ap met men sou ou e akoz ou menm, y ap boule vil sa a+.”

24 Lè sa a, Sedesyas di Jeremi: “Pa kite pèsonn konn bagay sa yo pou w pa mouri. 25 Si chèf yo ta aprann mwen te pale avè w epi yo ta vin kote w pou yo di w: ‘Tanpri, di nou ki sa w te di wa a. Pa kache nou anyen, konsa nou pap touye w+. Di nou ki sa wa a te di w.’ 26 Se pou w di yo: ‘Se yon bagay mwen t ap mande wa a. Mwen t ap mande l pou l pa voye m tounen nan kay Jewonatan an pou m pa mouri la+.’”

27 Annapre, tout chèf yo te vin kot Jeremi e yo te poze l kesyon. Li te di yo tout sa wa a te ba l lòd di yo. Kidonk, yo pa t mande l anyen ankò. Paske, pèsonn pa t tande konvèsasyon li te gen ak wa a. 28 Depi lè yo te arete Jeremi an rive lè yo te pran vil Jerizalèm nan+, se nan Lakou Gad yo Jeremi te rete+.

39 Nan nevyèm ane rèy Sedesyas, wa Jida a, nan dizyèm mwa a, Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te vini ak tout lame l la pou yo atake Jerizalèm. Yo te ansèkle l+.

2 Nan 11yèm ane rèy Sedesyas la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, lame Babilòn nan te kraze yon pati nan miray vil la+. 3 Tout chèf ki te avèk wa Babilòn nan te rantre nan vil la epi y al chita nan Pòtay Mitan+. Chèf sa yo se te Nègalcharezè, Samga a; Nebosasekim, Rabsaris la*; Nègalcharezè, Rabmag la*, ak tout rès chèf ki te avèk wa Babilòn nan.

4 Lè Sedesyas, wa Jida a, ak tout sòlda yo wè yo, yo chape poul yo+. Yo te kite vil la nan nuit. Yo te pase toupre jaden wa a, nan pòtay ki nan mitan de miray yo, epi yo pran wout ki mennen Araba a+. 5 Men, lame moun Kalde yo pati dèyè yo e yo jwenn Sedesyas nan dezè Jeriko a+. Yo met men sou li, yo monte avè l e yo mennen l bay Nebikadneza*, wa Babilòn nan, nan Ribla+, nan peyi Amat+. Se la wa a te jije l e li te ba l santans li. 6 Wa Babilòn nan te fè touye pitit gason Sedesyas yo devan je l nan Ribla, epi li fè touye tout gwo potanta ki te Jida yo+. 7 Apre sa, li pete je Sedesyas, li mare l ak chenn ki fèt an kuiv pou l mennen l Babilòn+.

8 Apre sa, moun Kalde yo boule kay* wa a ansanm ak kay moun nan pèp la+ e yo kraze miray Jerizalèm yo+. 9 Epi Nebouzaradan+, chèf gad yo, mennen tout moun ki te rete nan vil la ann egzil Babilòn ansanm ak moun ki t al rann tèt yo ba li yo ak nenpòt lòt moun ki te rete.

10 Men, Nebouzaradan, chèf gad yo, te kite kèk nan moun ki te pi pòv yo nan Jida, yon seri moun ki pa t gen anyen menm. Mete sou sa, li te ba yo jaden rezen pou yo okipe e l te fè yo travay latè*+.

11 Epi, men ki lòd Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te bay Nebouzaradan, chèf gad yo, konsènan Jeremi: 12 “Pran l, epi veye sou li. Pa fè l anyen e ba li kèlkeswa sa l mande w+.”

13 Se sa k fè Nebouzaradan, chèf gad yo; Nebouchasban, Rabsaris la*; Nègalcharezè, Rabmag la*, ak tout lòt gwo zotobre ki te avèk wa Babilòn nan te voye moun 14 al pran Jeremi nan Lakou Gad yo+. Yo te kite l nan men Gedalya+, pitit gason Ayikam+, ki se pitit gason Chafan+, pou li te ka mennen l lakay li. Konsa, li te vin ap viv nan mitan pèp la.

15 Pandan Jeremi te fèmen nan Lakou Gad yo+, Jewova te pale avè l, li te di l: 16 “Al di Ebèdmelèk+, Etyopyen an: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “M ap reyalize sa m te di kont vil sa a, m ap lage malè sou li, mwen pap fè anyen ki bon pou li. Lè sa m di yo ap reyalize, w ap wè sa.”’

17 “‘Men, lè jou sa a rive, m ap sove w.’ Se sa Jewova di. ‘Yo pap lage w nan men moun ou pè yo.’

18 “‘M ap fè w chape san mank. Ou pap mouri anba kout epe. Ou pap pèdi lavi w*+, paske, ou te fè m konfyans+.’ Se sa Jewova di.”

40 Jewova te pale ak Jeremi apre Nebouzaradan+, chèf gad yo, te fin libere l pou l kite Rama+. Anvan sa, Nebouzaradan te mennen Jeremi Rama ak chenn nan men l e li te pami moun Jerizalèm ak moun Jida yo t ap mennen ann egzil Babilòn yo. 2 Chèf gad yo te pran Jeremi e li te di l: “Jewova, Bondye w la, te gentan fè konnen malè sa a t ap tonbe sou peyi a. 3 Jewova reyalize sa l te di a, paske, nou te peche kont Jewova. Nou pa t obeyi sa l te di, se sa k fè malè sa a rive nou+. 4 Jodi a, m ap libere w, m ap retire chenn ki nan men w yo. Depi w wè sa ap bon pou ou, ou mèt vin avè m Babilòn, m ap voye je sou ou. Men, si w pa vle vin avè m Babilòn, ou kapab rete isit la. Gade! Ou gen tout peyi a devan w, ou ka ale kote w vle+.”

5 Pandan Jeremi t ap deside ki sa l ap fè, Nebouzaradan di l: “Retounen al jwenn Gedalya+, pitit gason Ayikam+, ki li menm se pitit gason Chafan+. Se li menm wa Babilòn nan mete chèf sou vil Jida yo. Rete avè l nan mitan pèp la oswa ale kote w vle.”

Apre sa, Nebouzaradan, chèf gad yo, ba l yon kado ak kèk pwovizyon, epi li kite l ale. 6 Kidonk, Jeremi al Mispa+ kot Gedalya, pitit gason Ayikam nan, e li rete ansanm avè l nan mitan moun yo te kite nan peyi a.

7 Rive yon lè, tout chèf nan lame a ki te nan savann yo ansanm ak mesye yo te genyen ki te avèk yo te aprann wa Babilòn nan te mete Gedalya, pitit gason Ayikam nan, chèf peyi a e li te mete l chèf sou gason, fi ak timoun ki te fè pati moun pòv ki te rete nan peyi a, moun yo pa t mennen ann egzil Babilòn yo+. 8 Se sa k fè, yo te vin Mispa+ kot Gedalya. Moun ki te vin kote l yo se te Izmayèl+, pitit gason Netànya; Jowanan+ ak Jonatan, pitit gason Kareya; Seraya, pitit gason Tanoumèt; pitit gason Efayi yo, moun Netofa, ak Jezànya+, pitit gason moun Maakat la, ansanm ak tout mesye ki te avèk yo. 9 Gedalya, pitit gason Ayikam, ki li menm se pitit gason Chafan, te fè sèman bay ni yo menm ni mesye ki te avèk yo, li te di yo: “Nou pa bezwen pè sèvi moun Kalde yo. Nou mèt ret nan peyi a epi sèvi wa Babilòn nan, tout bagay ap mache byen pou nou+. 10 Kanta pou mwen, m ap rete Mispa pou m sèvi kòm reprezantan nou* devan moun Kalde yo lè yo vin kote nou. Se pou nou sere diven, fwi ki bon nan sezon ete ak luil nan veso nou e se pou nou rete nan vil nou pran yo+.”

11 Tout Juif ki te Mowab, ki te pami desandan Amon yo e ki te Edòm ansanm ak sa ki te nan tout lòt peyi yo, yo menm tou yo te tande wa Babilòn nan te kite kèk moun nan Jida epi li te mete Gedalya, pitit gason Ayikam nan, ki li menm se pitit gason Chafan, chèf sou yo. 12 Se sa k fè tout Juif yo te kite tout kote yo te gaye yo e yo te retounen Jida pou y al kot Gedalya nan Mispa. Apre sa, yo te sere yon bon kantite diven ak yon bon kantite fwi ki bon nan sezon ete.

13 Jowanan, pitit gason Kareya a, ak tout chèf nan lame a ki te nan savann yo te vin jwenn Gedalya nan Mispa. 14 Yo te di l: “Ou genlè pa konnen Baalis, wa desandan Amon yo+, te voye Izmayèl, pitit gason Netànya a, pou l touye w*+?” Men, Gedalya, pitit gason Ayikam nan, pa t kwè yo.

15 Epi, Jowanan, pitit gason Kareya a, pran Gedalya apa pou l pale avè l pandan yo Mispa a. Li di l: “Kite m al touye Izmayèl, pitit gason Netànya a. Pèsonn pap konnen. Poukisa pou l ta touye w*? Poukisa pou tout moun Jida ki vin bò kote w yo ta gaye? E poukisa pou moun Jida ki rete yo ta peri?” 16 Men, Gedalya+, pitit gason Ayikam nan, di Jowanan, pitit gason Kareya a: “Pa fè sa, paske sa w ap di sou Izmayèl la se manti.”

41 Nan setyèm mwa a, Izmayèl+, pitit gason Netànya a, ki li menm se pitit gason Elichama, yon desandan wa*, youn nan gwo zotobre ki te avèk wa a, te vin Mispa bò kote Gedalya, pitit gason Ayikam nan, ansanm ak dis lòt gason+. Pandan yo te Mispa e yo t ap manje ansanm, 2 Izmayèl, pitit gason Netànya a, ak dis lòt gason ki te avè l yo leve, yo pran epe yo yo touye Gedalya, pitit gason Ayikam nan, ki li menm se pitit gason Chafan. Se konsa Izmayèl te touye moun wa Babilòn nan te mete chèf peyi a. 3 Mete sou sa, Izmayèl te touye tout Juif ki te avèk Gedalya nan Mispa yo e li te touye sòlda moun Kalde ki te la yo.

4 Nan dezyèm jou apre yo te fin touye Gedalya a, pandan pèsonn potko konn sa, 5 te gen 80 gason ki te soti Sichèm+, Silo+ ak Samari+. Bab yo te raze, rad yo te chire, yo te blese kò yo+ e yo te gen manje angren nan men yo pou yo ofri kòm ofrann ansanm ak lansan blan+ yo t ap pote nan kay Jewova a. 6 Se konsa Izmayèl, pitit gason Netànya a, te soti Mispa pou l al rankontre yo. Li t ap kriye toutpandan li t ap mache. Lè l rankontre yo, li di yo: “Vini non, ann al jwenn Gedalya, pitit gason Ayikam nan.” 7 Men, kou yo antre nan vil la, Izmayèl, pitit gason Netànya a, ansanm ak gason ki te avè l yo touye yo epi yo lage yo nan sitèn nan.

8 Men, te gen dis gason pami mesye sa yo ki te di Izmayèl: “Pa touye nou, paske, nou gen ble, lòj*, luil ak siwo myèl nou sere nan savann nan.” Se sa k fè Izmayèl pa t touye yo ansanm ak lòt yo. 9 Izmayèl te lage kadav tout moun li te touye yo nan yon gwo sitèn, sitèn wa Aza te fè akoz Baacha, wa Izrayèl la+. Se sitèn sa a, Izmayèl, pitit gason Netànya a, te plen ak kadav mesye li te touye yo.

10 Izmayèl te pran tout rès moun ki te rete Mispa+ yo kòm prizonye san wete pitit fi wa a te genyen yo, wi, tout moun Nebouzaradan, chèf gad yo, te met Gedalya+, pitit gason Ayikam nan, chèf sou yo. Izmayèl, pitit gason Netànya a, te pran yo kòm prizonye epi l ale, li travèse al jwenn desandan Amon yo+.

11 Lè Jowanan+, pitit gason Kareya a, ak tout moun ki te avè l ki te chèf nan lame a te tande tout mechanste Izmayèl, pitit gason Netànya a, te fè yo, 12 yo te pran tout mesye yo epi y al batay ak Izmayèl, pitit gason Netànya a. Yo te jwenn li bò gwo dlo* ki Gabawon an.

13 Lè tout moun Izmayèl te pran kòm prizonye yo wè Jowanan, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout moun ki te avè l yo ki te chèf nan lame a, yo te kontan. 14 Epi, tout moun Izmayèl te pran kòm prizonye nan Mispa+ yo kase tèt tounen e y al jwenn Jowanan, pitit gason Kareya a. 15 Men, Izmayèl, pitit gason Netànya a, ansanm ak uit nan mesye l yo te kouri pou Jowanan. Yo t al jwenn desandan Amon yo.

16 Jowanan, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout moun ki te avè l ki te chèf nan lame a te pran rès moun Mispa yo, moun yo te sove anba men Izmayèl, pitit gason Netànya a, apre li te fin touye Gedalya+, pitit gason Ayikam nan, epi y ale avèk yo. Yo te tounen sot Gabawon avèk ni gason, ni sòlda, ni fi, ni timoun, ni moun ki t ap travay ak wa a. 17 Yo te tounen e yo te rete nan otèl Kimam nan, toupre Betleyèm+. Yo te gen entansyon al ann Ejip+ 18 akoz moun Kalde yo. Paske, yo te vin pè moun Kalde yo akoz Izmayèl, pitit gason Netànya a, te touye Gedalya, pitit gason Ayikam nan, alòske se wa Babilòn nan ki te mete l chèf peyi a+.

42 Apre sa, tout chèf nan lame a ansanm ak Jowanan+, pitit gason Kareya a, Jezànya, pitit gason Ochaya a, ak tout pèp la nèt, ni moun enpòtan ni moun òdinè, al kot 2 pwofèt Jeremi, yo di l: “Tanpri, koute sa n ap di w la, fè nou favè, priye Jewova, Bondye w la, pou tout moun ki rete yo, paske, jan w ka wè sa, pami tout moun ki te genyen yo+, se yon tikras moun ki rete. 3 Se pou Jewova, Bondye w la, di nou ki chemen pou nou pran, se pou l di nou sa pou nou fè.”

4 Pwofèt Jeremi reponn yo: “Mwen tande sa nou di yo e m ap priye Jewova, Bondye nou an, pou nou. M ap mande l sa nou di m nan. Epi m ap di nou tout sa Jewova di. Mwen pap kache nou anyen.”

5 Yo di Jeremi: “Si nou pa fè egzakteman sa Jewova, Bondye w la, di w nou dwe fè a, se pou Jewova aji kont nou tankou yon temwen ki di laverite e ki fidèl. 6 Nou voye w kot Jewova, Bondye nou an. Kit sa Jewova, Bondye nou an, di a bon pou nou, kit li pa bon pou nou, se sa l di a n ap fè yon fason pou sa ka ale byen pou nou poutèt nou fè sa l di nou.”

7 Apre dis jou, Jewova te pale ak Jeremi. 8 Se sa k fè, Jeremi te voye rele Jowanan, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout moun ki te avè l ki te chèf nan lame a ak tout pèp la nèt, ni moun enpòtan ni moun òdinè+. 9 Li te di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di, li menm nou te voye m kote l pou m mande l fè nou favè a: 10 ‘Si nou rete nan peyi a toutbonvre, lè sa a, m ap bati nou, mwen pap kraze nou, m ap plante nou e mwen pap derasinen nou. Paske, m ap regrèt* malè mwen te lage sou nou an+. 11 Pinga nou kite laperèz anvayi nou akoz wa Babilòn nan, li menm nou pè a+.’

“‘Pinga nou pè l,’ se sa Jewova di, ‘paske mwen avèk nou pou m ka sove nou, pou m ka delivre nou anba men l. 12 M ap fè nou mizèrikòd+. L ap gen pitye pou nou e l ap fè nou tounen nan peyi nou.

13 “‘Men, si nou ta di: “Non, nou pap rete nan peyi sa a!”, si nou pa ta koute Jewova, Bondye nou an, 14 e n ta di: “Non, olye nou rete nan peyi sa a, nou pito al ann Ejip+, kote nou pap wè lagè, nou pap tande son kòn k ap rasanble sòlda pou y al nan lagè, e nou pap nan grangou. Se ann Ejip nou pral viv.” 15 Si se konsa, tande sa Jewova di, nou menm rès moun ki rete nan Jida yo. Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Si nou detèmine pou n al ann Ejip toutbonvre, si n al abite la*, 16 ènmi nou pè a ap vin atake nou ak epe pandan nou ann Ejip la, grangou n ap kouri pou li a ap suiv nou jis ann Ejip, e se la n ap mouri+. 17 Tout moun ki detèmine pou y al rete ann Ejip yo ap mouri anba kout epe, akoz grangou ak maladi. Pa gen youn nan yo k ap sove oswa k ap chape anba malè m ap lage sou yo a.”’

18 “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Menm jan mwen te vide kòlè m sou moun ki abite Jerizalèm yo+, se konsa tou m ap vide kòlè m sou nou si n al ann Ejip. Moun ap lage madichon sou nou, y ap pè lè yo wè sa ki rive nou an, yo pap gen respè pou nou, y ap pale nou mal+, e nou pap janm wè isit la ankò.’

19 “Nou menm rès moun Jida yo, Jewova pale nou. Pinga n al ann Ejip. Se pou nou sonje mwen avèti nou jodi a, 20 si nou fè erè sa a, n ap pèdi lavi* nou. Nou te voye m kote Jewova, Bondye nou an, e nou te di m: ‘Priye Jewova, Bondye nou an, pou nou, apre sa w a di nou tout sa Jewova, Bondye nou an, di e n ap fè sa l di a+.’ 21 Jodi a, mwen di nou sa Jewova, Bondye nou an, te di, men nou pap obeyi sa l di a, ni nou pap fè anyen nan sa l voye m di nou yo+. 22 Kidonk, se pou nou konnen nou pap manke pa mouri anba kout epe, anba grangou ak maladi, kote nou vle al abite a+.”

43 Lè Jeremi te fin di tout moun yo tout pawòl sa yo Jewova, Bondye yo a, te di, lè l te fin di yo chak grenn pawòl Jewova, Bondye yo a, te voye l di yo, 2 Azarya, pitit gason Ochaya a, ak Jowanan+, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout lòt mesye ki t ap pran dwa ki pa pou yo yo di Jeremi: “Sa w ap di a se manti! Jewova, Bondye nou an, pa voye w di nou: ‘Pa al abite ann Ejip.’ 3 Men, se Bawouk+, pitit gason Neriya a, k ap pouse w di nou pawòl sa yo paske l ta renmen nou tonbe anba men moun Kalde yo pou yo ka touye nou oswa pou yo ka mennen nou ann egzil nan peyi Babilòn+.”

4 Se sa k fè Jowanan, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout chèf nan lame a ak tout pèp la te dezobeyi Jewova ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida. 5 Jowanan, pitit gason Kareya a, ak tout chèf nan lame a te ale avèk tout rès moun Jida ki te retounen sot nan tout nasyon kote yo te gaye yo pou yo vin abite nan Jida yo+. 6 Yo te ale ak ni gason, ni fi, ni timoun, ni pitit fi wa a te genyen yo e ansanm ak tout moun* Nebouzaradan+, chèf gad yo, te kite sou kont Gedalya+, pitit gason Ayikam+, ki li menm se pitit gason Chafan+, san wete pwofèt Jeremi ak Bawouk, pitit gason Neriya a. 7 Yo te ale nan peyi Ejip paske yo pa t obeyi sa Jewova te di yo. Yo te ale jis Tapanès+.

8 Apre sa, pandan Jeremi Tapanès, Jewova pale avè l, li di l: 9 “Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye, nan teras ki fèt an brik la, ki nan antre kay Farawon genyen nan Tapanès la. Fè sa devan je Juif yo. 10 Apre sa, men sa pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “M ap voye chèche Nebikadneza*, wa Babilòn nan, sèvitè m nan+, m ap mete twòn li an sou wòch sa yo mwen antere a e li gen pou l ouvri bèl tant li an sou yo+. 11 Li gen pou l vini nan peyi Ejip+ e l ap frape peyi a. Gen moun k ap mouri anba maladi, genyen k ap vin prizonye e gen lòt k ap mouri anba kout epe+. 12 M ap met dife nan kay* dye peyi Ejip yo+. Wa Babilòn nan ap boule kay dye sa yo e li prale ak dye yo. Menm jan li fasil pou yon bèje vlope kò l avèk rad li, se konsa tou wa Babilòn nan ap pot laviktwa sou peyi Ejip byen fasil e l ap kite peyi a ak kè poze*. 13 L ap kraze poto Bètchemèch* yo nan peyi Ejip e l ap boule kay* dye peyi Ejip yo.”’”

44 Men mesaj Bondye te voye bay Jeremi pou tout Juif ki t ap viv nan peyi Ejip yo+, sa ki t ap viv Migdòl+, Tapanès+, Nòf*+ ak nan zòn Patwòs yo+: 2 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Nou te wè tout malè mwen te lage sou Jerizalèm+ ak vil Jida yo. E jodi a, nou wè jan yo depafini e pa gen moun ki abite ladan yo+. 3 Se akoz move bagay moun yo te fè pou yo fè m fache yo, akoz yo t ap fè sakrifis pou lòt dye+ e yo t ap sèvi yo, yon seri dye ni yo menm, ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen+. 4 Mwen te kontinye voye tout pwofèt mwen yo, sèvitè m yo, bò kote nou. Mwen te voye yo san rete* pou yo di nou: “Tanpri, pa fè bagay sa a ki bay degoutans lan, yon bagay mwen rayi+.” 5 Men, nou pa t panche zòrèy nou pou nou koute m, nou pa t sispann fè move bagay nou t ap fè yo, nou pa t sispann fè sakrifis pou lòt dye+. 6 Se sa k fè mwen te an kòlè anpil e mwen te vide kòlè m nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo, e se sa k fè yo depafini jodi a, yo vin tankou yon dezè+.’

7 “Kounye a, men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Poukisa nou fè gwo malè sa a tonbe sou nou*? Poukisa pou tout gason Jida yo, tout fi yo, tout timoun yo, tout tibebe yo ta peri e pou pa ta gen okenn nan nou ki rete? 8 Poukisa pou nou fè m fache akoz bagay n ap fè yo, akoz n ap fè sakrifis pou lòt dye nan peyi Ejip kote n al abite a? N ap peri, moun yo ap lage malediksyon sou nou e y ap pale nou mal nan mitan tout nasyon ki sou tè a+. 9 Èske nou bliye mechanste ni zansèt nou yo, ni wa Jida yo, ni madanm wa yo, ni nou menm, ni madanm nou yo t ap fè+ nan Jida ak nan lari Jerizalèm yo? 10 Jis jodi a, nou pa imilye tèt nou, nou pa montre nou gen okenn lakrentif pou mwen+, nou pa mache nan lwa ak kòmandman mwen mete devan nou e m te mete devan zansèt nou yo+.’

11 “Kidonk, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen deside lage yon malè sou nou pou m detwi tout Jida. 12 Rès moun Jida ki deside al abite ann Ejip yo ap peri nan peyi Ejip+. Yo tout ap mouri anba kout epe e anba grangou, ni moun ki enpòtan, ni moun òdinè. Wi, y ap mouri anba kout epe e anba grangou. Moun ap pè lè yo wè sa k rive yo, yo pap gen respè pou yo, y ap lage malediksyon sou yo e y ap pale yo mal+. 13 M ap sèvi ak epe, grangou ak maladi pou m pini moun ki abite nan peyi Ejip yo, menm jan mwen te pini moun Jerizalèm yo+. 14 Rès moun Jida ki al abite nan peyi Ejip yo pap chape, ni yo pap rete vivan pou yo retounen nan tèritwa tribi Jida a. Y ap anvi* retounen al abite Jida, men yo pap kapab. Se sèlman kèk nan yo k ap kapab retounen.’”

15 Tout mesye ki te konnen madanm yo te nan fè sakrifis pou lòt dye ansanm ak tout madanm ki te kanpe la yo te fòme yon gwo foul. Yo menm ansanm ak tout moun ki abite Patwòs yo+, nan peyi Ejip+, te di Jeremi: 16 “Nou pap koute sa w di nou nan non Jewova a. 17 Men, nou pap manke pa fè tout sa nou te di ak bouch nou n ap fè yo. N ap fè sakrifis pou Rèn syèl la* e n ap vide bwason pou li kòm ofrann+, menm jan nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè sa nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen pen pou n manje pou jis vant nou plen, nou te alèz e okenn malè pa t tonbe sou nou. 18 Kou nou te sispann fè sakrifis pou Rèn syèl la* e nou te sispann vide bwason pou li kòm ofrann, nou te manke tout bagay e nou te peri anba kout epe e anba grangou.”

19 Medam yo yo menm te di: “Lè n te konn fè sakrifis pou Rèn syèl la* e nou te konn vide bwason pou li kòm ofrann, mari nou te dakò e se sa k fè nou te konn fè gato ki gen menm fòm avè l pou nou ba li kòm ofrann e nou te konn vide bwason pou li kòm ofrann.”

20 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, ak mesye yo, ak madanm yo ansanm ak tout lòt moun ki t ap pale avèk li yo, li di yo: 21 “Jewova sonje sakrifis ni nou menm, ni zansèt nou yo, ni wa nou yo, ni chèf nou yo, ni moun nan peyi a te konn fè nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo+. Wi, li sonje yo byen! 22 Jewova pa t ka tolere move bagay nou t ap fè yo ankò, bagay ki bay degoutans yo. Se sa k fè jodi a tèritwa nou an tounen yon kote ki depafini, yon kote ki fè moun pè, yon kote malediksyon tonbe sou li, yon kote ki pa gen moun ladan l+. 23 Se akoz sakrifis sa yo nou te konn fè yo, akoz nou te peche kont Jewova, nou pa t obeyi sa Jewova te di nou, e nou pa t suiv lwa l yo, kòmandman l yo ak rapèl li yo ki fè malè sa a tonbe sou nou jodi a+.”

24 Mete sou sa, Jeremi te di tout moun yo ak tout medam yo: “Nou tout moun Jida ki nan peyi Ejip yo, tande sa Jewova di. 25 Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Sa nou menm ak madanm nou te di ak bouch nou n ap fè yo, nou te fè yo vre ak men nou. Nou te di: “Nou pap manke pa kenbe pwomès nou te fè pou nou fè sakrifis pou Rèn syèl la* e pou nou vide bwason pou li kòm ofrann+.” Se sèten, nou menm medam yo, n ap kenbe pwomès nou te fè yo. Nou pap manke pa fè sa n te pwomèt yo.’

26 “Kidonk, tande sa Jewova di, nou tout moun Jida k ap viv nan peyi Ejip yo: ‘Men sa Jewova di: “Mwen fè sèman nan non m, yon non ki estrawòdinè, pa gen okenn nan moun Jida+ ki abite nan tout peyi Ejip yo k ap sèvi ak non m ankò lè y ap sèmante. Y ap sispann di: ‘Menm jan li klè Jewova, Seyè ki Souvren an, vivan, mwen fè sèman+!’ 27 Kounye a, m ap veye yo pou m fè malè tonbe sou yo. Mwen pap fè anyen ki bon pou yo+. Tout moun Jida ki nan peyi Ejip yo ap mouri anba kout epe e anba grangou jiskaske yo fin disparèt nèt+. 28 Se sèlman kèk nan yo k ap chape anba kout epe e k ap kite peyi Ejip pou yo tounen Jida+. Lè sa a, tout moun Jida ki te vin abite ann Ejip ki rete yo ap konnen toutbonvre si se pawòl pa m oswa si se pawòl pa yo ki reyalize!”’”

29 “‘Men ki siy mwen ban nou k ap montre mwen pral pini nou kote sa a,’ se sa Jewova di, ‘yon fason pou nou ka konnen malè mwen te pwomèt m ap lage sou nou an ap tonbe sou nou kanmenm. 30 Men sa Jewova di: “M ap lage Ofra, Farawon an, wa Ejip la, nan men ènmi l yo, nan men moun k ap chèche detwi lavi l* yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa Jida a, nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ènmi l ki t ap chèche detwi lavi l la*+.”’”

45 Men sa pwofèt Jeremi te di Bawouk+, pitit gason Neriya a, lè l t ap ekri pawòl Jeremi te di l ekri yo nan yon woulo+, nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a:

2 “Bawouk, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di konsènan ou menm: 3 ‘Ou di: “Ala traka pou mwen. Paske, Jewova ajoute lapenn sou doulè m! Mwen bouke plenn. Mwen pa jwenn yon kote pou m viv ak kè poze.”’

4 “Men sa pou w di l: ‘Jewova di: “Gade! Sa m te bati a, m ap kraze l, sa m te plante a, m ap derasinen l. M ap fè sa nan tout peyi a+. 5 Men, ou menm w ap chèche* gwo bagay pou tèt ou. Sispann chèche bagay sa yo.”’

“‘Paske, talè konsa, m ap lage yon malè sou tout moun+, e kèlkeswa kote w ale, m ap sove lavi w*+.’ Se sa Jewova di.”

46 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan nasyon yo+: 2 Men sa l di konsènan Ejip+, konsènan lame Farawon Neko+, wa Ejip la, ki te bò Rivyè Efrat la, lame ki te pèdi devan Nebikadneza*, wa Babilòn nan, nan batay ki te fèt Kakemis la, nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a:

 3 “Prepare ti boukliye* nou yo ak gwo boukliye nou yo,

Epi avanse pou n al batay.

 4 Nou menm kavalye, prepare cheval nou yo epi monte.

Pran pozisyon nou e mete kas nou nan tèt nou.

Poli lans nou epi mete jile ki gen ti plak an metal yo sou nou.

 5 ‘Sa k fè m wè yo pè konsa a?

Yo kouri tounen. Yo bat sòlda yo byen bat.

Sòlda yo panike, yo chape poul yo, yo pa menm vire gad dèyè.

Toupatou se laperèz.’ Se sa Jewova di.

 6 ‘Sa ki rapid yo pa ka sove, sòlda yo pa ka chape.

Nan direksyon nò, arebò Rivyè Efrat la,

Yo bite e yo tonbe+.’

 7 Kiyès sa a k ap vini tankou Rivyè Nil la,

Tankou rivyè ki desann?

 8 Se Ejip k ap vini tankou dlo Rivyè Nil la+,

Tankou rivyè ki desann.

E li di: ‘M ap monte e m ap kouvri tè a.

M ap detwi ni vil la ni moun ki abite ladan l yo.’

 9 Nou menm cheval, se pou nou monte.

Nou menm charyo, se pou nou kouri ak tout boulin.

Se pou sòlda yo vanse,

Wi, moun Etyopi* ak desandan Pout yo ki gen boukliye yo kenbe nan men yo+

Ansanm ak desandan Loud yo+ ki fò nan manyen* banza*+.

10 “Jou sa a se jou pa Jewova, Seyè ki Souvren an, Chèf lame yo. Se yon jou vanjans, yon jou pou l fè vanjans sou ènmi l yo. Epe a ap devore yo, l ap bwè san yo jiskaske l pase swaf li. Paske, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, gen yon sakrifis* pou l fè nan peyi ki nan nò a, bò kot Rivyè Efrat la+.

11 Monte Galaad al chèche luil santi bon+,

O Ejip, pitit fi ki vyèj la.

Se pou granmesi w ap fè tout remèd ou yo,

Paske, pa gen gerizon pou ou+.

12 Nasyon yo tande lawont ki tonbe sou ou a+,

Yo tande rèl w ap fè yo nan tout peyi a.

Paske, sòlda ap bite sou sòlda,

E yo tonbe ansanm.”

13 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan moman Nebikadneza*, wa Babilòn nan, t ap gen pou l vini pou l kraze peyi Ejip la+:

14 “Fè moun konn sa nan peyi Ejip, fè yo konn sa nan Migdòl+.

Fè konn sa nan Nòf* ak nan Tapanès+.

Men sa pou w di: ‘Pran pozisyon nou epi pare kò nou,

Paske, gen yon epe k ap vin fè ravaj toutotou nou.

15 Poukisa yo ale ak gason vanyan nou yo?

Yo pa t ka reziste

Paske Jewova te lage yo atè.

16 Yo bite e yo tonbe pa pil e pa pakèt.

Youn ap di lòt:

“Leve! Annou retounen nan mitan pèp nou an, annou retounen nan peyi nou

Poutèt epe k ap fè ravaj la.”’

17 Gason vanyan yo di:

‘Se bri sèlman, Farawon, wa Ejip la, ap fè.

Li kite chans li* pase+.’

18 Men sa Wa a, Sila a ki rele Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman

L* ap vini, l ap menm jan ak Tabò+ ki kanpe nan mitan mòn yo,

Menm jan ak Kamèl+ ki kanpe bò lanmè a.

19 Prepare pakèt nou pou n al ann egzil,

O nou menm moun peyi Ejip yo.

Paske, moun ap pè lè yo wè sa k rive Nòf*.

Y ap met dife ladan l* e pap gen moun ki rete ladan l ankò+.

20 Ejip tankou yon bèl ti gazèl bèf,

Men, gen yon seri moustik k ap sot nan nò k ap vin pike l.

21 Menm sòlda li peye yo tankou ti bèf ki byen gra.

Yo menm tou, yo vire y ale. Yo tout chape poul yo.

Yo pa t ka reziste+,

Paske jou dezas la rive sou yo,

Jou pou yo rann kont lan rive.’

22 ‘Bri l fè a tankou bri yon sèpan k ap file ale,

Paske, y ap vin dèyè l avèk fòs, avèk rach,

Tankou gason k ap koupe pyebwa*.

23 Y ap ratibwaze tout rakbwa l yo’, se sa Jewova di, ‘menmsi sanble pèsonn pa ka antre ladan l.

Paske, yo pi plis pase krikèt. Moun pa ka konte yo.

24 Y ap fè Ejip wont.

Y ap lage l nan men pèp ki abite nan nò a+.’

25 “Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Kounye a, m ap konsantre sou Amon+, ki soti No*+, sou Farawon, sou peyi Ejip, sou dye l yo+, sou wa l yo, wi, m ap konsantre sou Farawon ak tout moun ki met konfyans yo nan li yo+.’

26 “‘M ap lage yo nan men moun k ap chèche touye yo*, m ap lage yo nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan+, ak nan men sèvitè l yo. Men, apre sa, moun ap retounen abite ladan l menm jan ak nan tan lontan.’ Se sa Jewova di+.

27 ‘Kanta pou ou menm, o Jakòb, sèvitè m, ou pa bezwen pè.

O Izrayèl, ou pa bezwen panike+.

Paske, m ap sove w kote w ap ye ki byen lwen an,

M ap sove desandan w yo* nan peyi kote y ap prizonye a+.

Jakòb ap retounen. L ap kè kal, pèsonn pap nui l.

Pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+.

28 Kidonk, pinga w pè, o Jakòb, sèvitè m nan,’ se sa Jewova di, ‘paske mwen avèk ou.

M ap detwi tout nasyon kote m te gaye w yo+,

Men ou menm, mwen pap detwi w+.

M ap disipline* w nan degre w merite a+,

Men, mwen pa ka pa pini w.’”

47 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan moun Filisti yo+, anvan Farawon te frape Gaza. 2 Men sa Jewova di:

“Tande sa! Gen dlo k ap soti nan nò.

Y ap tounen gwo dlo k ap desann e k ap anvayi yon zòn.

Y ap anvayi peyi a ak tout sa ki ladan l.

Y ap anvayi vil la ak moun ki abite ladan l yo.

Mesye yo ap rele byen fò,

Tout moun ki abite nan peyi a ap rele byen fò.

 3 Lè papa yo va tande bri zago cheval li yo,

Lè yo va tande charyo l yo k ap woule,

Lè yo va tande bri wou charyo l yo,

Yo pap menm vire pou yo ede pitit gason yo,

Paske, y ap san fòs.

 4 Paske, nan jou sa a ki gen pou vini an, tout moun Filisti yo ap peri+

E tout rès moun ki t ap ede Ti+ ak Sidon yo+ ap peri.

Paske, Jewova ap detwi moun Filisti ki rete yo,

Yo menm ki te soti zile Kaftò*+.

 5 Moun Gaza yo ap vin chòv*.

Yo fè Achkelon pe bouch li+.

O nou menm rès moun ki rete nan plèn yo,

Pandan konbyen tan n ap kontinye filange kò nou+?

 6 Ayayay! Epe Jewova a+!

Ki lè w ap sispann fè ravaj?

Tounen nan fouwo w.

Fè yon ti poze, epi ret an silans.

 7 Men, poukisa pou l ta fè yon ti poze a,

Alòske se Jewova ki ba l lòd?

Li ba l misyon pou l frape

Achkelon ak bò lanmè a+.”

48 Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di konsènan Mowab+:

“Malè pou Nebo+, paske yo detwi l!

Yo pran Kiryatayim+ e lawont tonbe sou moun ki ladan l yo.

Lawont tonbe sou moun ki nan refij ki bay sekirite a*. Yo kraze l+.

2 Yo pa fè lwanj pou Mowab ankò.

Yo fè konplo nan Esbon+ pou yo lage l atè. Yo di:

‘Vini, annou detwi l pou l pa yon nasyon ankò.’

O Madmenn, ou menm tou, se pou w ret an silans,

Paske, gen yon epe ki dèyè w.

 3 Yo tande yon rèl ki soti nan Owonayim+.

Yo tande bri destriksyon ak kraze brize.

 4 Yo kraze Mowab.

Ti pitit li yo ap rele.

 5 Moun ap kriye san rete sou ti mòn ki mennen Loukit la tank y ap monte.

Moun k ap desann sot Owonayim yo tande moun k ap rele poutèt malè ki rive a+.

 6 Kouri pou nou ka sove lavi* nou!

Se pou nou vin menm jan ak yon pye jenevriye nan dezè a.

 7 Kòm se nan sa w ap fè yo ou kwè e se nan trezò w genyen yo ou met konfyans ou,

Ou menm tou y ap pran w.

Y ap mennen Kemòch+ ann egzil

Ansanm ak prèt li yo ak chèf k ap sèvi l yo.

 8 Moun k ap fè destriksyon an ap vin nan chak vil,

Pa gen yon vil k ap chape+.

L ap detwi vale a,

L ap ratibwaze tè plat la*, jan Jewova di sa ap fèt la.

 9 Mete yon poto pou montre moun Mowab yo wout la,

Paske, pandan y ap kraze l la, moun yo ap chape poul yo.

Moun ap pè lè yo wè sa k rive vil li yo

Ki pap gen moun ladan yo+.

10 Malè pou moun ki fè travay Jewova ba l fè a avèk neglijans!

Malè pou moun ki pa sèvi ak epe l pou l fè san koule!

11 Depi lè moun Mowab yo jèn y ap viv ak kè poze.

Yo tankou diven ki ret poze ak tout ma ladan l,

Ki pa janm sot nan yon veso al nan yon lòt.

Yo pa janm al ann egzil.

Se sa k fè gou yo ret menm jan an

E sant yo pa chanje.

12 “‘Kidonk, gade! gen jou k ap vini’, se sa Jewova di, ‘kote m ap voye moun pou kapote yo. Y ap chavire yo, y ap vide tout sa yo gen nan veso yo, e y ap kraze gwo krich yo fè miyèt moso. 13 Lè sa a, moun Mowab yo ap wont pou Kemòch, menm jan moun Izrayèl yo wont pou Betèl, kote yo te met konfyans yo a+.

14 Ki jan nou fè di: “Nou se sòlda vanyan ki pare pou lagè+”?’

15 ‘Yo detwi Mowab,

Yo anvayi vil li yo+,

Yo touye jèn gason li genyen ki pi bon yo+.’

Se sa Wa a, Sila a ki rele Jewova, Chèf lame yo, di+.

16 Malè k ap tonbe sou moun Mowab yo ap tonbe sou yo talè konsa.

Lè pou yo detwi yo a ap prese vini+.

17 Tout moun ki toutotou yo ap oblije gen pitye pou yo,

Wi, tout moun ki konn non yo.

Di yo: ‘Gade jan yo kase baton ki djanm nan, baton ki bèl la!’

18 Se pou w pèdi glwa w te genyen an,

E se pou w chita tou swaf*, o Dibon+!

Paske, moun ki te detwi Mowab la vin atake w,

E l ap kraze kote w genyen ki byen pwoteje yo+.

19 Nou menm ki abite Awoyè, kanpe bò wout la, epi ret gade+.

Mande gason k ap kouri met deyò yo ak fi k ap chape poul yo: “Ki sa k pase?”

20 Lawont tonbe sou Mowab e laperèz anvayi l.

Se pou nou rele akoz nou nan lapenn.

Fè konn sa nan Anon+, fè konnen yo detwi Mowab.

21 “Jou jijman an rive sou tè ki plat la*+, sou Olon, Jahaz+ ak Mefaat+, 22 sou Dibon+, Nebo+ ak Bètdiblatayim, 23 sou Kiryatayim+, Bètgamoul ak Bètmeyon+, 24 sou Keriyòt+ ak Bozra e sou tout vil nan peyi Mowab yo, ni sa k lwen, ni sa k pre.

25 ‘Yo kraze fòs* Mowab,

Yo kase ponyèt li.’ Se sa Jewova di.

26 ‘Se pou yo fè l sou+, paske se ak Jewova l ap fè gwo kòlèt+.

Mowab ap woule nan vomi l,

E y ap pase l nan rizib.

27 Èske nou pa t pase Izrayèl nan rizib+?

Èske nou te jwenn li nan mitan moun k ap vòlè

Ki fè nou t ap souke tèt nou pou nou pase l nan rizib e ki fè nou te pale l mal?

28 Nou menm ki rete Mowab, se pou nou kite vil nou yo e se pou n al viv sou tèt mas wòch.

Se pou nou vin tankou pijon k al fè nich yo arebò falèz yo.’”

29 “Nou tande jan Mowab gen ògèy. Li gen anpil ògèy.

Nou tande jan li awogan, jan li fyè, jan l pran tèt li pou yon pakèt afè, jan l gen ògèy nan kè l+.”

30 “‘Mwen konnen l fache anpil,’ se sa Jewova di,

‘Men, pawòl anlè l ap di yo pap itil anyen.

Li pap fè anyen vre.

31 Se sa k fè mwen pral rele akoz m ap gen lapenn pou Mowab.

M ap rele pou tout moun Mowab yo

E m ap plenn pou moun Kiyerès yo+.

32 O pye rezen Sibma a+,

M ap kriye pou ou plis pase jan m te kriye pou Jazè+.

Bèl branch rezen w yo travèse lanmè a,

Yo rive nan lanmè a, yo rive jis Jazè.

Moun k ap fè destriksyon an ravaje

Fwi w genyen ki bon nan sezon ete yo ansanm ak rekòt rezen w yo+.

33 Pap gen rejwisans e pap gen kè kontan ankò ni nan jaden ki gen pye fwi yo,

Ni nan peyi Mowab+.

Mwen fè diven sispann koule nan près diven yo.

Pap gen moun k ap rele ak kè kontan ankò pandan y ap kraze rezen ak pye yo.

Rèl y ap fè a, se ap yon lòt rèl+.’”

34 “‘Moun tande rèl ki fèt Esbon+ an jis Eleyale+ ak Jahaz+.

Moun tande rèl ki fèt Sowa a jis Owonayim+

Ak Eglatchelichiya.

Menm dlo Nimrim yo gen pou yo disparèt+.

35 M ap fè moun sispann pote ofrann pou yo ofri

Nan kote ki wo yo konn fè adorasyon an,’ se sa Jewova di,

‘E m ap fè moun sispann ofri dye yo sakrifis nan peyi Mowab.

36 Kè m pap manke pa plenn* pou Mowab tankou yon flit*+.

L ap plenn* tankou yon flit* pou moun Kiyerès yo.

Paske, richès li fè yo ap peri.

37 Paske, pa gen yon tèt ki pa chòv+,

Tout mesye yo koupe bab yo.

Pa gen yon men ki pa filange+,

E moun yo gen twal sak sou ranch yo+!’”

38 “‘Sou tout tèt kay Mowab yo

E sou tout plas piblik li yo,

Sèl sa w tande se rèl.

Paske, mwen kraze Mowab

Tankou yon krich yo voye jete.’ Se sa Jewova di.

39 ‘Se pa ti pè l pè! Se pou nou rele akoz nou nan lapenn!

Gade ki jan Mowab vire l ale tou wont!

Kounye a, y ap pase Mowab nan rizib,

Moun ki toutotou l yo pè akoz sa k rive a.’”

40 “Paske, men sa Jewova di:

‘Gade! Menm jan ak yon èg ki plonje desann+,

Se konsa l ap ouvè zèl li sou Mowab+.

41 Y ap pran vil li yo

E y ap pran kote li genyen ki byen pwoteje yo.

Lè sa a, kè sòlda Mowab yo

Ap tankou kè yon fi k ap akouche.’”

42 “‘Mowab pap egziste ankò antanke pèp+,

Paske, se avèk Jewova li fè gwo kòlèt+.

43 Laperèz, twou a ak pyèj la devan nou,

O nou menm ki abite Mowab.’ Se sa Jewova di.

44 ‘Nenpòt moun ki kouri pou sa ki bay laperèz la ap tonbe nan twou a,

E nenpòt moun ki sot nan twou a ap pran nan pyèj la.’

‘Paske, m ap fè jou pou m pini Mowab la rive sou li.’ Se sa Jewova di.

45 ‘Nan lonbray Esbon, moun ki chape yo ap san fòs.

Paske, gen yon dife k ap limen nan Esbon,

Gen yon dife k ap limen nan vil Siyon an+.

Dife sa a ap boule fontèn tèt moun Mowab yo

Ak zo tèt gason k ap kraze brize yo+.’

46 ‘Malè pou ou, o Mowab!

Moun Kemòch yo+ peri.

Paske, pitit gason w yo tounen prizonye,

E yo mennen pitit fi w yo ann egzil+.

47 Men, nan dènye jou yo, m ap rasanble moun Mowab ki prizonye yo.’ Se sa Jewova di.

‘Mesaj konsènan jijman Mowab la fini la+.’”

49 Men sa Jewova di konsènan desandan Amon yo+:

“Èske Izrayèl pa gen pitit gason?

Èske l pa gen eritye?

Poukisa Malkam+ pran tèritwa Gad la pou li+?

E poukisa moun k ap sèvi l yo ap viv nan vil ki ann Izrayèl yo?”

 2 “‘Se sa k fè, tande sa! Gen yon jou k ap vini’, se sa Jewova di,

‘Kote m ap fè tande siyal k ap fè konnen lè a rive pou yo* atake Raba+, vil ki pou desandan Amon yo+.

L ap tounen yon ti mòn ki pa gen moun abite ladan l,

E y ap met dife nan ti vil ki sou kont li yo*.’

‘Izrayèl gen pou l pran tè moun ki te pran tè l yo+.’ Se sa Jewova di.

 3 ‘O Esbon, se pou w rele, paske, yo kraze Ayi!

Nou menm ti vil ki sou kont Raba yo, se pou nou rele.

Mete twal sak sou nou.

Se pou nou rele, se pou nou monte desann nan mitan pak ki antoure ak wòch yo*.

Paske, yo gen pou yo mennen Malkam ann egzil

Ansanm ak prèt li yo ak chèf k ap sèvi l yo+.

 4 Poukisa w ap vante tèt ou pou vale w yo

Ak plèn ou an ki gen dlo, ou menm pitit fi ki pa fidèl la,

Ou menm ki met konfyans ou nan trezò w yo

E ki di: “Kiyès k ap vin atake m?”’”

 5 “‘M ap lage yon gwo malè sou ou.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.

‘Malè sa a ap soti nan tout nasyon ki antoure w yo.

Y ap gaye w nan tout direksyon,

E pèsonn pap rasanble moun ki chape yo.’”

 6 “‘Men, apre sa, m ap rasanble desandan Amon yo te pran kòm prizonye yo.’ Se sa Jewova di.”

7 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan Edòm:

“Èske pa gen moun nan Teman ki gen sajès ankò+?

Èske moun ki gen bon konprann yo pa kapab bay bon konsèy ankò?

Èske sajès yo genyen an pa gen okenn valè ankò?

 8 Nou menm ki abite Dedan, chape poul nou, kase tèt tounen!

Al kache kote ki fon yo+.

Paske, m ap lage yon malè sou Ezaou

Lè lè a rive pou m regle avè l.

 9 Si moun k ap rekòlte rezen ta vin nan peyi nou an,

Èske yo pa t ap kite rezen dèyè pou moun ranmase?

Si vòlè ta vin vòlè afè nou nan nuit,

Èske se pa sa yo vle sèlman yo t ap pran+?

10 Men, mwen menm, m ap pran tout sa Ezaou genyen.

M ap fè konnen kote li kache yo

Pou l pa ka kache ankò.

Pitit li yo, frè l yo ak vwazen l yo, yo tout ap peri+,

E li menm l ap sispann egziste antanke pèp+.

11 Kite timoun ou genyen ki san papa yo,

E mwen menm, m ap prezève lavi yo.

Vèv ou yo ap met konfyans yo nan mwen.”

12 Paske, men sa Jewova di: “Tande sa! Si moun ki pa resevwa santans pou yo bwè nan koup la dwe bwè ladan l, èske ou menm w ap rete san w pa jwenn okenn pinisyon? Ou pap rete san w pa jwenn pinisyon. Paske, w ap bwè nan koup la kanmenm+.”

13 “Paske, mwen menm, mwen fè sèman”, se sa Jewova di, “moun yo ap pè lè yo wè sa k rive Bozra+, yo gen pou yo pale l mal, l ap kraze nèt, y ap sèvi ak sa k rive l la pou yo bay madichon e tout vil li yo ap kraze pou toutan+.”

14 Mwen tande yon nouvèl e se Jewova ki bay nouvèl sa a.

Gen yon moun yo voye nan mitan nasyon yo pou l di yo:

“Mete tèt nou ansanm epi vin atake l.

Prepare nou pou batay la+.”

15 “Paske, tande sa! Mwen fè w pa gen okenn enpòtans nan mitan nasyon yo,

Mwen fè lèzòm meprize w+.

16 Ou te konn fè moun tranble, ou te pran tèt ou pou yon pakèt afè,

Se sa k fè kè w twonpe w,

O ou menm ki abite nan twou ki sou tèt mas wòch la,

Ou menm ki abite nan mòn ki pi wo a.

Menmsi w fè nich ou byen wo tankou yon èg,

M ap fè w desann kote w ye a.” Se sa Jewova di.

17 “Moun ap pè lè yo wè sa k rive Edòm+. Tout moun k ap pase bò kote l ap ret kanpe gade, y ap sezi, y ap pè akoz tout malè ki rive l yo. 18 Menm jan sa te ye pou Sodòm ak Gomò ak lòt vil ki te toupre vil sa yo apre m te fin detwi yo+, se konsa sa ap ye pou Edòm.” Se sa Jewova di. “Pa gen moun k ap rete la, ni pa gen moun k ap vin abite la+.

19 “Gade! Gen yon moun k ap vin atake patiraj ki an sekirite a tankou yon lyon+ ki sot nan rakbwa ki bò Rivyè Jouden an, e nan yon batje, m ap fè l* kouri lwen l. E m ap mete moun mwen chwazi a chèf sou li. Paske, kiyès ki tankou m, kiyès ki kapab ban m defi? Ki bèje ki ka kanpe devan m+? 20 Kidonk, tande sa Jewova deside k ap rive Edòm ak sa li gen nan lide l pou l fè moun ki abite Teman yo+:

Wè pa wè, y ap trennen jenn ti bèt ki nan twoupo a ale.

Akoz yo menm, l ap fè kote yo abite a rete san l pa gen moun ladan l+.

21 Tout tè a tranble lè yo tande bri li fè lè l tonbe a.

Gen yon gwo rèl ki fèt!

Moun tande rèl la jis bò Lanmè Wouj+.

22 Gade! Menm jan ak yon èg, l ap monte, l ap plonje desann+,

E l ap ouvri zèl li sou Bozra+.

Nan jou sa a, kè sòlda Edòm yo

Ap vin menm jan ak kè yon fi k ap akouche.”

23 Yon mesaj pou Damas+:

“Amat+ ak Apad vin wont,

Paske, yo tande yon move nouvèl.

Yo pèdi fòs tèlman yo pè.

Lanmè a move, li pa ka kalme.

24 Damas pèdi fòs.

Li vire pou l chape poul li, men, li panike.

Laperèz anvayi l, doulè pran l

Tankou yon fi k ap akouche.

25 Kòman fè yo pa abandone vil ki gen glwa a,

Vil ki bay kè kontan an?

26 Jou sa a, jèn gason l yo ap tonbe sou plas piblik li yo

E tout sòlda l yo ap peri.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.

27 “M ap met dife nan miray Damas la,

E dife sa a ap boule fòtrès Bennadad genyen yo+.”

28 Men sa Jewova te di konsènan Keda+ ak wayòm ki Azò yo, yo menm Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te kraze:

“Leve, monte Keda,

Epi detwi moun ki nan Lès yo.

29 Pran tant yo ak twoupo bèt yo,

Pran twal tant yo ak tout byen yo.

Pran chamo yo,

E di yo byen fò: ‘Toupatou se laperèz!’”

30 “Chape poul nou, ale byen lwen!

O nou menm ki abite Azò, ale, al kache kote ki fon yo.

Paske, Nebikadneza*, wa Babilòn nan, planifye yon bagay kont nou,

Wi, li planifye yon bagay kont nou.” Se sa Jewova di.

31 “Leve, al atake nasyon ki anpè

E ki abite an sekirite a!” Se sa Jewova di.

“Li pa gen pòtay ki gen travès ladan yo. L ap viv apa poukont li.

32 Y ap pran chamo l yo,

Y ap pran bèt li genyen an kantite yo.

Moun ki koupe cheve yo rive bò tanp yo,

M ap gaye yo nan tout direksyon*+.

M ap lage yon malè sou yo e malè sa a ap soti nan tout direksyon.” Se sa Jewova di.

33 “Azò ap tounen yon kote chen sovaj rete,

Yon kote ki pa gen moun ladan l pou toutan.

Pa gen moun k ap rete la,

Ni pa gen moun k ap vin abite ladan l.”

34 Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan Elam+ nan epòk Sedesyas, wa Jida a+, te kòmanse dirije a: 35 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘M ap kraze banza* Elam nan+, m ap kraze sa k fè yo gen fòs konsa a. 36 E m ap fè kat van ki soti nan kat kwen tè a soufle nan Elam, m ap gaye moun Elam yo nan tout direksyon. Pa gen yon nasyon kote moun Elam yo pa prale.’”

37 “M ap fè laperèz anvayi moun Elam yo akoz ènmi yo, akoz moun k ap chèche touye yo*. M ap lage yon malè sou yo, m ap vide gwo kòlè m nan sou yo, e m ap lage yon epe dèyè yo jiskaske mwen fin elimine yo nèt.” Se sa Jewova di.

38 “M ap met twòn mwen nan Elam+ e m ap detwi wa ak chèf ki ladan l yo.” Se sa Jewova di.

39 “Men, nan dènye jou yo, m ap rasanble moun Elam ki prizonye yo.” Se sa Jewova di.

50 Men sa Jewova te di konsènan Babilòn+, peyi moun Kalde yo, pa mwayen pwofèt Jeremi:

 2 “Bay nouvèl la nan mitan nasyon yo.

Mete yon siy* kanpe epi bay nouvèl la.

Pa kache yo anyen!

Men sa pou w di: ‘Yo pran Babilòn+.

Lawont tonbe sou Bèl+.

Laperèz anvayi Mewodak.

Lawont tonbe sou zidòl li yo.

Laperèz tonbe sou zidòl ki bay degoutans* li genyen yo.’

 3 Paske, gen yon nasyon ki sot nan nò ki vin atake l+.

Li fè peyi l la tounen yon peyi ki bay laperèz.

Pa gen moun ki abite ladan l.

Ni moun, ni bèt chape poul yo.

Y al fè wout yo.”

4 “Lè sa a, nan epòk sa a,” se sa Jewova di, “moun Izrayèl yo ak moun Jida yo ap retounen ansanm+. Y ap kriye pandan y ap mache+ e y ap chèche Jewova, Bondye yo a, ansanm+. 5 Y ap mande ki wout pou yo fè pou y al Siyon, e fas yo ap bay nan direksyon sa a+, y ap di: ‘Annou fè yon alyans ak Jewova pou toutan, e nou pap janm bliye alyans sa a+.’ 6 Pèp mwen an vin tankou yon twoupo mouton ki pèdi+. Bèje yo te genyen yo te fè yo pèdi wout yo+. Yo te mennen yo ale nan mòn yo, yo te fè yo monte desann sou gwo mòn ak ti mòn. Yo bliye kote yo te genyen pou yo repoze a. 7 Tout moun ki rankontre avèk yo devore yo+. Ènmi yo di: ‘Nou pa fè anyen ki mal. Se yo menm ki peche kont Jewova. Yo peche kont Jewova, Bondye ki jis la, li menm zansèt yo te met espwa yo nan li a.’”

 8 “Kouri kite Babilòn,

Soti nan peyi moun Kalde yo+.

Se pou nou vin tankou bèt ki pran devan nan twoupo a.

 9 M ap reyini yon pakèt gwo nasyon ki soti nan nò,

E m ap fè yo vin atake Babilòn+.

Y ap pran pozisyon yo pou yo vin fè lagè avè l.

Se nan direksyon sa a y ap soti pou yo vin pran l.

Flèch yo itilize yo tankou flèch sòlda vanyan,

Flèch ki fè paran pèdi pitit yo+.

Flèch sa yo toujou atenn objektif yo.

10 Y ap pran tout sa ki genyen nan peyi Kalde+.

Tout moun ki pran nan bagay li genyen yo ap satisfè nèt+.” Se sa Jewova di.

11 “Paske, nou te kontan+, nou t ap rejwi

Lè n t ap piye eritaj mwen an+.

Nou te kontinye ap sote ponpe menm jan ak yon jenn gazèl bèf ki nan patiraj,

Nou te kontinye ap ranni menm jan ak cheval.

12 Yo fè lawont tonbe sou manman nou+.

Fi ki te fè nou an pran desepsyon.

Gade! Se li menm ki gen mwens enpòtans nan tout nasyon yo.

Li vin tankou yon savann ki pa gen dlo ladan l, li vin tankou yon dezè+.

13 Poutèt Jewova fache anpil, okenn moun pap rete ladan l+.

L ap vin vid nèt+.

Tout moun k ap pase bò kote Babilòn ap kanpe gade, y ap sezi

E y ap pè akoz tout malè ki rive l yo+.

14 Nou tout ki konn manyen* banza* yo,

Pran pozisyon nou pou nou vin atake Babilòn nan tout direksyon.

Tire sou li, tire tout flèch nou yo sou li+,

Paske se kont Jewova li peche+.

15 Se pou nou rele byen fò pandan n ap atake l nan tout direksyon.

Li bay legen*.

Poto l yo tonbe, mi l yo kraze tonbe atè+,

Paske, se Jewova k ap tire revanj sou li+.

Tire revanj sou li.

Fè l menm sa l te konn fè yo+.

16 Elimine moun k ap simen an nan Babilòn

Ansanm ak moun ki gen sèpèt nan men l lè sezon rekòt la rive+.

Chak moun ap tounen nan mitan pèp li akoz epe k ap fè ravaj la,

Chak moun ap chape poul li pou l al nan peyi l+.

17 “Pèp Izrayèl la tankou mouton ki gaye+. Se lyon yo ki gaye yo+. Wa Asiri a te devore yo an premye+, men apre sa, se Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ki manje zo yo+. 18 Se sa k fè Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap fè wa Babilòn nan ak peyi l la menm sa m te fè wa Asiri a+. 19 M ap fè Izrayèl retounen nan patiraj li+. Li gen pou l manje zèb sou Mòn Kamèl ak nan Bazan+ e l* ap manje vant plen sou mòn Efrayim yo+ ak mòn Galaad yo+.’”

20 “Lè sa a, nan epòk sa a,” se sa Jewova di,

“Yo gen pou yo chèche peche Izrayèl yo,

Men yo pap jwenn yo.

Yo pap jwenn peche Jida yo,

Paske m ap padone moun mwen fè ret vivan yo+.”

21 “Monte al atake Meratayim ak moun ki abite Pekòd yo+.

Se pou yo masakre yo, se pou yo detwi yo nèt.” Se sa Jewova di.

“Fè tout sa m ba w lòd fè yo.

22 Gen yon bri lagè nan peyi a.

Gen yon gwo katastwòf.

23 Gade jan yo kraze gwo mato ki te konn kraze nasyon ki sou tout tè a+!

Gade jan Babilòn fè moun nan nasyon yo pè lè yo wè sa k rive l la+!

24 Mwen te mete yon pyèj pou ou e w pran ladan l, o Babilòn,

San w pa menm konnen.

Yo jwenn ou e yo pran w kòm prizonye+,

Paske se ak Jewova ou te opoze.

25 Jewova ouvri depo l la

E li mete zam li pral itilize pou l montre jan l fache yo deyò+.

Paske, Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, gen yon travay pou l fè

Nan peyi moun Kalde yo.

26 Soti byen lwen pou nou vin atake l+.

Ouvri grenye l yo+.

Fè l fè pil tankou manje angren.

Detwi l nèt+.

Se pou l pa gen okenn moun ki rete ladan l.

27 Masakre tout jenn towo bèf li yo+.

Se pou yo desann pou y al touye yo.

Malè pou yo paske jou pa yo a rive,

Lè pou yo rann kont lan rive!

28 Yo tande vwa moun k ap chape poul yo,

Moun k ap kouri kite peyi Babilòn

Pou y al fè konnen nan Siyon Jewova, Bondye nou an, ap tire revanj,

L ap tire revanj poutèt tanp li an+.

29 Voye chèche moun ki konn sèvi ak banza yo pou yo atake Babilòn,

Wi, tout moun ki konn manyen* banza yo+.

Se pou yo mete kan yo toutotou l, yo pa dwe kite pèsonn chape.

Fè l peye pou tout sa l te konn fè yo+.

Fè l tout sa l te konn fè yo+.

Paske, se sou Jewova li t ap fè gwo kòlèt,

Wi, li t ap fè gwo kòlèt sou Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.

30 Se sa k fè, jou sa a, jèn gason l yo ap mouri* sou plas piblik li yo+,

E tout sòlda l yo ap mouri.” Se sa Jewova di.

31 “Tande sa, ou menm k ap fè rebèl la+, mwen leve kont ou+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.

“Jou pa w la gen pou l rive, jou kote m ap mande w kont lan.

32 O ou menm k ap fè rebèl la, ou gen pou w bite, ou gen pou w tonbe,

E pap gen pèsonn k ap leve w+.

M ap met dife nan vil ou yo,

E dife a ap boule tout sa ki toutotou w.”

33 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Se toupizi y ap toupizi moun Izrayèl yo ak moun Jida yo.

Tout moun ki pran yo kòm prizonye yo kenbe yo byen di+,

Yo refize kite yo ale+.

34 Men, Sila a k ap delivre yo a gen fòs+.

Non l se Jewova, Chèf lame yo+.

Li pap manke pa plede kòz yo+,

Pou l ka fè yo viv anpè nan peyi a+

E pou l ka fè moun Babilòn yo gen kè kase+.”

35 “Gen yon epe k ap frape moun Kalde yo”, se sa Jewova di,

“L ap frape moun Babilòn yo, chèf li yo ak moun save l yo+.

36 Gen yon epe k ap frape moun k ap di pawòl ki san valè yo*, e y ap aji tankou moun sòt.

Gen yon epe k ap frape sòlda l yo, e y ap vin pè anpil+.

37 Gen yon epe k ap frape cheval yo genyen yo ak charyo yo genyen pou yo fè lagè yo,

E k ap frape tout pèp ki nan mitan l yo.

Y ap vin tankou fi+.

Gen yon epe k ap frape trezò l yo, e y ap pran yo+.

38 Gen yon malè k ap rive dlo l yo, e y ap seche+.

Paske, Babilòn se yon peyi ki chaje zidòl+.

Akoz vizyon y ap fè ki fè yo pè yo, yo kontinye ap aji tankou moun fou.

39 Kidonk, se bèt ki viv nan dezè ak bèt ki konn rele k ap viv la,

Se otrich ki pral viv ladan l+.

Li pap janm gen moun ki abite ladan l ankò.

Jenerasyon apre jenerasyon, se pa yon kote moun ap ka rete+.”

40 “Menm jan sa te ye pou Sodòm ak Gomò ak lòt vil ki te toupre vil sa yo apre m te fin detwi yo+, se konsa sa ap ye pou Babilòn.” Se sa Jewova di. “Pa gen moun k ap rete la, ni pa gen moun k ap vin abite la+.

41 Gade! Gen yon pèp k ap vini k ap sot nan nò,

Yon gwo nasyon ak yon seri gwo wa+

K ap soti nan dènye bout tè a+.

42 Yo gen banza ak javlo nan men yo+.

Yo mechan anpil, e y ap san pitye+.

Bri yo fè lè y ap kouri cheval yo

Tankou bri lanmè a lè l move+.

Yo fè yon sèl, yo pran pozisyon yo pou yo fè lagè avè w, o vil Babilòn+.

43 Lè wa Babilòn nan pran nouvèl la+,

Li pèdi fòs+,

Laperèz anvayi l,

E doulè pran l tankou yon fi k ap akouche.

44 “Gade! Gen yon moun k ap vin atake patiraj ki an sekirite a tankou yon lyon ki sot nan rakbwa ki bò Rivyè Jouden an, e nan yon batje, m ap fè yo* kouri lwen l. E m ap mete moun mwen chwazi a chèf sou li+. Paske, kiyès ki tankou m, kiyès ki kapab ban m defi? Ki bèje ki ka kanpe devan m+? 45 Kidonk, tande sa Jewova deside k ap rive Babilòn+ ak sa li gen nan lide l pou l fè peyi moun Kalde yo.

Wè pa wè, y ap trennen jenn ti bèt ki nan twoupo a ale.

Akoz yo menm, l ap fè kote yo abite a rete san l pa gen moun ladan l+.

46 Lè yo pran Babilòn, ap gen yon sèl bri, e tè a ap tranble,

Ap gen yon gwo rèl, e moun nan tout nasyon yo ap tande l+.”

51 Men sa Jewova di:

“M ap fè yon gwo van soufle

Sou Babilòn e sou moun ki abite Lebkamayi* yo pou m detwi yo+.

 2 M ap voye moun al vannen Babilòn.

Y ap vannen l e y ap fè peyi a rete vid.

Lè jou malè a rive, y ap atake l nan tout direksyon+.

 3 Se pou moun ki konn manyen* banza* yo pa sèvi ak banza yo,

E se pou moun ki gen jile ki gen ti plak an metal yo pa leve kanpe.

Pinga nou gen okenn pitye pou jèn gason l yo+.

Se pou nou detwi tout lame l la.

 4 Kadav yo ap tonbe nan peyi moun Kalde yo.

Y ap pèse yo nan tout lari l yo+.

 5 Paske, Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl ak Jida a, pa abandone Izrayèl ak Jida+. Yo pa tankou fi ki pèdi mari yo.

Men, pou Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, peyi moun Kalde yo chaje ak peche.

 6 Retire kò nou nan mitan Babilòn,

Chape pou nou sove lavi* nou+.

Nou pa dwe mouri poutèt peche l fè yo.

Paske, lè a rive pou Jewova tire revanj sou li.

L ap fè l peye pou sa l fè+.

 7 Babilòn te yon koup annò nan men Jewova,

E li te lakòz tout tè a vin sou.

Tout nasyon yo te bwè nan diven l lan+.

Se sa k fè yo pèdi tèt yo konsa+.

 8 Babilòn rete konsa li tonbe e li kraze+.

Rele pou li+,

Al chèche luil santi bon pou doulè l genyen an. Petèt l a geri.”

 9 “Nou te eseye geri Babilòn, men li pa t ka geri.

Ann kite l, ann ale, annou chak tounen nan peyi nou+.

Paske, bagay li fè ki fè l merite pou yo jije l yo rive jis nan syèl la.

Yo rive byen wo, jis nan nyaj yo+.

10 Jewova fè nou jwenn jistis+.

Vini, ann rakonte tout sa Jewova, Bondye nou an, fè nan Siyon+.”

11 “File flèch yo+, pran boukliye won yo*.

Jewova chofe wa Medi yo pou yo aji+,

Paske li gen entansyon fini ak Babilòn.

Se konsa Jewova ap tire revanj sou li, se konsa l ap tire revanj pou tanp li an.

12 Mete yon siy* kanpe+ pou moun ki pral atake miray Babilòn yo.

Bay gad yo fòs, mete moun k ap veye yo nan pozisyon yo.

Prepare moun k ap tann anbiskad yo.

Paske, Jewova gen yon plan,

L ap reyalize sa l pwomèt l ap fè moun k ap viv Babilòn yo+.”

13 “O ou menm fi ki abite sou yon pakèt dlo+

E ki gen anpil trezò+,

Lafen an rive pou ou, w ap sispann fè benefis+.

14 Jewova, Chèf lame yo, fè sèman, li di:

‘M ap plen w ak gason, y ap anpil tankou krikèt,

E y ap rele ak kè kontan poutèt yo gen laviktwa sou ou+.’

15 Bondye se Sila a ki fè tè a grasa fòs li,

Se li ki tabli tè a grasa sajès li+,

E ki ouvri syèl la tankou yon dra grasa bon konprann li+.

16 Lè l fè tande vwa l,

Dlo ki nan syèl la pran fè bri,

E li fè nyaj* soti nan dènye bout tè a monte nan syèl la.

Li fè kout zèklè flache nan* lapli,

E li fè van soti nan depo l yo+.

17 Pa gen yon moun ki aji yon fason ki rezonab e ki aji yon fason ki montre yo gen konesans.

Tout moun k ap travay metal yo gen pou yo wont akoz zidòl yo fè yo+.

Paske, zidòl yo fè* yo pa vo anyen

E yo pa gen lavi* nan yo+.

18 Yo pa vo anyen+, yo merite pou moun pase yo nan rizib.

Lè jou a rive pou Bondye regle ak yo, y ap disparèt.

19 Bondye Jakòb la li menm pa tankou bagay sa yo,

Paske, se li menm ki bay tout bagay fòm,

E li se baton eritaj li a*+.

Non l se Jewova, Chèf lame yo+.”

20 “Ou se yon baton pou m fè lagè, yon zam pou m fè lagè,

Paske m ap sèvi avè w pou m kraze nasyon yo.

M ap sèvi avè w pou m kraze wayòm yo.

21 M ap sèvi avè w pou m kraze cheval la ak moun ki sou li a.

M ap sèvi avè w pou m kraze charyo pou fè lagè a ak moun k ap kondui l la.

22 M ap sèvi avè w pou m kraze ni gason ni fi.

M ap sèvi avè w pou m kraze ni granmoun ni timoun.

M ap sèvi avè w pou m kraze ni jèn gason ni jèn fi.

23 M ap sèvi avè w pou m kraze ni bèje ni twoupo bèt yo genyen yo.

M ap sèvi avè w pou m kraze ni kiltivatè ni bèt yo genyen pou yo vire tè.

M ap sèvi avè w pou m kraze ni gouvènè yo ni lòt chèf yo.

24 M ap fè ni Babilòn ni tout moun ki abite Kalde yo peye

Pou tout sa ki mal yo te fè devan je nou nan Siyon+.” Se sa Jewova di.

25 “O ou menm mòn ki t ap mache kraze brize a, ou menm ki t ap mache detwi tout tè a+,

Mwen leve kont ou+.” Se sa Jewova di.

“M ap lonje men m pou m frape w, m ap fè w degrengole desann sot sou mas wòch yo,

E m ap fè w tounen yon mòn ki kankannen.”

26 “Pèsonn pap pran yon wòch ki nan kwen ou genyen oswa yon wòch fondasyon nan ou,

Paske w ap vin tankou yon dezè pou toutan+.” Se sa Jewova di.

27 “Mete yon siy* kanpe nan peyi a+.

Sonnen yon kòn nan mitan nasyon yo.

Fè nasyon yo leve kont li.

Voye rele ni moun ki nan wayòm Arara a+, ni moun ki nan wayòm Mini an, ni moun ki nan wayòm Achkenaz la+ pou yo atake l.

Bay yon sòlda djòb pou l fè rekritman pou lame ki pral atake l la.

Se pou cheval k ap vin atake l yo tankou yon lame krikèt.

28 Fè nasyon yo leve kont li,

Wi, wa peyi Medi yo+, gouvènè ak lòt chèf ki nan peyi sa a

Ansanm ak tout moun ki nan tout peyi y ap dirije yo.

29 Tè a gen pou l souke, li gen pou l tranble,

Paske sa Jewova gen nan lide l pou l fè Babilòn nan ap reyalize.

L ap fè peyi Babilòn tounen yon kote ki fè moun pè, yon kote ki pap gen okenn moun abite ladan l+.

30 Sòlda Babilòn yo sispann goumen.

Yo chita nan fòtrès yo.

Yo pa gen fòs ankò+.

Yo vin tankou fi+.

Ènmi yo met dife nan kay li yo,

E yo kraze travès ki nan pòtay li yo+.

31 Mesaje vini youn apre lòt,

Wi, moun kouri vini youn apre lòt pou yo bay wa Babilòn nan mesaj,

Pou yo fè l konnen se tout kote yo pran vil li a+,

32 Yo pran pas dlo yo+,

Yo met dife nan bato ki fèt ak wozo yo,

E laperèz anvayi sòlda yo.”

33 Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di:

“Babilòn tankou yon kote yo konn bat manje angren.

Lè a rive pou yo danmen l byen danmen.

Talè konsa, lè a ap rive pou yo rekòlte sa k ladan l.”

34 “Nebikadneza*, wa Babilòn nan, devore m+,

Li lage m nan konfizyon,

Li fè m vin tankou yon veso vid,

Li vale m tankou yon gwo koulèv+,

Li plen vant li ak tout bon bagay mwen genyen yo,

E li lave m.

35 ‘Menm jan Babilòn te fè vyolans sou mwen an, se konsa pou yo fè vyolans sou li tou!’ Se sa moun ki abite Siyon an di+.

‘Se pou moun Kalde yo responsab san m.’ Se sa Jerizalèm di.”

36 Kidonk, men sa Jewova di:

“M ap plede kòz ou+,

M ap tire revanj pou ou+,

M ap seche lanmè l la e m ap seche pi l yo+.

37 Babilòn ap tounen yon pil wòch+,

Yon kote chen sovaj rete+,

Yon kote ki fè moun pè, yon kote ki fè moun sezi

E ki pa gen moun rete ladan l+.

38 Yo tout ap gwonde tankou jenn lyon*,

Y ap gwonde tankou ti lyon.”

39 “Lè anvi pou yo manje a vin fò lakay yo, m ap met yon pakèt manje devan yo e m ap fè yo sou

Pou yo ka kontan anpil+.

Apre sa, y ap dòmi nètale.

Yo pap janm leve nan dòmi sa a+.” Se sa Jewova di.

40 “M ap desann avèk yo tankou ti mouton y ap mennen labatwa,

Wi, tankou mal mouton ak kabrit.”

41 “Gade jan yo pran Chechak*+!

Gade jan yo pran vil tout moun sou latè te konn fè lwanj pou li a+!

Gade jan Babilòn tounen yon kote ki fè tout nasyon yo pè!

42 Lanmè a monte e li kouvri Babilòn,

Wi, lanmè a kouvri l ak tout lanm li yo.

43 Vil li yo fè moun pè lè yo wè yo, yo tounen kote ki pa gen dlo, yo vin tankou dezè.

Peyi a tounen yon kote moun pap abite, yon kote moun pap pase+.

44 M ap regle ak Bèl+ nan peyi Babilòn.

M ap retire sa li te vale a nan bouch li+.

Moun pap soti nan nasyon yo ankò pou yo vin nan pye l.

Miray Babilòn nan ap tonbe+.

45 Soti nan mitan l, pèp mwen an+!

Chape poul nou pou nou ka sove lavi* nou+, pou gwo kòlè Jewova a pa tonbe sou nou+!

46 Pinga nou dekouraje e pinga nou pè lè nou tande nouvèl nou gen pou nou tande nan peyi a.

Nan yon ane, n ap tande yon nouvèl,

E nan ane apre a n ap tande yon lòt nouvèl.

N ap tande pale de vyolans nan peyi a, e n ap tande pale de dirijan k ap leve kont lòt dirijan.

47 Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini

Kote mwen pral regle ak zidòl Babilòn yo.

Lawont ap tonbe sou tout peyi a,

E tout moun yo touye ladan l yo ap tonbe nan mitan l+.

48 Syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan yo

Ap rele ak kè kontan lè Babilòn tonbe+.

Moun k ap vin detwi l yo ap soti nan direksyon nò pou yo vin atake l+.” Se sa Jewova di.

49 “Nonsèlman Babilòn te lakòz moun Izrayèl mouri+,

Men tou, moun sou tout tè a mouri nan Babilòn.

50 Nou menm ki te chape anba kout epe yo, kontinye ale, pa ret kanpe+!

Se pou nou sonje Jewova detan nou byen lwen an.

Se pou nou sonje Jerizalèm+.”

51 “Lawont tonbe sou nou, paske, nou te tande moun ki t ap di move pawòl.

Lawont te fè nou bouche figi nou.

Paske, etranje yo te antre nan kote sakre yo, nan kay Jewova a+.”

52 “Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini”, se sa Jewova di,

“Kote m ap regle ak zidòl li yo,

E moun ki blese ap plenn tout kote nan peyi a+.”

53 “Menmsi Babilòn ta monte nan syèl la+,

Menmsi li ta fòtifye fòtrès li genyen ki byen wo yo,

M ap voye moun pou detwi l+.” Se sa Jewova di.

54 “Tande sa! Gen yon gwo rèl nan Babilòn+,

Gen bri gwo destriksyon k ap fèt nan peyi moun Kalde yo+,

55 Paske Jewova ap detwi Babilòn.

L ap fè l sispann fè bri ak gwo vwa l la.

Bri moun k ap vin atake l yo ap fè a ap tankou bri lanm lanmè.

Moun ap tande bri vwa moun sa yo.

56 Sila a k ap fè destriksyon an ap vin Babilòn+.

Y ap pran sòlda Babilòn yo kòm prizonye+.

Y ap kraze banza yo.

Paske, Jewova se yon Dye ki konn fè vanjans+.

Li pap manke pa tire revanj sou li+.

57 M ap fè chèf li yo ak moun save l yo sou+,

Ni gouvènè l yo, ni lòt chèf li yo, ni sòlda l yo.

Y ap dòmi nètale,

Yo pap janm leve nan dòmi sa a+.” Se sa Wa a di, Sila a ki rele Jewova, Chèf lame yo.

58 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:

“Malgre miray Babilòn nan pwès anpil, y ap kraze l nèt+.

Malgre pòtay li yo wo, y ap boule yo.

Moun yo travay di pou granmesi.

Nasyon yo fatige kò yo, men se dife k ap boule sa yo fè yo+.”

59 Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraya, pitit gason Neriya+, ki li menm se pitit gason Maseya, lè Seraya ak Sedesyas, wa Jida a, t al Babilòn nan katriyèm ane Sedesyas te wa a. Se Seraya ki te responsab bagay wa a te genyen yo. 60 Jeremi te ekri nan yon woulo tout malè ki te gen pou tonbe sou Babilòn yo, tout pawòl li te ekri kont Babilòn yo. 61 Mete sou sa, Jeremi te di Seraya: “Lè w rive Babilòn, lè w wè l, se pou w li tout pawòl sa yo byen fò. 62 Apre sa, se pou w di: ‘O Jewova, ou di y ap detwi kote sa a e pa gen moun k ap rete ladan l, pap gen ni moun, ni bèt ladan l e l ap rete vid pou toutan+.’ 63 Lè w fin li pawòl ki nan woulo sa a, mare l sou yon wòch epi voye l nan mitan Rivyè Efrat la. 64 Apre sa, se pou w di: ‘Se konsa Babilòn ap koule desann e li pap janm leve ankò+ akoz malè Bondye ap lage sou li a, e moun ki abite ladan l yo ap demoralize+.’”

Se la pawòl Jeremi t ap di yo fini.

52 Sedesyas+ te gen 21 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 11 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Amoutal+ e se te pitit fi Jeremi, moun Libna. 2 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, li te fè menm bagay Jewoyakim te konn fè yo+. 3 Tout bagay sa yo ki te rive nan Jerizalèm ak nan Jida te fè Jewova an kòlè anpil, se sa k fè li te retire yo devan je l+. Apre sa, Sedesyas te fè rebèl ak wa Babilòn nan+. 4 Nan nevyèm ane rèy Sedesyas la, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te vini ak tout lame l la pou yo atake Jerizalèm. Yo te monte kan yo devan l e yo te fè yon miray toutotou l+. 5 Yo te ansèkle vil la rive jis nan 11yèm ane rèy wa Sedesyas la.

6 Nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a+, te vin gen yon gwo grangou nan vil la. Moun nan peyi a pa t ka jwenn manje pou yo manje+. 7 Finalman, yo kraze yon pati nan miray vil la e se konsa tout sòlda yo te sove kite vil la nan nuit. Yo te pase nan pòtay ki nan mitan de miray ki te toupre jaden wa a pandan moun Kalde yo te ansèkle vil la toujou. Epi, yo pran wout ki mennen Araba a+. 8 Men, lame moun Kalde yo te kouri dèyè wa Sedesyas e yo te rive pran l+ nan dezè Jeriko a. Tout sòlda ki te avè l yo te gaye, yo te sove kite l. 9 Yo pran wa a, yo mennen l bay wa Babilòn nan nan Ribla, nan Amat, e wa Babilòn nan te jije l pou l ba l santans li. 10 Apre sa, wa Babilòn nan touye pitit gason Sedesyas yo devan je l. Se la, nan Ribla, li te touye tout chèf Jida yo tou. 11 Apre sa, wa Babilòn nan pete je Sedesyas+, li mare l ak chenn an kuiv, epi li mennen l Babilòn. Li te kite Sedesyas nan prizon jiskaske Sedesyas mouri.

12 Nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, sa vle di, nan 19yèm ane rèy Nebikadneza*, wa Babilòn nan, Nebouzaradan, chèf gad yo, yon sèvitè wa Babilòn nan, vin Jerizalèm+. 13 Li te boule kay Jewova a+, kay* wa a ak tout lòt kay ki nan Jerizalèm yo, san wete tout gwo kay yo. 14 Apre sa, lame moun Kalde yo ki te avèk chèf gad yo kraze miray ki antoure Jerizalèm yo+.

15 Nebouzaradan, chèf gad yo, mennen kèk nan moun ki pòv yo ann egzil ansanm ak tout moun ki te rete nan vil la. Li te ale tou ak moun ki t al rann tèt yo bay wa Babilòn nan ansanm ak rès atizan ki te fò yo+. 16 Men, Nebouzaradan, chèf gad yo, te kite kèk nan moun ki te pi pòv yo nan peyi a pou yo travay nan jaden rezen e pou yo fè travo fòse+.

17 Moun Kalde yo te kraze poto an kuiv+ ki te nan kay Jewova a, yo te kraze charyo yo+ ak gwo basen an kuiv ki te nan kay Jewova a+, epi yo pote tout kuiv yo te jwenn nan Babilòn+. 18 Mete sou sa, yo te pran bokit pou mete sann yo*, pèl yo, zouti pou etenn mèch lanp yo, bòl yo+, koup yo+ ak tout lòt veso an kuiv yo te konn itilize nan tanp lan. 19 Chèf gad yo te pran basen yo+, veso pou met chabon dife yo, bòl yo, bokit pou mete sann yo, pòtlanp yo+, koup yo ansanm ak bòl yo. Yo tout te fèt ak bon lò e ak ajan+. 20 Kanta pou de poto yo, gwo basen an, 12 towo bèf ki te fèt an kuiv+ ki te anba basen an ak tout charyo wa Salomon te fè pou kay Jewova a, yo pa t ka peze kantite kuiv ki te ladan yo tèlman l te anpil.

21 Kanta pou poto yo, chak poto te mezire 18 koude* wotè. Se yon kòd ki mezire 12 koude longè ki te kapab fè wonn chak poto+. Anndan chak poto te vid e epesè kuiv la se te kat fwa lajè yon dwèt*. 22 Tèt poto espesyal ki te sou poto yo te fèt an kuiv. Chak tèt poto te mezire senk koude wotè+, e filè ki te nan tèt poto yo ak ranje grenad ki te toutotou tèt poto espesyal yo te fèt an kuiv tou. Dezyèm poto a ansanm ak grenad ki sou li yo te menm jan ak premye poto a. 23 Te gen 96 grenad arebò yo. Antou te gen 100 grenad toutotou filè a+.

24 Mete sou sa, chèf gad yo te pran Seraya+, prèt an chèf la, Sofoni+, adjwen prèt an chèf la ak twa moun ki te konn veye pòtay yo+. 25 Epitou, li te pran yon moun ki gen gwo pozisyon nan vil la e ki t ap kòmande sòlda yo, ansanm ak sèt moun nan vil la ki te pwòch wa a, sekretè chèf lame a, ki te responsab pou pran moun nan lame a, ak 60 mesye pami moun nan peyi a ki te nan vil la. 26 Nebouzaradan, chèf gad yo, pran yo e li mennen yo Ribla bay wa Babilòn nan. 27 Wa Babilòn nan touye yo Ribla+, nan Amat. Se konsa yo te fè moun Jida yo kite peyi yo a pou y al ann egzil+.

28 Men kantite moun Nebikadneza* te fè al ann egzil: nan setyèm ane a, li te mennen 3 023 Juif ann egzil+.

29 Nan 18yèm ane Nebikadneza* te wa a+, yo te pran 832 moun* Jerizalèm epi yo mennen yo ann egzil.

30 Nan 23yèm ane Nebikadneza* te wa a, Nebouzaradan, chèf gad yo, te mennen yon kantite Juif ann egzil: 745 moun*+.

Antou, yo te mennen 4 600 moun* ann egzil.

31 Apre sa, nan 37yèm ane Jewoyakin, wa Jida a+, te ann egzil la, nan 12yèm mwa a, nan 25yèm jou nan mwa a, nan ane Evilmewodak te vin wa Babilòn nan, Evilmewodak te fè lage* Jewoyakin, wa Jida a. Li te retire l nan prizon an+. 32 Li te byen pale ak Jewoyakin e li te onore l plis pase lòt wa* ki te avè l Babilòn yo. 33 Se konsa, Jewoyakin te retire rad prizonye ki te sou li a e li te manje sou tab wa a chak jou, pandan tout rès vi l. 34 Chak jou, wa Babilòn nan te konn ba l manje pou l manje. Li te fè sa pandan tout rès vi Jewoyakin, jiskaske l te mouri.

Petèt, non sa a vle di: “Jewova mete anlè”.

Oswa: “chwazi”.

Oswa: “mwen te mete w apa”.

Lit.: “depi anvan w te soti nan vant”.

Lit.: “Mwen wè youn k ap reveye”.

Oswa: “yon chodyè bouch li men lajè”.

Lit.: “yon chodyè y ap vante”, sa ki montre y ap vante yon dife anba l.

Ann ebre, mo yo itilize a kapab gen rapò ak boule lansan tou.

Lit.: “Se pou w mare ren w”.

Oswa: “yo pap venk ou”.

Oswa: “jan w te gen yon lanmou ki fidèl”.

Oswa: “nan zile”.

Sanble se nan wòch yo te fè sa.

Oswa: “Menmfis”.

Anpalan de yon branch nan Rivyè Nil la.

Anpalan de Rivyè Efrat.

Oswa: “alkali”.

Oswa: “potas”.

Oswa: “pran sant van an lè nanm li fè l anvi fè sa”.

Lit.: “mwa l”.

Oswa: “lòt dye yo”.

Oswa: “senti maryaj li”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “yon Arab”.

Lit.: “fwon”.

Oswa: “montre nanm li”.

Lit.: “pap fè figi m tonbe sou nou”.

Oswa: “chèche fo dye”.

Se kapab tou: “mari”.

Lit.: “nan lame nasyon yo”.

Lit.: “zanmi”.

Oswa: “Men, dye ki fè nou wont lan”.

Anpalan de Jewova.

Oswa: “yon poto ki sèvi kòm siy”.

Oswa: “Se pou nou frape lestomak nou”.

Oswa: “ki rive nan nanm nou”.

Petèt, yo itilize ekspresyon sa a pou montre pitye oswa konpasyon.

Lit.: “moun k ap veye”. Sa vle di, moun k ap veye vil la pou yo konnen ki lè pou yo atake l.

Lit.: “Zantray mwen”.

Lit.: “doulè anndan mi kè m”.

Oswa: “Paske nanm mwen”.

Se kapab tou: “tande rèl moun k ap atake yo fè yo”.

Oswa: “wè poto ki sèvi kòm siy”.

Oswa: “yo gen sajès”.

Oswa: “pap regrèt”.

Oswa: “se nanm ou y ap chèche”.

Lit.: “vwa pitit fi Siyon an”.

Oswa: “paske nanm mwen”.

Lit.: “men yo pa t febli”.

Lit.: “yo te kase kòd yo”.

Oswa: “Èske nanm mwen”.

Se kapab tou: “Li pa egziste”.

Anpalan de pawòl Bondye.

Lit.: “moun sòt ki pa gen kè”.

Oswa: “Èske nanm mwen”.

Lit.: “Pitit fi Siyon an”.

Lit.: “Sangtifye nou”.

Oswa: “si w pa fè sa, nanm mwen”.

Lit.: “Gade, zòrèy yo pa sikonsi”.

Lit.: “ni moun ki gen anpil jou yo”.

Oswa: “Pou nanm nou”.

Oswa: “enstriksyon”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “o pitit fi Siyon an”.

Lit.: “Nou gen tranche”.

Anpalan de Jeremi.

Lit.: “Yo”. Anpalan de tout bilding ki fè pati tanp lan.

Oswa: “timoun ki pa gen papa”.

Oswa: “n ap boule sakrifis pou n fè yo bay lafimen”.

Lit.: “mwen te leve granmmaten pou m pale avèk nou”.

Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.

Oswa: “y ap pwovoke”.

Oswa: “yo te suiv pwòp konsèy pa yo”.

Lit.: “Mwen te leve bonè chak jou pou m voye yo”.

Lit.: “yo te fè kou yo rèd”.

Oswa: “ki dedye”.

Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Gade “Jeyèn” nan Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan lide m”.

Gade “Jeyèn” nan Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “konnen moman ki fikse pou li a”.

Oswa: “pou yo vwayaje”.

Oswa: “enstriksyon”.

Oswa: “sekretè”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Èske nanm mwen”.

Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Oswa: “enstriksyon”.

Oswa: “chante moun chante lè gen lanmò”.

Oswa: “chante sa a moun chante lè gen lanmò a”.

Oswa: “ak kouto digo”.

Yon bagay yo mete kanpe nan jaden pou fè zwazo pè pou yo pa vin manje rekòt yo.

Okòmansman, se nan lang arameyen yo te ekri vèsè 11 lan.

Oswa: “vapè”.

Se kapab tou: “Li fè vàn pou”.

Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Oswa: “souf”.

Sanble se ak Jeremi Bondye t ap pale.

Oswa: “Se konsa pou sa ye”.

Lit.: “mwen te leve bonè pou m avèti yo”.

Oswa: “yo te konn boule sakrifis pou fè yo bay lafimen pou yo”.

Oswa: “dye k ap fè nou wont lan”.

Anpalan de Jeremi.

Anpalan de sakrifis ki fèt nan tanp lan.

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.

Oswa: “k ap chèche nanm mwen yo”.

Oswa: “nan santiman ki pi pwofon yo genyen”. Lit.: “nan ren”.

Oswa: “Mwen lage sila a nanm mwen renmen anpil la”.

Oswa: “zwazo ki takte”.

Se kapab tou: “Li vin nan gwo tristès”.

Lit.: “Okenn chè”.

Oswa: “Nanm mwen”.

Oswa: “ak grandam nan”.

Oswa: “ansèkle”.

Oswa: “moun peyi Kouch”.

Oswa: “bagay ki ta dwe fè w wont”.

Oswa: “rive nan kanal yo; rive nan sitèn yo”.

Se yon bèt ki sanble ak kabrit.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Nanm ou”.

Se kapab tou: “kat kalite jijman”. Lit.: “kat fanmi”.

Se kapab tou: “kontinye fè bak”.

Oswa: “bouke santi m regrèt”.

Oswa: “Se anba redi nanm li”.

Se kapab tou: “Li vin wont e li santi l jennen”.

Lit.: “pa ale avè m”.

Oswa: “yon mesaj ki kondane yo”.

Oswa: “W ap vin pòtpawòl mwen”.

Yon seri koutim payen yo te genyen. Sanble pèp Izrayèl la te konn suiv koutim sa yo lè yo te vire do bay Bondye.

Lit.: “tout chemen yo”.

Lit.: “se manti”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se kapab tou: “Paske mwen limen yon dife sou ou akoz mwen an kòlè”.

Oswa: “pou gason vanyan”.

Lit.: “Ki fè chè vin bra l”.

Oswa: “pou gason vanyan”.

Oswa: “Kè a plis ka twonpe w”.

Se kapab tou: “e li pa ka geri”.

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.

Oswa: “ranmase richès, men ki pa fè sa yon fason ki dwat”.

Lit.: “ban mwen”. Sanble y ap pale de Jewova.

Oswa: “detwi yo de fwa”.

Oswa: “Veye nanm nou”.

Lit.: “yo te fè kou yo rèd”.

Oswa: “sid”.

Lit.: “jan sa te parèt bon nan je atizan ki konn travay ak ajil la”.

Oswa: “m ap regrèt”.

Oswa: “m ap regrèt”.

Lit.: “fòme”.

Oswa: “yo boule sakrifis pou yo fè yo bay lafimen”.

Oswa: “ki pa fèt”.

Oswa: “enstriksyon”.

Lit.: “ba l kout lang”.

Oswa: “pou nanm mwen”.

Lit.: “ki tande sa, zòrèy li ap kònen”.

Oswa: “nan lide m”.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Lit.: “yo fè kou yo rèd pou yo pa”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.

Oswa: “li delivre nanm moun ki pòv yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Oswa: “sove nanm li”.

Oswa: “nan palè”.

Oswa: “pa fè òfelen yo”.

Yo rele Chaloum Jewoyakaz tou.

Lit.: “Doulè tranche”.

Yo rele Koniya Jewoyakin ak Jekónyas tou.

Oswa: “k ap chèche nanm ou yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “peyi”.

Lit.: “nan jou l yo”.

Oswa: “eritye”.

Oswa: “ni prèt yo se aposta”.

Oswa: “Y ap plen nou ak fo espwa”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Yo rele Jekónyas Jewoyakin ak Koniya tou.

Se kapab tou: “moun ki konn konstwi ranpa yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “te di tout”.

Lit.: “Mwen te konn leve bonè pou m pale avèk nou”.

Lit.: “te konn leve bonè pou l voye”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Sanble se yon lòt non yo bay Babèl (Babilòn).

Lit.: “tout chè”.

Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.

Oswa: “ak”.

Oswa: “vin pwostène devan”.

Oswa: “m ap regrèt”.

Oswa: “enstriksyon”.

Lit.: “mwen leve bonè pou m voye yo”.

Oswa: “sot nan palè”.

Oswa: “ap regrèt”.

Oswa: “mòn kote tanp lan ye a”.

Oswa: “chèche adousi fas Jewova”.

Oswa: “Jewova regrèt”.

Oswa: “sou nanm nou”.

Lit.: “moun mwen wè ki bon nan je pa m”.

Lit.: “repoze”.

Oswa: “palè”.

Anpalan de gwo basen an kuiv ki nan lakou tanp lan.

Oswa: “palè”.

Oswa: “Se konsa pou sa ye”.

Oswa: “wa Jekónyas, grandam nan”.

Se kapab tou: “moun ki konn konstwi ranpa yo”.

Se kapab tou: “ki pete”.

Lit.: “mwen te leve bonè pou m voye yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Nan tèks orijinal la, gen de mo la a. Youn ladan yo sanble se yon “sèp pou pye” e lòt la sanble se yon “sèp pou men ak tèt”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “kenbe anba ti vant”.

Lit.: “gran”.

Oswa: “korije”.

Se kapab tou: “M ap onore yo”.

Lit.: “t ap bay kè l kòm garanti”.

Oswa: “Se poutèt sa mwen kontinye montre lanmou fidèl pou ou”.

Oswa: “w ap antre nan dans moun k ap ri yo”.

Oswa: “bò kot ravin ki gen dlo”.

Lit.: “rachte”.

Oswa: “reklame”.

Oswa: “Jewova ba yo anpil bon bagay”.

Oswa: “Nanm yo”.

Oswa: “fè nanm prèt”.

Lit.: “grès”.

Oswa: “pou pitit li yo”.

Lit.: “zantray mwen”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Se kapab tou: “mari”.

Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “palè”.

Y ap pale de tonton kot papa.

Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

Lit.: “konsèy”.

Lit.: “tout chè”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “mwen te leve bonè e m te anseye yo”.

Gade “Jeyèn” nan Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “pase”.

Oswa: “nan lide m”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “eritye”.

Lit.: “fè semans David”.

Lit.: “voye semans Jakòb”.

Lit.: “pami semans David la”.

Lit.: “dirije semans Abraram, Izarak ak Jakòb”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “Jodi a”.

Oswa: “jan nanm yo”.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Oswa: “chanm”.

Lit.: “Jonadab”. Se yon fòm kout pou Jewonadab.

Lit.: “Jonadab”. Se yon fòm kout pou Jewonadab.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “mwen leve bonè pou m”.

Lit.: “mwen te leve bonè pou m”.

Lit.: “Jonadab”. Se yon fòm kout pou Jewonadab.

Lit.: “woulo yon liv”.

Lit.: “woulo liv la”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan liv la”.

Oswa: “nan liv la”.

Oswa: “salamanje”.

Oswa: “nan liv la”.

Oswa: “desann nan palè”.

Oswa: “Tout fonksyonè k ap travay ak wa a”.

Oswa: “nan liv la”.

Oswa: “liv”.

Sot nan dezyèm mwatye mwa novanm rive nan fen premye mwatye mwa desanm. Gade Apendis B15.

Lit.: “ni semans li”.

Oswa: “liv”.

Yo rele Koniya Jewoyakin ak Jekónyas tou.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “yo te mete l nan kay chenn yo”.

Lit.: “nan kay sitèn nan”.

Oswa: “rive nan palè a”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “palè”.

Oswa: “palè”.

Oswa: “palè”.

Oswa: “ki fè nanm sa a pou nou an”.

Oswa: “k ap chèche nanm ou yo”.

Oswa: “nanm ou ap rete vivan”.

Oswa: “e nanm ou”.

Lit.: “palè”.

Lit.: “Mesye lapè w yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oubyen dapre yon lòt fason yo separe mo sa yo nan tèks ebre a, se “Nègalcharezè, Samganebo, Sasekim, Rabsaris”.

Oswa: “majisyen an chèf la (astwològ)”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “palè”.

Se kapab tou: “fè yo fè travo fòse”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “fonksyonè ki te gen pi gwo pozisyon nan gouvènman l lan”.

Oswa: “majisyen an chèf la (astwològ)”.

Oswa: “nanm ou”.

Lit.: “pou m kanpe”.

Oswa: “pou l frape nanm ou”.

Oswa: “pou l ta frape nanm ou”.

Lit.: “semans wayòm nan”.

Se yon kalite manje angren.

Se kapab tou: “gwo pisin”.

Oswa: “m ap nan lapenn poutèt”.

Oswa: “si n al abite la pou yon ti tan”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “tanp”.

Oswa: “kite peyi a san anyen mal pa rive l”.

Oswa: “Kay (Tanp) solèy”, anpalan de Elyopolis.

Oswa: “tanp”.

Oswa: “Menmfis”.

Lit.: “te leve bonè e m te voye yo”.

Oswa: “sou nanm nou”.

Oswa: “Y ap leve nanm yo pou yo”.

Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.

Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.

Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.

Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.

Oswa: “k ap chèche nanm li”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “ki t ap chèche nanm li an”.

Oswa: “tann”.

Oswa: “sove nanm ou”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.

Oswa: “moun peyi Kouch”.

Lit.: “nan manyen e nan met pye sou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “masak”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “Menmfis”.

Lit.: “kite tan ki fikse a”.

Anpalan de moun k ap vin pran Ejip la.

Oswa: “Menmfis”.

Se kapab tou: “L ap vin tankou yon dezè”.

Oswa: “k ap ranmase bwa”.

Anpalan de Tebès.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “korije”.

Anpalan de Krèt.

Sa vle di moun Gaza yo ap kale tèt yo poutèt y ap nan lapenn e y ap wont.

Oswa: “ki nan kote ki wo ki gen sekirite a”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “ratibwaze platon an”.

Se kapab tou: “chita sou tè sèk la”.

Oswa: “sou platon an”.

Lit.: “kòn”.

Oswa: “pa fè bri”.

Yon kalite flit yo te konn jwe nan antèman, yon moman kote moun nan tristès.

Oswa: “L ap fè bri”.

Yon kalite flit yo te konn jwe nan antèman.

Se kapab tou: “tande rèl moun yo ap fè lè y ap”.

Oswa: “ki ozalantou l yo”.

Oswa: “pak mouton yo”.

Sanble se de Edòm y ap pale.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “nan tout van”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “k ap chèche nanm yo”.

Oswa: “yon poto k ap sèvi kòm siy”.

Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Lit.: “konn met pye sou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “bay men l”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “e nanm li”.

Lit.: “konn met pye sou”.

Lit.: “ap fè silans”.

Oswa: “k ap frape fo pwofèt yo”.

Sanble se de moun Babilòn yo y ap pale.

Sanble se yon lòt non yo bay peyi Kalde.

Lit.: “konn met pye sou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm”.

Se kapab tou: “plen sak flèch yo”.

Oswa: “yon poto k ap sèvi kòm siy”.

Oswa: “vapè”.

Se kapab tou: “Li fè vàn pou”.

Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Oswa: “souf”.

Se kapab tou: “Menm eritaj li a, baton l lan”.

Oswa: “yon poto k ap sèvi kòm siy”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.

Sanble se yon lòt non yo bay Babèl (Babilòn).

Oswa: “nanm”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “palè”.

Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.

Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.

Lajè yon dwèt egal 1,85 sm (0,73 pous). Gade Apendis B14.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “te leve tèt”.

Lit.: “li te ba l yon twòn ki te anlè twòn lòt wa”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje