NONB
1 Epi, Jewova te pale ak Moyiz nan Dezè Sinayi a+, nan tant reyinyon an+, premye jou nan dezyèm mwa a, nan dezyèm ane yo te soti nan peyi Ejip la+. Li te di l: 2 “Anrejistre+ tout Izrayelit yo* selon fanmi yo, selon fanmi papa yo, selon kantite non tout gason yo, youn pa youn. 3 Ou menm ak Arawon, nou dwe anrejistre tout gason ki gen 20 an oswa plis e ki kapab sèvi nan gwoup yo nan lame Izrayèl la.+
4 “Pran yon gason nan chak tribi. Yo chak dwe alatèt nan fanmi papa yo+. 5 Men non mesye ki pral ede w yo: Nan tribi Ribenn, w ap pran Elitsou+, pitit gason Chedeyou. 6 Nan tribi Simeyon, w ap pran Cheloumyèl+, pitit gason Sourichadayi. 7 Nan tribi Jida, w ap pran Nachon+, pitit gason Aminadab. 8 Nan tribi Isaka, w ap pran Netanèl+, pitit gason Souwa. 9 Nan tribi Zabilon, w ap pran Elyab+, pitit gason Elon. 10 Nan pitit gason Jozèf yo, nan tribi Efrayim+, w ap pran Elichama, pitit gason Amiyoud, e nan tribi Manase, w ap pran Gamalyèl, pitit gason Pedachou. 11 Nan tribi Benjamen, w ap pran Abidan+, pitit gason Gideyoni. 12 Nan tribi Dann, w ap pran Ayezè+, pitit gason Amichadayi. 13 Nan tribi Achè, w ap pran Pagyèl+, pitit gason Okran. 14 Nan tribi Gad, w ap pran Elyasaf+, pitit gason Dewèl. 15 Nan tribi Neftali, w ap pran Ayira+, pitit gason Enan. 16 Mesye sa yo se moun yo chwazi pami pèp la. Yo se chèf+ nan tribi papa yo e yo alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ann Izrayèl+.”
17 Lè yo fin bay non mesye yo chwazi yo, Moyiz ak Arawon pran yo. 18 Yo rasanble tout pèp la premye jou nan dezyèm mwa a pou yo anrejistre non yo youn pa youn, selon fanmi yo, selon fanmi papa yo, tout gason ki gen 20 an oswa plis+, 19 jan Jewova te bay Moyiz lòd fè sa. Se konsa, Moyiz te anrejistre yo nan Dezè Sinayi a+.
20 Yo te anrejistre pitit gason Ribenn yo, sa vle di desandan premye pitit gason Izrayèl la+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame youn pa youn. 21 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Ribenn nan se te 46 500.
22 Yo te anrejistre desandan Simeyon yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame youn pa youn. 23 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Simeyon an se te 59 300.
24 Yo te anrejistre desandan Gad yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 25 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Gad la se te 45 650.
26 Yo te anrejistre desandan Jida yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki te gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 27 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Jida a se te 74 600.
28 Yo te anrejistre desandan Isaka yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 29 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Isaka a se te 54 400.
30 Yo te anrejistre desandan Zabilon yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 31 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Zabilon an se te 57 400.
32 Yo te anrejistre desandan Jozèf ki sot nan Efrayim yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 33 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Efrayim nan se te 40 500.
34 Yo te anrejistre desandan Manase yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 35 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Manase a se te 32 200.
36 Yo te anrejistre desandan Benjamen yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 37 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Benjamen an se te 35 400.
38 Yo te anrejistre desandan Dann yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 39 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Dann nan se te 62 700.
40 Yo te anrejistre desandan Achè yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 41 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Achè a se te 41 500.
42 Yo te anrejistre desandan Neftali yo+, selon non yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. Yo te konte tout gason ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame. 43 Kantite gason yo te anrejistre nan tribi Neftali a se te 53 400.
44 Se Moyiz ak Arawon ansanm ak 12 chèf Izrayèl yo ki te anrejistre tout mesye sa yo. Chak chèf te reprezante fanmi papa yo. 45 Yo te anrejistre tout Izrayelit ki gen 20 an oswa plis ki te kapab sèvi nan lame Izrayèl la selon zansèt yo. 46 Kantite gason yo te anrejistre antou se te 603 550+.
47 Men, yo pa t anrejistre Levit yo+ selon tribi papa yo pami lòt tribi yo+. 48 Epi, Jewova te di Moyiz: 49 “Se sèl tribi Levi a ou pa dwe anrejistre, e ou pa dwe antre kantite Levit yo nan kantite lòt Izrayelit yo+. 50 Ou dwe bay Levit yo responsab tabènak* la ki gen lach alyans lan*+ anndan l ak tout veso l yo ansanm ak tout sa ki ladan l+. Se yo k ap pote tabènak la ak tout veso l yo+. Y ap fè sèvis yo nan tabènak la+ e y ap monte tant yo toutotou l+. 51 Nenpòt lè y ap deplase ak tabènak la, se Levit yo ki dwe demonte l+, e lè y ap remonte l se Levit yo ki dwe fè sa. Nenpòt moun ki pa gen dwa* ki ta pwoche toupre l, yo dwe touye l+.
52 “Chak Izrayelit dwe monte tant li nan kan yo mete l la, chak gason selon gwoup twa tribi+ li ladan l* nan lame a. 53 Levit yo dwe monte tant yo toutotou tabènak la ki gen lach alyans lan* anndan l pou malediksyon pa tonbe sou Izrayelit yo+, e se yo ki responsab pou pran swen* tabènak la+.”
54 Pèp Izrayèl la te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè. Se egzakteman sa yo te fè.
2 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz ak Arawon, li di yo: 2 “Izrayelit yo dwe monte tant yo kote yo bay gwoup twa tribi+ yo ladan l lan, chak moun dwe monte tant li toupre bànyè* yo mete pou idantifye fanmi papa l la. Yo dwe tabli kan yo toutotou tant reyinyon an, e fas kan yo dwe bay sou li.
3 “Se gwoup twa tribi ki nan kan Jida a, selon gwoup yo* ye nan kan an, k ap monte tant yo nan lès, nan direksyon solèy leve. Chèf pitit gason Jida yo se Nachon+, pitit gason Aminadab. 4 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup* pa l la se 74 600+. 5 Se tribi Isaka a k ap bò kote l. Chèf pitit gason Isaka yo se Netanèl+, pitit gason Souwa. 6 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 54 400+. 7 Tribi Zabilon an ap bò kote l. Chèf pitit gason Zabilon yo se Elyab+, pitit gason Elon. 8 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 57 400+.
9 “Kantite gason yo te anrejistre nan lame nan kan Jida a se 186 400. Se yo ki dwe deplase an premye+.
10 “Se gwoup twa tribi ki nan kan Ribenn nan+, selon gwoup yo* ye nan kan an, k ap nan direksyon sid. Chèf pitit gason Ribenn yo se Elitsou+, pitit gason Chedeyou. 11 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 46 500+. 12 Se tribi Simeyon an k ap bò kote l. Chèf pitit gason Simeyon yo se Cheloumyèl+, pitit gason Sourichadayi. 13 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 59 300+. 14 Tribi Gad la ap bò kote l. Chèf pitit gason Gad yo se Elyasaf+, pitit gason Rewouyèl. 15 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 45 650+.
16 “Kantite gason yo te anrejistre nan lame nan kan Ribenn nan se 151 450. Se yo ki dwe deplase an dezyèm+.
17 “Lè y ap deplase ak tant reyinyon an+, kan Levit yo dwe nan mitan lòt kan yo.
“Yo dwe ale nan menm lòd yo te tabli kan yo+, yo chak dwe rete nan plas yo, selon gwoup twa tribi yo ladan l lan.
18 “Se gwoup twa tribi ki nan kan Efrayim nan, selon gwoup yo* ye nan kan an, k ap nan direksyon lwès. Chèf pitit gason Efrayim yo se Elichama+, pitit gason Amiyoud. 19 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 40 500+. 20 Tribi Manase a+ ap bò kote l. Chèf pitit gason Manase yo se Gamalyèl+, pitit gason Pedachou. 21 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 32 200+. 22 Tribi Benjamen an ap bò kote l. Chèf pitit gason Benjamen yo se Abidan+, pitit gason Gideyoni. 23 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 35 400+.
24 “Kantite gason yo te anrejistre nan lame nan kan Efrayim nan se 108 100. Se yo ki dwe deplase an twazyèm+.
25 “Se gwoup twa tribi ki nan kan Dann nan, selon gwoup yo* ye nan kan an, k ap nan direksyon nò. Chèf pitit gason Dann yo se Ayezè+, pitit gason Amichadayi. 26 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 62 700+. 27 Se tribi Achè a k ap bò kote l. Chèf pitit gason Achè yo se Pagyèl+, pitit gason Okran. 28 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 41 500+. 29 Tribi Neftali a ap bò kote l. Chèf pitit gason Neftali yo se Ayira+, pitit gason Enan. 30 Kantite gason ki anrejistre nan gwoup pa l la se 53 400+.
31 “Kantite gason yo te anrejistre nan lame nan kan Dann nan se 157 600. Se yo ki dwe deplase an dènye+ pami gwoup twa tribi yo.”
32 Yo te anrejistre Izrayelit sa yo selon fanmi papa yo. Antou, yo te anrejistre 603 550 gason+ nan kan yo pou lame a. 33 Men, yo pa t anrejistre Levit yo+ ansanm ak lòt Izrayelit yo+, dapre lòd Jewova te bay Moyiz. 34 Izrayelit yo te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè. Se konsa yo te ranje kan yo selon gwoup twa tribi+ yo te ladan l yo e se konsa yo te deplase+, yo chak selon fanmi yo ak fanmi papa yo.
3 Kounye a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz nan epòk Jewova te pale ak Moyiz sou Mòn Sinayi+: 2 Non pitit gason Arawon yo se te Nadab, premye pitit li, Abiyou+, Eleyaza+ ak Itama+. 3 Se konsa pitit gason Arawon yo te rele. Yo te prèt Bondye te chwazi e yo te ba yo pouvwa pou yo sèvi antanke prèt+. 4 Men, Nadab ak Abiyou te mouri devan Jewova lè yo te prezante yon dife yo pa t gen dwa prezante devan Jewova+ nan Dezè Sinayi a, e mesye sa yo pa t gen pitit. Eleyaza+ ak Itama+ yo menm te kontinye sèvi antanke prèt ansanm ak Arawon, papa yo.
5 Annapre, Jewova te di Moyiz: 6 “Fè tribi Levi a pwoche+ e fè yo kanpe devan Arawon, prèt la, pou yo sèvi+ bò kote l. 7 Yo dwe fè travay Arawon ba yo fè yo e yo dwe sèvi tout pèp la devan tant reyinyon an, lè yo fè travay yo genyen ki gen rapò ak tabènak* la. 8 Yo dwe pran swen tout bagay+ ki nan tant reyinyon an e yo dwe fè travay yo pou Izrayelit yo lè yo fè travay ki gen rapò ak tabènak la+. 9 Ou dwe fè Levit yo travay ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Se Bondye ki mete yo apa pami Izrayelit yo+ pou yo travay ak Arawon. 10 Ou dwe mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo, yo dwe fè sèvis yo kòm prèt+. Nenpòt moun ki pa gen dwa* ki ta pwoche bò tabènak la, yo dwe touye l+.”
11 Jewova te kontinye pale ak Moyiz, li te di l: 12 “Gade! Mwen pran Levit yo pami Izrayelit yo nan plas tout premye pitit Izrayelit yo+. Se pou mwen Levit yo ap ye. 13 Paske tout premye pitit se pou mwen+. Lè m te touye tout premye pitit nan peyi Ejip yo+, mwen te mete tout premye pitit pami Izrayelit yo apa pou mwen, ni moun ni bèt+. Se pou mwen yo dwe vin ye. Mwen se Jewova.”
14 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz nan Dezè Sinayi a+, li di l: 15 “Anrejistre desandan Levi yo selon fanmi papa yo ak fanmi yo. Ou dwe anrejistre tout gason, tout sa ki gen yon mwa oswa plis+.” 16 Konsa, Moyiz te anrejistre yo sou lòd Jewova, jan l te mande l la. 17 Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari+.
18 Kounye a, men non pitit gason Gèchon yo, selon fanmi kote yo soti: Libni ak Chimeyi+.
19 Pitit gason Keyat yo, selon fanmi kote yo soti, se te Amram, Izeya, Ebwon ak Ouzyèl+.
20 Pitit gason Merari yo, selon fanmi kote yo soti, se te Mali+ ak Mouchi+.
Moun sa yo se fanmi Levit yo, selon zansèt yo.
21 Gèchon se zansèt moun ki sot nan fanmi Libni+ ak nan fanmi Chimeyi. Moun sa yo sot nan fanmi Gèchon. 22 Kantite gason yo te anrejistre nan fanmi moun sa yo, sa ki gen yon mwa oswa plis, se 7 500+. 23 Moun ki sot nan fanmi Gèchon yo te monte tant yo dèyè tabènak la+, nan direksyon lwès. 24 Chèf moun ki sot nan fanmi Gèchon yo, selon fanmi yo bò kot papa, se te Elyasaf, pitit Layèl. 25 Men responsablite pitit gason Gèchon yo+ te genyen nan tant reyinyon an: Yo te gen pou yo pran swen tabènak la ak tant lan+, tout sa ki te kouvri tant lan+, rido+ ki nan antre tant reyinyon an, 26 rido+ ki bare lakou a, rido+ ki nan antre lakou ki toutotou tabènak la ak lotèl la ansanm ak kòd tant lan, e yo te gen pou yo fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.
27 Keyat se zansèt moun ki sot nan fanmi Amram, fanmi Izeya, fanmi Ebwon ak fanmi Ouzyèl. Moun sa yo sot nan fanmi Keyat+. 28 Kantite gason ki sot nan fanmi sa yo, sa ki gen yon mwa oswa plis, se 8 600. Se yo ki te gen responsablite pou yo pran swen kote ki sakre a+. 29 Fanmi pitit gason Keyat yo te monte tant yo nan sid tabènak la+. 30 Chèf moun ki sot nan fanmi Keyat yo, selon fanmi yo bò kot papa, se te Elizafan, pitit Ouzyèl+. 31 Yo te gen responsablite pou yo pran swen Lach la+, tab la+, pòtlanp lan+, lotèl yo+, bagay yo+ te konn itilize nan sèvis yo t ap fè nan kote ki sakre a, rido a+, e yo te gen pou yo fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+.
32 Chèf ki alatèt Levit yo se Eleyaza+, pitit Arawon, prèt la. Li te gen pou l sipèvize travay moun ki te gen responsablite pou yo pran swen kote ki sakre a.
33 Merari se zansèt moun ki sot nan fanmi Mali ak fanmi Mouchi. Moun sa yo sot nan fanmi Merari+. 34 Kantite gason yo te anrejistre nan fanmi moun sa yo, sa ki gen yon mwa oswa plis, se 6 200+. 35 Chèf moun ki sot nan fanmi Merari yo, selon fanmi yo bò kot papa, se Zouryèl, pitit Abikayil. Yo te monte tant yo nan nò tabènak la+. 36 Pitit gason Merari yo te gen responsablite pou yo siveye ankadreman+ ki soutni tabènak la, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto yo, tout veso l yo+ ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+, 37 ansanm ak poto ki te toutotou lakou a ak baz poto l yo+, pikèt tant lan genyen yo ansanm ak kòd tant lan genyen yo.
38 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit gason Arawon yo te monte tant yo anfas tabènak la, nan direksyon lès, devan tant reyinyon an, nan direksyon solèy leve. Yo te gen responsablite pou yo pran swen tabènak la kòm travay yo dwe fè pou Izrayelit yo. Nenpòt moun ki pa gen dwa* ki ta pwoche bò tabènak la, yo dwe touye l+.
39 Tout gason ki Levit ki gen yon mwa oswa plis Moyiz ak Arawon te anrejistre sou lòd Jewova, selon fanmi kote yo soti, se te 22 000.
40 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Anrejistre tout premye pitit gason Izrayelit yo, sa ki gen yon mwa oswa plis+. Konte yo, epi fè yon lis ak non yo. 41 Ou dwe pran Levit yo nan plas tout premye pitit Izrayelit yo+ pou mwen, epi pran bèt Levit yo genyen yo nan plas tout premye pitit bèt Izrayelit yo genyen yo+. Mwen se Jewova.” 42 Epi, Moyiz te anrejistre tout premye pitit Izrayelit yo, jan Jewova te ba l lòd fè sa. 43 Kantite premye pitit gason yo te anrejistre selon non yo, sa ki te gen yon mwa oswa plis, se te 22 273.
44 Jewova te kontinye pale ak Moyiz, li te di l: 45 “Pran Levit yo nan plas tout premye pitit Izrayelit yo, epi pran bèt Levit yo nan plas bèt Izrayelit yo. Se pou mwen Levit yo dwe ye. Mwen se Jewova. 46 Men pri y ap peye+ pou 273 premye pitit Izrayelit yo ki anplis Levit yo+: 47 Ou dwe pran senk chekèl* pou chak moun+, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. Yon chekèl egal 20 gera*+. 48 Ou dwe bay Arawon ak pitit gason l yo lajan yo peye pou moun ki anplis yo.” 49 Se konsa, Moyiz te pran lajan yo peye pou moun ki anplis kantite moun Levit yo te ranplase yo. 50 Li te pran lajan yo te peye pou premye pitit Izrayelit yo, se te 1 365 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. 51 Apre sa, Moyiz te bay Arawon ak pitit gason l yo lajan an, jan Jewova te di l la, dapre lòd Jewova te ba li.
4 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz ak Arawon, li di yo: 2 “Nou dwe anrejistre pitit gason Keyat yo+ pami pitit gason Levi yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo, 3 tout gason ki gen ant 30+ ak 50 an+ nan gwoup mesye yo bay fè travay nan tant reyinyon an+.
4 “Men travay pitit gason Keyat yo ap gen pou yo fè nan tant reyinyon an+, travay ki pi sakre a: 5 Arawon ak pitit gason l yo ap antre nan tant lan lè pèp la ap deplase e y ap demonte rido+ ki bare lach+ alyans lan* e y ap kouvri l avè l. 6 Y ap kouvri l ak yon nap ki fèt ak po fòk*, y ap voye yon nap ki tou ble sou li e y ap mete baton pou yo pote l yo+ nan plas yo.
7 “Epitou, y ap mete yon nap ble sou tab ki gen pen yo ofri yo+ e y ap mete asyèt yo, koup yo, bòl yo ak po ki gen bwason y ap vide kòm ofrann nan sou li+. Pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo+ dwe sou tab la tou. 8 Y ap mete yon nap wouj sou yo, y ap kouvri tab la ak yon nap ki fèt ak po fòk, epi y ap mete baton pou yo pote l yo+ nan plas yo. 9 Apre sa, y ap pran yon nap ble, y ap kouvri pòtlanp lan+ ansanm ak lanp li yo+, pensèt li yo, veso pou met mèch ki fin boule yo+ ak tout veso yo konn met luil pou yo met nan lanp yo. 10 Y ap vlope pòtlanp lan ak tout ekipman l yo nan yon nap ki fèt ak po fòk e y ap mete l sou yon kad pou yo pote l. 11 Epi, y ap mete yon twal ble sou lotèl annò a+, y ap kouvri l ak yon nap ki fèt ak po fòk e y ap mete baton pou yo pote l yo+ nan plas yo. 12 Apre sa, y ap pran tout ekipman+ yo konn itilize chak tan y ap fè sèvis nan kote ki sakre a, y ap mete yon twal ble sou yo, y ap kouvri yo ak yon nap ki fèt ak po fòk e y ap mete yo sou yon kad pou yo pote yo.
13 “Yo dwe retire sann* ki nan lotèl la+ e yo dwe kouvri lotèl la ak yon twal lenn wouj vyolèt. 14 Y ap mete tout bagay yo konn itilize pou yo fè sèvis yo sou lotèl la. Y ap mete veso pou met chabon dife yo, fouch yo, pèl yo, bòl yo ak tout ekipman lotèl la+. Yo dwe kouvri l ak yon nap ki fèt ak po fòk, epi yo dwe mete baton pou yo pote l yo+ nan plas yo.
15 “Arawon ak pitit gason l yo dwe fin kouvri tout bagay nan kote ki sakre a+ ak tout ekipman l yo nèt lè pèp la ap deplase. Apre sa, pitit gason Keyat yo ap antre vin pran yo pou yo pote yo+. Men, yo pa dwe touche kote ki sakre a pou yo pa mouri+. Se pitit gason Keyat yo ki responsab bagay sa yo ki nan tant reyinyon an.
16 “Eleyaza+, pitit gason Arawon, prèt la, responsab luil yo konn met nan lanp yo+, lansan santi bon an+, manje angren yo bay chak tan kòm ofrann nan ak luil onksyon* an+. Li te siveyan pou tout tabènak* la ak tout sa k ladan l, san wete kote ki sakre a ak sa k ladan l.”
17 Annapre, Jewova di Moyiz ak Arawon: 18 “Pa kite moun nan fanmi Keyat yo+ peri pami Levit yo. 19 Men sa pou w fè pou yo pa mouri pou pwoche y ap pwoche bò kote bagay ki pi sakre yo+: Arawon ak pitit gason l yo ap antre nan tant lan e l ap di yo chak ki travay yo gen pou yo fè ak sa yo gen pou yo pote. 20 Yo pa dwe antre vin gade bagay ki sakre yo, menm pou yon ti moman. Si yo fè sa, y ap mouri+.”
21 Apre sa, Jewova di Moyiz: 22 “Ou dwe anrejistre pitit gason Gèchon yo+ selon fanmi papa yo ak fanmi yo. 23 Anrejistre tout gason ki gen ant 30 ak 50 an ki nan gwoup moun ki gen pou sèvi nan tant reyinyon an. 24 Men travay moun nan fanmi Gèchon yo gen pou yo fè ak bagay yo gen pou yo pote+: 25 Y ap pote twal tant tabènak la+, tant reyinyon an, sa ki kouvri l yo, po fòk ki sou tèt li yo+, rido ki nan antre tant reyinyon an+, 26 rido ki bare lakou a+, rido ki nan antre lakou+ ki toutotou tabènak la ak lotèl la, kòd tant lan genyen yo ak tout veso yo ak tout bagay yo konn itilize pou yo fè sèvis nan tant lan. Travay sa a se travay pa yo. 27 Arawon ak pitit gason l yo dwe sipèvize tout travay ak tout responsablite moun ki nan fanmi Gèchon yo+ genyen. Se yo w ap bay tout responsablite sa yo. 28 Se travay sa a moun ki nan fanmi Gèchon yo dwe fè nan tant reyinyon an+, e se Itama+, pitit gason Arawon, prèt la, k ap dirije travay y ap fè yo.
29 “Kanta pou pitit gason Merari yo+, w ap anrejistre yo selon fanmi yo ak fanmi papa yo. 30 Anrejistre tout gason ki gen ant 30 ak 50 an ki nan gwoup moun ki gen pou sèvi nan tant reyinyon an. 31 Men sa yo responsab+ anrapò ak sèvis yo nan tant reyinyon an: ankadreman+ tabènak la genyen yo, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto l yo+, 32 poto+ ki toutotou lakou a, sipò ki anba poto sa yo+, pikèt tant lan genyen yo+, kòd li yo ansanm ak tout ekipman l yo ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo. W ap ba yo non ekipman yo responsab pou yo pote yo. 33 Se travay sa yo moun ki nan fanmi pitit gason Merari yo+ dwe fè nan tant reyinyon an, e se Itama, pitit gason Arawon, prèt la+, k ap dirije travay y ap fè yo.”
34 Moyiz ak Arawon ansanm ak chèf+ fanmi nan pèp la te anrejistre moun ki sot nan fanmi Keyat yo+, selon fanmi yo ak fanmi papa yo, 35 tout gason ki gen ant 30 ak 50 an ki nan gwoup moun ki gen pou sèvi nan tant reyinyon an+. 36 Kantite gason antou yo te anrejistre selon fanmi kote yo soti se 2 750+. 37 Se kantite moun sa yo yo te anrejistre nan fanmi pitit gason Keyat yo, e yo tout t ap sèvi nan tant reyinyon an. Moyiz ak Arawon te anrejistre yo dapre lòd Jewova te bay Moyiz+.
38 Yo te anrejistre pitit gason Gèchon yo+ selon fanmi yo ak fanmi papa yo, 39 tout gason ki gen ant 30 ak 50 an ki nan gwoup moun ki gen pou sèvi nan tant reyinyon an. 40 Kantite gason antou yo te anrejistre selon fanmi yo ak fanmi papa yo se 2 630+. 41 Se kantite moun sa yo yo te anrejistre nan fanmi pitit gason Gèchon yo, e yo tout t ap sèvi nan tant reyinyon an. Moyiz ak Arawon te anrejistre yo dapre lòd Jewova+.
42 Yo te anrejistre pitit gason Merari yo selon fanmi yo ak fanmi papa yo, 43 tout gason ki gen ant 30 ak 50 an ki nan gwoup moun ki gen pou sèvi nan tant reyinyon an+. 44 Kantite gason antou yo te anrejistre selon fanmi kote yo soti se 3 200+. 45 Se kantite moun sa yo yo te anrejistre nan fanmi pitit gason Merari yo. Moyiz ak Arawon te anrejistre yo dapre lòd Jewova te bay Moyiz+.
46 Moyiz ak Arawon ansanm ak chèf fanmi nan pèp la te anrejistre tout Levit sa yo, selon fanmi yo ak fanmi papa yo. 47 Mesye sa yo te gen ant 30 ak 50 an, yo tout te gen pou yo sèvi nan tant reyinyon an e yo te gen responsablite pa yo ladan l+. 48 Kantite gason antou yo te anrejistre selon fanmi kote yo soti se 8 580+. 49 Yo te anrejistre yo chak dapre lòd Jewova te bay Moyiz, selon sèvis yo te ba yo fè ak responsablite yo te genyen. Yo te anrejistre yo jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a.
5 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Bay Izrayelit yo lòd pou yo mete nenpòt moun ki gen lèp+, nenpòt moun ki gen ekoulman+ ak nenpòt moun ki vin pa pwòp* akoz li touche kadav yon moun*+ deyò nan kan an. 3 Kit se yon gason, kit se yon fi, mete l deyò. Ou dwe mete l deyò nan kan an pou l pa kontamine+ tout kan an kote m abite a+.” 4 Vrèmanvre, Izrayelit yo te fè sa, yo te mete moun sa yo deyò nan kan an. Yo te fè sa Jewova te di Moyiz fè a.
5 Jewova te kontinye pale ak Moyiz, li te di l: 6 “Di Izrayelit yo: ‘Si yon gason oswa yon fi fè nenpòt peche moun abitye fè e li montre li pa fidèl devan Jewova, moun* sa a vin koupab+. 7 Li* dwe konfese+ peche li* fè a. Li dwe bay yon dedomajman pou sa l fè a, li dwe mete yon senkyèm sou sa l bay la+, e se moun li peche kont li a li dwe bay yo. 8 Men, si moun nan mouri e li pa gen fanmi pre pou resevwa dedomajman an, dedomajman an dwe vin pou Jewova, e sa l bay la ap pou prèt la, sof mal mouton prèt la ap ofri pou moun nan jwenn padon pou peche l la+.
9 “‘Tout kontribisyon ki sakre+ Izrayelit yo bay prèt la dwe vin pou li+. 10 Bagay ki pi sakre chak moun bay ap rete pou prèt la. Kèlkeswa bagay yon moun bay prèt la, se pou prèt la l ap ye.’”
11 Jewova te kontinye pale ak Moyiz, li te di l: 12 “Pale ak Izrayelit yo, epi di yo: ‘Men sa k dwe fèt si madanm yon gason fè chemen kwochi e li pa fidèl ak mari l 13 paske yon lòt gason kouche avè l+, alòske mari l pa konn sa e sa rete kache, konsa dam nan sal tèt li, e pa gen okenn moun ki te wè l ni yo pa t kenbe l: 14 Kit mari a ap fè jalouzi e li sispèk madanm li pa fidèl paske madanm nan te sal tèt li, kit mari a ap fè jalouzi e li sispèk madanm li pa fidèl malgre madanm nan pa t sal tèt li, 15 li dwe mennen madanm li bay prèt la e li dwe vin ak yon dizyèm efa* farin lòj* pou l bay kòm ofrann pou madanm li. Li pa dwe vide luil sou ofrann nan, ni li pa dwe mete lansan sou li, paske se yon ofrann manje angren pou jalouzi, yon ofrann manje angren pou fè moun sonje gen yon peche ki te fèt.
16 “‘Prèt la ap fè dam nan avanse e l ap fè l kanpe devan Jewova+. 17 Prèt la ap pran dlo sakre nan yon veso ann ajil e l ap pran enpe pousyè atè nan tabènak* la pou l met nan dlo a. 18 Prèt la ap fè dam nan kanpe devan Jewova, l ap demare tèt dam nan e l ap met ofrann manje angren an nan men dam nan, sa vle di ofrann manje angren pou jalouzi a+, pou fè moun sonje gen yon bagay ki te rive. Epi, dlo anmè ki pote malediksyon an+ ap nan men prèt la.
19 “‘Lè sa a, prèt la ap fè dam nan fè sèman, l ap di l: “Si pa gen okenn lòt gason ki te kouche avè w pandan w te anba otorite mari w+, si w pa t fè chemen kwochi e w pa t sal tèt ou, dlo anmè sa a ki pote malediksyon an pa gendwa fè w anyen. 20 Men, si pandan w anba otorite mari w, ou te fè chemen kwochi, ou te sal tèt ou e w te kouche ak yon lòt gason+...” 21 Prèt la ap fè dam nan fè yon sèman pou malediksyon tonbe sou li, e l ap di dam nan: “Se pou Jewova fè pèp ou a pran w kòm egzanp lè y ap bay malediksyon e lè y ap fè sèman. Se pou Jewova fè w pa ka fè pitit* e se pou l fè vant ou anfle. 22 Dlo sa a ki pote malediksyon an ap antre anndan vant ou pou l fè vant ou anfle e pou l fè w pa ka fè pitit*.” Lè sa a, dam nan dwe di: “Amèn! Amèn!*”
23 “‘Epi, prèt la dwe ekri malediksyon sa yo nan liv la, apre sa, l ap efase yo ak dlo anmè a. 24 Annapre, l ap fè dam nan bwè dlo anmè ki pote malediksyon an, dlo sa a ap desann nan vant dam nan e l ap fè l soufri. 25 Prèt la dwe pran ofrann manje angren pou jalouzi a+ nan men dam nan e li dwe balanse ofrann nan devan Jewova, epi l ap pote ofrann nan toupre lotèl la. 26 Prèt la ap pran yon ponyen nan ofrann manje angren an kòm yon echantiyon e l ap boule l sou lotèl la+ pou l ka bay lafimen, e apre sa, l ap fè dam nan bwè dlo a. 27 Lè l fin fè dam nan bwè dlo a, si dam nan te sal tèt li, si l pa t fidèl ak mari l, dlo ki pote malediksyon an ap desann nan vant li, l ap tounen yon bagay ki anmè e vant li ap anfle, li pap ka fè pitit* e l ap vin yon malediksyon nan mitan pèp la. 28 Men, si dam nan pa t sal tèt li e si l rete pwòp, li pap sibi pinisyon sa a. L ap kapab ansent e l ap ka fè pitit.
29 “‘Sa a se lwa sou jalouzi+ lè yon dam ta fè chemen kwochi e li ta sal tèt li pandan li anba otorite mari l, 30 oswa nan ka kote yon gason ta vin jalou e li ta sispèk madanm li pa fidèl. Li dwe fè madanm nan kanpe devan Jewova, epi prèt la dwe aplike tout sa ki nan lwa sa a sou madanm nan. 31 Gason an pap koupab, men madanm li ap peye sa l fè.’”
6 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Si yon gason oswa yon fi fè yon ve espesyal pou l viv antanke Nazireyen*+ pou Jewova, 3 li pa dwe bwè ni diven ni okenn lòt bwason ki gen alkòl. Li pa dwe bwè vinèg ki fèt ak diven, ni vinèg ki fèt ak lòt bagay ki gen alkòl+. Li pa dwe bwè okenn bwason ki fèt ak rezen, ni li pa dwe manje rezen, kit rezen an fre, kit li sèk. 4 Pandan tout tan l ap viv antanke Nazireyen an, li pa dwe manje anyen ki sot nan pye rezen, ni rezen vèt, e menm po rezen.
5 “‘Pandan tout tan li anba ve li fè antanke Nazireyen an, okenn razwa pa dwe pase nan tèt li+. Li dwe rete sen lè l kite cheve nan tèt li pouse jiskaske tan li rete apa pou Jewova a fini. 6 Li pa dwe pwoche bò kote kadav yon moun* pandan tout tan li rete apa pou Jewova a. 7 Menmsi papa l, manman l, frè l oswa sè l ta mouri, li pa gen dwa kontamine tèt li+, paske siy li genyen antanke Nazireyen pou Bondye l la sou tèt li.
8 “‘Pandan tout tan l ap viv antanke Nazireyen an, li sen pou Jewova. 9 Men, si yon moun ta mouri sibit bò kote l+ e sa ta fè l kontamine cheve l, sa vle di siy ki montre li apa pou Bondye a, li dwe koupe cheve l+ jou l ap tounen vin sen pou Bondye a. Li dwe koupe yo sou setyèm jou a. 10 Sou uityèm jou a, li dwe pote de toutrèl oswa de jenn pijon bay prèt la nan antre tant reyinyon an. 11 Prèt la ap prepare youn kòm yon sakrifis pou peche e lòt la kòm yon sakrifis yo boule nèt pou Nazireyen ki te peche a+ ka jwenn padon piske li te kontamine tèt li akoz kadav yon moun*. Jou sa a, Nazireyen an dwe pirifye cheve nan tèt li. 12 Li dwe mete tèt li apa ankò pou Jewova pandan tan l ap viv antanke Nazireyen an, e l ap pote yon jenn mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis ki montre li koupab. Men, tan l te pase anvan sa antanke Nazireyen an pap konte paske l te kontamine tèt li.
13 “‘Kounye a, men lwa konsènan yon moun ki Nazireyen: Lè l fin fè tan li te gen pou l fè antanke Nazireyen an+, y ap mennen l nan antre tant reyinyon an. 14 Lè l rive la, men sa l dwe prezante kòm ofrann devan Jewova: yon jenn mal mouton ki pa gen okenn domaj ki gen ennan oswa ki pi piti kòm yon sakrifis y ap boule nèt+, yon ti femèl mouton ki pa gen okenn domaj ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou peche+, yon mal mouton ki pa gen okenn domaj kòm sakrifis kominyon*+, 15 yon pànye pen san ledven ki won, ki gen yon twou nan mitan yo, ki fèt ak farin bon kalite yo melanje ak luil ansanm ak bisuit sèk yo pase luil sou yo. Y ap ansanm ak manje angren yo bay kòm ofrann nan+ ak bwason y ap vide kòm ofrann nan+. 16 Prèt la ap prezante yo devan Jewova e l ap bay ofrann pou peche a ak sakrifis l ap boule nèt la. 17 L ap bay Jewova mal mouton an kòm sakrifis kominyon ak pànye pen san ledven an e l ap prezante ofrann manje angren an+ ak ofrann bwason ki ansanm avè l yo.
18 “‘Apre sa, Nazireyen an dwe koupe cheve nan tèt li+ nan antre tant reyinyon an, l ap pran cheve ki te pouse nan tèt li lè l te Nazireyen an e l ap mete l sou dife ki anba sakrifis kominyon an. 19 Apre prèt la fin koupe cheve Nazireyen an, anpalan de siy ki montre li se yon Nazireyen, li dwe pran youn nan palèt mouton an ki fin kuit+, yon pen san ledven ki won e ki gen yon twou nan mitan l ak yon bisuit sèk yo pase luil sou li nan pànye a e li dwe mete yo nan men Nazireyen an. 20 Prèt la dwe balanse yo devan Jewova+ kòm yon ofrann balanse. Se yon bagay ki sakre pou prèt la. Pwatrin mal mouton yo bay kòm ofrann balanse a ak jigo mal mouton yo bay kòm kontribisyon an+ sakre pou li tou. Annapre, Nazireyen an ka bwè diven.
21 “‘Men lwa konsènan yon Nazireyen+ ki fè yon ve: Si li fè yon ve e li gen posiblite pou l fè yon ofrann devan Jewova ki depase sa yo mande Nazireyen yo, li dwe fè sa l di a pou l montre li respekte lwa Nazireyen an.’”
22 Apre sa, Jewova di Moyiz: 23 “Di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men ki jan nou dwe beni+ pèp Izrayèl la. Di yo:
24 “Se pou Jewova beni nou+ e se pou l pwoteje nou!
25 Se pou Jewova fè limyè ki sot nan figi l klere nou+ e se pou l fè nou favè!
26 Se pou Jewova voye je gade nou* e se pou l ban nou lapè+!”’
27 Epi, yo dwe sèvi ak non m lè y ap beni pèp Izrayèl la+ pou m ka beni pèp la+.”
7 Jou Moyiz te fin monte tabènak*+ la, li te wouze l ak luil+ e li te mete l apa pou Bondye ansanm ak tout mèb ki ladan l yo, lotèl la ak tout ekipman tabènak la+. Lè l fin wouze bagay sa yo ak luil e li fin mete yo apa pou Bondye+, 2 chèf ann Izrayèl yo+, chèf fanmi yo, te pote ofrann yo. Chèf tribi sa yo ki te alatèt travay resansman an 3 te pote ofrann yo devan Jewova. Yo te bay sis charyo byen kouvri ansanm ak 12 bèf. Chak de chèf te bay yon charyo e chak chèf te bay yon towo bèf. Yo te mennen yo devan tabènak la. 4 Jewova di Moyiz: 5 “Ou mèt aksepte bagay sa yo nan men yo piske yo pral itil pou sèvis nan tant reyinyon an, epi ou dwe bay chak Levit sa yo bezwen ladan yo pou yo fè travay yo.”
6 Se konsa, Moyiz te aksepte charyo yo ak bèt yo e li te bay Levit yo bagay sa yo. 7 Li te bay pitit gason Gèchon yo de charyo ak kat bèf, selon sa yo bezwen pou travay yo+, 8 e li te bay pitit gason Merari yo ki anba direksyon Itama, pitit gason Arawon, prèt la+, kat charyo ak uit bèf, selon sa yo bezwen pou travay yo. 9 Men, li pa t bay pitit gason Keyat yo anyen, paske se nan kote ki sakre a yo+ t ap gen pou yo travay e se sou zepòl yo yo t ap gen pou yo pote bagay ki pi sakre yo+.
10 Se konsa, chèf yo te pote ofrann yo pandan yo t ap inogire*+ lotèl la nan jou yo te wouze l ak luil la. Lè chèf yo te pote ofrann yo devan lotèl la, 11 Jewova te di Moyiz: “Lè y ap inogire lotèl la, chak jou youn nan chèf yo ap pote ofrann li, y ap vini yon jou apre yon lòt.”
12 Chèf ki te pote ofrann li nan premye jou a se Nachon+, pitit gason Aminadab, nan tribi Jida. 13 Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl* ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 14 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 15 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 16 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 17 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon*+. Se ofrann sa a Nachon, pitit gason Aminadab la+, te pote.
18 Nan dezyèm jou a, Netanèl+, pitit gason Souwa a, chèf pitit gason Isaka yo, te pote ofrann pa l la. 19 Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 20 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 21 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 22 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 23 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Netanèl, pitit gason Souwa a, te pote.
24 Nan twazyèm jou a, Elyab+, pitit gason Elon an, chèf pitit gason Zabilon yo, 25 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 26 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 27 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 28 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 29 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Elyab+, pitit gason Elon an, te pote.
30 Nan katriyèm jou a, Elitsou+, pitit gason Chedeyou a, chèf pitit gason Ribenn yo, 31 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 32 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 33 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 34 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 35 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Elitsou+, pitit gason Chedeyou a, te pote.
36 Nan senkyèm jou a, Cheloumyèl+, pitit gason Sourichadayi a, chèf pitit gason Simeyon yo, 37 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 38 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 39 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 40 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 41 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Cheloumyèl+, pitit gason Sourichadayi a, te pote.
42 Nan sizyèm jou a, Elyasaf+, pitit gason Dewèl la, chèf pitit gason Gad yo, 43 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 44 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 45 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 46 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 47 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Elyasaf+, pitit gason Dewèl la, te pote.
48 Nan setyèm jou a, Elichama+, pitit gason Amiyoud la, chèf pitit gason Efrayim yo, 49 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 50 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 51 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 52 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 53 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Elichama+, pitit gason Amiyoud la, te pote.
54 Nan uityèm jou a, Gamalyèl+, pitit gason Pedachou a, chèf pitit gason Manase yo, 55 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 56 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 57 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 58 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 59 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Gamalyèl+, pitit gason Pedachou a, te pote.
60 Nan nevyèm jou a, Abidan+, pitit gason Gideyoni an, chèf+ pitit gason Benjamen yo, 61 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 62 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 63 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 64 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 65 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Abidan+, pitit gason Gideyoni an, te pote.
66 Nan dizyèm jou a, Ayezè+, pitit gason Amichadayi a, chèf pitit gason Dann yo, 67 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 68 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 69 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 70 yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+, 71 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Ayezè+, pitit gason Amichadayi a, te pote.
72 Nan 11yèm jou a, Pagyèl+, pitit gason Okran an, chèf pitit gason Achè yo, 73 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 74 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 75 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 76 yon jenn kabrit kòm sakrifis pou peche+, 77 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Pagyèl+, pitit gason Okran an, te pote.
78 Nan 12yèm jou a, Ayira+, pitit gason Enan an, chèf pitit gason Neftali yo, 79 te pote ofrann pa l la. Men ofrann li te pote: yon asyèt ann ajan ki peze 130 chekèl ak yon bòl ann ajan ki peze 70 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+, e toule de te plen ak farin bon kalite ki melanje ak luil pou yo fè ofrann manje angren+, 80 yon ti bòl annò ki peze 10 chekèl ki plen ak lansan, 81 yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak yon ti mal mouton ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou yo boule nèt+, 82 yon jenn kabrit kòm sakrifis pou peche+, 83 de bèf, senk mal mouton, senk bouk kabrit ak senk ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis kominyon+. Se ofrann sa a Ayira+, pitit gason Enan an, te pote.
84 Men kantite ofrann chèf ann Izrayèl yo te pote pou yo te inogire+ lotèl la lè yo te wouze l ak luil la: 12 asyèt ann ajan, 12 bòl ann ajan ak 12 ti bòl annò+. 85 Chak asyèt ann ajan te peze 130 chekèl e chak bòl ann ajan te peze 70 chekèl. Tout kantite ajan yo te itilize pou veso sa yo te peze 2 400 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a+. 86 Toule 12 ti bòl annò ki te plen ak lansan yo, yo chak te peze 10 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a. Tout kantite lò yo te itilize pou ti bòl annò yo te rive 120 chekèl. 87 Tout bèt yo te itilize kòm sakrifis pou yo boule nèt yo se te 12 towo bèf, 12 mal mouton, 12 ti mal mouton ki te gen ennan ansanm ak ofrann manje angren ki te ansanm ak yo ak 12 jenn kabrit kòm sakrifis pou peche. 88 Tout kantite bèt yo te itilize pou sakrifis kominyon an se te 24 towo bèf, 60 mal mouton, 60 bouk kabrit ak 60 ti mal mouton ki gen ennan. Se ofrann sa yo yo te pote lè yo t ap inogire+ lotèl la apre yo te fin wouze l ak luil la+.
89 Chak fwa Moyiz te antre nan tant reyinyon an pou l pale ak Bondye+, li te tande vwa Bondye k ap pale avè l anlè kouvèti+ lach alyans lan*, ant de cheriben yo+, e se la Bondye te konn pale avè l.
8 Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Arawon, di l: ‘Lè w ap limen sèt lanp yo ki sou pòtlanp lan, ou dwe mete yo yon fason pou yo klere zòn ki anfas pòtlanp lan+.’” 3 Se sa Arawon te fè. Li te limen lanp yo pou yo klere zòn ki anfas pòtlanp lan+, dapre lòd Jewova te bay Moyiz la. 4 Pou yo te fè pòtlanp lan, yo te bat lò ak yon mato pou yo ba l fòm. Ni pye pòtlanp lan ni branch li yo te fèt ak lò yo te bat ak mato pou yo bay fòm nan+. Yo te fè pòtlanp lan selon modèl Jewova te montre Moyiz nan vizyon an+.
5 Jewova pale ak Moyiz ankò, li di l: 6 “Pran Levit yo pami Izrayelit yo epi pirifye yo+. 7 Men ki jan ou dwe pirifye yo: Wouze yo ak dlo ki netwaye peche a, epi yo dwe raze tout plim sou kò yo ak razwa. Yo dwe lave rad yo e yo dwe pwòpte kò yo+. 8 Apre sa, y ap pran yon jenn towo bèf+ ak ofrann manje angren ki mache avè l la+ ki fèt ak farin bon kalite ki melanje ak luil, e w ap pran yon lòt jenn towo bèf kòm sakrifis pou peche+. 9 Epi, ou dwe prezante Levit yo devan tant reyinyon an e ou dwe fè tout Izrayelit yo rasanble+. 10 Lè w ap prezante Levit yo devan Jewova, Izrayelit yo dwe mete men yo sou Levit yo+. 11 Apre sa, Arawon dwe bay Levit yo lòd pou yo balanse devan Jewova kòm yon ofrann balanse+, epi y ap fè sèvis Jewova a+.
12 “Levit yo ap mete men yo sou tèt towo bèf yo+. Apre sa, prezante youn kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis pou yo boule nèt pou Levit yo ka jwenn padon+ nan men Jewova. 13 W ap fè Levit yo kanpe devan Arawon ak pitit gason l yo e w dwe ba yo lòd pou yo balanse devan Jewova kòm yon ofrann balanse. 14 Ou dwe separe Levit yo ak Izrayelit yo, e se pou mwen Levit yo ap vin ye+. 15 Apre sa, Levit yo ap vin sèvi bò tant reyinyon an. Se konsa ou dwe pirifye yo e w dwe ba yo lòd pou yo balanse devan Bondye kòm yon ofrann balanse. 16 Paske se kado yo ye, kado mwen resevwa pami Izrayelit yo, e m ap pran yo pou mwen nan plas premye pitit Izrayelit yo+. 17 Paske chak premye pitit pami Izrayelit yo se pou mwen, ni moun ni bèt+. Mwen te mete yo apa pou mwen jou m te touye tout premye pitit nan peyi Ejip yo+. 18 M ap pran Levit yo nan plas tout premye pitit Izrayelit yo. 19 M ap bay Arawon ak pitit gason l yo Levit yo kòm kado pami Izrayelit yo pou yo sèvi nan plas Izrayelit yo nan tant reyinyon an+, pou Izrayelit yo ka jwenn padon pou peche yo, yon fason pou okenn malè pa frape Izrayelit yo+ poutèt pèp Izrayèl la vin toupre kote ki sakre a.”
20 Moyiz ak Arawon ansanm ak tout pèp Izrayèl la te fè sa Bondye te di yo a ak Levit yo. Izrayelit yo te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd pou l fè ak Levit yo. 21 Konsa, Levit yo te pirifye tèt yo e yo te lave rad yo+. Apre sa, Arawon ba yo lòd pou yo balanse devan Jewova kòm yon ofrann balanse+. Ansuit, Arawon fè sakrifis pou yo pou yo ka jwenn padon pou peche yo pou yo vin pwòp+. 22 Annapre, Levit yo antre pou yo fè sèvis yo nan tant reyinyon an sou lòd Arawon ak pitit gason l yo. Jan Jewova te bay Moyiz lòd pou yo fè ak Levit yo, se konsa yo te fè ak yo.
23 Kounye a, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 24 “Men sa pou Levit yo fè: Depi yon Levit gen 25 an oswa plis, li pral travay ak gwoup moun k ap fè sèvis ki gen rapò ak tant reyinyon an. 25 Men, apre l fin gen 50 an, li pa dwe nan gwoup la e li pa dwe nan sèvis la ankò. 26 Li ka ede frè l yo ki gen responsablite nan tant reyinyon an, men li pa dwe travay ladan l. Se sa ou dwe fè anrapò ak Levit yo e anrapò ak responsablite yo genyen+.”
9 Jewova pale ak Moyiz nan Dezè Sinayi a, premye mwa+ nan dezyèm ane a, apre Izrayelit yo te fin soti nan peyi Ejip. Li di l: 2 “Izrayelit yo dwe kontinye fè sakrifis pou Pak la+ nan lè l dwe fèt la+. 3 Nan 14yèm jou nan mwa sa a, apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*, ou dwe fè sakrifis la nan lè l dwe fèt la. Ou dwe fè l selon tout lwa ki gen rapò avè l yo e selon fason l dwe fèt la+.”
4 Apre sa, Moyiz di Izrayelit yo pou yo fè sakrifis pou Pak la. 5 Konsa, yo te fè sakrifis pou Pak la nan Dezè Sinayi a nan premye mwa a, 14yèm jou nan mwa a, apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*. Izrayelit yo te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd pou yo fè.
6 Yon lè, te gen kèk mesye ki te vin pa pwòp akoz yo te touche kadav yon moun*+, konsa yo pa t kapab fè sakrifis pou Pak la jou sa a. Se sa k fè y al kot Moyiz ak Arawon menm jou a+ 7 e yo di Moyiz: “Se vre nou pa pwòp akoz nou te touche kadav yon moun*, men, poukisa pou yo pa ta kite nou prezante sakrifis la devan Jewova nan lè l dwe fèt la ansanm ak lòt Izrayelit yo+?” 8 Lè sa a, Moyiz di yo: “Ret tann mwen la. Kite m al tande ki lòd Jewova ap bay pou ka nou an+.”
9 Epi, Jewova di Moyiz: 10 “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Si yon moun pami nou oswa nan desandan n ap genyen yo vin pa pwòp akoz li touche kadav yon moun*+ oswa paske l nan yon vwayaj byen lwen, li dwe fè sakrifis pou Pak la kanmenm pou Jewova. 11 Yo dwe fè l 14yèm jou nan dezyèm mwa a+, apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*. Yo dwe manje l ak pen san ledven ansanm ak fèy anmè+. 12 Yo pa dwe kite okenn rès pou demen maten+ e yo pa dwe kraze okenn zo ki ladan l+. Yo dwe fè sakrifis sa a selon tout lwa ki gen rapò ak fèt Pak la. 13 Men, si yon moun pwòp oswa li pa t ap vwayaje, e li neglije fè sakrifis pou Pak la, yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp la+ paske li pa fè sakrifis la pou Jewova nan lè l dwe fèt la. Moun sa a ap peye pou peche l fè a.
14 “‘Si gen yon etranje k ap viv bò kote nou, li menm tou, li dwe fè sakrifis pou Pak la pou Jewova+. Li dwe fè sa selon lwa ki gen rapò ak fèt Pak la e selon fason l dwe fèt la+. Dwe gen yon sèl lwa pou nou tout, ni pou etranje ki abite pami nou, ni pou pitit tè a+.’”
15 Twouve, nan jou yo te monte tabènak la+, nyaj la te vin kouvri tabènak la, sa vle di tant ki gen lach alyans lan* anndan l lan. Men, nan aswè, gen yon bagay ki tankou dife ki te rete anlè tabènak* la rive jis demen maten+. 16 Men sa k te konn pase: Nyaj la te rete anlè l lajounen e bagay ki tankou dife a te rete anlè l leswa+. 17 Depi nyaj la deplase sot sou tant lan, Izrayelit yo deplase san pèdi tan+. Epi, kote nyaj la kanpe, se la Izrayelit yo rete+. 18 Se sou lòd Jewova Izrayelit yo te deplase e se sou lòd Jewova yo te kanpe+. Toutotan nyaj la te rete anlè tabènak la, Izrayelit yo pa t deplase. 19 Menm lè nyaj la te fè anpil jou anlè tabènak la, Izrayelit yo te obeyi Jewova, yo pa t deplase+. 20 Pafwa, nyaj la te fè kèk jou anlè tabènak la. Se sou lòd Jewova yo te kanpe e se sou lòd Jewova yo te deplase. 21 Gendelè, nyaj la te sèlman rete anlè tabènak la sot aswè rive maten. Men, lè nyaj la te deplase nan maten, yo te deplase tou. Kit nyaj la deplase lajounen, kit li deplase lannuit, Izrayelit yo te deplase+. 22 Kit nyaj la te fè de jou, yon mwa oswa plis tan, toutotan nyaj la te rete anlè tabènak la, Izrayelit yo te rete la, yo pa t deplase. Men, depi nyaj la deplase, yo deplase tou. 23 Se sou lòd Jewova yo te kanpe e se sou lòd Jewova yo te deplase. Yo te obeyi Jewova e yo te suiv lòd Jewova te bay Moyiz.
10 Annapre, Jewova di Moyiz: 2 “Fè de twonpèt+. Fè yo ak ajan yo bat ak yon mato pou yo ba l fòm, epi sèvi avèk yo pou w fè pèp la rasanble e pou w fè l deplase. 3 Lè yo sonnen toule de twonpèt yo, tout pèp la dwe vin jwenn ou nan antre tant reyinyon an+. 4 Si yo sonnen yon sèl twonpèt, se sèl chèf yo, moun ki alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ann Izrayèl yo ladan yo k ap vin jwenn ou+.
5 “Lè w fè twonpèt yo bay yon son monte desann, moun nan kan ki nan direksyon lès yo+ dwe deplase. 6 Lè w fè twonpèt yo bay yon son monte desann yon dezyèm fwa, moun nan kan ki nan direksyon sid yo+ dwe deplase. Se konsa pou yo sonnen twonpèt yo chak fwa youn nan kan yo ap deplase.
7 “Lè se tout pèp la w ap rasanble, ou pa dwe fè twonpèt yo+ bay yon son monte desann. 8 Pitit gason Arawon yo, prèt yo, dwe sonnen twonpèt yo+. Se yon lwa pou yo sèvi ak twonpèt yo, e lwa sa a ap la pou nou pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon.
9 “Si nou gen pou n al fè lagè ak yon ènmi ki vin atake nou nan peyi nou, se pou n sonnen twonpèt yo+ pou nou rasanble moun yo pou lagè. Epi, Jewova, Bondye nou an, ap sonje nou e l ap sove nou anba men ènmi nou yo.
10 “Epitou, nan moman ki bay kè kontan yo+, sa vle di lè fèt nou yo+ ak nan kòmansman mwa yo, nou dwe sonnen twonpèt yo sou sakrifis nou boule nèt yo+ ak sakrifis kominyon*+ yo. Sa ap fè Bondye nou an sonje nou. Mwen se Jewova, Bondye nou an+.”
11 Nan dezyèm ane a, dezyèm mwa a, 20yèm jou nan mwa a+, nyaj la te deplase sot anlè tabènak*+ la ki gen lach alyans lan* anndan l. 12 Konsa, Izrayelit yo te kòmanse mache nan Dezè Sinayi a, nan lòd yo dwe deplase a+, epi nyaj la vin kanpe nan Dezè Paran+. 13 Se te premye fwa yo te deplase ann amoni ak lòd Jewova te bay Moyiz la+.
14 Gwoup twa tribi ki nan kan pitit gason Jida yo te deplase an premye, selon gwoup yo ladan l lan*, e se Nachon+, pitit gason Aminadab la, ki te alatèt gwoup sa a. 15 Netanèl+, pitit gason Souwa a, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Isaka yo. 16 Elyab+, pitit gason Elon an, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Zabilon yo.
17 Lè yo te fin demonte tabènak la+, pitit gason Gèchon yo+ ak pitit gason Merari yo+ ki t ap pote tabènak la te deplase.
18 Apre sa, gwoup twa tribi ki nan kan Ribenn nan te deplase, selon gwoup yo ladan l lan*, e se Elitsou+, pitit gason Chedeyou a, ki te alatèt gwoup sa a. 19 Cheloumyèl+, pitit gason Sourichadayi a, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Simeyon yo. 20 Elyasaf+, pitit gason Dewèl la, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Gad yo.
21 Annapre, desandan Keyat yo k ap pote bagay sakre ki nan tabènak la+ te deplase. Yo te dwe monte tabènak la lè yo rive.
22 Apre sa, gwoup twa tribi ki nan kan pitit gason Efrayim yo te deplase, selon gwoup yo ladan l lan*, e se Elichama+, pitit gason Amiyoud la, ki te alatèt gwoup sa a. 23 Gamalyèl+, pitit gason Pedachou a, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Manase yo. 24 Abidan+, pitit gason Gideyoni an, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Benjamen yo.
25 Apre sa, gwoup twa tribi ki nan kan pitit gason Dann yo te deplase, selon gwoup yo ladan l lan*. Se gwoup sa a ki te ret pa dèyè nèt pou pwoteje tout pèp la, e se Ayezè+, pitit gason Amichadayi a, ki te alatèt gwoup sa a. 26 Pagyèl+, pitit gason Okran an, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Achè yo. 27 Ayira+, pitit gason Enan an, te alatèt gwoup ki gen tribi pitit gason Neftali yo. 28 Se nan lòd sa a Izrayelit yo te deplase selon gwoup yo ye nan kan an*+.
29 Annapre, Moyiz di Obab, pitit gason Rewouyèl*+ ki moun Madyan e ki bòpè Moyiz: “Nou pral nan zòn Jewova te di: ‘M ap ban nou l’ lan+. Vin avèk nou+ e n ap byen boule avè w, paske Jewova pwomèt Izrayèl anpil bon bagay+.” 30 Men, li di l: “Mwen pa prale. M ap tounen nan peyi m bò kot fanmi m.” 31 Lè sa a, Moyiz di l: “Tanpri, pa kite nou, paske se ou ki konnen ki kote pou n kanpe nan dezè a. Ou kapab vin yon gid* pou nou. 32 Si w vin avèk nou+, kèlkeswa benediksyon Jewova ban nou, n ap pataje l avè w kanmenm.”
33 Konsa, yo te kite mòn Jewova a+, yo fè twa jou ap mache e yo t ale ak lach+ alyans Jewova a devan yo pandan twa jou yo te fè ap mache a pou yo chèche yon kote pou yo poze+. 34 Epi, lè yo t ap deplase nan lajounen, nyaj Jewova a+ t ap gide yo.
35 Chak fwa y ap deplase ak Lach la, Moyiz di: “O Jewova, leve kanpe!+ Se pou ènmi w yo gaye e se pou moun ki rayi w yo kouri pou ou.” 36 Men, lè yo te kanpe ak Lach la, li di: “O Jewova, retounen vin jwenn plizyè milye pitit Izrayèl yo+.”
11 Twouve, pèp la te kòmanse ap plenyen anpil devan Jewova. Lè Jewova tande sa, li vin an kòlè e Jewova te lage dife sou kèk nan yo nan dènye pwent kan an. 2 Kou pèp la te kòmanse kriye nan kò Moyiz, Moyiz te sipliye Jewova+ e dife a te etenn. 3 Se sa k fè yo te rele kote sa a Tabera*, paske Jewova te lage dife sou pèp la+.
4 Foul moun ki pa t Izrayelit+ ki te ansanm ak Izrayelit yo te montre yo ava+, epi Izrayelit yo tou te pran kriye, yo t ap di: “Kiyès k ap ban nou vyann pou nou manje+? 5 Se pa ti sonje nou sonje pwason nou te konn manje pou granmesi nan peyi Ejip, ansanm ak konkonm, melon, powo, zonyon ak lay+! 6 Men, kounye a, nou* fin depafini. Nou pa gen anyen menm devan je nou, sof lamàn sa a+.”
7 Twouve, lamàn nan+ te tankou grenn pitimi*+ e l te sanble ak yon gonm bwa ki santi bon. 8 Pèp la te mache ranmase l toupatou, yo te moulen l nan moulen oswa yo te pile l nan pilon. Apre sa, yo te kuit li nan chodyè oswa yo te fè pen won+ avè l e li te gen menm gou ak bonbon yo kuit ak luil. 9 Lè lawouze te tonbe nan kan an lannuit, lamàn te konn tonbe nan kan an tou+.
10 Moyiz te tande pèp la k ap kriye, chak fanmi e chak moun t ap kriye devan tant pa yo. Lè sa a, Jewova te vin fache anpil+ e Moyiz pa t kontan menm tou. 11 Epi, Moyiz di Jewova: “Poukisa w lage sèvitè w la nan pwoblèm? Èske se kontan w pa kontan avè m ki fè w lage chay tout pèp sa a sou do m+? 12 Èske se mwen ki te fè tout pèp sa a? Èske m te pouse l tankou yon fi k ap fè pitit ki fè w di m: ‘Pote yo sou lestomak ou, menm jan yon sèvitè k ap pran swen timoun pote yon tibebe*’, pou m mennen yo nan peyi ou te fè sèman w ap bay zansèt yo+? 13 Ki kote m ap jwenn vyann pou m bay tout pèp sa a? Paske yo pa sispann kriye nan pye m, y ap di m: ‘Ban nou vyann pou n manje!’ 14 Mwen pa ka responsab tout pèp sa a poukont mwen. Chay la twòp pou mwen+. 15 Si se konsa w ap aji avè m, ou mèt touye m kounye a menm+. Si m jwenn favè nan men w, pa kite m wè lòt malè ankò.”
16 Jewova reponn Moyiz, li di l: “Chwazi 70 gason pami ansyen ki nan pèp Izrayèl la, moun yo rekonèt antanke ansyen e ki gen otorite nan mitan pèp la+. Mennen yo nan tant reyinyon an e fè yo kanpe la avè w. 17 M ap desann+ vin pale avè w kote nou ye a+. M ap pran yon pòsyon nan lespri+ ki sou ou a pou m mete sou yo, e y ap ede w pote chay pèp la pou w pa oblije pote l poukont ou+. 18 Ou dwe di pèp la: ‘Pirifye tèt nou pou demen+, paske nou pral manje vyann kanmenm, piske nou te kriye nan zòrèy Jewova+ e nou te di: “Kiyès k ap ban nou vyann pou nou manje? Bagay yo te pi bon pou nou ann Ejip+.” Jewova pral ban nou vyann san mank, e n ap manje vyann+. 19 Se pa ni yon jou, ni 2 jou, ni 5 jou, ni 10 jou, ni 20 jou n ap fè ap manje vyann, 20 men, se tout yon mwa n ap fè ap manje vyann, jiskaske l soti nan twou nen nou e nou vin rebite l+, paske nou te meprize Jewova ki nan mitan nou e nou t ap kriye nan kò l, nou t ap di: “Poukisa nou te kite peyi Ejip+?”’”
21 Apre sa, Moyiz di: “Pèp mwen nan mitan l lan gen 600 000 gason+ vanyan, epoutan w di: ‘M ap ba yo vyann, e y ap manje vant plen pandan tout yon mwa!’ 22 Menmsi m ta touye tout mouton ak tout bèf nou genyen yo, èske l t ap ase pou yo? Epi, menmsi m ta kenbe tout pwason ki nan lanmè a, èske l t ap ase pou yo?”
23 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Èske men Jewova twò kout+? Kounye a, ou pral wè si sa m di a pap fèt vre.”
24 Se konsa, Moyiz te soti al pale ak pèp la, li di yo pawòl Jewova te di l yo. Li chwazi 70 gason pami ansyen ki nan pèp la e li fè yo kanpe toutotou tant lan+. 25 Annapre, Jewova desann nan yon nyaj+, li pale ak Moyiz+ e li pran yon pòsyon nan lespri+ ki sou Moyiz la li mete l sou chak gason nan 70 ansyen yo. Epi, kou lespri a vin sou yo, yo tonbe aji tankou pwofèt*+. Men, yo pa t kontinye fè sa.
26 Te gen de nan mesye yo ki te ret nan kan an. Youn te rele Èldad e lòt la te rele Medad. Epi, lespri a te vin sou yo, piske yo te pami moun yo te pran non yo. Men, yo pa t al bò tant lan. Se sa k fè yo te pran aji tankou pwofèt nan kan an. 27 Gen yon jèn gason ki kouri al di Moyiz: “Men Èldad ak Medad ap aji tankou pwofèt nan kan an!” 28 Lè sa a, Jozye+, pitit Noun, ki te adjwen Moyiz depi l jèn, pran lapawòl, li di: “Moyiz, mèt mwen, fè yo sispann+!” 29 Men, Moyiz di l: “Genlè w jalou pou mwen? Okontrè, mwen ta renmen pou tout pèp Jewova a vin pwofèt, paske Jewova t ap mete lespri l sou yo. 30 Annapre, Moyiz retounen nan kan an ansanm ak ansyen ki nan pèp Izrayèl yo.
31 Apre sa, Jewova fè yon van soufle e li fè zwazo* soti nan zòn lanmè a vin sou kan an+. Te gen zwazo nan tout kan an, sot sou yon bò, kote yon moun ka fè yon jou ap mache al sou yon lòt bò, sou yon distans kote yon moun ka fè yon jou ap mache. Zwazo yo te fè pil rive wotè de koude* konsa. 32 Se sa k fè, pandan tout jou sa a ak tout nuit lan rive tout demen, pèp la te ret ap pran zwazo. Pa gen moun ki te pran pi piti pase dis homè*. Yo te kontinye gaye yo toupatou nan kan an pou yo ka sèvi avèk yo*. 33 Men, Jewova te an kòlè anpil, e Jewova te kòmanse touye anpil moun+ nan pèp la pandan vyann nan te toujou anba dan yo e yo potko menm moulen l.
34 Se sa k fè yo te rele kote sa a Kibwòtatava*+, paske se la yo te antere tout moun ki te montre yo ava yo+. 35 Pèp la te kite Kibwòtatava pou y al Azewòt, e yo te rete Azewòt+.
12 Twouve, Miryam ak Arawon tonbe pale Moyiz mal poutèt Moyiz te marye ak yon fi ki moun Kouch*+. 2 Men sa yo t ap di: “Èske se sèlman ak Moyiz Jewova sèvi pou l pale ak pèp la? Èske l pa sèvi avèk nou tou pou l pale avè l+?” Men, Jewova t ap koute yo+. 3 Moyiz se moun ki te gen plis imilite pase tout moun*+ ki te sou tè a.
4 San pèdi tan, Jewova di Moyiz ak Arawon ak Miryam: “Nou toule twa, soti al bò tant reyinyon an.” Konsa, yo toule twa soti. 5 Epi, Jewova desann nan nyaj ki gen fòm poto a+, li kanpe nan antre tant lan e li rele Arawon ak Miryam. Yo toule de avanse. 6 Epi, li di yo: “Tanpri, tande sa m ap di nou. Si te gen yon pwofèt Jewova pami nou, se nan vizyon mwen t ap fè l konnen kiyès mwen ye+ e se nan rèv mwen t ap pale avè l+. 7 Men, se pa konsa m fè pou Moyiz, sèvitè m nan. Se li mwen bay responsab tout pèp mwen an*+. 8 Mwen pale avè l fasafas*+. Mwen fè sa aklè, mwen pa pale avè l an parabòl. Li wè Jewova parèt devan l. Bon, poukisa nou pa t pè pale Moyiz, sèvitè m nan, mal?”
9 Konsa, Jewova te an kòlè kont yo, apre sa, li kite yo l ale. 10 Nyaj la te deplase sot anlè tant lan, epi lamenm lèp tonbe sou Miryam, po l te vin blan kou koton+. Lè Arawon vire gade Miryam, li wè l gen lèp sou li+. 11 Menm kote a, Arawon di Moyiz: “Mwen priye w angras, mèt mwen! Tanpri, pa fè nou peye pou peche sa a! Se pa ti mal nou te mal aji lè n te fè sa! 12 Tanpri, pa kite Miryam rete tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak chè l mwatye manje!” 13 E Moyiz te pran sipliye Jewova, li te di l: “O Bondye, tanpri, geri l! Tanpri+!”
14 Jewova reponn Moyiz, li di l: “Si papa l ta krache nan figi l, èske l pa t ap santi l imilye pandan sèt jou? Se pou nou mete l deyò nan kan an+ pandan sèt jou, e apre sa, nou mèt fè l tounen nan kan an.” 15 Se konsa, yo te mete Miryam deyò nan kan an pandan sèt jou+, e pèp la pa t deplase jiskaske yo fè l retounen. 16 Apre sa, pèp la te kite Azewòt+, yo t al monte tant yo nan Dezè Paran+.
13 Annapre, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Voye kèk mesye kòm espyon nan peyi Kanaran, peyi m ap bay Izrayelit yo. Ou dwe pran yon gason nan chak tribi pou w voye kòm espyon, e yo chak dwe yon chèf+ pami yo+.”
3 Se konsa, Moyiz te voye yo ale, yo kite Dezè Paran+, selon lòd Jewova te bay. Tout mesye sa yo se moun ki te alatèt Izrayelit yo. 4 Men non yo: Nan tribi Ribenn, te gen Chamwa, pitit gason Zakou. 5 Nan tribi Simeyon, te gen Chafat, pitit gason Ori. 6 Nan tribi Jida, te gen Kalèb+, pitit gason Jefoune. 7 Nan tribi Isaka, te gen Igal, pitit gason Jozèf. 8 Nan tribi Efrayim, te gen Oze+, pitit gason Noun. 9 Nan tribi Benjamen, te gen Palti, pitit gason Rafou. 10 Nan tribi Zabilon, te gen Gadiyèl, pitit gason Sodi. 11 Nan tribi Jozèf+, pou tribi Manase a+, te gen Gadi, pitit gason Souzi. 12 Nan tribi Dann, te gen Amiyèl, pitit gason Gemali. 13 Nan tribi Achè, te gen Setou, pitit gason Mikayèl. 14 Nan tribi Neftali, te gen Nabi, pitit gason Vopsi. 15 Nan tribi Gad, te gen Gewouwèl, pitit gason Maki. 16 Se konsa mesye sa yo Moyiz te voye kòm espyon nan peyi a te rele. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun nan, li te rele l Jozye*+.
17 Lè Moyiz te voye yo kòm espyon nan peyi Kanaran, li te di yo: “Monte lòtbò a, nan Negèb, epi monte nan zòn ki gen mòn yo+. 18 Nou dwe gade ki jan peyi a ye+, si moun ki abite ladan l yo gen fòs oswa si yo fèb, si yo anpil oswa si yo pa anpil. 19 Gade si peyi a bon oswa si l pa bon, si vil yo abite yo se kan yo genyen oubyen fòtrès. 20 Epi, gade si peyi a rich* oswa si l pòv*+, si l gen pyebwa oswa si l pa genyen. Nou dwe met kouraj sou nou+ e nou dwe vini ak kèk fwi sot nan peyi a.” Twouve, se te epòk rezen te kòmanse mi+.
21 Konsa, y al gade peyi a, soti nan Dezè Zin+ al Reyòb+ rive Lebowamat*+. 22 Lè yo monte Negèb, y ale Ebwon+ kote Ayiman, Chechayi ak Talmayi+, moun Anak yo+, t ap viv la. Ebwon se yon vil yo te bati setan anvan yo te bati Sowan ann Ejip. 23 Lè yo rive nan Vale Echkòl+, yo koupe yon branch rezen ki gen plizyè grap ladan l, e de nan mesye yo te pote l sou yon bwa, ansanm ak kèk grenad ak kèk fig frans+. 24 Yo te rele kote sa a Vale Echkòl*+ paske se la Izrayelit yo te koupe branch lan.
25 Apre 40 jou+, espyon yo te retounen sot nan peyi a. 26 Konsa, yo te retounen kot Moyiz ak Arawon ak Izrayelit yo nan Dezè Paran, nan Kadès+. Yo te bay yon rapò devan tout pèp la e yo te montre yo fwi ki sot nan peyi a. 27 Men sa yo te di Moyiz: “Nou antre nan peyi ou te voye nou an, e vrèmanvre, se yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. Men fwi ki sot ladan l+. 28 Sèl bagay, moun ki nan peyi a gen anpil fòs e li gen yon seri gwo vil ki byen pwoteje. Epitou, nou wè moun Anak yo lòtbò a+. 29 Moun Amalèk yo+ ap viv nan Negèb+. Desandan Èt yo, moun Jebis yo+ ak Amorit yo+ ap viv nan zòn ki gen mòn yo. Moun Kanaran yo+ abite bò lanmè a+ ak bò Rivyè Jouden an.”
30 Annapre, Kalèb te eseye kalme pèp la ki te kanpe devan Moyiz, li te di yo: “Ann monte lòtbò a tousuit! Nou gen konfyans n ap pran peyi a, paske se sèten nou kapab pot laviktwa sou moun yo+.” 31 Men, mesye ki te monte nan peyi a avè l yo te di: “Nou pap kapab monte al goumen ak pèp sa a, paske yo gen plis fòs pase nou+.” 32 Yo te kontinye bay Izrayelit yo yon move rapò+ sou peyi yo te voye yo kòm espyon ladan l lan, yo t ap di: “Peyi nou t al ladan l kòm espyon an se yon peyi k ap devore moun ki abite ladan l, epi tout moun nou wè nan peyi a, se yon seri gason ki gwonèg anpil+. 33 Nou te wè Nefilim* yo lòtbò a tou ak pitit gason Anak yo+ ki se desandan Nefilim yo. Nou te wè nou tankou krikèt devan yo, e se konsa yo te wè nou tou.”
14 Annapre, tout pèp la te pran rele byen fò e moun yo te kontinye ap kriye ak dlo nan je pandan tout nuit lan+. 2 Tout Izrayelit yo te pran plenyen kont Moyiz ak Arawon+, e tout pèp la t ap pale kont yo, yo t ap di: “Pito n te mouri nan peyi Ejip oubyen pito n te mouri nan dezè sa a! 3 Poukisa Jewova ap mennen nou nan peyi sa a pou n mouri anba kout epe+? Y ap pran+ madanm nou ak pitit nou. Èske l pa pi bon pou nou retounen ann Ejip+?” 4 Youn te menm ap di lòt: “Annou chwazi yon chèf, epi ann retounen ann Ejip+!”
5 Lè sa a, Moyiz ak Arawon lage kò yo fas atè devan tout Izrayelit yo ki te rasanble. 6 Jozye+, pitit gason Noun nan, ak Kalèb+, pitit gason Jefoune a, ki te pami mesye ki t al kòm espyon nan peyi a te chire rad sou yo, 7 e men sa yo te di tout Izrayelit yo ki te rasanble: “Peyi nou t al ladan l kòm espyon an se yon peyi ki bon anpil anpil+. 8 Si Jewova kontan ak nou, san mank, l ap mennen nou nan peyi sa a, epi l ap ban nou l. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. 9 Men, nou pa dwe fè rebèl ak Jewova e nou pa dwe pè moun ki abite nan peyi a+, paske nou pral kraze yo. Yo pa gen pèsonn pou pwoteje yo, e Jewova avèk nou+. Nou pa bezwen pè yo.”
10 Men, tout pèp la te di y ap kalonnen de mesye sa yo ak kout wòch+. Epi, glwa Jewova te parèt anlè tant reyinyon an devan tout pèp Izrayèl la+.
11 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Pandan konbyen tan pèp sa a ap kontinye pa gen respè pou mwen+, e pandan konbyen tan y ap refize mete lafwa nan mwen malgre tout mirak mwen fè nan mitan yo+? 12 M ap lage yon maladi sou yo pou m touye yo, epi m ap fè w vin yon nasyon ki pi gwo e ki gen plis pisans pase yo+.”
13 Men, Moyiz di Jewova: “Ebyen, Ejipsyen yo ou te retire pèp sa a ak pisans ou nan mitan yo a pral tande sa w fè a+ 14 e yo pral fè moun nan peyi a konn sa, yo menm ki te tande se ou menm Jewova ki nan mitan pèp sa a+ e ki te parèt devan pèp la fasafas+. Ou se Jewova, e nyaj ou a anlè tèt yo. Lajounen, ou mache devan yo nan nyaj ki gen fòm yon poto a, e lannuit, ou fè sa nan dife ki gen fòm yon poto a+. 15 Si w touye tout pèp sa a yon sèl kou*, nasyon ki te tande pale de sa w fè yo ap di: 16 ‘Se paske Jewova pa t kapab mennen pèp sa a nan peyi li te fè sèman l ap ba yo a ki fè l touye yo nan dezè a+.’ 17 Tanpri, Jewova, kounye a, fè yo wè w gen anpil pisans, jan w te pwomèt la, lè w te di: 18 ‘Jewova, Sila a ki pa fè kòlè fasil la, ki gen anpil lanmou fidèl+, ki padone erè moun fè ak bagay yo fè ki mal, men li pap pa pini moun ki koupab yo, l ap pini pitit ak pitit pitit pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm jenerasyon ak katriyèm jenerasyon+.’ 19 Tanpri, padone peche pèp sa a, selon gwo lanmou ki fidèl ou genyen, menm jan w te padone yo depi lè yo te sot ann Ejip rive jis jounen jodi a+.”
20 Epi, Jewova di: “Mwen padone yo, jan w di a+. 21 Men, yon lòt bò, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman tout tè a gen pou l plen ak glwa Jewova+. 22 Men, pa gen youn nan moun ki te wè glwa m ak mirak+ mwen te fè ann Ejip ak nan dezè a, e malgre sa ki kontinye pase m anba eprèv+ plizyè fwa* e ki pa koute vwa m+, 23 k ap janm wè peyi mwen te fè sèman m ap bay zansèt yo a. Non, pa gen youn nan moun ki pa gen respè pou mwen yo k ap wè l+. 24 Men, piske sèvitè m nan, Kalèb+, te gen yon lòt mantalite e l te kontinye suiv mwen ak tout kè l, m ap fè l antre nan peyi li t ale a san mank, e desandan l yo ap pran peyi a+. 25 Piske moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo+ abite nan vale a, demen nou dwe kase tèt tounen al pase nan zòn Lanmè Wouj+ pou n al nan dezè a.”
26 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 27 “Pandan konbyen tan pèp mechan sa a ap kontinye plenyen kont mwen+? Mwen tande sa Izrayelit yo k ap plenyen ap di sou mwen+. 28 Di yo: ‘Men sa Jewova di: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman m ap fè egzakteman sa m tande ou di a+. 29 N ap mouri nan dezè sa a+, wi nou tout, tout gason ki gen 20 an oswa plis, tout moun yo te anrejistre yo, nou tout k ap plenyen kont mwen yo+. 30 Pa gen youn nan nou k ap antre nan peyi m te fè sèman* m ap fè nou abite ladan l lan+, eksepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan+.
31 “‘“E pitit nou yo nou te di y ap pran yo+, se yo menm m ap fè antre nan peyi a, e y ap konnen peyi nou meprize a+. 32 Men, nou menm, n ap mouri nan dezè sa a. 33 Pitit gason nou yo ap vin gadò mouton nan dezè a pandan 40 an+ e yo pral peye pou tout zak nou te fè ki montre nou pa fidèl*, jiskaske dènye moun pami nou an mouri nan dezè a+. 34 Selon kantite jou nou te pase kòm espyon nan peyi a, 40 jou+, yon jou pou yon ane, yon jou pou yon ane, n ap pase 40 an+ ap peye pou peche nou yo, konsa n ap konnen sa sa vle di lè yon moun kont mwen*.
35 “‘“Se mwen Jewova ki pale. Men sa m ap fè tout pèp mechan sa a, moun ki te rasanble kont mwen yo: Se nan dezè sa a y ap fini, e se la y ap mouri+. 36 Mesye Moyiz te voye kòm espyon nan peyi a e ki te lakòz tout pèp la ap plenyen kont li lè yo te vin bay yon move rapò sou peyi a+, 37 wi, Jewova ap frape mesye sa yo ki te pote move rapò sa a sou peyi a, e y ap mouri+. 38 Men, san mank, Jozye, pitit gason Noun nan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki te pami mesye ki t ale kòm espyon nan peyi a, yo menm y ap ret vivan+.”’”
39 Lè Moyiz fin di tout Izrayelit yo pawòl sa yo, pèp la te vin nan gwo lapenn. 40 Epitou, yo te leve granmmaten e yo te eseye monte sou tèt mòn nan, yo t ap di: “Nou peche. Men kounye a, nou pare pou n monte al kote Jewova te di a+.” 41 Men, Moyiz te di: “Poukisa n ap dezobeyi lòd Jewova a? Bagay sa a pap mache. 42 Pinga nou monte pou ènmi nou yo pa pot laviktwa sou nou, paske Jewova pa avèk nou+. 43 Paske moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo la pou yo koresponn ak nou+ e y ap touye nou ak kout epe. Piske nou vire do bay Jewova, Jewova pap avèk nou+.”
44 Malgre sa, yo te kite ògèy fè y al sou tèt mòn nan+, men ni lach alyans Jewova a, ni Moyiz pa t sot nan mitan kan an+. 45 Apre sa, moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te abite nan mòn nan te desann vin bat yo, yo te fè yo gaye rive jis Òma+.
15 Annapre, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Lè nou rive antre nan peyi m ap ban nou pou nou abite a+ 3 e n ap fè yon sakrifis ak bèf oswa mouton nou pran nan twoupo nou yo pou n boule pou Jewova, kit se yon sakrifis yo boule nèt+, kit se yon sakrifis n ap fè pou yon ve espesyal oubyen yon ofrann kè nou pouse nou fè+ oswa yon ofrann n ap bay nan fèt nou gen chak epòk yo+ pou nou fè yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*+, 4 moun k ap bay Jewova sakrifis la dwe bay manje angren kòm ofrann ki fèt ak farin bon kalite tou+. L ap bay yon dizyèm efa* farin melanje ak yon ka hin* luil. 5 Epitou, nou dwe bay yon ka hin* diven kòm bwason y ap vide kòm ofrann ansanm ak sakrifis y ap boule nèt la+ oswa ansanm ak chak ti mal mouton n ap bay kòm sakrifis. 6 Oubyen, lè n ap ofri yon mal mouton, nou dwe fè yon ofrann manje angren ak de dizyèm efa farin bon kalite melanje ak yon tyè hin luil. 7 Epi, nou dwe bay yon tyè hin* diven kòm bwason y ap vide kòm ofrann, pou nou fè yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*.
8 “‘Men, si nou dwe bay yon jenn towo bèf kòm yon sakrifis y ap boule nèt+ oswa yon sakrifis y ap fè pou yon ve espesyal+, oubyen kòm sakrifis kominyon* pou Jewova+, 9 nou dwe bay twa dizyèm efa* farin bon kalite melanje ak demi hin* luil kòm ofrann manje angren+ ansanm ak jenn towo bèf n ap bay la. 10 Nou dwe bay demi hin diven kòm bwason y ap vide kòm ofrann+, y ap vide l nan dife pou nou fè yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*. 11 Se sa nou dwe fè pou chak towo bèf oswa pou chak mal mouton oubyen pou chak ti mal mouton oswa chak kabrit. 12 Kèlkeswa valè bèt n ap bay la, se sa n dwe fè pou chak bèt, selon kantite yo ye a. 13 Se konsa, chak Izrayelit natif natal dwe bay yon sakrifis y ap boule pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*.
14 “‘Si yon moun ki abite kòm etranje nan mitan nou oswa yon moun ki abite nan mitan nou depi plizyè jenerasyon dwe bay yon sakrifis y ap boule, pou l fè yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, li dwe fè menm jan avè n+. 15 Ap gen yon sèl lwa ni pou nou menm ki nan pèp la, ni pou moun ki abite kòm etranje nan mitan nou yo. Se yon lwa k ap la pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon. Moun ki abite kòm etranje nan mitan nou yo dwe egal ak nou devan Jewova+. 16 Dwe gen yon sèl lwa ak yon sèl kòmandman ni pou nou menm, ni pou moun ki abite kòm etranje nan mitan nou yo.’”
17 Jewova te kontinye pale ak Moyiz, li di l: 18 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Lè nou antre nan peyi m ap mennen nou an, 19 kèlkeswa manje* n ap manje ki fèt nan peyi a+, nou dwe pran ladan l pou n fè ofrann pou Jewova. 20 Nou dwe fè pen ki won e ki gen twou nan mitan yo ak premye grenn+ nou moulen yo e n ap bay yo kòm ofrann. N ap fè ofrann sa a menm jan ak ofrann yo fè ak manje angren yo bat sou glasi. 21 Nou dwe bay yon pòsyon nan premye grenn nou moulen yo kòm yon ofrann pou Jewova jenerasyon apre jenerasyon.
22 “‘Men, si nou fè yon peche e nou pa rive obeyi tout kòmandman sa yo Jewova te bay Moyiz la, 23 tout lòd Jewova te ban nou, lòd Jewova te bay Moyiz nan jou l te pale avè l la e ki la pou desandan nou yo, 24 si nou te fè peche sa a san n pa fè espre e san pèp la pa konnen, tout pèp la dwe bay yon jenn towo bèf kòm sakrifis y ap boule nèt, pou yo fè yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*. Yo dwe bay li ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la, selon jan nou dwe fè sa+, e yo dwe bay yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche+. 25 Prèt la ap fè sakrifis pou tout pèp Izrayèl la pou yo ka jwenn padon+, paske yo te fè yon peche e yo te bay ofrann yo a kòm yon ofrann yo boule nèt pou Jewova ansanm ak yon sakrifis pou peche yo bay Jewova pou erè yo te fè a. 26 Tout pèp Izrayèl la ansanm ak moun ki abite pami yo kòm etranje yo ap jwenn padon paske se yon peche tout pèp la te fè san yo pa fè espre.
27 “‘Si yon moun* peche san l pa fè espre, li dwe bay yon ti femèl kabrit ki gen ennan oswa ki pi piti kòm sakrifis pou peche l la+. 28 Prèt la ap ofri sakrifis la devan Jewova pou moun* ki fè peche san l pa fè espre a ka jwenn padon. Konsa, moun nan ap jwenn padon+. 29 Dwe gen yon sèl lwa pou nenpòt nan nou ki fè yon peche san l pa fè espre, kit se yon Izrayelit natif natal, kit se yon moun ki abite kòm etranje nan mitan nou+.
30 “‘Men, yon moun* ki fè espre li peche+, kit li se yon Izrayelit natif natal, kit li se yon moun ki abite kòm etranje nan mitan nou, li manke Jewova dega, yo dwe retire* l nan mitan pèp la. 31 Piske moun* sa a meprize pawòl Jewova e li vyole kòmandman l, yo dwe elimine l san mank+. L ap peye pou peche l fè a+.’”
32 Pandan Izrayelit yo te nan dezè a, yo te jwenn yon mesye ki t ap ranmase bwa jou saba a+. 33 Moun ki te jwenn li ap ranmase bwa yo te mennen l bay Moyiz ak Arawon devan tout pèp la. 34 Yo te met misye yon kote annatandan+, paske lalwa pa di aklè sa pou yo fè avè l.
35 Epi, Jewova di Moyiz: “Yo dwe touye misye san mank+, tout pèp la dwe kalonnen l ak kout wòch deyò kan an+.” 36 Konsa, tout pèp la fè misye soti deyò kan an e yo kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri, dapre lòd Jewova te bay Moyiz la.
37 Annapre, men sa Jewova di Moyiz: 38 “Pale ak Izrayelit yo, di yo konsa yo dwe mete franj nan woulèt rad yo jenerasyon apre jenerasyon, e yo dwe pase yon fil ble sou tèt franj ki nan woulèt rad yo+. 39 ‘Nou dwe mete franj sa a yon fason pou lè nou wè l nou sonje tout kòmandman Jewova yo e pou nou obeyi yo+. Nou pa dwe suiv kè nou ak je nou k ap pouse nou pou n pa fidèl avè m*+. 40 Lòd sa a ap ede nou sonje tout kòmandman m yo e n ap obeyi yo. Konsa, n ap vin sen pou Bondye nou an+. 41 Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè n soti nan peyi Ejip pou m montre mwen se Bondye nou+. Mwen se Jewova, Bondye nou an+.’”
16 Annapre, Kore+, pitit gason Izeya+ ki pitit Keyat+, pitit Levi+, met tèt ansanm ak Datan ak Abiram, pitit gason Elyab+ yo, ak On, pitit gason Pelèt la, ki sot nan tribi Ribenn+, 2 pou yo revòlte kont Moyiz, ansanm ak 250 Izrayelit ki chèf pami pèp la, moun yo chwazi nan mitan pèp la e ki gen gwo renome. 3 Konsa, yo rasanble kont+ Moyiz ak Arawon, yo di yo: “Nou bouke avèk nou! Tout pèp la nèt se moun ki sen yo ye+, e Jewova nan mitan yo+. Poukisa menm n ap pran pòz chèf nou sou pèp Jewova a?”
4 Lè Moyiz tande sa, menm kote a, li lage kò l fas atè. 5 Epi, li di Kore ak tout patizan l yo: “Demen maten, Jewova ap fè konnen kiyès ki pou li+, kiyès ki sen e ki moun ki dwe pwoche bò kote l+. Kèlkeswa moun li chwazi a+, se li k ap pwoche bò kote l. 6 Men sa pou n fè: Ou menm Kore ak tout patizan w yo+, pran veso pou boule lansan yo+, 7 demen, mete dife ladan yo epi mete lansan sou yo devan Jewova, e moun Jewova ap chwazi a+, se li menm ki sen. Nou fè twòp atò, nou menm pitit gason Levi yo+!”
8 Apre sa, Moyiz di Kore: “Tanpri, koute m, nou menm pitit gason Levi yo. 9 Èske sa pa di nou anyen lefètke Bondye Izrayèl la mete nou apa nan mitan pèp Izrayèl la+, li pèmèt nou pwoche bò kote l pou nou fè sèvis nan tabènak* Jewova a e pou nou kanpe devan pèp la pou nou fè sèvis pou yo+? 10 Èske sa pa di nou anyen lefètke li rale nou vin jwenn li ak tout frè nou yo, pitit gason Levi yo? Èske nou ta dwe ap chèche fè dappiyanp sou travay prèt yo ap fè a tou+? 11 Se poutèt sa, nou menm ak tout patizan nou yo ki met tèt nou ansanm yo, nou kont Jewova. Men, kiyès Arawon ye ki fè n ap plenyen kont li+?”
12 Annapre, Moyiz voye rele Datan ak Abiram+, pitit gason Elyab yo, men yo di: “Nou pap vini! 13 Èske se pa anyen sa ye pou w fè nou kite yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule pou w vin touye nou nan dezè a+? Kounye a, èske w vle pou se ou menm ankò ki sèl chèf sou nou*? 14 An reyalite, ou pa mennen nou nan okenn peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+ e ou pa ban nou okenn tè ak okenn jaden rezen kòm byen. Èske se pete w vle pete je mesye sa yo? Nou pap vini!”
15 Konsa, Moyiz vin fache anpil e li di Jewova: “Pinga w vire gade ofrann manje angren y ap fè yo. Menm yon bourik mwen pa pran nan men yo, e mwen pa fè yo youn mechanste+.”
16 Epi, Moyiz di Kore: “Demen, ou menm ak tout patizan w yo, vin devan Jewova, ou menm avèk yo ansanm ak Arawon. 17 Chak moun dwe pran veso li genyen pou l boule lansan an, l ap mete lansan ladan l, e chak moun ap prezante veso li genyen pou l boule lansan an devan Jewova. Mesye ki avè w yo ap gen 250 veso nan men yo pou yo boule lansan, y ap vin ansanm avè w ak Arawon. Chak moun ap gen veso pa l pou l boule lansan.” 18 Konsa, yo chak pran veso pa yo pou yo boule lansan, yo mete dife ladan yo e yo mete lansan sou yo, epi yo kanpe nan antre tant reyinyon an ansanm ak Moyiz ak Arawon. 19 Lè Kore fin rasanble patizan l yo+ kont Moyiz ak Arawon nan antre tant reyinyon an, glwa Jewova parèt devan tout pèp la+.
20 Jewova di Moyiz ak Arawon: 21 “Retire kò nou nan mitan gwoup moun sa yo pou m ka disparèt yo nan yon ti moman+.” 22 Lè sa a, yo lage kò yo fas atè e yo di: “O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi*+, èske w ap kite peche yon sèl moun fè w vin fache kont tout pèp la+?”
23 Epi, Jewova di Moyiz: 24 “Pale ak pèp la, di yo: ‘Retire kò nou toutotou tant Kore, Datan ak Abiram yo+!’”
25 Lè sa a, Moyiz leve l al kot Datan ak Abiram, e ansyen+ ki nan pèp Izrayèl la t ale ansanm avè l. 26 Epi, li di pèp la: “Tanpri, retire kò nou bò tant moun mechan sa yo e pa touche anyen ki pou yo, pou n pa detwi akoz tout peche yo fè yo.” 27 Menm moman an, yo retire kò yo toutotou tant Kore, Datan ak Abiram yo, epi Datan ak Abiram sot deyò, yo kanpe devan tant yo, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
28 Epi, Moyiz di: “Sa k pral pase la a ap fè n konnen se Jewova ki voye m fè tout bagay sa yo, se pa mwen ki deside fè yo. 29 Si moun sa yo mouri jan tout moun mouri e si yo jwenn menm pinisyon ak tout moun, ebyen konnen Jewova pa t voye m+. 30 Men, si Jewova fè yon bagay moun pa abitye wè rive yo, si li fè tè a ouvri bouch li pou l vale yo ak tout sa yo genyen e yo desann tou vivan nan Tonm* nan, n ap konnen toutbonvre mesye sa yo te derespekte Jewova.”
31 Kou l fin di tout pawòl sa yo, tè kote yo te kanpe a fann de bò+. 32 Epi, tè a ouvri bouch li, li vale yo ansanm ak tout moun lakay yo ak tout moun ki te avèk Kore yo+ ansanm ak tout byen yo te genyen. 33 Se konsa, yo menm ak tout moun ki te avèk yo te desann tou vivan nan Tonm* nan. Tè a te kouvri yo e yo te peri nan mitan pèp la+. 34 Tout Izrayelit ki te toutotou yo te kouri lè yo te tande jan yo t ap rele, Izrayelit yo t ap di: “Nou pè pou tè a pa vale nou!” 35 Apre sa, Jewova voye yon dife+ vin boule 250 gason ki t ap ofri lansan yo nèt+.
36 Annapre, Jewova di Moyiz: 37 “Di Eleyaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l pran veso pou boule lansan yo+ nan dife a, paske yo sen. Epitou, di l gaye dife a yon ti jan lwen. 38 Se pou l plati veso pou boule lansan ki te pou mesye ki pèdi lavi yo akoz peche yo te fè yo* pou l kouvri lotèl la+, paske yo te prezante veso yo devan Jewova e yo vin sen. Yo dwe vin yon siy pou Izrayelit yo+.” 39 Se konsa, Eleyaza, prèt la, te pran veso pou boule lansan ki fèt an kuiv moun ki te kankannen yo te prezante yo, li plati yo pou l kouvri lotèl la, 40 jan Jewova te di Moyiz pou l di l la. Se te yon siy pou fè Izrayelit yo sonje yon moun ki pa desandan Arawon* pa gen dwa vin boule lansan devan Jewova+, yon fason pou pèsonn pa vin tankou Kore ak patizan l yo+.
41 Nan demen, tout pèp Izrayèl la te kòmanse ap plenyen kont Moyiz ak Arawon+, yo t ap di: “Se nou de a ki touye pèp Jewova a.” 42 Lè pèp la rasanble kont Moyiz ak Arawon, yo vire fas yo nan direksyon tant reyinyon an. Epi, yo wè nyaj la kouvri l e glwa Jewova te kòmanse parèt+.
43 Moyiz ak Arawon t al devan tant reyinyon an+, 44 epi Jewova di Moyiz: 45 “Nou menm mesye, retire kò nou nan mitan pèp sa a, pou m ka disparèt yo nan yon ti moman+.” Lè sa a, yo lage kò yo fas atè+. 46 Lè sa a, Moyiz di Arawon: “Pran veso ou konn boule lansan an, pran dife sou lotèl la+ met ladan l, mete lansan sou li epi kouri al antre nan mitan pèp la pou yo ka jwenn padon+, paske Jewova fache. Men flewo a kòmanse!” 47 Menm kote a, Arawon pran veso a, jan Moyiz te di l la, li kouri al nan mitan pèp la. Men, flewo a te kòmanse frape pèp la. Se sa k fè li te mete lansan nan veso a e li te kòmanse mande Bondye padon pou pèp la. 48 Li te ret kanpe ant moun ki mouri yo ak moun ki vivan yo, e flewo a te vin sispann. 49 Te gen 14 700 moun ki te mouri nan flewo a, san konte moun ki te mouri akoz Kore yo. 50 Alafen, Arawon te retounen al jwenn Moyiz nan antre tant reyinyon an lè flewo a te sispann.
17 Kounye a, men sa Jewova di Moyiz: 2 “Pale ak Izrayelit yo pou w mande chak chèf tribi+ yon baton, sa ap fè 12 baton antou. Ekri non chak moun sou baton pa l. 3 Ou dwe ekri non Arawon sou baton Levi a, piske gen yon baton pou chak chèf tribi. 4 Mete baton yo nan tant reyinyon an, devan lach alyans lan*+, kote mwen abitye parèt devan nou an+. 5 E baton moun mwen chwazi a+ ap boujonnen, konsa m ap fè Izrayelit k ap plenyen kont mwen yo+ e k ap plenyen kont nou yo+ sispann fè sa.”
6 Epi, Moyiz t al pale ak Izrayelit yo, e chak chèf tribi te ba l yon baton. Te gen yon baton pou yo chak, e sa te fè 12 baton. Baton Arawon an te ansanm ak baton lòt mesye yo. 7 Apre sa, Moyiz mete baton yo devan Jewova nan tant ki gen lach alyans lan* anndan l lan.
8 Nan demen, lè Moyiz antre nan tant ki gen lach alyans lan*, li wè baton Arawon an ki pou tribi Levi a boujonnen, li fè branch, li fleri e li gen zanmann mi ladan l. 9 Lè sa a, Moyiz soti devan Jewova ak tout baton yo, l al kote tout pèp Izrayèl la. Yo gade baton yo, e chak moun pran baton l.
10 Epi, Jewova di Moyiz: “Al mete baton Arawon an+ devan lach alyans lan* ankò pou l rete kòm yon siy+ pou moun ki rebèl yo+, pou yo ka sispann plenyen kont mwen pou yo pa mouri.” 11 Moyiz te fè sa Jewova te ba l lòd fè a menm moman an. Se egzakteman sa l te fè.
12 Apre sa, Izrayelit yo di Moyiz: “Kounye a, nou pral mouri, wè pa wè n ap peri, nou tout ap peri! 13 Nenpòt moun ki menm pwoche bò tabènak* Jewova a ap mouri+. Èske se konsa nou tout dwe mouri+?”
18 Annapre, Jewova di Arawon: “Ou menm ak pitit gason w yo ansanm ak moun nan fanmi papa w yo ap peye pou nenpòt peche moun fè kont tabènak*+ la, epi ou menm ak pitit gason w yo ap peye pou nenpòt peche moun fè ki gen rapò ak sèvis nou antanke prèt+. 2 Epitou, fè frè w yo ki nan tribi Levi a, tribi zansèt ou yo, pwoche vin jwenn ou pou yo ka sèvi bò kote w+ ansanm ak pitit gason w yo devan tant lan ki gen lach alyans lan* anndan l+. 3 Yo dwe fè travay yo gen pou yo fè ni pou ou ni pou tout tant lan+. Men, yo pa dwe pwoche ni kot veso yo ki kote ki sakre a ni kot lotèl la, pou ni yo menm ni ou menm pa mouri+. 4 Y ap vin jwenn ou pou yo fè travay ki gen rapò ak tant reyinyon an e pou yo fè tout travay ki gen pou fèt nan tant lan. Epi, okenn moun ki pa gen dwa fè travay sa yo* pa dwe pwoche pre nou+. 5 Nou dwe fè travay ki gen rapò ak kote ki sakre a+ e ki gen rapò ak lotèl la+, pou Bondye pa fache+ kont pèp Izrayèl la ankò. 6 Se mwen menm ki chwazi frè nou yo, Levit yo, pami Izrayelit yo kòm kado pou nou+. Se pou Jewova yo ye, yo la pou yo travay nan tant reyinyon an+. 7 Se sou kont ou menm ak pitit gason w yo tout sèvis nou dwe fè antanke prèt yo ye, ni sèvis ki gen rapò ak lotèl la ni sèvis ki pou fèt dèyè rido a+. Se nou menm ki dwe fè travay sa a+. Sèvis n ap fè antanke prèt la se yon kado mwen ban nou. Yo dwe touye nenpòt moun ki pa gen dwa fè travay sa yo* ki ta pwoche toupre kote ki sakre a+.”
8 Jewova kontinye pale ak Arawon, li di l: “Mwen mete w responsab ofrann y ap ban mwen yo+. Mwen bay ou menm ak pitit gason w yo yon pati nan tout bagay sakre Izrayelit yo bay kòm ofrann yo kòm pòsyon n ap toujou resevwa+. 9 Men sa k ap pou nou nan sakrifis ki sakre anpil y ap boule yo: tout ofrann yo fè, sa gen ladan l ofrann manje angren yo+, sakrifis pou peche yo+ ansanm ak sakrifis moun bay poutèt yo koupab+ yo pote pou mwen yo. Bagay sa yo sakre anpil pou ou ak pitit gason w yo. 10 Ou dwe manje pòsyon ki pou ou a yon kote ki sakre anpil+. Nenpòt gason ka manje ladan l. L ap yon bagay ki sakre pou ou+. 11 Men lòt bagay ki pou ou: kado Izrayelit yo pote+ ansanm ak tout ofrann balanse+ yo bay. Mwen bay ni ou menm, ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo bagay sa yo kòm pòsyon n ap toujou resevwa+. Tout moun lakay ou ki pwòp ka manje ladan l+.
12 “Premye pati+ nan tout pi bon kalite luil ak tout pi bon kalite diven ki fèk fèt yo ak manje angren yo bay Jewova yo, mwen ba ou yo+. 13 Premye fwi mi y ap pote pou Jewova yo, nan tout sa k nan peyi yo a, ap vin pou ou+. Tout moun lakay ou ki pwòp ka manje ladan l.
14 “Tout bagay yo mete apa nèt pou yon sèvis sakre* ann Izrayèl dwe vin pou ou+.
15 “Tout premye pitit ki fèt pami tout sa ki vivan*+ y ap prezante devan Jewova, ni moun, ni bèt, dwe vin pou ou. Men, san mank, ou dwe peye yon pri pou premye pitit moun fè ak premye pitit bèt ki pa pwòp* yo fè+. 16 Ou dwe peye pri ou dwe peye pou yo lè yo gen yon mwa oswa plis. W ap peye senk chekèl*+ ann ajan, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. Yon chekèl egal 20 gera*. 17 Se sèlman pou premye ti towo bèf ki fèt yo oswa premye ti mal mouton yo oubyen premye ti kabrit yo ou pa dwe peye+. Yo menm yo sakre. Ou dwe wouze lotèl la ak san yo+ e w dwe boule grès yo kòm yon ofrann pou lafimen an ki gen bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*+. 18 E vyann yo ap pou ou. Yo dwe vin pou ou, menm jan ak pwatrin ofrann balanse a e menm jan ak jigo dwat la+. 19 Tout ofrann ki sakre Izrayelit yo ap bay Jewova+, m ap toujou bay+ ni ou menm, ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo bagay sa yo kòm pòsyon pa nou. Se yon alyans k ap la pou toutan* ant Jewova avè w ak pitit ou yo.”
20 Jewova kontinye pale ak Arawon, li di l: “Ou pap gen eritaj nan peyi Izrayelit yo, ou pap menm gen yon moso tè nan mitan yo+. Se mwen ki byen pa w e se mwen ki eritaj ou nan mitan Izrayelit yo+.
21 “Mwen bay pitit gason Levi yo ofrann Izrayelit yo bay, yon dizyèm nan sa yo genyen+, se sa k ap pou yo pou sèvis y ap fè nan tant reyinyon an. 22 Pèp Izrayèl la pa dwe pwoche bò tant reyinyon an ankò, si yo fè sa, y ap peche e y ap mouri. 23 Se Levit yo ki dwe travay nan tant reyinyon an e se yo menm k ap peye pou erè pèp la+. Se yon lwa k ap la pou toutan jenerasyon apre jenerasyon k ap montre Levit yo pa dwe gen yon eritaj pami Izrayelit yo+. 24 Paske dizyèm pati pèp Izrayèl la ap pran nan sa l genyen pou l bay Jewova a, mwen bay Levit yo li kòm pòsyon pa yo. Se poutèt sa mwen te di yo: ‘Yo pa dwe gen yon eritaj nan mitan Izrayelit yo+.’”
25 Apre sa, Jewova di Moyiz: 26 “Ou dwe di Levit yo: ‘N ap resevwa yon dizyèm nan tout bagay nan men Izrayelit yo kòm pòsyon pa nou+ e nou dwe bay yon dizyèm nan dizyèm nou resevwa a kòm ofrann pou Jewova+. 27 Y ap konsidere l kòm ofrann pa nou tankou manje angren nou bat sou glasi+ oswa tout diven oubyen tout luil nou fè. 28 Konsa, nou menm tou n ap bay yon ofrann pou Jewova nan dizyèm nou resevwa nan tout sa Izrayelit yo bay, e se ladan yo n ap bay Arawon, prèt la, ofrann pou Jewova. 29 N ap pran pi bon pati nan tout sa yo ban nou yo+, antanke bagay ki sakre, pou n fè tout kalite ofrann pou Jewova.’
30 “Epi, men sa w dwe di Levit yo: ‘Lè n ap bay pi bon pati nan sa nou resevwa yo, rès la ap ret pou nou menm Levit yo, tankou manje angren nou bat sou glasi ak diven oswa luil nou fè. 31 Nou menm ak moun lakay nou kapab manje l nenpòt kote, paske se sa y ap peye nou pou travay nou fè nan tant reyinyon an+. 32 Depi nou bay pi bon pati nan sa nou resevwa yo, nou pap peche anrapò ak travay sa a. Nou pa dwe mal itilize bagay ki sakre Izrayelit yo bay yo pou n pa mouri+.’”
19 Jewova pale ak Moyiz ak Arawon ankò, li di yo: 2 “Men yon kòmandman nan lwa Jewova bay la: ‘Di Izrayelit yo yo dwe ba w yon gazèl bèf wouj ki anfòm ki pa gen okenn domaj+ e ki poko janm al anba jouk. 3 Nou dwe bay Eleyaza, prèt la, gazèl bèf la, l ap mennen l deyò kan an e y ap touye l devan l. 4 Apre sa, Eleyaza, prèt la, ap tranpe dwèt li nan san bèf la e l ap voye san an ak dwèt li a sèt fwa nan direksyon antre tant reyinyon an+. 5 Y ap boule bèf la devan je l. Y ap boule ni po bèf la, ni vyann li, ni san l, ni poupou l+. 6 Epi, prèt la ap pran bwa sèd ak branch izòp+ ansanm ak yon twal wouj vif, l ap lage yo nan dife kote y ap boule bèf la. 7 Annapre, prèt la ap lave rad ki te sou li yo e l ap benyen ak dlo. Apre sa, li mèt antre nan kan an. Men, prèt la pap pwòp* rive jis aswè.
8 “‘Moun ki te boule gazèl bèf la ap lave rad ki te sou li yo ak dlo e l ap benyen ak dlo, men, li pap pwòp rive jis aswè.
9 “‘Yon moun ki pwòp ap ranmase sann gazèl bèf la+ e l ap depoze l deyò kan an, yon kote ki pwòp. Izrayelit yo ap konsève sann nan pou yo mete nan dlo y ap itilize pou pirifye a+. Sakrifis yo fè a se yon sakrifis pou peche. 10 Moun ki te ranmase sann gazèl bèf la ap lave rad ki te sou li yo e moun sa a pap pwòp rive jis aswè.
“‘Sa se yon kòmandman pou Izrayelit yo ak moun ki abite kòm etranje nan mitan yo obeyi pandan yon bon bout tan+. 11 Nenpòt moun ki touche yon moun* mouri pap pwòp pandan sèt jou+. 12 Moun sa a dwe pirifye tèt li ak dlo sa a sou twazyèm jou a, e sou setyèm jou a l ap pwòp. Men, si l pa pirifye tèt li sou twazyèm jou a, li pap pwòp sou setyèm jou a. 13 Nenpòt moun ki touche kadav yon moun* e ki pa pirifye tèt li pa montre respè pou tabènak* Jewova a+, yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp Izrayèl la+. Piske yo pa t wouze l ak dlo ki la pou pirifye a+, li toujou pa pwòp. Li rete ak salte l la.
14 “‘Men lwa pou yo suiv lè yon moun mouri nan yon tant: Nenpòt moun ki antre nan tant lan e nenpòt moun ki te deja nan tant lan pap pwòp pandan sèt jou. 15 Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li pa pwòp+. 16 Nenpòt moun ki touche yon moun yo touye ak epe nan savann nan oswa ki touche yon kadav oubyen zo yon moun mouri oswa yon tonm pap pwòp pandan sèt jou+. 17 Yo dwe pran enpe nan sann sakrifis yo te boule pou peche a, y ap mete l nan yon veso e y ap mete dlo ladan l pou pirifye moun ki pa pwòp la. 18 Apre sa, yon moun ki pwòp+ ap pran branch izòp+, l ap tranpe l nan dlo a pou l wouze tant lan ak tout veso yo ak moun* ki la yo, epi l ap wouze moun ki te touche zosman moun mouri a oswa ki te touche moun yo te touye a oubyen kadav la oswa tonm nan. 19 Moun ki pwòp la ap wouze moun ki pa pwòp la ak dlo a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, e l ap vin pwòp sou setyèm jou a pou peche l te fè+. Apre sa, li dwe lave rad ki te sou li yo, li dwe benyen ak dlo, e nan aswè l ap vin pwòp.
20 “‘Men, yon moun ki pa pwòp e ki pa pirifye tèt li, yo dwe retire* moun* sa a nan kongregasyon an+, paske li pa montre respè pou tant Jewova a. Yo pa t wouze l ak dlo ki la pou pirifye a, se sa k fè li pa pwòp.
21 “‘Men yon kòmandman pou Izrayelit yo suiv pandan yon bon bout tan: Moun k ap wouze ak dlo ki la pou pirifye a+ dwe lave rad ki te sou li yo e moun ki touche dlo ki la pou pirifye a pap pwòp rive jis aswè. 22 Nenpòt bagay moun ki pa pwòp la touche ap vin pa pwòp, e moun* ki touche bagay sa a pap pwòp rive jis aswè+.’”
20 Nan premye mwa a, tout pèp Izrayèl la te rive nan Dezè Zin, e pèp la te vin abite Kadès+. Se la Miryam+ mouri e se la yo antere l.
2 Twouve, pa t gen dlo pou pèp la bwè+ e yo te rasanble kont Moyiz ak Arawon. 3 Pèp la te pete yon sèl diskisyon ak Moyiz+, yo t ap di: “Pito n te mouri lè frè nou yo te mouri devan Jewova a! 4 Poukisa nou mennen pèp Jewova a nan dezè sa a pou nou menm, pèp la, ansanm ak bèt nou yo mouri isit la+? 5 Epi, poukisa nou te fè nou kite peyi Ejip pou nou mennen nou vye kote sa a+? Pa gen kote pou nou fè jaden, pou nou plante fig frans, pou nou plante rezen ak grenad, e pa gen dlo pou n bwè+.” 6 Apre sa, Moyiz ak Arawon sot kote pèp la, y al nan antre tant reyinyon an, yo lage kò yo fas atè, e glwa Jewova te kòmanse parèt devan yo+.
7 Annapre, Jewova di Moyiz: 8 “Pran baton an, epi ou menm ak Arawon, frè w la, rasanble pèp la. Se pou nou pale ak mas wòch la devan je yo pou dlo ka soti ladan l. W ap fè dlo soti nan mas wòch la pou yo e w ap bay ni pèp la ni bèt yo genyen yo dlo pou yo bwè+.”
9 Konsa, Moyiz pran baton an devan Jewova+, jan li te ba l lòd fè sa. 10 Epi, Moyiz ak Arawon fè pèp la rasanble devan mas wòch la, e Moyiz di yo: “Kounye a, tande, bann rebèl! Èske se nan mas wòch sa a pou nou fè dlo soti pou nou+?” 11 Lè sa a, Moyiz leve men l li frape mas wòch la de fwa ak baton l lan, yon pakèt dlo te kòmanse vide, epi ni pèp la ni bèt yo te genyen yo te kòmanse bwè dlo a+.
12 Nan pita, Jewova te di Moyiz ak Arawon: “Piske nou pa t montre nou gen lafwa nan mwen e nou pa t onore m devan pèp Izrayèl la pou n montre se mwen ki sen, nou pap mennen pèp sa a nan peyi m ap ba li a+.” 13 Dlo sa a se dlo Meriba*+, se la Izrayelit yo te fè rebèl ak Jewova, e lè sa a li te montre yo li se yon Bondye ki sen.
14 Epi, Moyiz voye kèk mesaje sot Kadès al di wa Edòm nan+: “Men sa frè w la, Izrayèl+, voye di w: ‘Ou konnen byen tout mizè nou pase. 15 Zansèt nou yo t al ann Ejip+, e nou te rete ann Ejip pandan anpil tan*+. Ejipsyen yo te maltrete ni nou menm, ni zansèt nou yo+. 16 Alafen, nou te rele Jewova+, li te tande nou e li te voye yon zanj+ vin fè nou soti nan peyi Ejip. Kounye a, nou Kadès, yon vil ki nan fwontyè tèritwa w la. 17 Tanpri, kite nou pase nan peyi w la. Nou pap pase nan okenn jaden, ni nan okenn plantasyon rezen, e nou pap bwè dlo nan okenn pi. N ap pase tou dwat nan wout Wa a, san nou pa vire ni adwat ni agoch, jiskaske nou fin pase nan tèritwa w la+.’”
18 Men, wa Edòm nan voye di l: “Ou pa gen dwa pase nan tèritwa nou an. Si w pase, se ak epe m ap soti vin rankontre w.” 19 Lè sa a, Izrayelit yo di l: “Se nan gran chemen an n ap pase. Si nou menm oswa bèt nou yo ta bwè dlo nan peyi w la, n ap peye w pou sa+. Nou sèlman vle pase apye nan peyi w la+.” 20 Malgre sa, li di: “Nou pa dwe pase+!” Se konsa, wa Edòm nan te soti ak anpil moun ak yon gwo lame* pou l al rankontre Moyiz. 21 Wa Edòm nan te refize kite pèp Izrayèl la pase nan tèritwa l la, se sa k fè pèp la te vire al pase nan yon lòt wout+.
22 Pèp Izrayèl la, tout pèp la nèt, te kite Kadès pou y al nan Mòn Ò+. 23 Apre sa, pandan Moyiz ak Arawon nan Mòn Ò ki nan fwontyè peyi Edòm, Jewova di yo: 24 “Arawon pral menm kote ak moun li yo*+. Li pap antre nan peyi mwen pral bay Izrayelit yo, paske nou de a te dezobeyi lòd mwen te ban nou konsènan dlo Meriba a+. 25 Pran Arawon ak Eleyaza, pitit gason l lan, monte avèk yo sou Mòn Ò. 26 Pran rad prèt ki sou Arawon an+, mete l sou Eleyaza+, pitit gason l lan, epi Arawon ap mouri la.”
27 Se konsa, Moyiz te fè sa Jewova te ba l lòd fè a. Yo monte sou Mòn Ò devan je tout pèp la. 28 Lè yo rive, Moyiz pran rad yo sou Arawon, li mete yo sou Eleyaza, pitit gason Arawon an. Apre sa, Arawon mouri sou tèt mòn nan+. Epi, Moyiz ak Eleyaza desann mòn nan. 29 Lè pèp Izrayèl la wè Arawon mouri, tout pèp la pase 30 jou ap kriye pou li+.
21 Lè wa Arad la, moun Kanaran+ ki te abite Negèb, te tande Izrayelit yo rive toupre wout Atarim, li t al atake yo e li te pran kèk ladan yo kòm prizonye. 2 Se sa k fè Izrayelit yo te fè Jewova yon pwomès, yo te di l: “Si w lage pèp sa a nan men nou, n ap detwi tout vil yo genyen yo san mank.” 3 Jewova te koute sa pèp Izrayèl la te di a e li te lage moun Kanaran yo nan men yo, yo te detwi yo ansanm ak vil yo genyen yo. Se poutèt sa yo te rele zòn sa a Òma*+.
4 Pandan yo t ap kontinye chemen yo soti Mòn Ò+ ki toupre Lanmè Wouj, yon fason pou yo pa t pase nan peyi Edòm+, vwayaj la te fè pèp la* fatige anpil. 5 Moun yo te kontinye ap pale kont Bondye ak Moyiz+, yo t ap di: “Poukisa nou te fè nou monte kite peyi Ejip pou nou vin mouri nan dezè a? Pa gen ni manje ni dlo isit la+, epi nou* vin rayi* vye manje sa a+.” 6 Se sa k fè Jewova te voye yon seri sèpan ki gen pwazon nan mitan pèp la e yo te pran mòde pèp la. Konsa, anpil Izrayelit te mouri+.
7 Se poutèt sa pèp la te vin kot Moyiz, yo te di l: “Nou te peche lè nou te pale kont Jewova e kont ou a+. Pale ak Jewova pou l ka retire sèpan yo pou nou.” Epi, Moyiz te pale avè l pou pèp la+. 8 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Fè estati yon koulèv ki gen pwazon epi mete l sou yon poto. Konsa, nenpòt moun koulèv mòde dwe gade estati koulèv la pou l pa mouri.” 9 Menm kote a, Moyiz fè yon sèpan an kuiv+ e li mete l sou yon poto+. Nenpòt lè yon sèpan te mòde yon moun, moun nan te gade sèpan an kuiv la, li te rete vivan+.
10 Annapre, Izrayelit yo te deplase, yo t al monte tant yo Obòt+. 11 Ansuit, yo te kite Obòt e yo t al monte tant yo Ijeyabarim+, nan dezè ki anfas Mowab la, nan direksyon lès. 12 Lè yo kite zòn sa a, y al monte tant yo toupre Vale Zerèd+. 13 Apre sa, yo deplase epi y al monte tant yo nan zòn Vale Anon+, ki nan dezè a, ki soti depi nan fwontyè Amorit yo. Paske se Vale Anon ki fwontyè peyi Mowab, ki separe peyi moun Mowab yo ak peyi Amorit yo. 14 Se sa k fè liv Lagè Jewova yo pale de zòn “Vayèb ki nan Soufa, Vale Anon yo 15 ak pant* vale yo ki rive jis kote moun yo te abite nan vil A e ki rive toupre fwontyè peyi Mowab.”
16 Annapre, yo t ale nan zòn Beyè, kote ki gen pi dlo a. Jewova te pale ak Moyiz de pi sa a, lè l te di: “Rasanble pèp la pou m ba yo dlo.”
17 Lè sa a, pèp Izrayèl la chante yon chante ki di:
“Fè dlo monte, ou menm, pi! Annou chante pou li!
18 Se pi prens yo te fouye a, se pi gwo potanta nan pèp la te fouye a,
Yo te fè sa ak baton dirijan an e avèk pwòp baton pa yo.”
Apre sa, yo soti nan dezè a pou y ale Matana. 19 Epi, yo soti Matana pou y ale Naalyèl, e detan yo Naalyèl, y ale Bamòt+. 20 Yo kite Bamòt pou y ale nan vale ki nan tèritwa* Mowab la+, sou tèt Mòn Pisga+ ki bay sou Jechimon*+.
21 Kounye a, pèp Izrayèl la voye kèk moun al di Siyon, wa Amorit yo+: 22 “Kite nou pase nan peyi w la. Nou pap pase nan okenn jaden, ni nan okenn plantasyon rezen. Nou pap bwè dlo nan okenn pi. N ap pase tou dwat nan wout Wa a, jiskaske nou fin pase nan tèritwa w la+.” 23 Men, Siyon pa t kite pèp Izrayèl la pase nan tèritwa l la. Okontrè, Siyon te rasanble tout pèp li a e li te pati al dèyè pèp Izrayèl la nan dezè a. Lè l rive Jahaz, li kòmanse batay ak pèp Izrayèl la+. 24 Men, pèp Izrayèl la te pote laviktwa sou li ak epe+, epi yo pran peyi l la+, soti Vale Anon+ rive Vale Jabòk+ ki toupre desandan Amon yo. Li pa t rive pi lwen pase vil Jazè paske Jazè+ te gen menm fwontyè ak tèritwa desandan Amon yo+.
25 Se konsa, pèp Izrayèl la te pran tout vil sa yo e yo te kòmanse abite nan tout vil Amorit yo+, ki nan Esbon, ak tout vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li. 26 Esbon se te vil kote Siyon, wa Amorit yo, te batay ak wa Mowab la e li te pran tout tèritwa wa Mowab la te genyen, rive jis Vale Anon. 27 Se sa k fè, vin gen yon pawòl ki di:
“Vin Esbon.
Se pou yo bati vil Siyon an e se pou yo mete l kanpe fèm!
28 Paske gen yon dife ki soti Esbon, yon flanm dife ki soti nan vil Siyon an.
Li boule vil A nan peyi Mowab ak tout chèf ki abite sou tèt Vale Anon yo.
29 Malè pou nou, moun Mowab! Moun pa Kemòch+ yo, n ap peri!
Kemòch lakòz pitit gason l yo al nan mawon e li kite Siyon, wa Amorit yo, fè pitit fi l yo vin prizonye.
30 Ann atake yo,
N ap detwi Esbon rive jis Dibon+,
Ann ravaje l rive jis Nofa,
E gen yon dife k ap rive jis Medeba+.”
31 Konsa, Izrayèl te vin abite nan peyi Amorit yo. 32 Annapre, Moyiz te voye kèk mesye kòm espyon nan vil Jazè+. Yo te pran vil ki ozalantou Jazè yo e ki sou kont li yo, epi yo te mete Amorit ki t ap viv nan vil sa yo deyò. 33 Apre sa, yo chanje direksyon e yo monte nan wout ki mennen Bazan an. Epi, Òg+, wa Bazan an, soti ak tout pèp li a pou yo vin batay avèk yo nan Edreyi+. 34 Epi, Jewova di Moyiz: “Pinga w pè l+, paske m ap lage l nan men w ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi l la+, e w ap fè l menm sa w te fè Siyon, wa Amorit yo, ki t ap viv Esbon+.” 35 Konsa, yo te kontinye bat wa a ansanm ak pitit gason l yo ak tout pèp li a jiskaske pa t ret yon moun nan pèp la ki te ret vivan+. Apre sa, yo pran peyi l la+.
22 Annapre, Izrayelit yo te deplase e yo t al monte tant yo nan Plèn Mowab yo ki tankou dezè, pa lòtbò Rivyè Jouden an, anfas Jeriko+. 2 Twouve, Balak+, pitit gason Zipò a, te wè tout sa Izrayelit yo te fè Amorit yo. 3 Pèp Izrayèl la te tèlman gen anpil moun, sa te fè moun Mowab yo vin kraponnen anpil. Moun Mowab yo te pè Izrayelit yo anpil+. 4 Se sa k fè yo te di moun respektab nan Madyan yo+: “Kounye a, pèp sa a pral kraze tout zòn nou an menm jan ak yon towo bèf k ap manje zèb nan savann.”
Nan epòk sa a, se Balak, pitit gason Zipò a, ki te wa peyi Mowab. 5 Li te voye kèk moun al kote Balaam, pitit gason Beyò a, nan Petò+, ki bò Rivyè Efrat, nan peyi l. Li te voye chèche l e li te voye di l: “Gen yon pèp ki sot ann Ejip, yo kouvri tout tè a+ e yo abite egzakteman anfas mwen. 6 Tanpri, vin kounye a pou w lage malediksyon sou pèp sa a pou mwen+, paske yo gen plis fòs pase m. Petèt m ap ka pot laviktwa sou yo e m ap ka mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen byen, depi w beni yon moun, li beni, e depi w lage malediksyon sou yon moun, li modi.”
7 Se konsa, moun respektab nan peyi Mowab ak peyi Madyan yo te vwayaje ak lajan nan men yo pou yo peye pou travay divinò a t ap fè a. Yo t al kot Balaam+ pou yo di l sa Balak te voye di l la. 8 Lè sa a, li di yo: “Pase nuit lan isit la e m ap vin di nou tout sa Jewova di m.” Konsa, prens peyi Mowab yo te pase nuit lan lakay Balaam.
9 Epi, Bondye vin pale ak Balaam, li di l+: “Kiyès mesye sa yo ki avè w la a?” 10 Balaam reponn vrè Dye a, li di l: “Se Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Mowab la, ki voye yon mesaj ban mwen, li voye di m: 11 ‘Men pèp ki sot ann Ejip la kouvri tout tè a. Vin lage malediksyon sou yo pou mwen+. Petèt m ap ka batay avèk yo pou m mete yo deyò nan peyi a.’” 12 Men, Bondye di Balaam: “Ou pa dwe al avèk yo. Ou pa dwe lage malediksyon sou pèp la, paske se yon pèp ki beni+.”
13 Balaam te leve demen maten, epi li di prens Balak yo: “Nou mèt retounen nan peyi nou, paske Jewova pa vle kite m al avèk nou.” 14 Se sa k fè, prens peyi Mowab yo retounen kot Balak, yo di l: “Balaam pa vle vin avèk nou.”
15 Men, Balak voye lòt prens. Yo te pi plis pase premye yo e yo te nan pi gwo pozisyon pase yo. 16 Yo rive kot Balaam, yo di l: “Men sa Balak, pitit gason Zipò a, voye di w: ‘Tanpri, pa kite anyen bloke w pou w pa vin kote m, 17 paske m ap rekonpanse w e m ap fè tout sa w di m. Tanpri, vin lage malediksyon sou pèp sa a pou mwen.’” 18 Men repons Balaam te bay sèvitè Balak yo: “Menmsi Balak ta ban m kay li a plen ajan ak lò, mwen pa t ap kapab fè anyen, ni gwo ni piti, anplis lòd Jewova, Bondye m nan, ban mwen an+. 19 Tanpri, pase nuit lan isit la, pou m ka konnen ki lòt bagay Jewova ap di m+.”
20 Epi, pandan nuit lan, Bondye vin pale ak Balaam, li di l: “Si mesye sa yo mande w al avèk yo, ou mèt ale. Men, se sèlman sa m di w pou w di+.” 21 Konsa, Balaam leve nan maten, li sele bourik li, epi l ale ak prens peyi Mowab yo+.
22 Men, Bondye te vin fache anpil poutèt li te ale. Epi, zanj Jewova a te kanpe nan wout la pou l anpeche l ale. Twouve, Balaam te sou bourik li e te gen de nan sèvitè l yo ki akonpaye l. 23 Lè bourik la wè zanj Jewova a kanpe nan wout la ak yon epe nan men l, li eseye kite wout la pou l al antre nan yon jaden. Men, Balaam tonbe bat bourik la pou l fè l retounen nan wout la. 24 Lè sa a, zanj Jewova a te kanpe nan yon ti wout tou jis ki separe de jaden rezen e ki te gen miray an wòch sou toule de bò l. 25 Lè bourik la wè zanj Jewova a, li kole kò l nan miray la e li kwense pye Balaam nan miray la. Balaam te kòmanse bat bourik la ankò.
26 Zanj Jewova a te vin pase devan yo ankò, li t al kanpe yon kote ki tou jis, yon kote yo pa t ka fè ni adwat ni agoch. 27 Lè bourik la wè zanj Jewova a, li kouche atè ak Balaam sou do l. Sa te fè Balaam vin an kòlè anpil e li te kontinye bat bourik la ak baton l lan. 28 Alafen, Jewova fè bourik la pale*+ e bourik la te di Balaam: “Sa fè twa fwa ou bat mwen, ki sa m fè w+?” 29 Balaam reponn bourik la: “Paske m wè w pran m pou egare! Si m te gen yon epe nan men m, mwen t ap touye w!” 30 Apre sa, bourik la di Balaam: “Èske se pa bourik ou mwen ye, bourik ou fè tout vi w ap monte rive jis kounye a? Èske m te konn aji avè w konsa anvan?” Balaam reponn: “Non!” 31 Apre sa, Jewova ouvè je Balaam+, epi Balaam wè zanj Jewova a kanpe nan wout la ak yon epe nan men l. Menm kote a, Balaam bese byen ba fas atè.
32 Epi, zanj Jewova a di l: “Sa fè twa fwa ou bat bourik la, poukisa w fè sa? Se mwen menm ki vin anpeche w ale, paske chemen w pran an kont volonte m+. 33 Lè bourik la te wè m, li te eseye pase nan yon lòt chemen pandan twa fwa+. Si l pa t pase lwen m, atò konsa mwen t ap gentan touye w e mwen t ap kite l viv.” 34 Balaam di zanj Jewova a: “Mwen peche, paske mwen pa t konnen si w te kanpe nan wout la pou w bare m. Kounye a, si sa pa fè w plezi, m ap retounen.” 35 Zanj Jewova a di Balaam: “Ou mèt ale ak mesye yo. Men, se sèlman sa m di w pou w di.” Konsa, Balaam te kontinye wout la ak prens Balak te voye yo.
36 Lè Balak tande Balaam rive, menm kote a, l al rankontre l nan vil Mowab la, ki arebò Vale Anon, sou fwontyè peyi a. 37 Balak di Balaam: “Èske m pa t voye rele w? Poukisa w pa t vin jwenn mwen? Èske se paske w te panse m pa ka rekonpanse w+?” 38 Balaam reponn Balak: “Bon, apa m vin kote w kounye a. Men, èske m ap ka di yon bagay? Se sèlman pawòl Bondye met nan bouch mwen m ka di+.”
39 Se konsa, Balaam deplase ansanm ak Balak, e yo rive Kiryatousòt. 40 Balak te touye bèf ak mouton pou l fè sakrifis, li voye kèk moso vyann pou Balaam ak prens ki te avè l yo. 41 Nan demen maten, Balak mennen Balaam sou Mòn Bamòtbaal, kote Balaam te ka wè tout pèp Izrayèl la+.
23 Annapre, Balaam di Balak: “Bati sèt lotèl isit la+, epi pare sèt towo bèf ak sèt mal mouton pou mwen.” 2 San pèdi tan, Balak fè egzakteman sa Balaam di l la. Epi, Balak ak Balaam ofri yon towo bèf ak yon mal mouton sou chak lotèl+. 3 Epi, Balaam di Balak: “Rete la bò sakrifis ki boule nèt ou bay la e mwen menm, mwen prale. Petèt Jewova ap vin pale avè m. Kèlkeswa sa l di m, m ap di w.” Se konsa, li ale sou yon ti mòn.
4 Lè sa a, Bondye vin pale ak Balaam+, Balaam di l: “Mwen te fè sèt lotèl e mwen te ofri yon towo bèf ak yon mal mouton sou chak lotèl.” 5 Epi, Jewova met pawòl li nan bouch Balaam, li di l+: “Retounen kot Balak, e men sa w ap di l.” 6 Lè l retounen, li wè Balak ak tout prens peyi Mowab yo kanpe bò sakrifis ki boule nèt Balak te bay la. 7 Lè sa a, men mesaj Balaam bay+:
“Balak, wa Mowab la, te voye chèche m nan Aram+,
Depi nan mòn ki nan direksyon lès yo, li di:
‘Vin lage malediksyon sou Jakòb pou mwen.
Wi, vin kondane Izrayèl+.’
8 Ki jan m ka lage malediksyon sou moun Bondye pa modi?
Epi ki jan m ka kondane moun Jewova pa kondane+?
9 Depi sou tèt wòch yo, mwen wè l,
E depi sou ti mòn yo, mwen wè l.
Li se yon pèp ki abite lòtbò a poukont li+,
Li pa pran pa ak lòt nasyon yo+.
10 Kiyès ki ka konte gwo foul moun Jakòb yo ki anpil tankou grenn sab+?
Oubyen, kiyès ki ka konte menm yon ka nan pèp Izrayèl la?
Kite m* mouri tankou moun ki dwat yo,
E se pou m fini menm jan avèk yo!”
11 Lè sa a, Balak di Balaam: “Ki sa w fè m la a? Mwen voye chèche w pou w lage malediksyon sou ènmi m yo, men kounye a mwen wè se beni sèlman w ap beni yo+!” 12 Li reponn li: “Èske se pa pawòl Jewova met nan bouch mwen mwen dwe pale+?”
13 Epi, Balak di l: “Tanpri, vin avè m yon lòt kote pou w ka wè yo. Se sèlman yon pati nan yo w ap wè, ou pap wè yo tout. Pandan w kote nou prale a, w a lage malediksyon sou yo pou mwen+.” 14 Se konsa, Balak mennen l nan jaden ki nan Sofim nan, sou tèt Mòn Pisga+, li bati sèt lotèl e li sakrifye yon towo bèf ak yon mal mouton sou chak lotèl+. 15 Se konsa, Balaam di Balak: “Rete la bò kot sakrifis ki boule nèt ou bay yo pandan m pral pale ak Bondye lòtbò a.” 16 Epi, Jewova te vin pale ak Balaam. Men sa l te di l+: “Retounen kot Balak, e men sa w ap di l.” 17 Konsa, li retounen kot Balak e li te jwenn li ap tann bò kot sakrifis ki boule nèt li te bay yo, e prens peyi Mowab yo te ansanm avè l. Balak mande Balaam: “Ki sa Jewova di?” 18 Epi, Balaam bay mesaj li pote a, li di+:
“Balak, leve pou w koute.
Koute m, ou menm pitit gason Zipò a.
19 Bondye pa yon senp moun pou l ap bay manti+,
E li pa yon pitit lòm k ap chanje lide*+.
Lè l di yon bagay, èske l pap fè sa l di a?
Lè l pale, èske l pap reyalize sa l di a+?
20 Gade! Mwen resevwa lòd pou m bay benediksyon.
21 Li pa tolere okenn moun fè maji kont Jakòb,
Li pa pèmèt okenn moun bay Izrayèl pwoblèm.
Jewova, Bondye l la, avè l+,
E pèp Izrayèl fè konnen Bondye se wa l.
23 Paske pa gen wanga ki ka frape Jakòb+,
E pa gen maji ki ka mache sou Izrayèl+.
Nan epòk sa a, moun kapab di sou Jakòb ak Izrayèl:
‘Gade mèvèy Bondye fè!’
24 Men yon pèp ki pral kanpe tankou yon lyon,
E tankou lyon, li pral leve kanpe+.
Li pap kouche toutotan li pa manje sa l kenbe yo,
Toutotan li pa bwè san sa l touye yo.”
25 Lè sa a, Balak di Balaam: “Si w pa ka lage malediksyon sou yo, ou pa dwe beni yo nonplis.” 26 Balaam reponn Balak: “Èske m pa t di w: ‘Se tout sa Jewova di m m ap fè+’?”
27 Balak di Balaam: “Tanpri, vin avè m. Kite m mennen w yon lòt kote ankò. Petèt vrè Dye a ap dakò pou w lage malediksyon sou yo pou mwen pandan w lòtbò a+.” 28 Se konsa, Balak te mennen Balaam sou tèt Mòn Peyò, ki bay sou zòn Jechimon*+. 29 Epi, Balaam di Balak: “Bati sèt lotèl isit la, epi pare sèt towo bèf ak sèt mal mouton pou mwen+.” 30 Epi, Balak te fè egzakteman sa Balaam te di l la e li te ofri yon towo bèf ak yon mal mouton sou chak lotèl.
24 Lè Balaam wè Jewova vle pou l beni pèp Izrayèl la, li pa t al fè maji ankò+, epi li bay fas li sou dezè a. 2 Lè Balaam wè Izrayèl monte tant li, chak tribi youn akote lòt+, lespri Bondye vin sou li+. 3 Epi, men mesaj li bay+:
“Men mesaj Balaam, pitit gason Beyò a,
Mesaj nonm yo ouvè je l la,
4 Mesaj sila a ki tande pawòl Bondye a,
Moun Toupisan an te fè fè yon vizyon an,
Moun ki te koube l byen ba ak je l tou ouvè a+:
5 Se pa ti bèl tant ou yo bèl, o Jakòb!
Se pa ti bèl kote w abite yo bèl, o Izrayèl+!
6 Yo rive sou yon bèl distans, menm jan ak vale yo+,
Menm jan ak jaden ki bò larivyè,
Menm jan ak pye lalwa Jewova plante,
Menm jan ak pye sèd ki bò dlo.
7 Dlo kontinye ap koule sot nan de bokit li yo,
Semans li yo plante bò kot anpil dlo+.
Wa l la+ ap gen plis pouvwa pase Agag+,
E y ap fè anpil lwanj pou wayòm li an+.
8 Bondye fè l soti kite peyi Ejip,
Li tankou kòn yon towo bèf mawon pou Izrayèl.
L ap detwi nasyon k ap toupizi l yo+,
L ap kraze zo yo anba dan l e l ap filange yo ak flèch li yo.
9 Li bese e li kouche tankou yon lyon,
E menm jan ak yon lyon, kiyès ki ka fè l leve?
Moun ki beni w yo ap jwenn benediksyon,
Moun ki mande malediksyon pou ou yo, malediksyon ap tonbe sou yo+.”
10 Lè sa a, Balak vin an kòlè anpil kont Balaam. Li bat men l pou l pase l nan rizib, e li di Balaam: “Se madichon mwen te rele w vin bay ènmi m yo+, men, pandan twa fwa, se beni w beni yo pito. 11 Kounye a, al fè wout ou tousuit! Mwen te vle ba w yon gwo kado+, men, Jewova fè w pèdi l.”
12 Balaam reponn Balak: “Èske m pa t di mesye ou te voye yo: 13 ‘Menmsi Balak ta ban m kay li a plen ajan ak lò, mwen pa t ap kapab fè anyen, ni byen ni mal, apa lòd Jewova ban mwen an, e se sa Jewova di m m ap di sèlman+’? 14 Kounye a, m ap retounen al jwenn pèp mwen an. Vini m di w ki sa pèp sa a pral fè pèp ou a nan jou k ap vini yo.” 15 Epi, Balaam bay mesaj li a+:
“Men mesaj Balaam, pitit gason Beyò a,
Mesaj nonm yo ouvè je l la+,
16 Mesaj sila a ki tande pawòl Bondye a,
Yon nonm ki gen konesans Sila a ki nan pi gwo pozisyon an bay la,
Yon nonm Toupisan an te fè fè yon vizyon,
Pandan l koube byen ba ak je l tou ouvè:
17 M ap wè l, men se pa kounye a.
M ap wè l, men se pa talè konsa.
Yon zetwal+ ap soti nan Jakòb,
Yon baton wa+ ap soti nan Izrayèl+.
Wè pa wè, l ap fann fontenn tèt Mowab*+ de bò,
E l ap kraze zo tèt tout gason k ap kraze brize yo.
18 Edòm ap vin byen lòt moun+,
Wi, ènmi Seyi yo ap pran Seyi+ kòm byen pa yo+,
Lè Izrayèl ap montre jan l gen kouraj.
19 Yon moun k ap fè pèp yo soumèt+ ap soti nan Jakòb,
L ap detwi tout moun ki rete vivan nan vil la.”
20 Lè Balaam wè Amalèk, li kontinye bay mesaj li a:
21 Lè l wè desandan Kayin yo+, li kontinye bay mesaj li a:
“Kote w rete a gen sekirite, ou abite sou yon mas wòch.
22 Men gen yon moun k ap boule Kayin rapyetè.
Konbyen tan k ap pase anvan Asiri ale avè w kòm prizonye?”
23 Epi, li kontinye bay mesaj li a:
“Gade yon malè! Kiyès k ap sove lè Bondye fè bagay sa a?
24 Bato ap soti nan pò Kitim+,
Y ap maltrete Asiri+,
E y ap maltrete Ebè.
Men, li menm tou l ap peri nèt.”
25 Lè sa a, Balaam+ leve l ale, epi li retounen kote l te soti a. Epitou, Balak al fè wout li.
25 Lè pèp Izrayèl la te abite Sitim+, yo t al fè imoralite seksyèl ak medam peyi Mowab yo+. 2 Medam yo te envite pèp la vin nan sakrifis k ap fèt pou dye y ap sèvi yo+ e pèp la te kòmanse manje nan sakrifis yo e yo te kòmanse pwostène devan dye y ap sèvi yo+. 3 Se konsa, pèp Izrayèl la t al adore Baal ki nan Peyò a+, e Jewova te vin fache anpil kont pèp la. 4 Jewova di Moyiz: “Pran tout moun ki alatèt* moun sa yo, pann yo gwo lajounen* devan Jewova pou Jewova pa an kòlè ankò kont pèp Izrayèl la.” 5 Apre sa, Moyiz di jij Izrayelit yo+: “Nou chak dwe touye gason pami nou ki t al adore* Baal ki nan Peyò a+.”
6 Men, nan moman sa a, gen youn nan Izrayelit yo ki te vin ak yon dam ki moun peyi Madyan+ toupre fanmi l yo, devan je Moyiz ak tout pèp Izrayèl la, pandan pèp la t ap kriye nan antre tant reyinyon an. 7 Lè Fineyas+, pitit gason Eleyaza ki pitit gason Arawon, prèt la, wè sa, san pèdi tan, li leve kanpe nan mitan pèp la e li pran yon lans. 8 Apre sa, li suiv Izrayelit la rive jis nan tant yo ye a e li pèse yo toule de ak lans lan. Lans lan travèse kò Izrayelit la l al antre nan pati entim dam nan. Menm moman an, flewo ki te tonbe sou Izrayelit yo sispann+. 9 Te gen 24 000 moun ki te mouri nan flewo a+.
10 Apre sa, Jewova di Moyiz: 11 “Fineyas+, pitit gason Eleyaza ki pitit gason Arawon, prèt la, te fè m pa an kòlè ankò kont pèp Izrayèl la, paske li pa t tolere okenn moun ki pa fidèl avè m nan mitan pèp la+. Se sa k fè m pa detwi Izrayelit yo, byenke mwen egzije pou moun atache avè m sèlman+. 12 Se poutèt sa, men sa pou w di: ‘M ap fè yon alyans avè l, yon alyans lapè. 13 Se yon alyans k ap pèmèt li menm ak desandan l yo sèvi kòm prèt pandan anpil tan+, paske li pa t tolere okenn moun ki pa fidèl avèk Bondye l la+ e paske li te fè pèp Izrayèl la jwenn padon pou peche yo.’”
14 Twouve, Izrayelit yo te touye ansanm ak dam ki moun Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, yon chèf fanmi nan tribi Simeyon an. 15 Dam ki moun Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou+, yon chèf gwoup nan fanmi moun Madyan yo+.
16 Nan pita, Jewova di Moyiz: 17 “Al atake moun Madyan yo, epi touye yo+, 18 paske yo te atake nou lè yo te pran nou sou plan nan zafè Peyò a+ ak nan istwa Kozbi a, pitit fi yon chèf peyi Madyan, dam yo te touye+ jou flewo a te tonbe sou pèp la nan zafè Peyò a+.”
26 Apre flewo a+, Jewova di Moyiz ak Eleyaza, pitit gason Arawon an, prèt la: 2 “Anrejistre tout pèp Izrayèl la soti nan moun ki gen 20 an pou pi piti, selon non fanmi papa yo, n ap konte tout gason ki kapab sèvi nan lame Izrayèl la+.” 3 Se konsa, Moyiz ak Eleyaza+, prèt la, te pale avèk pèp la nan Plèn Mowab yo ki tankou dezè+, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko+. Li te di yo: 4 “Anrejistre tout moun ki gen 20 an pou pi piti, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a+.”
Men Izrayelit ki te soti nan peyi Ejip: 5 Ribenn+, premye pitit gason Izrayèl la. Men desandan Ribenn yo+: Moun ki soti nan fanmi Anòk, moun ki soti nan fanmi Palou, 6 moun ki soti nan fanmi Ezwon ak moun ki soti nan fanmi Kami. 7 Fanmi sa yo soti nan tribi Ribenn. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 43 730+.
8 Elyab se te pitit gason Palou. 9 Men pitit gason Elyab yo: Nemwèl, Datan ak Abiram. Datan ak Abiram se moun yo te chwazi nan mitan pèp la. Se yo menm ki te met ansanm ak gwoup moun Kore yo+ pou yo opoze ak Moyiz+ ak Arawon. Konsa, yo te opoze ak Jewova+.
10 Epi, tè a te ouvri bouch li, li vale yo. Kore li menm te mouri ansanm ak patizan l yo lè dife te boule 250 gason yo nèt la+. Anfèt, sa k te rive yo a te vin tounen yon avètisman+. 11 Men, pitit gason Kore yo pa t mouri+.
12 Men desandan Simeyon yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Nemwèl, moun ki soti nan fanmi Jamin, moun ki soti nan fanmi Jakin, 13 moun ki soti nan fanmi Zera ak moun ki soti nan fanmi Chayil. 14 Kantite gason yo te anrejistre nan desandan Simeyon yo se te 22 200+.
15 Men desandan Gad yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Sefon, moun ki soti nan fanmi Agi, moun ki soti nan fanmi Chouni, 16 moun ki soti nan fanmi Ozni, moun ki soti nan fanmi Eri, 17 moun ki soti nan fanmi Awòd ak moun ki soti nan fanmi Areli. 18 Fanmi sa yo soti nan tribi Gad. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 40 500+.
19 Pitit gason Jida yo+ se te È ak Onan+. Men, È ak Onan te mouri nan peyi Kanaran+. 20 Men desandan Jida yo, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Chela+, moun ki soti nan fanmi Perès+ ak moun ki soti nan fanmi Zera+. 21 Men desandan Perès yo: Moun ki soti nan fanmi Ezwon+ ak moun ki soti nan fanmi Amoul+. 22 Fanmi sa yo soti nan tribi Jida. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 76 500+.
23 Men desandan Isaka yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Tola+, moun ki soti nan fanmi Pouva, 24 moun ki soti nan fanmi Yachoub ak moun ki soti nan fanmi Chimwon. 25 Fanmi sa yo soti nan tribi Isaka. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 64 300+.
26 Men desandan Zabilon yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Serèd, moun ki soti nan fanmi Elon ak moun ki soti nan fanmi Jaleyèl. 27 Fanmi sa yo soti nan tribi Zabilon. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 60 500+.
28 Men pitit gason Jozèf yo+ ak fanmi yo. Manase ak Efrayim+ se te pitit gason Jozèf. 29 Men desandan Manase yo+: Moun ki soti nan fanmi Maki+ ak moun ki soti nan fanmi Galaad+. Se Maki ki te papa Galaad. 30 Men desandan Galaad yo: Moun ki soti nan fanmi Yezè, moun ki soti nan fanmi Elèk, 31 moun ki soti nan fanmi Asriyèl, moun ki soti nan fanmi Sichèm, 32 moun ki soti nan fanmi Chemida ak moun ki soti nan fanmi Efè. 33 Selofeyad se te pitit gason Efè, men li pa t gen pitit gason. Se pitit fi sèlman li te genyen+. Men non pitit fi Selofeyad yo+: Mala, Nowa, Ogla, Milka ak Titsa. 34 Fanmi sa yo soti nan tribi Manase. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 52 700+.
35 Men desandan Efrayim yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Choutela+, moun ki soti nan fanmi Bekè ak moun ki soti nan fanmi Tayan. 36 Desandan Choutela yo se moun ki soti nan fanmi Eran yo. 37 Fanmi sa yo soti nan tribi Efrayim. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 32 500+. Tout moun sa yo se desandan Jozèf, selon fanmi kote yo soti.
38 Men desandan Benjamen yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Bela+, moun ki soti nan fanmi Achbèl, moun ki soti nan fanmi Ayiram, 39 moun ki soti nan fanmi Chefoufan ak moun ki soti nan fanmi Oufam. 40 Pitit gason Bela yo se te Ad ak Naaman+. Men desandan yo: Moun ki soti nan fanmi Ad ak moun ki soti nan fanmi Naaman. 41 Fanmi sa yo soti nan tribi Benjamen. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 45 600+.
42 Desandan Dann yo+, selon fanmi kote yo soti, se moun ki soti nan fanmi Chouwam. Se moun sa yo ki desandan Dann, selon fanmi kote yo soti. 43 Kantite gason yo te anrejistre nan tout fanmi ki soti nan fanmi Chouwam yo se te 64 400+.
44 Men desandan Achè yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Imna, moun ki soti nan fanmi Ichvi ak moun ki soti nan fanmi Berya. 45 Desandan Berya yo se moun ki soti nan fanmi Ebè ak moun ki soti nan fanmi Malkyèl. 46 Achè te gen yon pitit fi ki te rele Sera. 47 Fanmi sa yo soti nan tribi Achè. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 53 400+.
48 Men desandan Neftali yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Jazeyèl, moun ki soti nan fanmi Gouni, 49 moun ki soti nan fanmi Jezè ak moun ki soti nan fanmi Chilèm. 50 Fanmi sa yo soti nan tribi Neftali, fanmi pa fanmi. Kantite gason yo te anrejistre yo se te 45 400+.
51 Kantite gason yo te anrejistre antou pami Izrayelit yo se te 601 730+.
52 Apre sa, Jewova di Moyiz: 53 “Separe tè yo bay moun sa yo kòm eritaj, selon kantite moun ki nan tribi yo ye a+. 54 Pou gwoup ki gen anpil moun yo, ou dwe ogmante eritaj pa yo a, pou gwoup ki pa gen anpil moun yo, ou dwe diminye eritaj pa yo a+. Chak gwoup dwe resevwa eritaj pa yo, selon kantite gason yo anrejistre ladan yo. 55 Men, ou dwe fè tiraj osò pou w separe tè a+. Chak gwoup dwe resevwa eritaj pa yo, selon tribi kote yo soti. 56 Se tiraj osò w ap fè pou w konn eritaj chak gwoup. W ap separe eritaj yo bay gwoup ki gen anpil moun yo ak gwoup ki pa gen anpil moun yo.”
57 Men moun yo te anrejistre pami Levit yo+, selon fanmi kote yo soti: Moun ki soti nan fanmi Gèchon, moun ki soti nan fanmi Keyat+ ak moun ki soti nan fanmi Merari. 58 Men fanmi Levit yo: fanmi Libni+, fanmi Ebwon+, fanmi Mali+, fanmi Mouchi+ ak fanmi Kore+.
Keyat se te papa Amram+. 59 Madanm Amram te rele Jokebèd+. Se te yon pitit fi Levi ki te fèt ann Ejip. Men pitit li te fè pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam ki te sè yo+. 60 Arawon se te papa Nadab, Abiyou, Eleyaza ak Itama+. 61 Men, Nadab ak Abiyou te mouri paske yo te prezante yon dife yo pa t gen dwa prezante devan Jewova+.
62 Yo te anrejistre antou 23 000 gason ki te gen yon mwa pou pi piti+. Men, yo pa t anrejistre yo pami Izrayelit yo+, paske yo pa t gen pou yo ba yo yon eritaj pami Izrayelit yo+.
63 Se moun sa yo Moyiz ak Eleyaza, prèt la, te anrejistre lè yo t ap anrejistre Izrayelit yo nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko. 64 Men, pami yo, pa t gen okenn nan moun Moyiz ak Arawon, prèt la, te anrejistre nan resansman ki te fèt nan Dezè Sinayi a+. 65 Paske, men sa Jewova te di: “Wè pa wè, y ap mouri nan dezè a+.” Se sa k fè, pa t gen yon gason ki te rete vivan, sof Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan+.
27 Annapre, pitit fi Selofeyad yo+ te pwoche bò tant reyinyon an. Selofeyad se te pitit gason Efè ki te pitit gason Galaad, ki li menm te pitit gason Maki ki te pitit gason Manase. Non pitit fi Selofeyad yo se te Mala, Nowa, Ogla, Milka ak Titsa. Yo sot nan tribi Manase, pitit gason Jozèf. 2 Yo te parèt devan Moyiz ak Eleyaza, prèt la, e devan chèf yo+ ak tout pèp la nan antre tant reyinyon an. Yo te di yo: 3 “Papa nou te mouri nan dezè a, men li pa t nan gwoup moun ki te rasanble kont Jewova yo, patizan Kore yo+. Li te mouri pou peche pa l e li pa t gen pitit gason. 4 Poukisa pou non papa nou ta disparèt nan fanmi an poutèt li pa t gen pitit gason? Ban nou yon pòsyon tè pami frè papa nou yo.” 5 Konsa, Moyiz prezante pwoblèm yo a devan Jewova+.
6 Men sa Jewova te di Moyiz: 7 “Pitit fi Selofeyad yo gen rezon. Ou dwe fè yon jan pou w ba yo yon pòsyon tè kòm eritaj pami frè papa yo e ba yo eritaj papa yo a+. 8 Epi di Izrayelit yo: ‘Si yon gason mouri san l pa gen pitit gason, nou dwe bay pitit fi l eritaj li a. 9 Men, si l pa gen pitit fi, n ap bay frè l yo eritaj li a. 10 Si l pa gen frè, n ap bay frè papa l yo eritaj li a. 11 Si papa l pa gen frè, n ap bay pi pwòch fanmi l lan eritaj li a e eritaj la ap vin pou moun sa a. Se yon kòmandman k ap sèvi kòm lwa pou Izrayelit yo, dapre lòd Jewova bay Moyiz.’”
12 Epi, Jewova di Moyiz: “Monte nan Mòn Abarim+, epi gade peyi m pral bay Izrayelit yo+. 13 Lè w fin wè l, ou pral menm kote ak moun pa w yo*+, menm jan ak Arawon, frè w la+. 14 Paske lè pèp la t ap fè rebèl ak mwen nan Dezè Zin nan, nou pa t obeyi lòd mwen te ban nou pou nou onore m devan pèp la, bò dlo a, pou n montre se mwen ki sen+. Dlo sa a se dlo Meriba+ ki nan Kadès+, nan Dezè Zin+.”
15 Epi, Moyiz di Jewova: 16 “Jewova, Bondye ki bay tout moun lavi a*, se pou w mete yon moun alatèt pèp la, 17 yon moun ki pou devan yo lè y ap soti ak lè y ap antre, e k ap dirije yo lè y ap soti ak lè y ap antre, yon fason pou pèp Jewova a pa vin tankou mouton ki san bèje.” 18 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Pran Jozye, pitit gason Noun nan, yon nonm ki responsab, epi poze men w sou li+. 19 Apre sa, fè l kanpe devan Eleyaza, prèt la, ak devan tout pèp la, e ou dwe mete l chèf devan yo tout+. 20 Ou dwe ba l yon pati nan otorite* ou genyen an+ pou tout pèp Izrayèl la ka obeyi l+. 21 Epi, Jozye ap kanpe devan Eleyaza, prèt la, k ap sèvi ak Ourim nan pou l mande Jewova ede l konn sa l deside pou Jozye+. Se sou lòd li* Jozye menm ak tout pèp Izrayèl la ap soti, e se sou lòd li y ap antre.”
22 Konsa, Moyiz te fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a. Li pran Jozye, li mete l kanpe devan Eleyaza, prèt la, e devan tout pèp la, 23 epi li poze men l sou li e li mete l dirije+, jan Jewova te di l fè a+.
28 Annapre, Jewova di Moyiz: 2 “Bay Izrayelit yo lòd, di yo: ‘Nou dwe veye pou nou ban m ofrann mwen an, manje m nan. Nou dwe bay ofrann y ap boule nèt pou mwen yo nan lè yo dwe fèt la pou yon bon sant monte vin jwenn mwen pou fè m plezi*+.’
3 “Epi, di yo: ‘Men sakrifis pou yo boule n ap bay Jewova: chak jou, n ap bay de ti mal mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn domaj, kòm sakrifis y ap boule nèt, e nou dwe toujou fè sa+. 4 N ap bay yon ti mal mouton nan maten e n ap bay lòt la apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*+, 5 ansanm ak yon dizyèm efa* farin bon kalite ak yon ka hin* bon luil doliv kòm ofrann manje angren melanje+. 6 Se yon ofrann y ap boule nèt chak tan+, jan nou te resevwa lòd pou sa nan Mòn Sinayi. Y ap boule ofrann nan pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, 7 ansanm ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la, yon ka hin pou chak ti mal mouton+. Nou dwe vide bwason ki gen alkòl sou lotèl la* kòm ofrann pou Jewova. 8 Epi, n ap ofri lòt ti mal mouton an apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*. N ap bay yo ak menm kalite ofrann manje angren ki te fèt nan maten an ansanm ak menm kalite bwason nou te vide a kòm ofrann y ap boule, pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*+.
9 “‘Men, jou saba a+, nou dwe bay de ti mal mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn domaj, ak de dizyèm efa* farin bon kalite kòm ofrann manje angren melanje ak luil ansanm ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la. 10 Se ofrann sa a y ap boule nèt nan jou saba a e y ap bay li ak sakrifis y ap boule nèt nou abitye bay chak tan an ansanm ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
11 “‘Nan kòmansman chak mwa*, n ap ofri de jenn towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn domaj, kòm sakrifis y ap boule nèt pou Jewova+. 12 N ap bay twa dizyèm efa* farin bon kalite melanje ak luil kòm ofrann manje angren+ pou chak towo bèf. N ap ofri tou de dizyèm efa farin bon kalite melanje ak luil kòm ofrann manje angren pou mal mouton an+. 13 N ap bay yon dizyèm efa farin bon kalite melanje ak luil kòm ofrann manje angren pou chak ti mal mouton kòm yon ofrann y ap boule nèt pou yon bon sant+ monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*. 14 Epi, men kantite bwason y ap vide kòm ofrann ki mache ak sakrifis sa yo: demi hin* diven pou yon towo bèf+, yon tyè hin* diven pou mal mouton an+ ak yon ka hin diven pou yon ti mal mouton+. Se ofrann sa a y ap boule nèt chak mwa pandan tout ane a. 15 Mete sou sa, nou dwe bay Jewova yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la.
16 “‘Fèt Pak pou Jewova a ap fèt nan premye mwa a, 14yèm jou nan mwa a+. 17 Epi, sou 15yèm jou nan mwa sa a, ap gen yon fèt. Se pen san ledven n ap manje pandan sèt jou+. 18 Nan premye jou a, n ap reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay di. 19 N ap ofri de jenn towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan kòm ofrann y ap boule nèt pou Jewova. Nou dwe ofri bèt ki pa gen okenn domaj+. 20 Nou dwe bay yo ak farin bon kalite melanje ak luil+ kòm ofrann manje angren ki mache avèk yo ak twa dizyèm efa farin pou yon towo bèf ansanm ak de dizyèm efa farin pou mal mouton an. 21 N ap bay yon dizyèm efa farin pou chak mouton nan sèt ti mal mouton yo 22 ansanm ak yon kabrit kòm sakrifis pou peche pou nou ka jwenn padon. 23 N ap bay sakrifis sa yo anplis sakrifis yo boule nèt ki fèt nan maten an, sakrifis yo boule nèt nou abitye bay chak tan an. 24 N ap fè ofrann sa yo menm jan an chak jou, e pandan sèt jou, se sa n ap ofri kòm manje*, se yon ofrann y ap boule pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*. Nou dwe fè ofrann sa a ak sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak bwason yo vide kòm ofrann ki mache avè l la. 25 Sou setyèm jou a, nou dwe reyini pou n adore Bondye+. Nou pa dwe fè okenn travay di+.
26 “‘Jou n ap rekòlte premye danre yo+, lè n ap ofri Jewova yon manje angren nou fèk rekòlte+, nou dwe reyini pou n adore l pandan fèt semèn nou yo+. Nou pa dwe fè okenn travay di+. 27 N ap bay de jenn towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan kòm sakrifis y ap boule nèt pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*+, 28 e men manje angren ki fèt ak farin bon kalite melanje ak luil n ap bay kòm ofrann ansanm ak yo: twa dizyèm efa farin pou chak towo bèf, de dizyèm efa farin pou mal mouton an, 29 yon dizyèm efa farin pou chak mouton nan sèt ti mal mouton yo. 30 Mete sou sa, n ap bay yon jenn ti kabrit pou nou ka jwenn padon pou peche nou+. 31 N ap bay yo anplis sakrifis y ap boule nèt nou abitye bay chak tan an ak ofrann manje angren ki mache avè l la. Bèt yo pa dwe gen okenn domaj+, e n ap bay yo ansanm ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avèk yo a.
29 “‘Nan setyèm mwa a, premye jou nan mwa a, nou dwe reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay di+. Nou dwe sonnen twonpèt nan jou sa a+. 2 N ap bay yon sakrifis y ap boule nèt pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, sa vle di yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj. 3 N ap bay yo ansanm ak ofrann manje angren ki fèt ak farin bon kalite melanje ak luil, sa vle di twa dizyèm efa* farin pou towo bèf la, de dizyèm efa* farin pou mal mouton an 4 ak yon dizyèm efa* farin pou chak mouton nan sèt ti mal mouton yo. 5 N ap bay yon jenn ti bouk kabrit kòm sakrifis pou peche pou n ka jwenn padon. 6 N ap fè sakrifis sa yo, anplis sakrifis yo boule nèt chak mwa a ak ofrann manje angren ki mache avè l la+ ak sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la+ ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè yo a+, selon jan sa dwe fèt la. Se yon ofrann y ap boule pou Jewova pou yon bon sant monte al jwenn li pou fè l plezi*.
7 “‘Dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou dwe reyini pou n adore Bondye+ e nou* dwe nan lapenn poutèt peche nou yo*. Nou pa dwe fè okenn travay+. 8 N ap bay yon sakrifis y ap boule nèt pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, sa vle di yon jenn towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 9 N ap bay yo ansanm ak ofrann manje angren ki fèt ak farin bon kalite melanje ak luil, sa vle di twa dizyèm efa farin pou towo bèf la, de dizyèm efa farin pou mal mouton an 10 ak yon dizyèm efa farin pou chak mouton nan sèt ti mal mouton yo. 11 Epi, n ap bay yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis nou te bay pou nou jwenn padon an+ ak sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avèk yo a.
12 “‘Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, nou dwe reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay di. Nou dwe fè yon fèt pou Jewova pandan sèt jou+. 13 N ap bay yon sakrifis y ap boule nèt+ pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, sa vle di 13 jenn towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 14 N ap bay yo ansanm ak ofrann manje angren ki fèt ak farin bon kalite melanje ak luil, sa vle di twa dizyèm efa farin pou chak bèf nan 13 towo bèf yo, de dizyèm efa farin pou chak mouton nan 2 mal mouton yo 15 ak yon dizyèm efa farin pou chak mouton nan 14 ti mal mouton yo. 16 Epi, n ap bay yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
17 “‘Nan dezyèm jou a, nou dwe ofri 12 jenn towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 18 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 19 Epi, n ap bay yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè yo a+.
20 “‘Nan twazyèm jou a, nou dwe ofri 11 towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 21 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 22 Epi, n ap bay yon kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
23 “‘Nan katriyèm jou a, nou dwe ofri 10 towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 24 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 25 Epi, n ap bay yon jenn ti kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
26 “‘Nan senkyèm jou a, nou dwe ofri 9 towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 27 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 28 Epi, n ap bay yon kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
29 “‘Nan sizyèm jou a, nou dwe ofri 8 towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 30 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 31 Epi, n ap bay yon kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
32 “‘Nan setyèm jou a, nou dwe ofri 7 towo bèf, 2 mal mouton ak 14 ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 33 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf yo, mal mouton yo ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 34 Epi, n ap bay yon kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
35 “‘Nan uityèm jou a, nou dwe fè yon rasanbleman espesyal. Nou pa dwe fè okenn travay di+. 36 N ap bay yon sakrifis y ap boule nèt pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*, sa vle di yon towo bèf, yon mal mouton ak sèt ti mal mouton ki gen ennan. Yo youn pa dwe gen okenn domaj+. 37 N ap bay ofrann manje angren an ak bwason y ap vide kòm ofrann yo ansanm ak towo bèf la, mal mouton an ak ti mal mouton yo, selon kantite yo ye a, jan sa dwe fèt la. 38 Epi, n ap bay yon kabrit kòm sakrifis pou peche, anplis sakrifis yo abitye boule nèt chak tan an ansanm ak ofrann manje angren ki mache avè l la ak bwason y ap vide kòm ofrann ki mache avè l la+.
39 “‘Se sakrifis sa yo n ap fè pou Jewova nan epòk fèt nou yo+, anplis ofrann n ap bay lè n ap fè yon ve+, ofrann kè nou pouse nou fè+ n ap bay kòm sakrifis yo boule nèt yo+, ofrann manje angren n ap bay yo+, bwason y ap vide kòm ofrann n ap bay yo+ ak sakrifis kominyon* n ap fè yo+.’” 40 Moyiz di Izrayelit yo tout sa Jewova te ba l lòd fè.
30 Apre sa, Moyiz pale ak chèf+ tribi Izrayèl yo, li di yo: “Men lòd Jewova bay: 2 Si yon gason fè Jewova yon ve+ oswa li fè yon sèman+ pou l respekte ve li fè* pou l pa fè yon bagay, li dwe kenbe pawòl li+. Li dwe fè tout sa l te di nan ve li fè a+.
3 “Si yon jèn fi k ap viv lakay papa l fè Jewova yon ve, oswa li fè yon ve pou li pa fè yon bagay, 4 e papa l tande ve li* fè a oswa li tande ve li fè pou li pa fè yon bagay la, li pa di anyen, fi a ap kenbe tout ve li fè yo, e nenpòt ve l te fè pou l pa fè yon bagay, l ap kenbe l. 5 Men, si papa a pa dakò avè l lè l tande ve li fè yo oswa ve l fè pou l pa fè yon bagay, fi a pap kenbe ve li fè yo. Jewova ap padone l paske papa l pa t dakò avè l+.
6 “Men, si l ta marye ak yon gason pandan l anba yon ve li te fè oswa yon pwomès li te fè san reflechi, 7 e mari l tande sa, li pa di anyen jou l aprann sa a, fi a ap kenbe ve li te fè yo. 8 Men, si mari l pa dakò avè l jou l aprann sa a, mari a ka anile ve li te fè a oswa pwomès li te fè san reflechi a+, e Jewova ap padone fi a.
9 “Men, si yon vèv oswa yon fi ki divòse fè yon ve, l ap oblije respekte tout sa l di yo.
10 “Men, si se pandan yon fi lakay mari l, li fè ve pou l fè yon bagay oswa li fè ve pou l pa fè yon bagay, 11 e mari l konn sa, li pa di anyen oswa li pa fè l konnen li pa dakò, fi a ap kenbe tout ve li fè yo. 12 Men, si jou mari a aprann sa, li anile kèlkeswa ve madanm li fè yo nèt, kit se ve l fè pou l fè yon bagay, kit se ve li fè pou l pa fè yon bagay, fi a pap kenbe ve li fè yo+. Piske mari a anile yo, Jewova ap padone fi a. 13 Nenpòt ve li fè oswa nenpòt sèman li fè pou l respekte yon ve li fè pou l pa fè yon bagay pou l ka montre li bliye tèt li*, mari l dwe deside si l ap dakò ak sa oswa si l ap anile ve l fè a. 14 Men, si mari l pa di anyen ditou, e jou ap pase, sa montre li dakò ak tout ve madanm li fè yo oswa li dakò ak tout ve madanm li fè pou l pa fè yon bagay. Li dakò ak yo paske li pa t di anyen jou l te aprann madanm li fè yo a. 15 Men, si se annapre mari a anile ve yo, kèk tan apre jou li fin aprann sa, lè sa a, mari a ap peye pou peche madanm li fè a+.”
16 Se lwa sa yo Jewova te bay Moyiz pou yon mari ak madanm li e pou yon papa ak pitit fi l ki jèn k ap viv lakay papa a.
31 Annapre, Jewova di Moyiz: 2 “Al tire revanj+ pou Izrayelit yo sou moun Madyan yo+. Apre sa, ou pral menm kote ak moun pa w yo*+.”
3 Se konsa, Moyiz te pale ak pèp la, li di yo: “Bay yon seri gason pami nou ekipman pou y al fè lagè ak* moun Madyan yo pou yo ka tire revanj pou Jewova sou moun Madyan yo. 4 Nou dwe voye 1 000 gason nan chak tribi pami tout tribi Izrayèl yo nan lagè.” 5 Se konsa, nan plizyè milye pitit Izrayèl yo+, yo te pran 1 000 gason nan chak tribi. Sa te fè 12 000 gason ki te pare pou y al nan lagè*.
6 Apre sa, Moyiz te voye yo nan lagè. Li te voye 1 000 gason li te pran nan chak tribi yo ansanm ak Fineyas+, pitit gason Eleyaza a, prèt ki te alatèt lame a e ki te gen veso sakre yo ak twonpèt pou yo sonnen+ yo nan men l. 7 Yo t al fè lagè ak moun Madyan yo, dapre lòd Jewova te bay Moyiz. Yo te touye tout gason yo. 8 Pami moun yo te touye yo, te gen senk wa Madyan yo: Evi, Rekèm, Sou, Ou ak Reba. Epi, yo te touye Balaam+, pitit gason Beyò a, ak kout epe. 9 Men, Izrayelit yo te pran fi ak timoun nan Madyan yo kòm prizonye. Mete sou sa, yo te pran tout bèt yo gen lakay yo, tout twoupo bèt yo ak tout byen yo te genyen. 10 Apre sa, yo te met dife nan tout vil kote moun yo te abite yo ak tout kan yo*. 11 Yo te pran tout sa moun yo te genyen, tout bèt yo, e yo te pran moun yo kòm prizonye. 12 Epi, yo te mennen moun yo te pran kòm prizonye yo ak tout sa yo te pran yo bay Moyiz ak Eleyaza, prèt la, ak pèp Izrayèl la nan kan ki nan Plèn Mowab yo ki tankou dezè+, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko.
13 Moyiz ak Eleyaza, prèt la, ak tout chèf pami pèp la te soti al rankontre sòlda yo deyò kan an. 14 Epi, Moyiz te vin fache anpil sou mesye yo ki te alatèt lame a, mesye ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak mesye ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo ki te sot nan lagè a. 15 Moyiz di yo: “Apa nou kite tout fi yo vivan! 16 Sonje se yo menm ki te koute pawòl Balaam e ki te fè Izrayelit yo vin pa fidèl+ ak Jewova nan zafè Peyò a+, sa ki te lakòz flewo a te tonbe sou pèp Jewova a+. 17 Kounye a, nou dwe touye tout tigason yo e nou dwe touye tout fi ki te deja nan gason yo. 18 Men, nou pa bezwen touye jèn fi ki poko nan gason yo+. 19 Epi, nou dwe rete deyò kan an pandan sèt jou. Nenpòt moun pami nou ki touye yon moun* e nenpòt moun pami nou ki manyen yon kadav, kit se nou menm ki se moun nou pran kòm prizonye yo+, dwe pirifye tèt li+ sou twazyèm jou a e sou setyèm jou a. 20 Nou dwe pirifye tout rad, tout bagay ki fèt ak po bèt, tout bagay ki fèt ak plim kabrit ak tout bagay ki fèt an bwa.”
21 Eleyaza, prèt la, di mesye ki nan lame yo ki t al nan lagè a: “Men sa yon kòmandman nan lwa Jewova te bay Moyiz la di: 22 ‘Se sèlman lò, ajan, kuiv, fè, eten ak plon, 23 sa vle di tout sa ki ka pase nan dife, nou dwe pase nan dife, pou yo vin pwòp. Men, nou dwe netwaye yo tou ak dlo ki la pou pirifye a+. Tout sa ki pa ka al nan dife, nou dwe pase yo nan dlo a. 24 Epi, nou dwe lave rad nou sou setyèm jou a pou nou ka pwòp, apre sa, nou mèt antre nan kan an+.’”
25 Annapre, Jewova di Moyiz: 26 “Kontwole sa nou pran yo. Konte ni moun nou pran kòm prizonye yo ni bèt yo. Fè sa ansanm ak Eleyaza, prèt la, ak chèf fanmi ki pami pèp la. 27 Fè sa nou te pran yo fè de pati pou nou separe ant moun ki t al nan lagè yo ak tout rès pèp la+. 28 Nan pati ki pou sòlda ki sot nan lagè yo, sou chak 500 pami moun yo, bèf yo, bourik yo, mouton yo ak kabrit yo, nou dwe pran yon nanm* pou Jewova. 29 Se nan mwatye ki pou mesye ki t al nan lagè yo nou dwe pran kontribisyon n ap bay Eleyaza, prèt la, pou Jewova+. 30 Nan mwatye nou bay Izrayelit yo, sou chak 50 pami moun yo, bèf yo, bourik yo, mouton yo ak kabrit yo e pami tout kalite bèt moun yo te gen lakay yo, nou dwe pran youn pou nou bay Levit yo+ ki gen responsablite pou yo pran swen tabènak* Jewova a+.”
31 Konsa, Moyiz ak Eleyaza, prèt la, te fè jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a. 32 Men sa ki te rete nan sa moun ki t al nan lagè yo te pran yo: 675 000 mouton ak kabrit 33 ak 72 000 bèf 34 ansanm ak 61 000 bourik. 35 Yo te pran 32 000 fi* ki potko nan gason+. 36 Yo te bay moun ki t al nan lagè yo mwatye nan mouton ak kabrit yo, sètadi 337 500 mouton ak kabrit. 37 Yo te retire 675 mouton ak kabrit kòm kontribisyon pou Jewova. 38 Yo te ba yo 36 000 bèf e yo te retire 72 bèf kòm kontribisyon pou Jewova. 39 Yo te ba yo 30 500 bourik e yo te retire 61 bourik kòm kontribisyon pou Jewova. 40 Yo te ba yo 16 000 moun* e yo te retire 32 moun* kòm kontribisyon pou Jewova. 41 Annapre, Moyiz bay Eleyaza, prèt la+, kontribisyon li te pran pou Jewova a, dapre lòd Jewova te bay Moyiz.
42 Men mwatye ki te pou Izrayelit yo nan sa mesye ki t al nan lagè yo te pran yo e Moyiz te separe fè de pati yo: 43 yo te ba yo 337 500 mouton ak kabrit 44 ak 36 000 bèf 45 ansanm ak 30 500 bourik. 46 Epi, yo te ba yo 16 000 moun*. 47 Apre sa, nan mwatye ki te pou Izrayelit yo, sou chak 50 moun e sou chak 50 bèt, Moyiz te pran youn pou l bay Levit yo+ ki gen responsablite pou yo pran swen tabènak Jewova a+, dapre lòd Jewova te bay Moyiz.
48 Annapre, mesye yo te chwazi pami plizyè milye moun ki nan lame a+, sètadi chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo t al kot Moyiz, 49 yo di l: “Nou menm sèvitè w yo, nou te konte tout moun ki nan lame a ki souzòd nou yo, e pa gen youn nan nou ki manke+. 50 Nou chak vle fè yon ofrann pou Jewova nan sa nou te jwenn yo: bagay annò yo, chèn yo met nan pye yo, braslè yo, bag yo, zanno yo ak lòt bijou ankò pou nou ka jwenn padon pou peche nou* devan Jewova.”
51 Konsa, Moyiz ak Eleyaza, prèt la, te aksepte lò yo te bay yo, yo te aksepte tout bijou yo. 52 Tout lò chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo te bay kòm kontribisyon pou Jewova yo te peze 16 750 chekèl*. 53 Chak mesye ki nan lame a te jwenn pòsyon pa l nan sa yo te pran nan lagè a. 54 Konsa, Moyiz ak Eleyaza, prèt la, te aksepte lò chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo te bay yo, epi yo pote yo nan tant reyinyon an pou Jewova ka sonje pèp Izrayèl la.
32 Desandan Ribenn yo+ ak desandan Gad yo+ te vin gen anpil twoupo bèt, e yo te wè vil Jazè+ ak peyi Galaad se bon kote pou yo gade bèt. 2 Se sa k fè desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo t al kote Moyiz ak Eleyaza, prèt la, ak chèf yo pami pèp la e yo te di yo: 3 “Rejyon Atawòt, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon+, Eleyale, Sebam, Nebo+ ak Beyon+, 4 peyi Jewova te fè pèp Izrayèl la pote laviktwa sou li a+ se bon kote pou moun gade bèt e sèvitè w yo gen anpil bèt+.” 5 Epi, yo te di: “Si w dakò ak nou menm sèvitè w yo, fè yo ban nou peyi sa a kòm eritaj. Pa fè nou travèse Rivyè Jouden an.”
6 Lè sa a, Moyiz di desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo: “Èske frè n yo pral nan lagè pandan nou menm nou ret isit la? 7 Poukisa pou n ta dekouraje pèp Izrayèl la pou l pa travèse al nan peyi Jewova ap ba li san mank lan? 8 Se sa zansèt nou yo te fè lè m te fè yo sot Kadèsbaneya pou y al gade peyi a+. 9 Lè yo t al nan Vale Echkòl+ e yo te wè peyi a, yo te dekouraje pèp Izrayèl la pou yo pa al nan peyi Jewova te di l ap ba yo a+. 10 Jewova te vin fache anpil jou sa a e li te fè sèman+, li te di: 11 ‘Mesye ki te sot ann Ejip yo, soti sa ki gen 20 an pou piti, pap wè peyi+ mwen te fè sèman m ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la+, paske yo pa t suiv mwen ak tout kè yo, 12 sof Kalèb+, pitit gason Jefoune a, desandan Kenaz, ak Jozye+, pitit gason Noun nan, paske yo te obeyi Jewova ak tout kè yo+.’ 13 Se sa k fè Jewova te fache anpil kont pèp Izrayèl la e li te fè yo fè 40 an ap monte desann nan dezè a+, jiskaske tout jenerasyon moun ki t ap fè sa ki mal nan je Jewova yo te disparèt+. 14 Kounye a, nou menm, yon bann moun k ap fè peche, nou menm jan ak zansèt nou yo. Nou se yon ras moun ki lakòz Jewova vin pi an kòlè kont pèp Izrayèl la. 15 Si nou sispann obeyi l, se sèten l ap abandone pèp la nan dezè a, e n ap lakòz tout pèp la peri.”
16 Annapre, y al kote Moyiz, yo di l: “Kite nou fè kèk patiraj an wòch isit la pou twoupo mouton nou yo ak kèk vil pou pitit nou yo. 17 Men, n ap kontinye pare nou pou n al nan lagè+ e pou n al batay bò kote Izrayelit yo jiskaske nou mennen yo nan peyi ki pou yo a pandan pitit pa nou yo ap abite nan vil ki byen pwoteje yo pou lòt moun ki rete nan peyi a pa fè yo mal. 18 Nou pap retounen lakay nou toutotan chak Izrayelit pa resevwa pòsyon tè pa l kòm eritaj+, 19 paske nou pap resevwa yon eritaj ansanm avèk yo ni pa lòtbò Rivyè Jouden an ni pi lwen, piske nou deja resevwa eritaj pa nou nan bò ki bay sou lès Rivyè Jouden an+.”
20 Moyiz di yo: “Si nou fè sa vre, nou pran zam nou pou n al nan lagè devan Jewova+, 21 e si nou chak pran zam nou, nou travèse Rivyè Jouden an devan Jewova, pandan l ap fè ènmi l yo sot devan l+ 22 jiskaske peyi a vin anba men Jewova+, apre sa nou mèt retounen lakay nou+. Nou pap koupab ni devan Jewova ni devan pèp Izrayèl la. Lè sa a, peyi sa a ap vin eritaj nou devan Jewova+. 23 Men, si nou pa fè sa, n ap peche kont Jewova. Lè sa a, nou mèt konnen n ap peye pou peche nou fè a. 24 Konsa, nou mèt bati vil pou pitit nou yo e nou mèt fè patiraj pou bèt nou yo+, men nou dwe respekte pwomès nou fè a.”
25 Desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo di Moyiz: “Nou menm sèvitè w yo, n ap suiv egzakteman lòd ou menm, mèt nou an, ban nou. 26 Pitit nou yo, madanm nou yo, twoupo bèt nou yo ak tout bèt nou gen lakay nou yo ap ret la nan vil Galaad yo+, 27 men, nou menm sèvitè w yo, tout gason ki gen zam yo, n ap travèse pou n al fè lagè devan Jewova+, jan ou menm, mèt nou, ou di nou an.”
28 Se konsa, Moyiz te bay Eleyaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun nan, ak chèf fanmi nan tribi Izrayèl yo yon lòd konsènan mesye sa yo. 29 Moyiz te di yo: “Si desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo travèse Rivyè Jouden an avèk nou, chak gason ak zam nan men yo pou yo fè lagè devan Jewova, e peyi a vin anba men nou, lè sa a n ap ba yo peyi Galaad kòm eritaj+. 30 Men, si yo pa pran zam yo pou yo travèse avèk nou, ebyen y ap abite nan mitan nou nan peyi Kanaran.”
31 Lè sa a, desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo reponn: “Nou menm sèvitè w yo, se sa Jewova di nou n ap fè. 32 N ap pran zam nou e n ap travèse devan Jewova pou n al nan peyi Kanaran+, men se tèritwa ki nan direksyon lès Rivyè Jouden an nou dwe gen kòm eritaj.” 33 Se konsa, Moyiz bay desandan Gad yo ak desandan Ribenn yo+ ak moun ki nan demi tribi Manase+ ki te yon pitit gason Jozèf, wayòm Siyon an+, wa Amorit yo, ansanm ak vil ak tèritwa ki ozalantou l yo e li ba yo wayòm Òg la+, wa Bazan an, ansanm ak vil ak tèritwa ki ozalantou l yo.
34 Epi, desandan Gad yo bati* Dibon+, Atawòt+, Awoyè+, 35 Atwòtsofan, Jazè+, Jogbeya+, 36 Bètnimra+ ak Bètaran+, yon seri vil ki te byen pwoteje, e yo te fè patiraj an wòch pou mouton yo. 37 Desandan Ribenn yo te rebati Esbon+, Eleyale+, Kiryatayim+, 38 Nebo+ ak Baalmeyon+. Yo te chanje non vil sa yo. Yo te rebati Sibma tou. Yo te bay tout vil yo te rebati yo lòt non.
39 Desandan Maki yo+, yon pitit gason Manase, te mache sou peyi Galaad, yo te pran peyi a e yo te detwi Amorit yo ki te abite ladan l. 40 Epi, Moyiz bay desandan Maki yo, pitit gason Manase a, Galaad e yo te vin abite ladan l+. 41 Epi, Jayi, yon pitit gason Manase, te mache sou ti vil ki gen tant yo te genyen yo, li te pran yo e li te vin rele yo Avòtjayi*+. 42 Annapre, Noba te mache sou vil Kenat ak vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li yo, epi li te pran yo. Li te bay Kenat pote non Noba, pwòp non pa l.
33 Men kote pèp Izrayèl la te pase lè yo t ap vwayaje sot nan peyi Ejip+, gwoup pa gwoup*+, anba direksyon Moyiz ak Arawon+. 2 Moyiz te toujou ekri non zòn kote yo te soti yo lè yo t ap vwayaje al yon lòt kote, dapre lòd Jewova te ba li. Men kote yo te pase yo, youn apre lòt+: 3 Yo te kite Ramsès+ nan premye mwa a, 15yèm jou nan mwa a+. Nan demen apre jou fèt Pak la+, Izrayelit yo te soti byen trankil devan je tout Ejipsyen yo. 4 Pandan tan sa a, Ejipsyen yo t ap antere tout premye pitit Jewova te touye pami yo+. Epi, Jewova te pini tout dye yo te genyen yo+.
5 Konsa, Izrayelit yo kite Ramsès, y al monte tant yo Soukòt+. 6 Epi, yo kite Soukòt, y al monte tant yo Etam+ ki bò dezè a. 7 Apre sa, yo kite Etam, yo retounen nan zòn Piyayiwòt, anfas Baalsefon+, e y al monte tant yo Migdòl+. 8 Annapre, yo kite Piyayiwòt, yo pase nan mitan lanmè a+ pou y al nan dezè a+. Yo fè twa jou ap mache nan Dezè Etam+ e y al monte tant yo Mara+.
9 Epi, yo kite Mara, yo rive Elim. Pandan yo Elim, yo jwenn 12 sous dlo ak 70 pye palmye, se sa k fè yo te monte tant yo la+. 10 Apre sa, yo kite Elim, y al monte tant yo bò Lanmè Wouj. 11 Annapre, yo kite Lanmè Wouj, y al monte tant yo nan Dezè Sin+. 12 Epi, yo kite Dezè Sin, y al monte tant yo Dofka. 13 Apre sa, yo kite Dofka, y al monte tant yo Alouch. 14 Annapre, yo kite Alouch, y al monte tant yo Refidim+, kote pa t gen dlo pou pèp la bwè. 15 Epi, yo kite Refidim, y al monte tant yo nan Dezè Sinayi+.
16 Apre sa, yo kite Dezè Sinayi, y al monte tant yo Kibwòtatava+. 17 Annapre, yo kite Kibwòtatava, y al monte tant yo Azewòt+. 18 Epi, yo kite Azewòt, y al monte tant yo Ritma. 19 Annapre, yo kite Ritma, y al monte tant yo Rimonnperès. 20 Epi, yo kite Rimonnperès, y al monte tant yo Libna. 21 Apre sa, yo kite Libna, y al monte tant yo Risa. 22 Annapre, yo kite Risa, y al monte tant yo Keyelata. 23 Epi, yo kite Keyelata, y al monte tant yo nan Mòn Chefè.
24 Apre sa, yo kite Mòn Chefè, y al monte tant yo Arada. 25 Annapre, yo kite Arada, y al monte tant yo Makelòt. 26 Epi, yo kite+ Makelòt, y al monte tant yo Tayat. 27 Apre sa, yo kite Tayat, y al monte tant yo Tera. 28 Annapre, yo kite Tera, y al monte tant yo Mitka. 29 Epi, yo kite Mitka, y al monte tant yo Achmona. 30 Apre sa, yo kite Achmona, y al monte tant yo Mosewòt. 31 Annapre, yo kite Mosewòt, y al monte tant yo Benejakan+. 32 Epi, yo kite Benejakan, y al monte tant yo Ogidgad. 33 Apre sa, yo kite Ogidgad, y al monte tant yo Jotbata+. 34 Annapre, yo kite Jotbata, y al monte tant yo Abwona. 35 Epi, yo kite Abwona, y al monte tant yo Ezyongebè+. 36 Apre sa, yo kite Ezyongebè, y al monte tant yo nan Dezè Zin+, sètadi Kadès.
37 Epi, yo kite Kadès, y al monte tant yo nan Mòn Ò+ sou fwontyè peyi Edòm. 38 Nan 40yèm ane apre Izrayelit yo fin kite peyi Ejip, nan senkyèm mwa a, premye jou nan mwa a+, Arawon, prèt la, te monte nan Mòn Ò sou lòd Jewova, e se la li mouri. 39 Arawon te gen 123 an lè l te mouri nan Mòn Ò.
40 Wa Arad la+, moun peyi Kanaran, ki te abite Negèb ki nan peyi Kanaran, te aprann Izrayelit yo ap vini.
41 Apre sa, Izrayelit yo te kite Mòn Ò+, y al monte tant yo Zalmona. 42 Annapre, yo kite Zalmona, y al monte tant yo Pounon. 43 Epi, yo kite Pounon, y al monte tant yo Obòt+. 44 Apre sa, yo kite Obòt, y al monte tant yo Ijeyabarim sou fwontyè peyi Mowab+. 45 Annapre, yo kite Ijim, y al monte tant yo Dibongad+. 46 Epi, yo kite Dibongad, y al monte tant yo Almondiblatayim. 47 Apre sa, yo kite Almondiblatayim, y al monte tant yo nan Mòn Abarim+ ki anvan Nebo+. 48 Alafen, yo kite Mòn Abarim, y al monte tant yo nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko+. 49 Yo te fè yon bon rete bò Rivyè Jouden an, soti Bètjechimòt rive jis Abèlsitim+, nan plèn Mowab yo ki tankou dezè.
50 Jewova te pale ak Moyiz nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko. Li te di l: 51 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘N ap travèse Rivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran+. 52 Nou dwe detwi tout moun ki abite nan peyi a e nou dwe detwi tout estati an wòch yo+, tout estati yo fè ak metal yo fonn yo+ e nou dwe kraze tout kote yo adore fo dye yo*+. 53 Epi, n ap pran peyi a, n ap rete ladan l, paske, wè pa wè, m ap ban nou peyi sa a kòm eritaj+. 54 Nou dwe fè tiraj osò pou nou separe peyi a bay+ fanmi nou yo kòm eritaj. Nou dwe ogmante eritaj+ gwoup ki gen anpil moun yo e nou dwe diminye eritaj gwoup ki pa gen anpil moun yo. Chak moun ap jwenn eritaj pa l kote pòsyon pa l la tonbe a. N ap resevwa pòsyon tè pa nou kòm eritaj, selon tribi zansèt nou yo+.
55 “‘Si nou pa detwi moun ki abite nan peyi a, moun nou kite pami nou yo+ ap vin tankou yon bagay k ap pike nou nan je n e y ap vin tankou pikan bò kòt nou. Y ap vin goumen avèk nou nan peyi kote nou rete a+. 56 Epi, m ap fè nou sa m te vle fè yo a+.’”
34 Annapre, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Men lòd pou w bay Izrayelit yo: ‘Lè nou antre nan peyi Kanaran+, peyi nou pral genyen kòm eritaj la, men fwontyè ki pral limit peyi a+.
3 “‘Nan direksyon sid, limit nou ap soti depi nan Dezè Zin, pase tou long bò peyi Edòm. Pati sid fwontyè nou an ap soti depi nan dènye pwent Lanmè Sale*, nan direksyon lès+. 4 Fwontyè a ap vire pase bò pant Akrabim nan+, nan sid, l ap kontinye pou l rive nan Dezè Zin, e dènye pwent li ap nan sid Kadèsbaneya+. Apre sa, l ap pwolonje rive Azarada+ e l ap kontinye pou l rive Azmon. 5 Fwontyè a ap vire bò Azmon pou l pase nan Ravin Ejip, e dènye pwent li ap rive bò Gwo Lanmè a*+.
6 “‘Fwontyè nou nan direksyon lwès ap rive arebò Gwo Lanmè a*. Se sa k ap fwontyè nou nan direksyon lwès+.
7 “‘Men fwontyè nou nan direksyon nò: N ap trase fwontyè nou an soti bò Gwo Lanmè a* rive nan Mòn Ò. 8 Detan Mòn Ò, n ap trase fwontyè a rive jis Lebowamat*+, e dènye limit fwontyè a ap rive Zedad+. 9 Epi, fwontyè a ap pwolonje rive Zifwon, e dènye limit li ap rive Azarenon+. Se sa k ap fwontyè nou nan direksyon nò.
10 “‘Apre sa, nou dwe trase fwontyè nou nan direksyon lès soti Azarenon pou rive Chefam. 11 Detan Chefam, fwontyè a ap kontinye rive Ribla, jis nan lès Ayin, e l ap desann pou l pase sou pant ki bay sou bò lès Lanmè Kinerèt*+. 12 Fwontyè a ap kontinye pou l rive nan zòn Jouden an, e dènye limit li se pral Lanmè Sale+. Se peyi sa a+ k ap pou nou ak fwontyè ki antoure l yo.’”
13 Epi, men lòd Moyiz te bay Izrayelit yo: “Se peyi sa a nou pral fè tiraj osò pou nou separe kòm eritaj nou an+, jan Jewova te bay lòd pou yo separe l bay nèf tribi yo ak mwatye nan tribi Manase a. 14 Paske tribi ki gen desandan Ribenn yo, selon fanmi kote yo soti, ak tribi ki gen desandan Gad yo, selon fanmi kote yo soti, ansanm ak lòt mwatye nan tribi Manase a deja gen eritaj pa yo+. 15 De tribi edmi sa yo deja gen eritaj pa yo nan lès zòn Jouden an, toupre Jeriko, nan direksyon solèy leve+.”
16 Apre sa, Jewova di Moyiz: 17 “Men non moun ki pral separe peyi a pou ban nou eritaj pa nou: Eleyaza+, prèt la, ak Jozye+, pitit gason Noun. 18 E n ap chwazi yon chèf nan chak tribi pou separe peyi nou pral gen kòm eritaj la+. 19 Men non mesye n ap chwazi yo: Nan tribi Jida+, n ap pran Kalèb+, pitit gason Jefoune. 20 Nan tribi ki gen desandan Simeyon yo+, n ap pran Chemouwèl, pitit gason Amiyoud. 21 Nan tribi Benjamen+, n ap pran Elidad, pitit gason Kislon. 22 Nan tribi ki gen desandan Dann yo+, n ap pran Bouki, pitit gason Jogli. 23 Nan desandan Jozèf yo+, nan tribi ki gen desandan Manase yo+, n ap pran Aniyèl, pitit gason Efòd. 24 Nan tribi ki gen desandan Efrayim yo+, n ap pran Kemouwèl, pitit gason Chiftan. 25 Nan tribi ki gen desandan Zabilon yo+, n ap pran Elizafan, pitit gason Panak. 26 Nan tribi ki gen desandan Isaka yo+, n ap pran Paltyèl, pitit gason Azan. 27 Nan tribi ki gen desandan Achè yo+, n ap pran Ayiyoud, pitit gason Chelomi. 28 Nan tribi ki gen desandan Neftali yo+, n ap pran Pedayèl, pitit gason Amiyoud.” 29 Se moun sa yo Jewova te bay lòd pou separe tè a bay Izrayelit yo nan peyi Kanaran+.
35 Jewova te kontinye pale ak Moyiz nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an+, toupre Jeriko. Li te di l: 2 “Bay Izrayelit yo lòd pou yo pran kèk vil nan eritaj y ap genyen an pou yo bay Levit yo pou yo abite+ e yo dwe bay Levit yo savann ki toutotou vil yo pou yo met bèt yo genyen yo+. 3 Y ap abite nan vil yo e y ap mete twoupo mouton yo ak tout lòt bèt yo genyen nan savann yo, epi y ap fè kote pou yo met bagay pou bèt yo. 4 Savann ki pou chak vil n ap bay Levit yo pou yo met bèt yo genyen yo ap gen yon distans 1 000 koude* ki separe yo ak miray ki toutotou vil la. 5 Ou dwe mezire savann yo ki deyò vil la. Ou dwe mezire 2 000 koude nan direksyon lès, 2 000 koude nan direksyon sid, 2 000 koude nan direksyon lwès, 2 000 koude nan direksyon nò, e vil la ap nan mitan savann yo. Se savann sa yo k ap sèvi kòm patiraj pou vil y ap genyen yo.
6 “N ap bay Levit yo 6 vil pou moun pran refij+, se nan vil sa yo yon moun ki touye yon moun dwe kouri ale+, e n ap ba yo 42 lòt vil ankò. 7 Nou dwe bay Levit yo 48 vil antou, ansanm ak savann pou yo fè patiraj+. 8 Se nan tè ki pou Izrayelit yo n ap pran vil n ap bay Levit yo+. Nan gwoup ki gen anpil moun yo n ap pran anpil, nan gwoup ki pa gen anpil moun yo, nou pap pran anpil+. Chak gwoup ap bay Levit yo kèk nan vil yo genyen yo selon kantite tè yo te resevwa.”
9 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 10 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘N ap travèse Rivyè Jouden an pou n al nan peyi Kanaran+. 11 Nou dwe chwazi vil yo kote k ap fasil pou yon moun ki touye yon moun* san l pa t gen entansyon fè sa ka kouri ale+. 12 Vil sa yo ap sèvi kòm refij yon fason pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ pa touye moun ki touye moun nan san yo pa jije l devan pèp la+. 13 Sis vil sa yo ap la pou moun ki touye yon moun al pran refij. 14 N ap bay twa vil nan lès Rivyè Jouden an+ e n ap bay twa vil nan peyi Kanaran+ kòm vil pou moun al pran refij. 15 Sis vil sa yo ap sèvi kòm refij ni pou Izrayelit yo, ni pou moun ki abite kòm etranje pami nou yo+, pou nenpòt moun ki ta touye yon moun* san l pa gen entansyon fè sa ka kouri al ladan yo+.
16 “‘Men, si yon moun frape yon moun ak yon bout fè epi moun nan mouri, li se yon asasen. Yo dwe touye asasen an san mank+. 17 Si se ak yon wòch ki ka touye yon moun li frape moun nan, epi moun nan mouri, li se yon asasen. Yo dwe touye asasen an san mank. 18 Si se ak yon bout bwa ki ka touye yon moun li frape moun nan epi moun nan mouri, li se yon asasen. Yo dwe touye asasen an san mank.
19 “‘Se moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a k ap touye asasen an. L ap touye l lè l rankontre avè l. 20 Si yon moun pouse yon moun paske l rayi l epi moun nan mouri, oubyen si l voye yon bagay dèyè moun nan ak move entansyon*+, 21 oswa li bay moun nan yon kou ak men l paske li rayi l, epi moun nan mouri, y ap touye moun ki frape moun nan san mank. Li se yon asasen. Moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a ap touye asasen an lè l rankontre avè l.
22 “‘Men, si se sanzatann e san li pa t rayi moun nan anvan sa li pouse moun nan oswa li voye yon bagay dèyè moun nan san l pa t gen move entansyon*+, 23 oubyen si li pa t wè moun nan e li pa fè espre li fè yon wòch tonbe sou li, e si li pa t ènmi moun nan oswa li pa t ap chèche fè moun nan mal, epi moun nan mouri, 24 lè sa a, pèp la dwe fè yon jijman ant moun ki touye moun nan ak moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a, selon pawòl ki nan lwa sa yo+. 25 Epi, pèp la dwe delivre moun ki touye moun nan anba men moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a. Y ap fè l retounen nan vil li te kouri al pran refij la e li dwe rete nan vil la jiskaske gran prèt yo te vide luil sakre sou tèt li pou yo chwazi l la mouri+.
26 “‘Men, si moun ki touye moun nan soti deyò fwontyè vil kote li te kouri al pran refij la, 27 epi moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a jwenn li deyò fwontyè vil kote li t al pran refij la e li touye l, moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a pap koupab pou san li fè koule a. 28 Paske moun ki touye moun nan te dwe rete nan vil li t al pran refij la jiskaske gran prèt la mouri. Men, apre lanmò gran prèt la, moun ki touye moun nan ka retounen lakay li+. 29 Se lwa sa yo n ap aplike lè n ap fè jijman nan jenerasyon apre jenerasyon, tout kote nou abite.
30 “‘Nenpòt moun ki touye yon moun*, yo dwe touye l pou krim li fè a+ selon deklarasyon* moun ki temwen yo+. Men, yo pap touye yon moun* dapre deklarasyon yon sèl temwen. 31 Nou pa dwe aksepte okenn ranson pou n sove lavi* yon asasen ki merite lanmò, paske yo dwe touye l san mank+. 32 Epi, nou pa dwe aksepte okenn ranson pou yon moun ki te kouri al nan yon vil ki la pou moun pran refij pou n ta kite l retounen lakay li anvan lanmò gran prèt la.
33 “‘Nou pa dwe kontamine peyi n ap viv ladan l lan, paske san ka kontamine peyi a+, e nou ka pa jwenn padon pou san nou fè koule nan peyi a, sof si nou ta fè san moun ki fè san koule a koule tou+. 34 Nou pa dwe kontamine peyi n ap viv ladan l lan, peyi kote m abite a, paske mwen menm, Jewova, mwen abite nan mitan pèp Izrayèl la+.’”
36 Chèf fanmi pami desandan Galaad yo ki soti nan fanmi pitit gason Jozèf yo te vin pale ak Moyiz ak chèf yo ki chèf fanmi pami Izrayelit yo. Galaad se te pitit gason Maki+ ki te pitit gason Manase. 2 Men sa yo te di: “Jewova te bay ou menm, mèt nou an, lòd pou w fè tiraj osò pou w ka separe peyi a+ bay Izrayelit yo kòm eritaj. Epi, ou menm, mèt nou an, ou te resevwa lòd nan men Jewova pou w bay pitit fi Selofeyad yo, frè nou an, eritaj papa yo a+. 3 Si medam yo marye ak gason ki nan yon lòt tribi ann Izrayèl, eritaj yo a ap soti nan eritaj zansèt nou yo pou l al nan eritaj tribi y al ladan l lan. Konsa, se nan eritaj pa nou an pòsyon pa yo a ap soti. 4 Lè lè a rive pou pèp Izrayèl la fete ane Liberasyon an+, eritaj medam yo t ap vin fè pati eritaj tribi y al ladan l lan, konsa eritaj yo a t ap soti nan eritaj tribi zansèt nou yo.”
5 Annapre, Moyiz bay Izrayelit yo lòd Jewova te ba li a, li di yo: “Sa moun nan tribi ki gen desandan Jozèf yo di a se sa. 6 Men lòd Jewova bay konsènan pitit fi Selofeyad yo: ‘Yo ka marye ak moun yo vle. Men, yo dwe marye ak moun nan fanmi ki nan menm tribi ak papa yo. 7 Okenn nan eritaj Izrayelit yo pa dwe sot nan yon tribi al nan yon lòt, paske Izrayelit yo dwe kenbe eritaj ki pou tribi zansèt yo. 8 Epi, tout pitit fi ki gen yon eritaj nan tribi ki ann Izrayèl yo dwe marye ak yon gason ki soti nan tribi papa l+, yon fason pou Izrayelit yo ka konsève eritaj zansèt yo. 9 Okenn nan eritaj Izrayelit yo pa dwe sot nan yon tribi al nan yon lòt, paske chak tribi ann Izrayèl dwe konsève eritaj li genyen an.’”
10 Pitit fi Selofeyad yo te suiv egzakteman lòd Jewova te bay Moyiz la+. 11 Konsa, Mala, Titsa, Ogla, Milka ak Nowa, pitit fi Selofeyad yo+, te marye ak pitit gason frè papa yo. 12 Yo te vin marye ak gason ki soti nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf. Konsa, eritaj yo a te rete nan tribi fanmi papa yo.
13 Se kòmandman sa yo ak lwa sa yo Jewova te bay Moyiz pou l bay Izrayelit yo nan plèn Mowab yo ki tankou dezè, nan zòn Jouden an, toupre Jeriko+.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “Nenpòt etranje”, anpalan de yon moun ki pa Levit.
Lit.: “selon siy li genyen (bànyè li genyen)”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Oswa: “pou veye; pou fè travay yo gen pou yo fè nan”.
Oswa: “siy”.
Lit.: “selon lame yo”.
Lit.: “lame”.
Lit.: “selon lame yo”.
Lit.: “selon lame yo”.
Lit.: “selon lame yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Nenpòt etranje”, anpalan de yon moun ki pa Levit.
Lit.: “Nenpòt etranje”, anpalan de yon moun ki pa Levit.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Yon gera egal 0,57 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Se yon bèt ki viv nan lanmè.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ki pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.
Oswa: “nanm”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “Yo”.
Lit.: “yo”.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Se yon kalite manje angren.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “fè kuis ou depafini”.
Lit.: “fè kuis ou depafini”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye! Se konsa pou sa ye!”
Lit.: “fè kuis li ap depafini”.
Sa vle di: “Moun yo mete apa; Moun ki vwe tèt li”.
Oswa: “nanm”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nanm”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “leve figi l nan direksyon nou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “dedye”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “akoz yon nanm”.
Oswa: “akoz yon nanm”.
Oswa: “akoz yon nanm”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ofrann lapè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “selon lame yo ladan l lan”.
Lit.: “selon lame yo ladan l lan”.
Lit.: “selon lame yo ladan l lan”.
Lit.: “selon lame yo ladan l lan”.
Lit.: “selon lame yo”.
Anpalan de Jetwo.
Oswa: “je”.
Sa vle di: “Limen; Gwo dife; Flanm dife”.
Oswa: “nanm nou”.
Lit.: “grenn koryann”. Li blan tankou pitimi.
Oswa: “yon gason k ap pran swen tibebe”.
Oswa: “tonbe bay pwofesi”.
Lit.: “kay”. Se yon zwazo ki gen anpil vyann (li mezire anviwon 18 sm longè). Vyann li bon anpil, menm jan ak vyann poul.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Oswa: “pi piti pase dis barik”. Yon homè egal 220 lit. Gade Apendis B14.
Petèt, se pou yo te ka seche vyann yo.
Sa vle di: “Kote yo te antere moun ki te montre se sèlman tèt yo yo wè”.
Oswa: “moun Etyopi”.
Oswa: “ki te gen anpil imilite (tanperaman dou), plis pase nenpòt lòt moun”.
Lit.: “Nan tout kay mwen an, li montre li fidèl”.
Lit.: “bouch ak bouch”.
Oswa: “Jewochwa”. Sa vle di: “Jewova se delivrans”.
Lit.: “gra”.
Lit.: “mèg”.
Oswa: “nan antre Amat”.
Sa vle di: “Grap rezen”.
Petèt, sa vle di: “Moun k ap lage moun atè”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “tankou yon sèl moun”.
Lit.: “dis fwa sa yo”.
Lit.: “mwen te leve men m”.
Lit.: “aji tankou pwostitye”.
Oswa: “lè yon moun genyen m kòm ènmi”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “yon tikras plis pase yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “anviwon dis ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon de lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Lit.: “pen”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “pou n aji tankou pwostitye nan adorasyon n ap ban mwen”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ki mèt e seyè sou nou”.
Lit.: “Bondye lespri ki nan tout kalite chè a”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “pou mesye ki te peche kont pwòp nanm yo”.
Lit.: “okenn etranje”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “okenn etranje”, anpalan de yon gason ki pa soti nan fanmi Arawon.
Lit.: “okenn etranje”, anpalan de yon gason ki pa soti nan fanmi Arawon.
Sa vle di tout bagay yo mete apa pou Bondye lè yo kite yo nèt pou li e pa gen anyen yo ka bay pou yo repran yo.
Lit.: “pami tout chè”.
Se bèt yo pa ka ofri Bondye kòm sakrifis. Gade Lis mo yo esplike yo.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Yon gera egal 0,57 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Lit.: “yon alyans sèl”. Se sèl yo konn met nan manje a.
Oswa: “pap nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “yon kadav, nanm yon moun ki mouri”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Sa vle di: “Diskisyon”.
Lit.: “jou”.
Lit.: “men”.
Se yon fason pou yo di li pral mouri.
Sa vle di: “Lage yo pou yo detwi yo”.
Oswa: “nanm pèp la”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “degoute”.
Lit.: “bouch”.
Lit.: “jaden”.
Se kapab tou: “dezè a”
Lit.: “ouvè bouch femèl bourik la”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “pou l regrèt”.
Se kapab tou: “dezè a”.
Oswa: “bò tanp Mowab”.
Lit.: “ki tèt”.
Lit.: “anfas solèy la”.
Oswa: “ki atache ak”.
Se yon fason pou yo di li pral mouri.
Lit.: “lespri ki nan tout kalite chè”.
Oswa: “onè”.
Oswa: “Se sou lòd Bondye”. Li te ka bay lòd sa a swa pa mwayen Jozye, swa pa mwayen Eleyaza.
Oswa: “pou kalme m”. Lit.: “pou ban m repo”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Lit.: “kote ki sakre a”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Lit.: “mwa nou yo”.
Oswa: “anviwon dis ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “anviwon de lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “yon tikras plis pase yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Lit.: “pen”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “anviwon dis ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “nanm nou”.
An jeneral, moun yo te “montre yo nan lapenn pou peche yo”, sa vle di yo te sispann fè kèk bagay pou yo montre yo nye tèt yo. Pa egzanp, yo te konn rete san manje.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “pou kalme l”. Lit.: “pou ba l repo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “pou l met yon obligasyon sou nanm li”.
Oswa: “nanm li”.
Oswa: “yon ve li fè pou l met nanm li nan lapenn poutèt peche l yo”.
Se yon fason pou yo di li pral mouri.
Oswa: “pou yo sèvi nan lame a kont”.
Oswa: “pou yo sèvi nan lame a”.
Oswa: “kan ki gen miray toutotou yo”.
Oswa: “yon nanm”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm nou”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “rebati”.
Sa vle di: “Ti vil ki gen tant ki pou desandan Jayi yo”.
Lit.: “selon lame yo”.
Lit.: “kote ki wo yo genyen yo”.
Anpalan de Lanmè Mòt.
Anpalan de Lanmè Meditèrane.
Anpalan de Lanmè Meditèrane.
Anpalan de Lanmè Meditèrane.
Oswa: “jis nan antre Amat”.
Yo rele l tou Lak Jenezarèt oswa Lanmè Galile.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Oswa: “frape yon nanm”.
Oswa: “frape yon nanm”.
Lit.: “pandan l kouche ap tann moun nan”.
Lit.: “san l pa t kouche ap tann moun nan”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “bouch”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.